Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye sèvi Jewova ak tout kè w

Kontinye sèvi Jewova ak tout kè w

“Pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l ak tout kè ou.” — 1 KWO. 28:9.

1, 2. a) Ki pati nan kò a Pawòl Bondye a pale de li pi souvan nan yon sans senbolik? b) Poukisa li enpòtan pou nou konnen ki sa kè senbolik la ye?

SOUVAN, Pawòl Bondye a pale de divès pati nan kò moun nan yon sans senbolik. Pa egzanp, patriyach Jòb te di: “Pa gen vyolans nan pla men m.” Wa Salomon te di: “Yon nouvèl ki bon fè zo yo gra.” Pou Jewova te fè Ezekyèl santi l an sekirite, li te di l: “Mwen fè fwon w vin tankou yon dyaman, pi di pase wòch silèks.” Gen kèk moun ki te di apot Pòl: “Ou vin ak kèk bagay ki sonnen dwòl nan zòrèy nou.” — Jòb 16:17, NW; Pwo. 15:30, NW; Eze. 3:9, NW; Tra. 17:20.

2 Sepandan, gen yon pati nan kò a Labib pale de li plis pase tout lòt yo. Ana, yon fi ki te fidèl, te pale de pati sa a nan kò a nan yon priyè li te fè. Men sa l te di: “Senyè a fè kè m kontan anpil.” ​(1 Sam. 2:1). An reyalite, ekriven biblik yo pale de kè a prèske mil fwa, e yo prèske toujou fè sa nan yon sans senbolik. Kidonk, piske Bib la di nou bezwen “prezève kè” senbolik nou an, se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou konnen sa kè senbolik la ye! — Pwo. 4:23, NW.

KI SA KÈ SENBOLIK LA YE?

3. Ki jan Bib la ede nou konprann sa “kè” senbolik la ye? Bay yon egzanp.

3 Se vre Pawòl Bondye a pa bay yon definisyon pou mo “kè” a, men li pèmèt nou byen konprann sa kè senbolik la ye. Ki jan l fè sa? Ann pran yon egzanp. Imajine yon mi ki gen yon pakèt ti wòch lis sou li ki kole youn akote lòt. Yon moun ki ta fè yon ti bak pou l gade mi an t ap wè tout ti wòch yo fòme yon bèl imaj. Menm jan an tou, lè nou egzamine tout kote mo “kè” a parèt nan Bib la, n ap rann nou kont tout kote l parèt yo met ansanm bay yon bèl imaj. Ki imaj sa a?

4. a) Ki sa “kè” senbolik la ye? b) Ki sa pawòl Jezi nou jwenn nan Matye 22:37 la vle di?

4 Ekriven biblik yo itilize mo “kè” a pou yo pale de tout sa yon moun ye pa anndan. Sa gen ladan l sa moun nan anvi, fason l panse, tanperaman l, fason l wè bagay yo, kapasite l, sa k pouse l aji ak objektif li. (Li Detewonòm 15:7; Pwovèb 16:9; Travay 2:26.) Gen yon liv ki bay enfòmasyon sou kè senbolik la ki di kè sa a se “tout sa yon moun ye pa anndan”. Nan kèk ka, mo “kè” a pa gen tout sa n sot di pi wo yo ladan l. Pa egzanp, Jezi te di: “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w.” ​(Mat. 22:37). Nan vèsè sa a, mo “kè” a gen sans santiman ak dezi yon moun genyen. Lè Jezi te itilize mo kè a, mo nanm nan ak mo lespri a ansanm, li te mete aksan sou enpòtans pou nou montre nou renmen Bondye nan fason nou dirije lavi nou ak fason nou itilize kapasite mantal nou e li te mete aksan tou sou enpòtans pou santiman nou montre lanmou sa a (Jan 17:3; Efe. 6:6). Men, lè mo “kè” a parèt poukont li nan Bib la, li gen sans tout sa yon moun ye pa anndan.

REZON KI FÈ NOU DWE PREZÈVE KÈ NOU

5. Poukisa nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou sèvi Jewova ak tout kè nou?

5 Men sa wa David te fè Salomon sonje konsènan kè a: “Pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Senyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k’ap pase nan tèt yo.” ​(1 Kwo. 28:9). Kidonk, Jewova se Moun ki egzamine kè tout moun nèt (Pwo. 17:3; 21:2). Relasyon n gen avèk Jewova ak avni nou depann de sa l wè nan kè nou. Se sa k fè, nou gen bonjan rezon pou nou suiv konsèy Bondye te pouse David bay pou nou fè tout sa nou kapab pou nou sèvi Jewova ak tout kè nou.

6. Ki sa ki kapab fè nou pèdi nan detèminasyon nou pou n sèvi Jewova?

6 Pa gen dout nan sa, antanke moun ki fè pati pèp Jewova a, lè nou chofe nan sèvis Jewova a, sa montre nou vrèman anvi sèvi l ak tout kè nou. Men, anmenmtan, nou rann nou kont, presyon monn Satan an ki mechan ap fè sou nou san wete pwòp tandans nou gen lakay nou pou n peche, se de gwo fòs ki kapab kraze detèminasyon nou pran pou n sèvi Bondye ak tout kè nou (Jer. 17:9; Efe. 2:2). Nou bezwen egzamine kè nou regilyèman pou nou wè si nou pa pèdi nan detèminasyon nou pou n sèvi Bondye, sa vle di si nou pa ralanti nan sèvis n ap ba li a. Ki jan nou kapab fè sa?

7. Ki sa ki montre sa k nan kè nou?

7 Menm jan yon moun pa kapab wè anndan yon pyebwa, se menm jan an tou yon moun pa kapab wè moun nou ye pa anndan an. Aktout sa, jan Jezi te di sa nan Sèmon sou montay la, menm jan yo rekonèt yon pyebwa grasa fwi li, se konsa tou aktivite nou fè yo montre sa k nan kè nou toutbon (Mat. 7:17-20). Ann egzamine youn nan aktivite sa yo.

YON BON FASON POU NOU EGZAMINE KÈ NOU

8. Ki jan pawòl Jezi nou jwenn nan Matye 6:33 a kapab ede nou wè sa k nan kè nou?

8 Anvan sa, nan Sèmon sou montay la, Jezi te di moun ki t ap koute l yo ki sa yo kapab fè k ap montre yo anvi sèvi Jewova ak tout kè yo. Men sa l te di: “Kontinye chèche wayòm nan an premye, e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” ​(Mat. 6:33). An reyalite, sa nou bay premye plas nan lavi nou montre aklè sa k nan fon kè nou, sa vle di sa nou anvi, sa k nan panse nou ak objektif nou. Lè nou egzamine tèt nou pou n wè sa nou bay premye plas nan lavi nou, se yon bon fason pou nou wè si n ap sèvi Jewova ak tout kè nou toutbonvre.

9. Ki envitasyon Jezi te fè kèk mesye, e ki sa yo te montre nan fason yo te reyaji a?

9 Yon ti tan apre Jezi te fin ankouraje disip li yo pou yo “kontinye chèche wayòm nan an premye”, gen yon bagay ki te pase ki montre sa yon moun mete an premye nan lavi l fè wè sa k nan kè l. Nan Evanjil Lik te ekri a, anvan li te pale de bagay ki te pase a, li te di Jezi te “mete tèt li dwat pou l al Jerizalèm”, malgre Jezi te byen konnen sa k t ap tann li nan vil sa a. Pandan Jezi ak apot li yo te “sou wout” pou y al Jerizalèm, Jezi te rankontre kèk mesye e l te di yo: “Suiv mwen.” Mesye sa yo te dispoze suiv Jezi, men yo te ba l kèk kondisyon. Men repons youn ladan yo te bay: “Kite m al antere papa m anvan.” Gen yon lòt menm ki te di: “M ap suiv ou Seyè, men anvan sa, kite m al di moun lakay mwen orevwa.” ​(Lik 9:51, 57-61). Ala yon diferans ki te genyen ant Jezi, ki te gen detèminasyon, ak mesye sa yo ki t ap bay eskiz! Lefètke mesye sa yo te mete enterè pa yo anvan Wayòm nan, yo te montre yo pa t ap sèvi Bondye ak tout kè yo.

10. a) Antanke disip Jezi, ki jan nou te reponn envitasyon Jezi a? b) Ki egzanp Jezi te pran?

10 Kontrèman ak moun sa yo ki te ka vin disip Jezi, nou menm, nou te montre nou saj lefètke nou te aksepte envitasyon Jezi fè nou pou n vin disip li a e n ap sèvi Jewova kounye a. Konsa, nou montre ki santiman nou gen nan kè nou pou Jewova. Sepandan, byenke nou aktif nan kongregasyon an, nou toujou bezwen fè atansyon ak yon danje. Ki danje sa a? Nan menm konvèsasyon Jezi te gen ak moun ki te ka vin disip li yo ki t ap bay eskiz yo, Jezi te pale de danje sa a. Men sa l te di: “Pa gen yon moun ki mete men l nan yon chari e ki gad dèyè ki fèt pou wayòm Bondye a.” ​(Lik 9:62). Ki leson nou ka aprann nan egzanp sa a?

ÈSKE NOU “RETE ATACHE AK SA KI BYEN”?

11. Nan egzanp Jezi te pran an, ki sa k te rive travay moun nan t ap fè a, e poukisa?

11 Pou nou ka byen konprann leson Jezi te bay nan egzanp li te pran an, ann ajoute kèk ti detay sou li. Ann imajine yon moun k ap travay ak yon chari. Pandan l ap travay la, li pa kapab sispann panse ak fanmi l, zanmi l, manje, mizik, moun k ap ri ak lonbray ki gen lakay li. Li ta renmen pou l lakay li ap jwi bagay sa yo. Apre li fin laboure yon bon bout nan jaden an, li vin tèlman ap panse ak bon bagay sa yo li kite lakay li a, li vire “gad dèyè”. Èske moun sa a pap distrè, e èske travay la pap soufri alòske gen anpil travay pou moun nan fè toujou anvan l plante jaden an? Se sèten, mèt jaden an ap desi paske moun nan pa pèsevere nan travay la.

12. Ki konparezon nou ta kapab fè ant moun nan egzanp Jezi a k ap travay nan chari a ak kèk kretyen jodi a?

12 Ann konpare egzanp Jezi a ak yon sitiyasyon nan epòk nou an. Moun k ap travay ak chari a kapab reprezante nenpòt kretyen ki parèt anfòm nan domèn espirityèl, men an reyalite relasyon l avèk Jewova an danje. Ann imajine yon frè ki okipe nan sèvis l ap bay Jewova a. Byenke li asiste tout reyinyon yo e li patisipe nan predikasyon, li pa ka sispann reflechi sou fason kèk moun ap viv nan monn nan paske nan fon kè l li vrèman anvi viv menm jan ak moun sa yo. Finalman, apre l pase plizyè ane ap sèvi Bondye fidèlman, anvi li genyen pou kèk bagay monn nan ofri vin tèlman fò, li vire “gad dèyè”, sa vle di li tounen al dèyè bagay sa yo li te kite nan monn nan. Byenke gen anpil travay toujou ki pou fèt nan ministè a, li pa “kenbe pawòl lavi a byen di” e li sispann patisipe nan aktivite li genyen antanke kretyen (Fil. 2:16). Jewova, “Mèt rekòt la”, tris anpil lè l wè sa rive yon moun. — Lik 10:2.

13. Ki sa sa mande pou yon moun sèvi Jewova ak tout kè l?

13 Leson an klè. Nou merite felisitasyon lefètke nou asiste reyinyon yo e nou preche regilyèman. Men, pou nou rive sèvi Jewova ak tout kè nou, sa mande plis pase sa (2 Kwo. 25:1, 2, 27). Antanke kretyen, si nan fon kè nou nou kontinye renmen kèk bagay nou kite “dèyè” nan monn nan, gen danje pou nou pèdi bon relasyon nou gen ak Bondye a (Lik 17:32). Se sèlman si nou vrèman “gen degoutans pou sa ki mal, [e nou] rete atache ak sa ki byen” n ap vin moun ki “fèt pou wayòm Bondye a”. (Wom. 12:9; Lik 9:62.) Kidonk, menmsi gen bagay nan monn Satan an ki sanble ka itil nou oswa ki sanble bagay nou kapab pran plezi ladan yo, nou bezwen pran prekosyon pou n pa kite anyen nan monn li an anpeche nou bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou ak tout kè nou. — 2 Kor. 11:14; li Filipyen 3:13, 14.

RETE VIJILAN!

14, 15. a) Ki sa Satan fè pou l eseye anpeche nou bay Jewova tout kè nou? b) Bay yon egzanp ki montre rezon ki fè taktik Satan an efikas anpil.

14 Se lanmou nou gen pou Jewova ki te fè nou vwe lavi nou ba li. Depi lè nou fin fè sa, anpil nan nou montre pandan plizyè ane nou detèmine pou nou sèvi Jewova ak tout kè nou. Men, Satan pa ban nou legen. Li toujou gen objektif pou l anpeche nou bay Jewova tout kè nou (Efe. 6:12). Byennantandi, Satan gendwa rann li kont nou pap annik leve yon jou konsa epi nou vire do bay Jewova. Se sa k fè, avèk riz, li sèvi ak “sistèm sa a” pou l ka diminye zèl nou tikras pa tikras nan sèvis n ap bay Bondye ak tout kè nou an. (Li Mak 4:18, 19.) Poukisa metòd sa a Satan itilize a efikas anpil?

15 Pou nou reponn kesyon sa a, ann pran yon egzanp. Imajine yon moun k ap li yon liv anba yon anpoul 100 wat, epi anpoul la sote. Piske moun nan vin nan fènwa, lapoula li ranplase anpoul la ak youn ki tounèf e chanm nan vin klere ankò. Demen, nan aswè, moun nan tounen al li anba menm anpoul sa a. Men, li pa rann li kont gen yon moun ki chanje anpoul 100 wat la e ki mete yon anpoul 95 wat nan plas li. Si se te ou, èske w t ap rive wè diferans lan? Petèt ou pa t ap menm wè sa. E si nan jou apre a, yon moun mete yon anpoul 90 wat nan plas anpoul 95 wat la? Petèt, ou pa t ap menm rive wè sa tou. Poukisa? Se paske limyè a bese tikras pa tikras e ou pa rann ou kont de sa. Se konsa tou, monn Satan an kapab diminye zèl nou tikras pa tikras. Si sa ta rive w, se t ap kòmsi Satan ta ranplase anpoul 100 wat ou a, sa vle di sèvis w ap bay Jewova ak tout kè w la, ak yon anpoul ki pi fèb. Si yon kretyen pa vijilan, li gendwa pa menm remake si l ap pèdi zèl li tikras pa tikras. — Mat. 24:42; 1 Pyè 5:8.

LAPRIYÈ ENPÒTAN ANPIL

16. Ki jan nou kapab pwoteje tèt nou kont manèv Satan yo?

16 Ki jan nou kapab pwoteje tèt nou kont manèv Satan yo epi kontinye sèvi Jewova ak tout kè nou (2 Kor. 2:11)? Li enpòtan anpil pou nou lapriyè. Apot Pòl te ankouraje kretyen parèy li yo pou yo “kenbe fèm kont manèv Dyab la”. Annapre, li te di yo: “Kontinye priye nan tout okazyon ak tout kalite priyè ak siplikasyon.” — Efe. 6:11, 18; 1 Pyè 4:7.

17. Ki leson nou aprann nan egzanp Jezi a?

17 Pou nou rive kenbe fèm kont Satan, l ap bon pou nou imite Jezi ki te gen abitid priye, sa ki te montre anvi li te genyen pou l kontinye sèvi Jewova ak tou kè l. Remake sa Lik te di sou fason Jezi te priye nan nuit anvan yo te touye l la: “Jezi vin gen yon sèl kè sere, li kontinye priye pi rèd toujou.” ​(Lik 22:44). Jezi te konn priye ak tout kè l deja, men, nan sitiyasyon sa a kote li t apral fè fas ak pi gwo eprèv li te jwenn pandan l te sou tè a, li te priye “pi rèd toujou”, e Jewova te reponn priyè l la. Egzanp Jezi a montre gen sitiyasyon ki mande pou yon moun kontinye priye pi rèd toujou. Se sa k fè, plis eprèv nou rankontre yo difisil e plis Satan ap fè manèv kont nou, se plis n ap bezwen priye Jewova “pi rèd toujou” pou l ka ban nou pwoteksyon l.

18. a) Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou konsènan lapriyè, e poukisa? b) Ki sa ki gen efè sou kè nou, e ki efè li genyen? (Gade  kare ki nan paj 16 la.)

18 Lè nou kontinye priye, ki efè lapriyè kapab gen sou nou? Gade sa apot Pòl te di: “Fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon ansanm ak remèsiman. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou.” ​(Fil. 4:6, 7). Pa gen dout nan sa, si nou vle kontinye sèvi Jewova ak tout kè nou, nou dwe priye regilyèman e nou dwe fè sa ak tout kè nou (Lik 6:12). Kidonk, nou kapab poze tèt nou kesyon sa a: ‘Èske m konn priye Jewova ak tout kè m?’ ​(Mat. 7:7; Wom. 12:12.) Repons kesyon sa a ap montre nan ki pwen nou anvi sèvi Jewova ak tout kè nou.

19. Ki sa nou kapab fè pou nou kontinye sèvi Jewova ak tout kè nou?

19 Jan nou sot wè sa nan atik sa a, sa nou bay plis enpòtans nan lavi nou kapab montre anpil bagay sou sa ki nan kè nou. Nou bezwen asire nou bagay nou kite dèyè yo ak manèv Satan itilize pou l twonpe nou pa kraze detèminasyon nou genyen pou nou sèvi Jewova ak tout kè nou. (Li Lik 21:19, 34-36.) Se sa k fè, menm jan ak David, nou kontinye sipliye Jewova pou l “fè kè [nou] fè yon sèl”. — Sòm 86:11, NW.

[Kesyon]

[Kare nan paj 16]

 TWA BAGAY KI GEN EFÈ SOU KÈ NOU

Menm jan gen bagay nou kapab fè k ap bon pou kè fizik nou an, se konsa tou gen bagay nou kapab fè k ap ede kè senbolik nou an rete an sante. Annou konsidere twa bagay enpòtan ki vin annapre yo:

1 Manje: Kè fizik nou an bezwen yon kantite manje ki nourisan. Menm jan an tou, n ap asire nou nou jwenn bon kalite manje espirityèl ak kantite nou bezwen an lè nou fè tout bagay ki vin apre yo regilyèman: etid pèsonèl, meditasyon epi asiste reyinyon yo. — Sòm 1:1, 2; Pwo. 15:28; Ebre 10:24, 25.

2 Egzèsis: Pou kè nou ret an sante, pafwa li bezwen bat vit. Menm jan an tou, lè nou patisipe avèk zèl nan travay fè disip la, pa egzanp, lè nou ogmante patisipasyon nou nan ministè a, sa ap pèmèt kè senbolik nou an rete an sante. — Lik 13:24; Fil. 3:12.

3 Moun ki bò kote nou: Moun k ap viv bò kote nou e k ap travay menm kote avèk nou ki pa gen respè pou Bondye kapab gen move efè ni sou kè fizik nou ni sou kè senbolik nou. Nou kapab diminye move efè sa yo lè nou pase plis tan posib ak frè ak sè nou yo paske yo gen bonjan sousi pou nou e y ap sèvi Bondye ak tout kè yo. — Sòm 119:63; Pwo. 13:20.