Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Pitit la vle fè moun konnen Papa a’

‘Pitit la vle fè moun konnen Papa a’

“Pèsonn pa konn kiyès Papa a ye, eksepte Pitit la ak moun Pitit la vle fè konnen l.” — LIK 10:22.

1, 2. Ki kesyon ki bay anpil moun pwoblèm, e poukisa?

‘KIYÈS Bondye ye?’ Kesyon sa a se yon kesyon ki bay anpil moun pwoblèm. Byenke pifò moun ki di se kretyen yo ye kwè Bondye fè pati yon Trinite, anpil nan yo admèt li enposib pou moun konprann doktrin sa a. Men sa yon ekriven ki se yon manm klèje te rekonèt: “Doktrin sa a depase kapasite lèzòm genyen akoz sèvo yo ki limite. Li depase limit rezònman lèzòm oswa lojik lèzòm.” Yon lòt bò, pifò moun ki kwè nan teyori evolisyon an pa kwè Bondye egziste. Yo kwè se chans ki fè tout bèl bagay ki nan kreyasyon an egziste. Byenke yo wè bagay yo konsa, Charles Darwin li menm pa t nye egzistans Bondye. Men sa l te di: “Sa ki rezonab pou nou di sou sijè sa a sèke li depase entèlijans lèzòm.”

2 Pifò moun, kèlkeswa kwayans yo, konn reflechi seryezman sou kesyon ki gen rapò ak egzistans Bondye. Sepandan, lè yo pa rive jwenn repons ki satisfè yo, anpil ladan yo sispann chèche Bondye. Vrèmanvre, jan Labib di sa, Satan “bouche lespri moun ki pa kwayan yo”. (2 Kor. 4:4.) Nou kapab konprann rezon ki fè majorite moun sou tè a pa konn laverite sou Papa a, Sila a ki kreye tout bagay la, e yo nan konfizyon. — Iza. 45:18.

3. a) Kiyès ki ede nou konnen Kreyatè a? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

3 Li enpòtan anpil pou moun yo aprann laverite sou Bondye. Poukisa? Paske se sèlman moun ki envoke “non Jewova” k ap sove (Wom. 10:13). Pou yon moun envoke non Bondye, Jewova, sa mande pou l konnen ki kalite moun Jewova ye. Jezi kris te ede disip li yo vin gen konesans sa a, yon konesans ki enpòtan anpil. Li te ede yo konnen kiyès Papa l ye. (Li Lik 10:22.) Poukisa Jezi te pi byen plase pou l ede moun konnen Papa l? Ki jan l te fè sa? Ki jan nou kapab imite Jezi nan sans sa a? Annou egzamine kesyon sa yo.

JEZI KRIS TE PI BYEN PLASE POU L FÈ MOUN KONNEN BONDYE

4, 5. Poukisa Jezi te pi byen plase pou l ede moun konnen Papa l?

4 Jezi te pi byen plase pou l fè moun konnen Papa l. Poukisa nou di sa? Se paske, antanke “sèl Pitit Bondye fè a”, kreyati espirityèl ki te vin rele Jezi a, te deja egziste nan syèl la anvan Bondye te kreye tout lòt bagay (Jan 1:14; 3:18). Ala yon privilèj estrawòdinè! Anvan menm te gen lòt kreyati ki te egziste, Pitit la te gen yon relasyon sere sere ak Papa l e li te aprann anpil bagay sou Papa l ak kalite Papa l genyen yo. Papa a ak Pitit la dwe te konn gen anpil bèl konvèsasyon e yo dwe te vin gen anpil afeksyon youn pou lòt pandan tout tan yo te pase ansanm nan (Jan 5:20; 14:31). Se pa ni de ni twa bagay Pitit la dwe te aprann sou pèsonalite Papa l! — Li Kolosyen 1:15-17.

5 Papa a te chwazi Pitit la kòm pòtpawòl li, e Labib di Pitit la se “Pawòl Bondye” a (Rev. 19:13). Se sa k fè Jezi te byen plase pou l ede lòt moun konnen Papa l. Se avèk rezon apot Jan, ki te ekri youn nan Evanjil yo, pale de Jezi kòm “Pawòl la” e li di li “nan sen Papa a”. (Jan 1:1, 18.) Lè Jan te di Jezi nan sen Papa a, li te fè referans ak yon bagay moun yo te konn fè nan epòk la lè y ap manje. Moun yo te envite vin manje a te konn kouche bò kot moun ki te envite l la sou menm divan an. Piske yo te toupre youn ak lòt, yo te kapab gen konvèsasyon byen fasil. Donk, piske Pitit la te “nan sen” Papa a, li te konn gen konvèsasyon entim avè l.

6, 7. Ki jan relasyon Papa a te gen ak Pitit la te kontinye vin pi sere?

6 Relasyon Pitit la te gen ak Papa a te kontinye vin pi sere. Bib la di (NW) Pitit la “te vin tounen sila [Bondye] te espesyalman atache avè l la, jou apre jou”. (Li Pwovèb 8:22, 23, 30, 31.) Donk, li lojik pou relasyon yo te genyen an te vin pi sere pandan yo t ap travay ansanm e pandan Pitit la t ap aprann imite kalite Papa l yo. Lè Bondye te vin fè lòt kreyati entèlijan yo, Pitit la te wè jan Papa a te trete yo chak, e se sèten sa te ede l vin plis renmen pèsonalite Bondye.

7 Menm lè Satan te vin atake dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an, sa te bay Pitit la posiblite pou l aprann ki jan Jewova t apral montre lanmou l, jistis li, sajès li ak pouvwa l genyen pandan l ap jere yon sitiyasyon difisil. Pa gen dout, sa te aprann Pitit la ki jan pou l jere sitiyasyon difisil li t apral rankontre pandan ministè l sou tè a. — Jan 5:19.

8. Ki jan Evanjil yo ede nou konprann anpil bagay sou kalite Papa a genyen yo?

8 Piske Pitit la te gen yon relasyon sere ak Jewova, Papa l, li te bay plis enfòmasyon sou Papa a pase nenpòt lòt moun. Èske gen yon pi bon fason pou nou konnen Papa a pase lè nou egzamine sa sèl Pitit li fè a te anseye ak sa l te fè? Ann pran yon egzanp. Reflechi sou jan li t ap difisil pou nou rive byen konprann ki sa mo “lanmou” an vle di si nou ta annik senpleman gade definisyon an nan yon diksyonè. Men, lè nou reflechi sou sa kat mesye ki te ekri Evanjil yo di sou ministè Jezi e sou fason li te montre li gen sousi pou lòt moun, sa ede nou pi byen konprann ki sa ekspresyon “Bondye se lanmou” an vle di (1 Jan 4:8, 16). Menm jan an tou, yon refleksyon konsa ap ede nou pi byen konprann lòt kalite Bondye yo, kalite Jezi te fè disip li yo konnen Bondye genyen pandan l te sou tè a.

FASON JEZI TE FÈ MOUN KONNEN PAPA L

9. a) Bay de fason Jezi te ede moun konnen Papa l. b) Bay yon egzanp ki montre kòman ansèyman Jezi yo te ede moun konnen kiyès Papa a ye.

9 Nan premye syèk la, ki jan Jezi te ede disip li yo konnen Papa l, e ki jan sa t apral pèmèt lòt disip li t apral genyen yo konnen Papa a tou? Li te fè sa de fason: pa mwayen ansèyman l e pa mwayen konduit li. Toudabò, ann gade ki jan li te fè sa pa mwayen ansèyman l. Sa Jezi te anseye disip li yo te montre jan li te byen konnen fason Papa l panse, santiman Papa a ak fason li renmen pou bagay yo fèt. Pa egzanp, Jezi te konpare Papa l ak yon gadò mouton ki pati pou l al chèche yon mouton l ki pèdi. Lè gadò a jwenn mouton an, Jezi di gadò a “pi kontan pou li pase pou katreven diznèf lòt yo ki pa t pèdi”. Lè Jezi te bay egzanp sa a, ki sa l te vle fè konnen sou Papa a? Men esplikasyon Jezi te bay: “Menm jan an tou, Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri.” ​(Mat. 18:12-14). Ki sa egzanp sa a kapab aprann ou sou Jewova? Menmsi pafwa ou konn santi w pa vo anyen e pa gen moun ki sou bò w, Papa w ki nan syèl la enterese nan ou e li gen sousi pou ou. Nan je l, ou se youn nan “tipiti sa yo”.

10. Ki jan Jezi te ede moun konnen Papa l pa mwayen konduit li?

10 Dezyèm fason Jezi te ede disip li yo konnen Papa l se pa mwayen konduit li. Se sa k fè lè apot Filip te mande Jezi pou l ‘montre yo Papa a’, Jezi te gen rezon di l: “Moun ki wè m wè Papa a.” ​(Jan 14:8, 9). Ann wè kèk egzanp ki montre fason Jezi te ede moun konprann kalite papa l genyen yo. Yon lè, yon mesye ki te gen lèp te sipliye Jezi pou l geri l. Anvan Jezi geri mesye sa a ki te “chaje ak lèp”, li te touche l epi li di l: “Wi, mwen vle. Ou geri.” Pa gen dout, sa Jezi te fè a te ede moun sa a wè fason Jewova li menm t ap aji nan menm sitiyasyon an (Lik 5:12, 13). Lè Laza te mouri, Bib la di Jezi te “plenn nan kè l e li [te] vin boulvèse”, mete sou sa, “dlo [te] koule nan je” l. Disip Jezi yo dwe te santi jan Papa a gen konpasyon lè yo te wè jan Jezi te reyaji. Malgre Jezi te konnen li t apral resisite Laza, li te santi menm doulè fanmi Laza ak zanmi Laza yo te santi a (Jan 11:32-35, 40-43). Pa gen dout gen kèk pasaj nan Bib la ou renmen pèsonèlman paske aksyon Jezi te fè ki parèt nan pasaj sa yo ede w wè jan Papa a gen mizèrikòd.

11. a) Ki sa netwayaj Jezi te fè nan tanp lan aprann nou sou Papa l? b) Poukisa istwa sa a ankouraje nou?

11 Yon lè Jezi te fè yon netwayaj nan tanp lan. Ki sa nou aprann nan sa? Imajine sèn nan: Jezi fè yon fwèt an kòd e li fè moun k ap vann bèf ak mouton yo bay tanp lan. Li lage pyès monnen moun k ap chanje lajan yo atè e li chavire tab yo (Jan 2:13-17). Aksyon sa a te fè disip li yo sonje yon pawòl wa David te di: “Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m santi se tankou yon dife k’ap boule tout anndan mwen.” ​(Sòm 69:9). Lefètke Jezi te aji avèk detèminasyon konsa, sa te montre jan l te chofe pou l defann vrè adorasyon an. Èske istwa sa a ede w wè pèsonalite Papa a? Istwa sa a fè nou sonje nonsèlman Bondye gen yon pouvwa pou l fini nèt ak mechanste sou tout tè a, men tou, li vrèman anvi fè sa. Fason Jezi te reyaji avèk fòs lè l te wè kèk moun nan tanp lan k ap mal aji montre jan Papa a dwe santi l lè l wè tout mechanste k ap fèt sou tè a jodi a. Lefètke nou konnen jan Jewova konsidere enjistis, sa ankouraje nou anpil lè n ap fè fas ak enjistis.

12, 13. Ki sa nou aprann sou Jewova lè nou wè fason Jezi te trete disip li yo?

12 Kounye a, ann gade ki jan Jezi te konn trete disip li yo. Yo te gen abitid fè diskisyon pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan (Mak 9:33-35; 10:43; Lik 9:46). Piske Jezi te fè anpil eksperyans ak Papa l, li te konnen ki jan Jewova santi l lè l wè moun gen tandans pou yo gen ògèy (2 Sam. 22:28; Sòm 138:6). Mete sou sa, Jezi te wè tandans sa a nan Satan Ledyab. Zanj egoyis sa a renmen gwo pozisyon. Se pa ti mal sa dwe te fè Jezi mal pou l wè jan disip li te fòme yo kontinye ap montre yo gen anbisyon! Menm apot yo te gen pwoblèm sa a, byenke se Jezi ki te chwazi yo. Yo te montre yo gen anbisyon menm nan dènye jou Jezi te pase sou tè a (Lik 22:24-27). Malgre sa, Jezi te kontinye disipline yo avèk jantiyès e li pa t janm pèdi espwa yo t ap vin enb menm jan avè l. — Fil. 2:5-8.

13 Èske w kapab wè pèsonalite Papa a nan fason Jezi te korije move tandans disip li yo avèk pasyans? Èske nan aksyon Jezi ak pawòl li ou pa wè Papa a, Sila a ki pa abandone moun ki fè pati pèp li a menm lè yo kontinye fè menm erè yo? Lè nou sonje jan Bondye gen yon bann bèl kalite, èske sa pa ankouraje nou, lè nou fè yon erè, pou nou pwoche bò kote l pou nou di l jan nou regrèt sa n te fè a?

PITIT LA TE KONTAN FÈ MOUN KONNEN PAPA L

14. Ki jan Jezi te montre li te kontan fè moun konnen Papa l?

14 Anpil diktatè kache enfòmasyon pou moun y ap dirije yo yon fason pou yo eseye gen kontwòl yo e pou yo kenbe yo nan inyorans. Jezi li menm pa t konsa. Li te kontan pataje sa l te konnen sou Papa l ak lòt moun pou l ede yo konnen Papa a pi byen. (Li Matye 11:27.) Mete sou sa, Jezi te bay disip li yo ‘entèlijans pou yo ka konnen Sila a ki vrè a’, Jewova Dye (1 Jan 5:20). Sa sa vle di? Sa vle di Jezi te ede yo konprann sa l t ap anseye yo sou Papa a. Li pa t anseye moun yo Papa l fè pati yon Trinite, yon ansèyman moun pa ka konprann.

15. Poukisa Jezi pa t pataje tout sa l te konnen sou Papa l ak lòt moun?

15 Èske Jezi te pataje tout sa l konnen sou Papa l ak lòt moun? Non. Sajès li te anpeche l fè sa. (Li Jan 16:12.) Poukisa? Se paske nan epòk sa a gen kèk bagay disip li yo “pa [t] ka konprann”. Sepandan, jan Jezi te di sa, lè yo t ava resevwa “èd la”, sa vle di lespri sen, ki t apral gide yo nan “laverite nèt”, yo t apral vin konnen yon pakèt bagay (Jan 16:7, 13). Menm jan gen paran ki saj ki gendwa pa pataje kèk enfòmasyon ak pitit yo jiskaske pitit sa yo kapab konprann enfòmasyon sa yo, se konsa tou Jezi te tann pou disip li yo gen ase matirite pou yo konprann yon seri enfòmasyon sou Papa a. Jezi te gen bon kè e li te rekonèt disip li yo gen limit.

ANNOU IMITE JEZI NAN FASON NOU EDE LÒT MOUN KONNEN JEWOVA

16, 17. Sa k fè w kapab ede lòt moun konnen Jewova?

16 Lè nou vin byen konnen yon moun e nou apresye jan moun sa a renmen moun, èske nou pa anvi pale de moun sa a ak lòt moun? Lè Jezi te sou tè a, li te konn pale de Papa l ak lòt moun (Jan 17:25, 26). Èske nou pa ta kapab ede lòt moun konnen Jewova menm jan ak Jezi?

17 Jan nou sot wè sa, Jezi te pi byen konnen Papa l lontan pase nenpòt lòt moun. Mete sou sa, li te kontan pataje kèk nan sa l te konnen sou Papa l yo ak lòt moun. Li te menm bay disip li yo entèlijans pou yo kapab pi byen konprann pèsonalite Jewova. Èske se pa grasa Jezi ki fè jodi a nou konn Papa a yon fason pifò moun pa konnen l? Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske Jezi te kontan fè nou konnen Papa l pa mwayen ansèyman l yo ak konduit li! An reyalite, nou kapab vante tèt nou san pwoblèm pou n di nou konnen Papa a (Jer. 9:24; 1 Kor. 1:31). Lè nou fè efò pou nou vin pi pwòch Jewova, li menm tou li vin pi pwòch nou (Jak 4:8). Kounye a, nou gen posiblite pataje konesans nou genyen an ak lòt moun. Ki jan nou kapab fè sa?

18, 19. Ki jan w kapab ede lòt moun konnen Papa a? Esplike.

18 Nou bezwen imite Jezi lè nou fè lòt moun konnen Papa a pa mwayen pawòl nou ak aksyon nou. Nou bezwen sonje anpil moun nou rankontre nan tèritwa a pa konn kiyès Bondye ye. Fo ansèyman kapab fè konesans yo genyen sou li a pa egzak. Nou kapab bay moun yo enfòmasyon sou non Bondye epi ede yo konnen objektif li gen pou lèzòm ak pèsonalite l jan Bib la montre sa. Mete sou sa, nou kapab fè konvèsasyon ak kwayan parèy nou yo sou kèk pasaj nan Bib la ki te montre nou yon aspè nan pèsonalite Bondye nou pa t janm wè anvan. Konsa, yo menm tou yo kapab jwenn byenfè nan sa n ap di yo.

19 Men, toutpandan n ap fè anpil efò pou nou imite Jezi, ki jan nou kapab ede moun yo konnen Papa a pa mwayen konduit nou? Lè moun yo wè nou fè aksyon ki montre nou renmen Jezi, sa ap fè yo anvi pwoche bò kot Papa a e bò kot Jezi (Efe. 5:1, 2). Apot Pòl ankouraje nou ‘imite l, menm jan li menm li te imite Kris’. (1 Kor. 11:1.) Se pa ti privilèj nou genyen pou n ede moun konnen Jewova pa mwayen konduit nou! Wi, annou kontinye imite Jezi lè nou fè lòt moun konnen Papa a.

[Kesyon]