Bagay ki nan achiv nou
“Chak jou ki pase mwen vin pi renmen travay mwen antanke kòlpòtè”
AN 1886, frè yo ki te nan Mezon Labib la, jan yo te rele kay kote frè yo te rete nan Allegheny, Ozetazini, te voye 100 liv L’Aurore du Millénium, volim 1, Chikago, ki nan Ilinwa. Charles Taze Russell te vle pou liv sa yo disponib nan libreri. Youn nan pi gwo mezon Ozetazini ki te konn distribye liv ki pale sou relijyon te dakò vann L’Aurore du Millénium nan pou frè yo. Men, de semèn apre, yo te voye tout liv yo nèt tounen nan Mezon Labib la.
Selon sa frè yo te vin aprann, te gen yon gwo pastè legliz ki te fache anpil lè l te wè L’Aurore du Millénium nan bò kot liv pa l yo. Li te di si liv sa yo rete sou etajè mezon an, ni li menm ni lòt zanmi ki te gwo pastè legliz menm jan avè l yo t ap retire liv pa yo nan biznis lan e yo t apral chèche yon lòt mezon. Byenke se ak de kè, mezon an te remèt frè yo liv yo. Sa k pi rèd la, apre frè yo te fin fè piblisite nan jounal, gen opozan ki te rive fè anile kontra piblisite sa yo. Men, ki jan moun ki te swaf laverite yo t ap rive jwenn nouvo liv sa a?
Yon seri frè ak sè yo te konn rele kòlpòtè * nan epòk la te jwe yon wòl enpòtan nan distribye liv sa a. An 1881, Le Phare de la Tour de Sion te anonse yo bezwen 1 000 pwoklamatè aplentan ki t ap kapab distribye piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Byenke se sèlman kèk santèn kòlpòtè ki te genyen, yo te simaye verite ki nan Bib la toupatou grasa piblikasyon yo. An 1897, yo te gentan distribye prèske yon milyon nan liv Millénium nan. Se kòlpòtè yo ki te fè pifò travay la. Kòlpòtè yo te konn resevwa yon ti kòb nan men moun ki te pran abònman nan men yo oswa ki te achte liv nan men yo. Pifò nan yo te konte sou ti kòb sa a pou yo viv.
Ki moun kòlpòtè vanyan sa yo te ye? Gen moun ki te vin kòlpòtè lè yo te adolesan e gen lòt ki te antre nan sèvis sa a lè yo te vin pi gran. Anpil ladan yo se te selibatè oswa moun marye ki pa t gen pitit. Te gen yon pakèt fanmi tou ki te vin kòlpòtè. Kòlpòtè pèmanan yo te travay pandan tout jounen an, e kòlpòtè oksilyè yo te travay youn oswa dezèdtan pa jou. Se pa tout moun sante yo oswa sitiyasyon yo te pèmèt yo vin kòlpòtè. Nan yon kongrè ki te fèt an 1906, yo te fè moun ki vle vin kòlpòtè yo konnen li pa t nesesè pou yo “gen gwo edikasyon, anpil talan, oswa pou yo konn pale lang zanj yo”.
Nan prèske tout kontinan yo, yon bann moun byen senp te vin kòlpòtè e yo te fè yon gwo travay nan
diferan tèritwa yo. Gen yon frè ki te di nan setan li te plase anviwon 15 000 liv. Aktout sa, li te di: “Mwen pa t vin yon kòlpòtè pou m te ka vann liv, men se pou m te ka bay temwayaj sou Jewova e sou laverite.” Tout kote kòlpòtè yo te pase, yo te simaye laverite, e sa te bay bon rezilta piske kantite Etidyan Labib yo te kontinye ogmante.Chèf legliz yo te konn rele kòlpòtè yo machann liv pou yo te pase yo nan rizib. Men yon kòmantè ki te fèt nan yon Toudegad ki te parèt nan ane 1892: “Pa t gen anpil moun ki te konnen yo se vrè reprezantan Seyè a, oubyen ki te konnen jan imilite ak lespri sakrifis yo demontre a gen valè nan je Seyè a.” Vrèmanvre, jan youn ladan yo te di sa, bagay yo pa t “dous” pou yo menm. Travay yo t ap fè a te mande pou yo gen bon soulye oswa yon bisiklèt. Lè kòlpòtè yo pa t gen lajan, se liv yo te konn twoke pou manje. Apre yon jounen travay, pwoklamatè sa yo te retounen nan tant yo oswa nan chanm yo te lwe yo avèk kè kontan. Annapre, te vin gen yon ti charyo kòlpòtè yo te konn abite ladan yo ki te fè yo ekonomize tan ak lajan *.
Apati kongrè ki te fèt Chikago nan ane 1893 la, yo te kòmanse fè yon reyinyon espesyal pou ede kòlpòtè yo. Nan reyinyon sa yo, yo te konn pale sou metòd predikasyon, yo te konn bay konsèy e kòlpòtè yo te konn kontan rakonte eksperyans yo te fè. Gen yon lè, frè Russell te ankouraje kòlpòtè yo pou yo byen manje nan maten, pou yo pran yon bon vè lèt vè zòn dizè nan maten, e pou yo bwè yon bon kola ki gen krèm ladan l lè fè cho.
Kòlpòtè ki t ap chèche patnè yo te gen yon riban jòn sou yo. Kòlpòtè ki pa t gen eksperyans yo te chèche patnè ki gen plis eksperyans pase yo. Sa te nesesè paske gen yon kòlpòtè ki pa t gen eksperyans ki te prezante yon dam liv yo ak kè sote konsa: “Ou kwè w bezwen liv sa yo?” Erezman, dam sa a te aksepte liv yo e li te vin sèvi Jewova.
Gen yon frè ki te poze kesyon ki vin apre a: ‘Mwen gen yon djòb ki byen peye, èske m ta dwe kenbe djòb sa a epi bay yon ofrann 1 000 dola ameriken chak ane, oubyen m ta dwe vin yon kòlpòtè pito?’ Yo te di l kèlkeswa sa l deside fè a Seyè a ap aksepte l. Men, si l bay Seyè a tan l, l ap jwenn plis benediksyon. Yon sè ki rele Mary Hinds te di travay kòlpòtè a se “pi bon fason pou yon moun fè plis byen pou plis moun”. Gen yon lòt sè timid ki rele Alberta Crosby ki te di: “Chak jou ki pase mwen vin pi renmen travay mwen antanke kòlpòtè.”
Jodi a, gen anpil nan pitit pitit kòlpòtè sa yo ki pyonye e gen moun yo te ede pran laverite pitit pitit moun sa yo tou kontinye suiv egzanp kòlpòtè sa yo fidèlman. Si w pa gen pèsonn nan fanmi w ki te pyonye, poukisa w pa antre nan sèvis la pou w fè sa tounen yon tradisyon nan fanmi w? Si w fè sa, ou menm tou w ap vin pi renmen sèvis aplentan chak jou k ap pase.
[Nòt anba paj]
^ § 5 Apre 1931, yo te vin rele “kòlpòtè” yo “pyonye”.
^ § 8 Nou gen pou n pale sou charyo sa yo nan yon lòt Toudegad.
[Antrefilè nan paj 32]
Li pa t nesesè pou yo “gen gwo edikasyon, anpil talan, oswa pou yo konn pale lang zanj yo”.
[Foto nan paj 31]
A. W. Osei, yon kòlpòtè nan peyi Gana, bò ane 30 yo.
[Foto nan paj 32]
Anwo: Edith Keen ak Gertrude Morris, de kòlpòtè ann Angletè, ozanviwon ane 1918. Anba: Stanley Cossaboom ak Henry Nonkes, de kòlpòtè nan peyi Etazini ki bò kot yon pil bwat katon vid. Yo te plase tout liv ki te nan bwat sa yo.