Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fè Jewova konfyans, li kontwole lè pou chak bagay fèt

Fè Jewova konfyans, li kontwole lè pou chak bagay fèt

“Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo.” — DÀN. 2:21.

1, 2. Ki sa k montre Jewova byen konprann ki sa tan ye?

JEWOVA DYE te gentan bay mwayen pou lèzòm mezire tan depi anvan li te kreye yo. Nan katriyèm jou kreyasyon an, li te di: “Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y’a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo.” ​(Jen. 1:14, 19, 26). Se sa Jewova te vle a ki te fèt.

2 Jis jounen jodi a, syantifik yo ap fè deba pou yo chèche konprann ki sa tan ye. Selon yon ansiklopedi, “tan se youn nan pi gwo mistè ki egziste. Pèsonn pa ka di egzakteman ki sa l ye vre.” Men, Jewova li menm byen konnen sa tan ye. Dayè, se li menm ‘ki kreye syèl la, ki fè latè e ki ba li fòm’. Mete sou sa, men sa l te di: “Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki ta pral rive.” ​(Eza. (Iza.) 45:18; 46:10). Pou nou kapab fòtifye lafwa nou nan Jewova ak nan Pawòl li, ann egzamine ki jan kreyasyon an ak pwofesi biblik ki deja akonpli yo montre Jewova se Sila a ki kontwole lè pou chak bagay fèt la.

KREYASYON AN EDE N GEN LAFWA NAN SILA A KI KONTWOLE LÈ POU CHAK BAGAY FÈT LA

3. Ki jan kreyasyon an montre Jewova byen regle bagay yo?

3 Nan kreyasyon an, soti nan bagay ki toupiti pou rive nan bagay ki gwo anpil anpil, gen yon lè pou chak bagay rive. Atòm yo toujou ap vibre yon fason regilye. Grasa vibrasyon atòm yo, òlòj entènasyonal yo tèlman egzak, menm apre 80 milyon ane, yo pap menm gen yon segonn ann avans oswa yon segonn anreta. Lefètke Jewova regle mouvman planèt yo ak zetwal yo avèk presizyon, sa pèmèt moun konnen davans nan ki pozisyon y ap ye nan syèl la e sa ede yo konnen sezon yo. Mete sou sa, sa ede yo konn ki wout pou yo fè lè y ap vwayaje. Piske se Jewova ki fè atòm yo ak zetwal yo, li merite pou nou louwe l paske li “gen gwo pouvwa”. — Li Ezayi (Izayi) 40:26.

4. Ki jan Bondye montre li gen sajès nan fason li regle tout bagay ki gen vi ladan yo avèk presizyon?

4 Tout bagay ki gen vi ladan yo montre Jewova regle bagay yo avèk presizyon. Anpil plant ak anpil zannimo sanble gen yon bagay anndan yo ki fonksyone tankou yon òlòj ki la pou kontwole yo. Pa egzanp, gen anpil zwazo, rive yon lè, yo santi fòk yo deplase sot nan yon zòn al nan yon lòt (Jer. 8:7). Lèzòm tou gen menm bagay sa a anndan yo ki la pou kontwole yo lajounen kou lannuit. Apre yon moun fin fè yon vwayaj nan avyon kote l te travèse plizyè zòn ki gen lè diferan, sa ka pran plizyè jou anvan bagay ki tankou yon òlòj ki anndan l lan vin fonksyone nòmalman. Tout egzanp sa yo montre Bondye ki kontwole “sezon yo ak lè pou chak bagay rive” a gen pouvwa ak sajès toutbonvre. (Li Sòm 104:24.) Pa gen dout nan sa, Sila a ki kontwole lè pou chak bagay fèt la gen tout sajès ak tout pouvwa nan men l. Nou mèt gen lafwa li kapab fè tout sa l vle!

PWOFESI YO REYALIZE ATAN E SA FÈ N GEN LAFWA

5. a) Ki sèl mwayen nou genyen pou nou konnen avni lèzòm? b) Sa k fè Jewova kapab anonse evènman ki gen pou rive yo ak lè yo gen pou rive?

5 Kreyasyon an aprann nou anpil bagay sou “kalite [Jewova] yo ki envizib”, men li pa di nou anyen sou kèk kesyon enpòtan tankou ki sa lavni rezève pou lèzòm (Wom. 1:20). Pou nou konnen ki sa lavni sere pou lèzòm, nou bezwen egzamine Labib, Pawòl Bondye a. Ladan l, nou jwenn yon pakèt pwofesi ki te akonpli lè pou yo te akonpli a. Jewova kapab fè nou konnen egzakteman sa k gen pou fèt alavni paske li gen kapasite pou sa. Anplis de sa, pwofesi ki nan Bib la reyalize lè yo dwe reyalize paske Jewova Dye kapab fè evènman yo dewoule yon fason pou l atenn objektif li nan lè li fikse a.

6. Ki sa k montre Jewova vle nou konprann pwofesi ki nan Bib la?

6 Jewova vle adoratè l yo konprann pwofesi ki nan Bib la e li vle yo jwenn byenfè grasa konesans sa a. Byenke Jewova pa wè tan menm jan ak nou, lè l anonse yon evènman gen pou l fèt tèl lè, li anonse l yon fason pou nou kapab konprann. (Li Sòm 90:4.) Pa egzanp, liv Revelasyon an pale de “kat zanj” Bondye “te prepare pou lè a, jou a, mwa a ak ane a”. Ekspresyon jou, mwa ak ane a se ekspresyon nou kapab konprann (Rev. 9:14, 15). Lè nou wè pwofesi yo reyalize lè yo dwe reyalize a, sa ta dwe fè n gen plis lafwa ni nan Bondye ki kontwole “sezon yo ak lè pou chak bagay rive” a, ni nan Pawòl li a. Ann egzamine kèk nan pwofesi sa yo.

7. Ki jan fason pwofesi Jeremi konsènan Jerizalèm ak Jida a te reyalize a montre Jewova se Sila a ki kontwole lè pou chak bagay fèt la?

7 Toudabò, ann al nan setyèm syèk anvan epòk nou an. “Nan katriyèm lanne rèy wa Jojakim [Yewoyakim], pitit Jozyas [Yochiya], nan peyi Jida”, Sila a ki kontwole lè pou chak bagay fèt la “te bay Jeremi yon mesay sou pèp peyi Jida a”. (Jer. 25:1.) Jewova te anonse destriksyon Jerizalèm e l te fè konnen yo t ap mennen Juif ki te Jida yo al ann egzil Babilòn kote yo t apral “sèvi wa Babilòn lan pandan swasanndizan”. Lame babilonyen an te detwi Jerizalèm an 607 anvan epòk nou an e l te mennen Juif ki te Jida yo ann egzil Babilòn jan Jewova te di sa a. Ki sa k t apral rive nan fen 70 ane yo t apral pase ann egzil yo? Men sa pwofèt Jeremi te di: “Senyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m’a vin vizite nou, m’a fè kichòy pou nou. M’a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m’a fè nou tounen lakay nou ankò.” ​(Jer. 25:11, 12; 29:10). Pwofesi sa a te reyalize lè pisans mondyal peyi Medi ak peyi Pès la te libere Juif yo anba men Babilòn, nan ane 537 anvan epòk nou an, lè Jewova te fikse pou l reyalize a.

8, 9. Ki jan pwofesi Dànyèl te bay konsènan lè Mesi a t apral parèt la ak lè Wayòm Bondye a t ap kòmanse gouvène a montre Jewova se Bondye ki kontwole “sezon yo ak lè pou chak bagay rive” a?

8 Ann egzamine yon lòt pwofesi ki gen rapò ak pèp Bondye te genyen nan tan lontan an. Anviwon dezan anvan Juif yo te kite Babilòn, pa mwayen pwofèt Dànyèl, Bondye te fè konnen Mesi a t ap parèt 483 an apre yo te fin bay lòd pou rebati Jerizalèm. Wa peyi Medi a ak peyi Pès la te bay lòd sa a nan ane 455 anvan epòk nou an. Egzakteman 483 ane annapre, nan ane 29 epòk nou an, Jezi, moun Nazarèt la, te resevwa lespri sen Bondye lè l te batize e l te vin tounen Mesi a *. — Ney. 2:1, 5-8; Dàn. 9:24, 25; Lik 3:1, 2, 21, 22.

9 Kounye a, gade ki sa Bib la te anonse konsènan Wayòm Bondye a. Pwofesi ki nan Bib la te anonse Bondye t ap gen pou l tabli Wayòm Mesi a nan syèl la an 1914. Youn nan pwofesi nan Bib la ki anonse sa se pwofesi konsènan “siy” prezans Jezi a ki te montre ki lè yo t ap pimpe Satan sou tè a, sa ki t ap lakòz gwo malè pou tè a (Mat. 24:3-14; Rev. 12:9, 12). Mete sou sa, pwofesi biblik yo te montre byen klè “tan ki [te] fikse pou nasyon yo [t ap] fini” an 1914 e Wayòm Bondye a t ap kòmanse dirije nan syèl la nan ane sa a. — Lik 21:24; Dàn. 4:10-17 *.

10. Ki evènman ki gen pou rive san mank nan lè yo dwe rive a?

10 Kounye a, n ap tann “gwo tribilasyon” Jezi te anonse a. Apre sa, Rèy mil an Kris la pral kòmanse. Pa gen dout nan sa, pwofesi sa yo ap reyalize lè yo dwe reyalize a. Lè Jezi te sou tè a, Jewova te deja fikse ‘jou ak lè’ bagay sa yo pral fèt. — Mat. 24:21, 36; Rev. 20:6.

“BYEN SÈVI AK TAN NOU”

11. Lefètke nou konnen n ap viv nan tan lafen an, ki sa sa ta dwe pouse nou fè?

11 Lefètke nou konnen Wayòm Bondye a deja an fonksyon e nou konnen n ap viv nan “tan lafen an”, ki sa sa ta dwe pouse nou fè (Dàn. 12:4, NW)? Malgre anpil moun wè jan monn nan ap depafini, yo refize admèt se pwofesi biblik konsènan dènye jou yo k ap reyalize. Petèt y ap tann monn nan disparèt yon jou oswa yo ka menm kwè grasa efò lèzòm ap fè, y ap rive mete ‘lapè ak sekirite’ sou tè a (1 Tes. 5:3). E nou menm, ki sa nou panse? Piske nou konnen nou deja byen fon nan dènye jou monn Satan an, èske nou pa ta dwe fè tout sa n kapab pou n itilize ti tan ki rete a pou nou sèvi Bondye ki kontwole “sezon yo ak lè pou chak bagay rive” a? Mete sou sa, èske nou pa ta dwe fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun aprann konnen Bondye (2 Tim. 3:1)? Nou bezwen pran desizyon ki saj k ap pèmèt nou byen sèvi ak tan nou. — Li Efezyen 5:15-17.

12. Ki sa nou kapab aprann nan avètisman Jezi te bay konsènan epòk Noye a?

12 Li pa fasil “pou nou byen sèvi ak tan nou” nan monn sa a ki chaje ak distraksyon. Men avètisman Jezi te bay: “Menm jan epòk Noye a te ye a, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye.” Ki jan epòk Noye a te ye? Labib te anonse Bondye t apral detwi mechan yo nan epòk Noye a. Bondye te neye yo nan yon gwo dlo ki te kouvri tout tè a. Antanke “yon moun ki t ap preche sa ki jis”, Noye te preche moun yo mesaj Bondye a fidèlman (Mat. 24:37; 2 Pyè 2:5). Men, nan epòk sa a, moun yo t ap “manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e moun t ap marye pitit fi yo, [...] e yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale”. Se sa k fè Jezi te bay disip li yo avètisman ki vin apre a: “Se pou nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini.” ​(Mat. 24:38, 39, 44). Nou dwe fè menm jan ak Noye, nou pa dwe fè menm jan ak lòt moun nan epòk Noye yo. Ki sa k ap ede nou rete pare?

13, 14. Ki sa nou dwe toujou kenbe nan lespri nou konsènan Jewova k ap ede nou sèvi l fidèlman pandan n ap tann Pitit lòm vini?

13 Byenke Pitit lòm nan ap vini nan yon lè nou pa panse, nou bezwen sonje Jewova se Sila a ki kontwole lè pou chak bagay fèt la. Evènman k ap pase nan monn nan ak plan lèzòm yo pa gen efè sou kalandriye Jewova. Jewova kontwole evènman yo pou yo fèt lè l vle a yon fason k ap pèmèt li atenn objektif li. (Li Dànyèl 2:21.) Dayè, men sa nou li nan Pwovèb 21:1: “Senyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l kote li vle.”

14 Jewova kapab kontwole evènman yo pou l atenn objektif li nan lè l fikse a. Anpil nan gwo chanjman ki fèt nan monn nan reyalize pwofesi Bondye yo, sitou pwofesi ki gen rapò ak travay predikasyon bon nouvèl Wayòm li an k ap fèt sou tout kò tè a. Sonje sa k te pase apre Inyon sovyetik te tonbe an 1989. Pa gen anpil moun ki te panse tout chanjman politik sa yo t ap rive fèt rapid konsa. Men, grasa gwo chanjman sa yo, kounye a n ap preche bon nouvèl la nan plizyè peyi kote yo te entèdi travay predikasyon an anvan sa. Kidonk, ann fè tout sa n kapab pou nou byen sèvi ak tan nou yon fason pou nou ka sèvi Bondye ki kontwole “sezon yo ak lè pou chak bagay rive” a fidèlman!

SE POU NOU GEN LAFWA BAGAY YO AP FÈT NAN LÈ JEWOVA FIKSE A

15. Ki jan nou kapab montre nou gen lafwa nan Bondye lè òganizasyon l lan fè kèk ajisteman?

15 Pou nou kontinye preche bon nouvèl Wayòm nan nan dènye jou n ap viv yo, sa mande pou nou gen lafwa Jewova ap reyalize objektif li nan lè li fikse a. Piske monn nan ap chanje jou apre jou, sa ka mande pou nou fè kèk ajisteman nan fason n ap fè travay fè disip la. Pafwa, òganizasyon an kapab fè kèk chanjman pou l ede nou preche bon nouvèl Wayòm nan pi byen. Toutpandan n ap sèvi Bondye fidèlman anba direksyon Pitit li a ki se “chèf kongregasyon an”, n ap montre nou gen lafwa nan Bondye ki kontwole “sezon yo ak lè pou chak bagay rive” a lè nou kolabore nèt ak òganizasyon an lè gen ajisteman ki fèt. — Efe. 5:23.

16. Poukisa nou kapab gen konfyans Jewova ap ede nou nan bon moman an?

16 Jewova vle nou santi nou alèz pou n priye l e pou n gen yon konfyans total nan kapasite l genyen pou l “ede nou nan bon moman” an (Ebre 4:16). Èske sa pa montre nan ki pwen Jewova renmen nou chak e l gen sousi pou nou (Mat. 6:8; 10:29-31)? Nou montre nou gen lafwa nan Jewova, Bondye nou an, lè nou priye l regilyèman pou nou mande l èd, lè nou aji ann amoni ak priyè nou fè yo e nou suiv direksyon li ban nou. Mete sou sa, nou bezwen sonje priye pou frè ak sè nou yo k ap sèvi Jewova menm jan avèk nou.

17, 18. a) Ki sa Jewova pral fè ènmi l yo talè konsa? b) Ki pyèj nou dwe evite?

17 Kounye a, se pa moman pou nou “gen dout”. Okontrè, se moman pou lafwa nou djanm, paske sa ap ban nou kouraj pou n fè volonte Bondye (Wom. 4:20). Ènmi Bondye yo, anpalan de Satan ak patizan l yo, ap eseye bloke travay Jezi te ban nou fè antanke disip li a (Mat. 28:19, 20). Menmsi Dyab la fè yon bann atak sou nou, nou konnen Jewova se “yon Dye ki vivan, [e li] se yon Sovè pou tout kalite moun, sitou pou moun ki fidèl yo”. Mete sou sa, “Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv”. — 1 Tim. 4:10; 2 Pyè 2:9.

18 Talè konsa, Jewova pral detwi sistèm mechan sa a. Byenke nou pa gen tout detay sou ki jan destriksyon sa a pral fèt e nou pa konn ki lè egzakteman l ap fèt, nou konnen nan lè Jewova fikse a, Kris pral kraze tout ènmi Jewova yo e Jewova pral jistifye dwa li genyen pou l dirije antanke Souvren. Kidonk, se pa ti grav sa t ap grav pou nou si nou pa ta rive konprann nan ki ‘tan e nan ki epòk’ n ap viv! Pinga nou janm tonbe nan pyèj pou nou panse “tout bagay rete egzakteman jan yo te ye depi nan kòmansman kreyasyon an”! — 1 Tes. 5:1; 2 Pyè 3:3, 4.

KONTINYE “TANN”

19, 20. Poukisa nou dwe kontinye tann Jewova?

19 Jewova te vle pou lèzòm viv pou toutan, pou yo kontinye aprann konnen kiyès li ye e pou yo kontinye aprann plis bagay sou sa l kreye yo. Men sa Eklezyas 3:11 (NW) di: “[Jewova] fè tout bagay bèl nan tan pa yo. Li menm mete tan endefini nan kè yo, yon fason pou lèzòm pa janm rive dekouvri travay vrè Dye a fè depi nan kòmansman jiska lafen.”

20 Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova pa chanje objektif li gen pou lèzòm (Mal. 3:6)! Bib la di “kontrèman ak lonbray k ap chanje pozisyon”, Bondye “pa chanje”. (Jak 1:17.) Jewova pa sèvi ak bagay lèzòm itilize pou yo konn ki lè li ye, tankou wotasyon tè a, pou l fikse lè pou l atenn objektif li, paske li se “Wa letènite a”. (1 Tim. 1:17.) Kidonk, annou kontinye “tann Bondye k’ap vin pou delivre” nou an (Mi. (Mika) 7:7)! Wi, “se pou nou mete kouraj sou nou, se pou nou djanm, nou tout k ap tann Jewova”! — Sòm 31:24, NW.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Gade liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel! la, nan paj 186-195.

^ § 9 Gade liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel! la, nan paj 94-97.

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Dànyèl te gen lafwa pwofesi Bondye te ba l anonse yo t ap reyalize.

[Foto nan paj 21]

Èske w byen sèvi ak tan w pou w fè volonte Jewova?