Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Silvouplè, èske w kapab fè foto nou?”

“Silvouplè, èske w kapab fè foto nou?”

“Silvouplè, èske w kapab fè foto nou?”

Josué, yon Betelit nan peyi Meksik, t ap vizite vil Querétaro apre dezyèm jou yon kongrè distri li t ap asiste. Javier avèk Maru, madanm li, de touris ki soti Kolonbi, te mande Josué pou l fè foto yo. Piske Josué ansanm ak lòt frè ak sè Temwen Jewova ki te avè l yo te byen abiye e yo te gen ensiy kongrè a sou yo, Javier ak Maru te mande yo si se yon gradyasyon oswa yon lòt evènman espesyal yo sot asiste. Josué te esplike yo se yon kongrè Temwen Jewova yo òganize y ap asiste e l te tou envite yo vin asiste sesyon dimanch lan.

Javier ak Maru te santi yo t ap jennen si y al asiste kongrè a paske yo pa t mache ak rad pou yon evènman konsa. Malgre sa, Josué te ba yo non l ak nimewo telefòn biwo filyal la.

Josué te sezi lè l te pran nouvèl Javier apre kat mwa. Javier ak madanm li te asiste kongrè a e kounye a yo ta renmen Temwen Jewova yo vizite yo nan vil Meksiko, kote yo te rete lè sa a. Yon ti tan apre, Temwen yo te kòmanse etidye Labib avèk mesyedam yo, e yo te kòmanse asiste reyinyon yo san pèdi tan. Dis mwa apre, yo te vin pwoklamatè. Byenke Javier ak madanm li te oblije al viv Towonto, nan peyi Kanada, yo te kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl jiskaske yo batize.

Kèk tan apre sa, Javier te ekri Josué pou l esplike l ki sa k te pouse l aksepte laverite. Men rezon l te bay: “Anvan mwen menm ak madanm mwen te asiste kongrè a, nou t ap pale de bezwen nou genyen nan domèn espirityèl. Lè nou te wè jan ou menm ak frè ak sè ki te avè w yo te byen abiye, nou te panse se petèt paske nou te soti nan yon reyinyon ki vrèman espesyal. Nan kongrè a, frè yo te trete nou avèk amou e sa te gen yon gwo efè sou nou. Yo te montre nou ki kote pou nou chita, yo te envite nou suiv avèk yo nan bib yo. Mete sou sa, yo te gen yon bèl konduit. Se kòmsi yo pa t menm wè si nou te abiye an touris.”

Pawòl Salomon, yon wa ki te saj, te di yo te reyalize nan ka Josué. Men sa l te ekri: “Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo [k] ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p’ap pran, si tou de p’ap bay menm rannman.” ​(Ekl. 11:6). Èske w kapab plante tou lè w pwofite tout okazyon w jwenn pou w envite lòt moun vin asiste pwochen kongrè distri a oswa yon diskou piblik? Jewova kapab sèvi avè w pou l atire moun ki grangou e ki swaf nan domèn espirityèl tankou Javier ak Maru. — Iza. 55:1.

[Foto nan paj 32]

Soti sou bò goch pou rive sou bò dwat: Alejandro Voeguelin, Maru Pineda, Alejandro Pineda, Javier Pineda, ak Josué Ramírez, nan filyal peyi Meksik la.