Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w reflete glwa Jewova?

Èske w reflete glwa Jewova?

“[Nou] reflete glwa Jewova tankou glas.” — 2 KOR. 3:18.

1, 2. Sa k fè li posib pou nou imite kalite Jewova yo?

TOUT moun sanble ak papa yo oswa ak manman yo yon fason oswa yon lòt. Se sa k fè nou pa sezi lè nou tande yon moun di yon tigason: ‘Ou sanble tèt koupe ak papa w.’ Lè se yon tifi, yo kapab di: ‘Sa a se manman l toupi!’ Souvan, timoun imite sa manman yo ak papa yo fè. Èske nou menm, nou kapab imite Jewova, Papa nou ki nan syèl la? Byenke nou pa janm wè Jewova, nou kapab wè bèl kalite l yo lè nou etidye Pawòl li a, lè nou pran tan pou nou gade sa l kreye yo ak lè nou medite sou sa nou aprann nan Bib la, sitou sou sa Jezi kris, Pitit Bondye a, te di ak sa l te fè (Jan 1:18; Wom. 1:20). Nou tout, nou kapab reflete glwa Jewova.

2 Anvan Bondye te kreye Adan ak Èv, li te gen konfyans lèzòm t ap kapab fè volonte l, yo t ap kapab reflete kalite l yo epi ba li glwa. (Li Jenèz 1:26, 27.) Nou bezwen imite kalite Bondye yo, Kreyatè nou an, nan efò n ap fè pou nou gen atachman pou li. Si nou fè sa, n ap gen privilèj reflete glwa Bondye kèlkeswa kilti nou, edikasyon nou ak ras nou. Sa k fè sa? Se paske “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — Tra. 10:34, 35.

3. Ki jan kretyen yo santi yo nan sèvis y ap bay Jewova a?

3 Kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo reflete glwa Jewova. Men sa apot Pòl, youn nan kretyen sa yo te ekri: “Nou tout, pandan n ap reflete glwa Jewova tankou glas ak figi nou dekouvri, nou vin transfòme nan menm imaj la, pou n vin gen plis glwa ofiramezi.” ​(2 Kor. 3:18). Lè pwofèt Moyiz te desann sot sou mòn Sinayi ak wòch plat ki te gen Dis Kòmandman yo nan men l, figi l te klere tankou limyè paske Jewova te fèk fin pale avè l (Egz. 34:29, 30). Byenke kretyen yo pa janm fè yon eksperyans konsa e figi yo pa janm klere tankou limyè, lajwa parèt sou figi yo lè y ap pale ak lòt moun de Jewova, de kalite l yo ak bèl objektif li genyen pou lèzòm. Se sa k fè, kretyen ki pral nan syèl yo ansanm ak konpayon yo ki pral viv nan Paradi a sou tè a reflete glwa Jewova nan lavi yo e nan sèvis y ap bay Jewova a, menm jan ak miwa ki fèt an metal moun te konn poli nan tan lontan yo (2 Kor. 4:1). Èske w reflete glwa Jewova lè w gen yon konduit ki montre ou gen atachman pou li e w fè sa tou nan aktivite w antanke yon pwoklamatè k ap preche bon nouvèl Wayòm nan regilyèman?

NOU VLE REFLETE GLWA JEWOVA

4, 5. a) Menm jan ak Pòl, kont ki sa n ap goumen? b) Ki efè peche gen sou nou?

4 Antanke moun k ap sèvi Jewova, se sèten nou vle onore Kreyatè nou an e nou vle ba l glwa nan tout sa n ap fè. Sepandan, byen souvan, sa nou ta renmen fè a se pa sa nou fè. Apot Pòl te gen menm pwoblèm sa a tou. (Li Women 7:21-25.) Li te fè konnen byen klè rezon ki fè n ap goumen kont move dezi nou gen lakay nou yo. Men sa l te di: “Tout moun peche, e yo pa rive reflete kalite Bondye yo ki estrawòdinè.” ​(Wom. 3:23). Wi, piske lèzòm eritye peche nan men Adan, yo vin tonbe anba ‘dominasyon peche’ ki tankou yon wa ki san pitye. — Wom. 5:12; 6:12.

5 Ki sa peche ye? Peche se tout bagay ki depaman ak pèsonalite Jewova, fason li aji, prensip li yo ak fason li vle bagay yo fèt. Peche gen move efè sou relasyon moun ak Bondye. Li fè nou pa reflete glwa Bondye kòmsadwa, menm jan yon bagay kapab fè yon moun k ap tire yon flèch pa rive frape sa l ap vize a. Yon moun ka fè espre li peche, konsa tou li kapab peche san l pa rann li kont (Nonb 15:27-31). Peche anrasinen nan lèzòm e li mete yon baryè ant yo menm ak Kreyatè a (Sòm 51:5; Iza. 59:2; Kol. 1:21). Se sa k fè pifò moun sou tè a dozado ak Jewova e yo pa rive reflete glwa li. Pa gen dout nan sa, peche se pi gwo maladi k ap wonje lèzòm.

6. Ki jan nou kapab reflete glwa Bondye malgre nou enpafè?

6 Malgre nou fèt nan peche, Jewova ban nou esperans paske li se “Bondye ki bay esperans lan”. (Wom. 15:13.) Li bay ranson an, anpalan de sakrifis Jezi Kris la, ki se mwayen li itilize pou l elimine peche. Lè nou demontre nou gen lafwa nan sakrifis sa a, nou pa “esklav peche” ankò, men nou vin nan yon pozisyon kote nou kapab reflete glwa Jewova (Wom. 5:19; 6:6; Jan 3:16). Si nou kenbe bon relasyon nou gen ak Jewova a, nonsèlman l ap beni nou depi kounye a, men, pi devan, nou pral viv pou toutan e n ap pafè. Byenke nou enpafè toujou, se yon gwo onè Jewova fè nou lefètke li gen konfyans nou kapab reflete glwa li.

FASON POU NOU REFLETE GLWA BONDYE

7. Ki sa nou bezwen rekonèt si nou vle reflete glwa Bondye?

7 Yon moun ki vle reflete glwa Bondye bezwen rekonèt ak tout kè l tandans pou l fè peche a anrasinen lakay li (2 Kwo. 6:36). Nonsèlman nou bezwen rekonèt tandans sa a lakay nou, men tou, nou bezwen travay pou nou metrize l yon fason pou nou kapab pwogrese jiskaske nou rive bay Bondye glwa toutbon. Pa egzanp, si nou tonbe nan gade pònografi, yon peche ki dezonore Bondye, nou dwe rekonèt nou bezwen èd nan domèn espirityèl e nou dwe chèche èd sa a (Jak 5:14, 15). Se premye bagay n ap bezwen fè si nou vle onore Bondye toutbon. Antanke adoratè Jewova, nou pa dwe janm sispann egzamine tèt nou pou nou wè si wi ou non n ap viv ann amoni ak prensip li yo ki jis (Pwo. 28:18; 1 Kor. 10:12). Kèlkeswa pwen fèb nou, nou pa dwe janm sispann fè efò pou nou goumen avèk yo yon fason pou nou rive reflete glwa Bondye.

8. Ki sa nou ta dwe fè malgre nou enpafè?

8 Jezi se sèl moun ki te rive viv yon fason ki toujou fè Bondye plezi e ki te toujou reflete glwa Bondye. Kontrèman ak Jezi, nou pa pafè. Sepandan, nou kapab suiv egzanp Jezi e nou ta dwe fè tout sa n kapab nan sans sa a (1 Pyè 2:21). Jewova ap gade nou pou l wè ni kantite efò n ap fè pou nou ba l glwa, ni pwogrè nou fè nan domèn sa a, e li beni efò n ap fè yo.

9. Ki jan Bib la kapab ede yon kretyen ki vle viv ann amoni ak volonte Bondye?

9 Pawòl Jewova te fè ekri a kapab klere wout nou yon fason pou nou rive reflete glwa l pi byen. Men, pou nou rive fè sa, li enpòtan anpil pou nou fouye nan Bib la e pou nou medite sou sa nou li nan Bib la (Sòm 1:1-3). Si nou li Bib la chak jou, sa ap ede nou reflete glwa Bondye pi byen. (Li Jak 1:22-25.) Lè nou konn Bib la byen, sa ap ede nou gen lafwa, sa ap ban nou plis detèminasyon pou nou pa tonbe nan peche grav e sa ap ede nou fè Jewova plezi. — Sòm 119:11, 47, 48.

10. Ki jan lapriyè kapab ede nou sèvi Jewova pi byen?

10 Pou nou reflete glwa Bondye, sa mande tou pou nou “pèsevere nan lapriyè”. (Wom. 12:12.) Nou kapab priye Jewova pou l ede nou sèvi l yon fason k ap fè l plezi e nou ta dwe fè sa. Pou nou sèvi l konsa, l ap bon pou nou mande l lespri sen, pou nou mande l plis lafwa ak plis fòs pou nou reziste anba tantasyon e pou nou mande l kapasite pou nou “manyen pawòl verite a kòrèkteman”. (2 Tim. 2:15; Mat. 6:13; Lik 11:13; 17:5). Menm jan yon timoun fè papa l konfyans, nou bezwen konte sou Jewova, Papa nou ki nan syèl la, pou l ede nou. Si nou mande Jewova pou l ede nou sèvi l pi byen, nou mèt gen konfyans l ap reponn priyè nou fè a. Pinga nou janm panse nou deranje Jewova lè nou priye l! Okontrè, annou louwe l nan priyè nou yo, annou nou di l mèsi, annou mande l direksyon sitou lè nou nan eprèv, e annou mande l pou l ede nou sèvi l yon fason ki glorifye non l ki sen. — Sòm 86:12; Jak 1:5-7.

11. Ki jan reyinyon yo ede nou reflete glwa Bondye?

11 Bondye bay “esklav fidèl ki prevwayan an” responsablite pou l pran swen mouton l yo ki gen anpil valè nan je l (Mat. 24:45-47; Sòm 100:3). Esklav la vle ede nou reflete glwa Jewova. Reyinyon yo se youn nan mwayen li itilize pou l ede nou fè sa. Menm jan ak yon bòs tayè ki ranje yon rad pou yon moun yon fason pou moun nan ka pi chèlbè, se konsa tou reyinyon yo ede nou fè chanjman nan lavi nou e yo ede nou devlope kalite nou dwe genyen antanke kretyen yo plis toujou yon fason pou nou pi byen reflete glwa Jewova (Ebre 10:24, 25). Kidonk, annou bat pou nou toujou rive alè nan reyinyon yo, paske lè nou pran abitid rive anreta, nou pèdi nan fòmasyon y ap bay nan reyinyon yo ki pèmèt nou fè chanjman nou bezwen fè k ap fè nou vin pi bèl nan je Jewova.

ANNOU IMITE BONDYE

12. Ki jan nou kapab imite Bondye?

12 Si nou vle reflete glwa Jewova, nou dwe “imite” l (Efe. 5:1). Yon fason nou kapab fè sa se lè nou aprann wè bagay yo jan Jewova wè yo. Lè nou viv fason pa nou, sa ap lage nou nan pwoblèm e sa pap onore Jewova. Piske monn n ap viv ladan l lan anba enfliyans mechan an, anpalan de Satan Ledyab, nou dwe fè anpil efò pou nou rayi sa Jewova rayi e pou nou renmen sa Jewova renmen ak tout kè nou (Sòm 97:10; 1 Jan 5:19). Nou bezwen kwè ak tout kè nou pi bon fason pou nou sèvi Bondye se lè nou fè tout bagay pou glwa li. — Li 1 Korentyen 10:31.

13. Poukisa nou dwe rayi peche, e ki sa sa ap pouse nou fè?

13 Piske Jewova rayi peche, nou dwe rayi peche tou. Se sa k fè nou dwe fè tout sa n kapab pou nou kanpe lwen tout sa ki mal e nou pa dwe chèche wè jis ki kote nou kapab rive san nou pa peche. Pa egzanp, nou dwe veye pou n pa tonbe nan apostazi. Si nou tonbe nan peche sa a, nou pap kapab reflete glwa Bondye (Det. 13:6-9). Se sa k fè, nou pa dwe gen kontak menm ak aposta yo oswa ak nenpòt swadizan frè ak sè ki pa gen respè Bondye, menmsi se ta yon moun nan fanmi nou (1 Kor. 5:11). Sa pap itil nou anyen pou n ap eseye konvenk aposta yo, oswa moun k ap kritike òganizasyon Jewova a, yo nan erè. An reyalite, lè nou li enfòmasyon moun sa yo bay, kit se nan liv, kit se sou Entènèt, nou riske pèdi relasyon nou ak Jewova. — Li Izayi 5:20 ak Matye 7:6.

14. Ki kalite k ap ede nou reflete glwa Bondye, e poukisa?

14 Lè nou renmen moun, se yon bon fason nou imite Papa nou ki nan syèl la. Nou dwe renmen moun menm jan ak Jewova (1 Jan 4:16-19). Epitou, lanmou nou gen nan mitan nou an montre nou se disip Jezi e n ap sèvi Jewova (Jan 13:34, 35). Menmsi tandans nou genyen pou n fè peche a konn fè li difisil pou nou montre frè ak sè yo nou renmen yo, nou dwe goumen ak tandans sa a pou nou ka pwofite tout okazyon pou nou montre yo nou renmen yo. Lè nou aprann gen lanmou lakay nou e lè nou aprann devlope lòt kalite Bondye gen lakay li, sa ap ede nou pou n pa mal aji ak moun e pou n pa pratike peche. — 2 Pyè 1:5-7.

15. Ki efè lanmou gen sou relasyon nou ak Bondye?

15 Lè yon moun renmen moun, sa fè l anvi aji byen ak lòt moun (Wom. 13:8-10). Pa egzanp, lè yon mari ak yon madanm renmen youn lòt, kabann maryaj la ap san salte. Si nou renmen ansyen yo e nou gen respè pou travay y ap fè nan kongregasyon an, sa ap ede nou obeyi yo lè yo ban nou konsèy e sa ap ede nou soumèt devan yo. Lè yon timoun renmen manman l ak papa l, li obeyi yo, li onore yo e li pa di anyen mal sou yo. Si nou renmen pwochen nou, nou pap ni konsidere yo kòm moun ki pi ba pase nou ni nou pap pale avè yo yon fason ki montre nou pa gen respè pou yo (Jak 3:9). Ansyen yo renmen mouton Bondye yo e yo trete yo avèk tandrès. — Tra. 20:28, 29.

16. Ki jan lanmou ede nou nan travay fè disip la?

16 Nou dwe demontre nou gen lanmou tou nan travay predikasyon an. Piske nou renmen Jewova anpil, nou pap kite moun yo nan tèritwa a dekouraje nou lè yo pa enterese nan mesaj nou an oswa yo pale mal avèk nou. Okontrè, n ap kontinye preche bon nouvèl la. Si nou gen lanmou lakay nou, sa ap fè nou byen prepare nou lè nou pral nan tèritwa a. Mete sou sa, n ap fè tout sa n kapab pou nou vin maton nan travay predikasyon an. Si nou renmen Bondye ak pwochen nou toutbon, nou pap konsidere travay predikasyon an kòm yon chay oswa yon kòve. Okontrè, n ap konsidere travay sa a kòm yon privilèj Bondye ban nou e n ap fè l ak kè kontan. — Mat. 10:7.

ANNOU KONTINYE BAY JEWOVA GLWA

17. Lefètke nou konnen peche fè nou pa rive reflete glwa Bondye kòmsadwa, ki jan sa ede nou?

17 Moun yo nan monn nan pa konprann jis nan ki pwen peche se yon bagay ki grav. Men nou menm nou konprann sa. Se sa k fè li enpòtan pou nou lite kont tandans nou gen lakay nou pou n peche a. Lè nou rekonèt nou gen tandans sa a lakay nou, sa pèmèt nou fòme konsyans nou yon fason pou li kapab ede nou fè sa ki byen lè move panse antre nan kè nou (Wom. 7:22, 23). Se vre nou chak gen pwen fèb pa nou, men Bondye kapab ban nou fòs pou nou fè sa ki dwat nan kèlkeswa sitiyasyon an. — 2 Kor. 12:10.

18, 19. a) Ki sa ki ede nou kenbe tèt ak espri mechan yo? b) Ki detèminasyon nou ta dwe pran?

18 Yon lòt bagay k ap pèmèt nou bay Jewova glwa, se lè nou kenbe tèt ak espri mechan yo. Ekipman konba Bondye ban nou an ap ede nou byen fè sa (Efe. 6:11-13). Satan Ledyab toujou ap chèche pou nou ba l glwa alòske se Jewova sèlman ki merite sa. Mete sou sa, li kontinye fè tout sa l kapab pou l kraze relasyon nou ak Jewova. Lè nou menm ak plizyè milyon lòt moun enpafè, fi kou gason, san wete timoun, nou rete fidèl devan Bondye e nou kontinye ba l glwa, se kòmsi se yon gwo kalòt nou bay Satan! Kidonk, annou kontinye bay Jewova glwa menm jan ak kèk kreyati espirityèl ki te di: “Jewova, Bondye nou an, ou diy pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay, e se paske w te vle ki fè yo vin egziste, e ki fè w te kreye yo.” — Rev. 4:11.

19 Se pou nou detèmine pou nou kontinye bay Jewova glwa kèlkeswa jan sa ye. Se sèten Jewova kontan lè l wè tout moun fidèl sa yo k ap fè tout sa yo kapab pou yo imite l e pou yo reflete glwa li (Pwo. 27:11). Nou ta dwe santi nou menm jan ak David ki te ekri chante ki vin apre a: “Mwen louwe w, o Jewova Bondye m nan, ak tout kè m, e m ap glorifye non w pou tan endefini.” ​(Sòm 86:12, NW). Se pa ti tann n ap tann jou a rive kote nou pral reflete glwa Jewova kòmsadwa e nou pral kapab louwe l pou letan e pou letènite! Tout moun ki obeyisan yo pral fè sa ak kè kontan. Èske w reflete glwa Jewova, Bondye nou an, depi jodi a? Èske w ta renmen fè sa pou tout letènite?

[Kesyon]

[Foto nan paj 27]

Èske w reflete glwa Jewova konsa?