Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w vrèman apresye maryaj, yon kado Bondye bay?

Èske w vrèman apresye maryaj, yon kado Bondye bay?

“Se pou Jewova fè nou yon kado, se pou nou chak jwenn yon kote trankil pou nou rete lakay mari nou.” — RIT 1:9, NW.

1. Esplike ki sa Adan te fè lè Bondye te ba l yon madanm.

SE PA ti kontan Adan, premye gason Bondye te kreye a, te kontan lè l te vin gen yon madanm! Nou konprann rezon ki fè Adan te fè yon powèm kote l te di: “Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m! Zo l se zo mwen. Chè l se chè mwen. Y’a rele l fanm, paske se nan gason li sòti.” ​(Jen. 2:23). Apre Jewova te fin fè yon gwo dòmi pran Adan, li te ouvri bò kòt Adan, li pran yon zo kòt li epi li kreye yon bèl madanm pou li. Adan te rele fi sa a Èv. Bondye te marye yo ansanm e yo te gen kè kontan nan maryaj yo. Etandone Jewova te sèvi ak pwòp kòt Adan pou l kreye Èv, mesyedam sa yo te pi pwòch youn ak lòt lontan pase nenpòt moun ki marye jodi a.

2. Ki sa k fè fi ak gason atire youn lòt?

2 Piske Jewova gen yon sajès ki pa gen parèy, li mete lakay fi ak gason yon kalite lanmou ki fè youn atire lòt. Gen yon ansiklopedi ki fè konnen: “Yon gason ak yon fi ki marye konnen y ap gen relasyon seksyèl e youn ap toujou atire lòt.” ​(The World Book Encyclopedia). Se tout tan sa ap fèt nan mitan pèp Jewova a.

YO TE APRESYE KADO SA A

3. Ki jan Izarak te fè vin gen yon madanm?

3 Abraram, yon moun ki te fidèl, te gen gwo respè pou maryaj. Se sa k fè li te voye sèvitè l ki te pi aje a Mezopotami al chèche yon madanm pou Izarak. Sèvitè a te priye Jewova e li te jwenn bon rezilta. Rebeka, yon fi ki te gen krentif pou Bondye, te vin madanm Izarak e Izarak te renmen l anpil. Rebeka te jwe yon wòl nan dispozisyon Jewova te pran pou l prezève semans Abraram nan (Jen. 22:18; 24:12-14, 67). Istwa sa a pa dwe fè n konprann depi yon moun gen bon entansyon, li gen dwa kare de moun ansanm san moun yo pa mande l sa. Nan epòk n ap viv la, anpil moun chwazi ak kiyès yo vle marye. Se vre Bondye pa chwazi moun pou moun, men, si nou mande l direksyon lè n ap chwazi yon moun pou n marye, l ap ede nou depi nou kite lespri sen l gide nou, menm jan li fè sa nan lòt domèn. — Gal. 5:18, 25.

4, 5. Ki sa ki konvenk ou Choulamit la ak bèje a te gen santiman youn pou lòt?

4 Te gen yon bèl Choulamit ki t ap viv ann Izrayèl, nan tan lontan, ki pa t dakò pou zanmi l yo fè presyon sou li pou l vin youn nan madanm wa Salomon yo. Men sa l te di: “Nou menm medam lavil Jerizalèm, mwen fè nou fè sèman pou nou pa eseye reveye lanmou [lakay mwen] anvan lè.” ​(Chan 8:4, NW). Choulamit la te gen santiman pou yon bèje e bèje a te gen santiman pou li tou. Men sa Choulamit la te di avèk imilite: “Mwen se yon senp safran [yon flè òdinè] ki nan plenn ki bay sou kot yo, yon lis ki nan plenn ki ba yo.” Men sa bèje a te reponn li: “Tankou yon lis ki pami plant ki gen pikan, se konsa konpay mwen an ye pami fi yo.” ​(Chan 2:1, 2, NW). De moun sa yo te damou toutbonvre.

5 Piske Choulamit la ak bèje a te renmen Bondye plis pase tout bagay, maryaj yo t ap solid toutbon. Men sa Choulamit la te di bèje li te renmen anpil la: “Mete m sou kè w tankou yon so, tankou yon so ki sou bra w. Piske lanmou gen fòs tankou lanmò, anvi pou nou ret atache ansanm kenbe nou menm jan cheyòl kenbe moun ki ladan l yo. Flanm lanmou se flanm dife, se flanm ki sot nan Ya. Pakèt dlo ki genyen yo pa ka etenn lanmou, e gwo rivyè pa ka pote l ale. Si yon nonm ta bay tout bagay ki gen valè li gen lakay li pou lanmou, se sèten moun t ap meprize yo.” ​(Chan 8:6, 7, NW). Lè n ap reflechi sou maryaj, èske se pa kalite lanmou sa a nou ta dwe atann nan men moun nou ta renmen marye avè l la?

YON CHWA KI ENPÒTAN POU BONDYE

6, 7. Ki jan nou fè konnen Jewova ta renmen nou byen chwazi ak kiyès n ap marye?

6 Jewova ta renmen w byen chwazi ak kiyès w ap marye. Gade ki lòd li te pase Izrayelit yo konsènan moun ki t ap viv nan peyi Kanaran yo: “Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo. Paske y’a pran tèt pitit gason nou yo, y’a fè yo vire do ban mwen pou y’al sèvi lòt [dye]. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l’a disparèt nou la pou la.” ​(Det. 7:3, 4). Kèk syèk annapre, men sa prèt Ezra te deklare: “Lè nou marye ak fanm lòt nasyon yo, se trayi nou trayi Bondye. Se mete nou mete sou tou sa k’ap fèt mal deja nan mitan pèp Izrayèl la.” ​(Esd. (Ezra) 10:10). Mete sou sa, men sa apot Pòl te di kretyen parèy li yo: “Yon fi ini ak mari l toutotan mari a vivan. Men, si mari l ta vin mouri, li lib pou l marye ak moun li vle, men se sèlman si moun sa a nan Seyè a.” — 1 Kor. 7:39.

7 Si yon moun k ap sèvi Jewova ta marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova, li t ap montre li pa obeyi Jewova. Izrayelit nan tan Ezra yo te montre yo pa t fidèl lè yo te “marye ak fanm lòt nasyon yo”. Li pa t ap bon pou yon kretyen chèche eskiz pou l pa suiv prensip ki nan Bib la (Ezra 10:10; 2 Kor. 6:14, 15). Yon kretyen ki marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova pa yon bon egzanp e li pa montre li apresye maryaj ki se yon kado Bondye bay. Yon moun ki batize e ki fè yon maryaj konsa kapab pèdi privilèj li gen nan mitan pèp Bondye a. Epitou, sa pa t ap fè sans pou moun sa a ta atann yon benediksyon nan men Jewova e pou l ta priye l konsa: ‘Jewova, mwen konnen m fè espre m dezobeyi w. Men, tanpri, beni m kanmenm non.’

PAPA NOU KI NAN SYÈL LA KONN SA K PI BON POU NOU

8. Di poukisa nou ta dwe suiv enstriksyon Bondye bay sou maryaj.

8 Yon moun ki fè yon aparèy konnen egzakteman ki jan aparèy la fonksyone. Si yon moun bezwen konn ki jan pou l mete pyès aparèy sa a ansanm, moun ki te fè aparèy la ap kapab ba l enfòmasyon sou sa. Men, ki sa k t ap pase si l pa ta suiv enstriksyon sa yo e l ta mete pyès yo ansanm jan l pito? Gen anpil chans pou aparèy la pa ta byen mache. Petèt li pa t ap mache menm. Si nou ta renmen gen kè kontan nan maryaj nou, nou dwe suiv enstriksyon Jewova bay sou maryaj, paske si se pa t li, maryaj pa t ap egziste.

9. Poukisa nou kapab di Jewova konprann sa sa vle di pou yon moun santi l poukont li e li konnen nou kapab jwenn kè kontan nan maryaj?

9 Jewova konn tout bagay ni sou lèzòm ni sou maryaj. Li te mete dezi seksyèl nan moun yon fason pou yo te ka “fè pitit, [e pou yo] vin anpil”. (Jen. 1:28NW.) Bondye konn sa sa vle di lè yon moun santi l poukont li, paske anvan l te kreye premye fi a, li te di: “Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M’ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l.” ​(Jen. 2:18). Jewova byen konnen tou yon moun kapab jwenn kè kontan nan maryaj. — Li Pwovèb 5:15-18.

10. Ki sa de kretyen ki marye ta dwe toujou sonje anrapò ak relasyon seksyèl nan maryaj yo?

10 Akoz peche ak enpèfeksyon lèzòm eritye nan men Adan, pa gen yon maryaj ki pa gen pwoblèm ladan l. Men, sèvitè Jewova ki marye yo kapab gen kè kontan si yo suiv prensip ki nan Pawòl Bondye a. Pa egzanp, gade ki konsèy byen klè Pòl te bay sou relasyon seksyèl nan maryaj. (Li 1 Korentyen 7:1-5.) Bib la pa mande pou moun ki marye yo gen relasyon seksyèl sèlman lè yo bezwen fè pitit. Relasyon seksyèl kapab satisfè bezwen afektif ak bezwen fizik moun marye yo genyen, e se nòmal. Sepandan, sa pa fè Bondye plezi lè yo fè bagay ki sal pandan y ap fè sèks. Pa gen dout nan sa, nan domèn sa a, mari ak madanm ki kretyen yo ta dwe gen tandrès, sa k ap pèmèt yo montre bonjan afeksyon youn pou lòt. Nòmalman, yo ta dwe evite fè tout aksyon ki ta ka fè Jewova fache.

11. Ki benediksyon Rit te jwenn lefètke li te vin ap sèvi Jewova fidèlman?

11 Maryaj ta dwe yon bagay ki bay kè kontan, li pa ta dwe bay dlo nan je epi lakòz moun ap viv nan reziyasyon. Kretyen ki marye yo ta dwe gen lapè ak trankilite lakay yo plis toujou. Ann wè sa k te pase, sa gen anviwon 3 000 an, lè Nawomi ak de bèlfi l yo, Òpa ak Rit, te soti Mowab pou y al Jida. Nawomi te ankouraje jèn medam yo pou yo retounen nan peyi yo. Rit, ki pa t vle kite Nawomi, te fidèl anvè vrè Dye a, e l te gen asirans l ap jwenn ‘yon salè ki total nan men Jewova, Bondye li t al chèche refij anba zèl li a’. (Rit 1:9; 2:12, NW.) Maryaj, ki se yon kado Bondye bay, te gen anpil valè pou Rit. Li te vin madanm Bowaz, yon mesye ki te kòmanse granmoun e ki te yon vrè adoratè Jewova. Lè Rit resisite nan monn nouvo Bondye pwomèt la, li pral kontan aprann li te vin youn nan zansèt Jezi Kris yo (Mat. 1:1, 5, 6; Lik 3:23, 32). Piske li te vin ap sèvi Jewova fidèlman, se pa ti benediksyon li te jwenn!

BONJAN KONSÈY POU YON MARYAJ REYISI

12. Ki kote yon moun ka jwenn bonjan konsèy sou maryaj?

12 Sila ki vini ak maryaj la di nou sa nou bezwen konnen pou maryaj nou reyisi. Pa gen moun ki gen menm nivo konesans ak Bondye. Bib la toujou gen rezon e sèl fason pou yon moun jwenn bonjan konsèy sou maryaj se lè li suiv prensip ki nan Bib la. Pa egzanp, men sa Bondye te pouse apot Pòl ekri: “Se pou nou chak renmen madanm nou menm jan ak tèt nou. Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l.” ​(Efe. 5:33). Pa gen anyen nan konsèy sa yo yon kretyen ki gen matirite pa ka konprann. Kounye a, kesyon an se èske l ap obeyi Pawòl Jewova yo? L ap fè sa si li vrèman apresye maryaj ki se yon kado Bondye bay *.

13. Ki sa k ka rive si yon mari pa ta suiv konsèy ki nan 1 Pyè 3:7 la?

13 Yon mari ki kretyen dwe montre li renmen madanm li nan fason l trete l. Men sa apot Pyè te ekri: “Nou menm mari, se pou nou kontinye viv avèk yo dapre konesans. Se pou nou onore yo tankou yon veso ki pi fèb, anpalan de fi, yon fason pou priyè nou pa bloke, piske nou menm tou, ansanm avèk yo, nou benefisye lavi a ki se yon favè san parèy yo fè nou.” ​(1 Pyè 3:7). Si yon mari kretyen pa aplike konsèy Jewova bay yo, priyè l yo kapab bloke e sa kapab gen move efè sou relasyon ni li menm ni madanm li gen ak Jewova. Sa ta kapab fè tou gen anpil pwoblèm nan maryaj yo, yo toujou ap fè kont e yo pa trete youn lòt avèk tandrès.

14. Ki enfliyans yon bon madanm gen sou fanmi l?

14 Yon madanm ki kite Pawòl Jewova ak lespri sen Jewova gide l kapab fè yon pakèt bagay pou kay li vin yon kote ki gen lapè e ki bay kè kontan. Li nòmal pou yon mari ki gen krent pou Bondye renmen madanm li, pou l pwoteje l e pou l ede l gen bon relasyon ak Jewova. Se vre madanm nan swaf pou mari l renmen l, men madanm nan dwe travay pou sa tou. Men sa Pwovèb 14:1 di: “Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li.” Lè yon madanm gen sajès e li gen lanmou, sa pèmèt gen kè kontan nan fanmi an e sa pèmèt tout bagay mache byen. Mete sou sa, sa montre li vrèman apresye maryaj ki se yon kado Bondye bay.

15. Ki konsèy nou jwenn nan Efezyen 5:22-25?

15 Jezi toujou byen trete kongregasyon an. Mari ak madanm ki imite Jezi nan fason yo trete youn lòt montre yo apresye maryaj ki se yon kado Bondye bay. (Li Efezyen 5:22-25.) Se pa ti benediksyon moun ki marye yo jwenn lè youn renmen lòt toutbon, yo pa nan mare fache tankou de timoun e yo pa kite ògèy oswa lòt defo fè yo gen pwoblèm nan maryaj yo!

PINGA LÒM SEPARE YO

16. Poukisa kèk kretyen rete selibatè?

16 Byenke pifò moun ta renmen marye yon jou, gen kèk sèvitè Jewova ki rete selibatè paske yo pa kapab jwenn yon moun ki fè yo plezi e ki fè Jewova plezi. Gen lòt Bondye ba yo don pou yo rete selibatè, sa ki pèmèt yo bay tout yo menm nan sèvis Jewova a san yo pa distrè. Byennantandi, yon moun ki rete selibatè dwe viv ann amoni ak prensip Jewova yo. — Mat. 19:10-12; 1 Kor. 7:1, 6, 7, 17.

17. a) Ki sa Jezi te di sou maryaj nou pa dwe janm bliye? b) Si yon kretyen ta kòmanse gen je sou madanm oswa mari yon moun, ki sa l ta dwe fè san pèdi tan?

17 Kit nou marye, kit nou selibatè, nou tout bezwen sonje pawòl Jezi yo ki di: “Èske nou pa t li Sila a ki te kreye yo depi nan kòmansman an te fè yo gason ak fi, e li te di: ‘Se pou rezon sa a, yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè’? Konsa, yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè. Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” ​(Mat. 19:4-6). Si yon moun ta vin gen je sou mari oswa madanm yon moun, se yon peche (Det. 5:21). Nenpòt kretyen ki kòmanse devlope yon dezi konsa ta dwe aji prese prese pou l derasinen move dezi sa a lakay li, menmsi sa ta fè l soufri anpil paske li te kite dezi egoyis sa a devlope nan kè l (Mat. 5:27-30). Li enpòtan anpil pou nou retire panse sa yo nan tèt nou e pou nou derasinen move santiman sa a nan kè nou ki trèt. — Jer. 17:9.

18. Dapre ou menm, ki jan yon moun ta dwe konsidere maryaj ki se yon kado Bondye bay?

18 Menm moun ki pa konn anpil bagay sou Jewova oswa ki pa konn anyen sou li menm ak bèl kado li bay la, anpalan de maryaj, konn plizoumwen montre yo gen respè pou maryaj. Si moun sa yo konn konsa, alewè pou nou menm ki vwe vi nou bay Jewova, “Bondye ki gen kè kontan an”. Se pa ti kontan nou ta dwe kontan pou tout sa l ban nou e nou ta dwe kontan montre l aklè nou vrèman apresye maryaj ki se yon kado li ban nou! — 1 Tim. 1:11.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou maryaj, gade chapit 10 ak chapit 11 liv “Rete nan lanmou Bondye” a.

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 6]

Yon bon maryaj onore Jewova e li ka fè tout moun nan fanmi an viv ak anpil kè kontan.

[Foto nan paj 5]

Rit te apresye maryaj ki se yon kado Bondye bay.

[Foto nan paj 7]

Èske w montre ou vrèman apresye maryaj ki se yon kado Jewova bay?