Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Nan ki sans lanmò moun ki fidèl ak Jewova yo “gen valè nan je l”?

▪ Men sa yon salmis te di nan yon chante Bondye te pouse l ekri: “Lanmò moun ki fidèl ak Jewova yo gen valè nan je l.” ​(Sòm 116:15NW). Lavi chak moun k ap sèvi Jewova gen anpil valè nan je Jewova. Sepandan, pawòl nou jwenn nan Sòm 116 la pa gen rapò sèlman ak lanmò yon moun k ap sèvi Jewova.

Lè yon kretyen mouri, moun k ap bay diskou antèman an pa dwe aplike Sòm 116:15 lan pou kretyen ki mouri an menmsi l t ap sèvi Jewova fidèlman. Poukisa? Se paske sa salmis la te ekri yo pa konsène yon sèl moun. Pawòl li yo vle di tout moun k ap sèvi Jewova fidèlman yo tèlman gen valè nan je Jewova, sa t ap fè Jewova twò mal pou l ta kite yo touye yo tout. — Gade Sòm 72:14; 116:8.

Sòm 116:15 lan ban nou garanti Jewova pap janm kite okenn moun disparèt tout sèvitè fidèl li yo sou tè a. Istwa nou montre jan nou rive andire anba gwo eprèv ak pèsekisyon, sa ki ban nou garanti Bondye pap janm kite yo detwi nou.

Pèsonn pap janm ka detwi nou tout nèt paske pisans Jewova san limit e, wè pa wè, l ap atenn objektif li genyen pou nou an. Si li ta kite sa fèt, sa t ap vle di ènmi l yo gen plis pisans pase l alòske sa pa posib. Li pa t ap rive atenn objektif li genyen pou tè a ranpli ak moun k ap sèvi l fidèlman, yon bagay ki gen pou fèt kanmenm (Iza. 45:18; 55:10, 11). Mete sou sa, pa t ap gen moun ankò pou bay Jewova yon sèvis sakre nan lakou tanp espirityèl la ki sou tè a. Konsa, “tè tounèf” la, nouvo sosyete moun jis ki pral gen sou tè a e ki pral anba dominasyon “syèl tounèf” la, pa t ap ka vin yon reyalite (Rev. 21:1). E kòm pa t ap gen moun sou tè a pou Kris dirije, Rèy mil an tou pa t ap ka vin yon reyalite. — Rev. 20:4, 5.

Si Jewova ta kite ènmi l yo detwi tout sèvitè l yo sou tè a, sa t ap lage dout sou li e sa t ap sal repitasyon l antanke Souvren linivè a. Jewova gen twòp respè pou tèt li e pou non l ki sen pou l ta kite sa fèt. Epitou, reflechi sou pwen sa a: Labib di ‘Bondye pa ka fè ankenn moun lenjistis’. Sa tou se yon lòt rezon ki fè li pap sispann pwoteje tout moun k ap sèvi l fidèlman yo (Det. 32:4; Jen. 18:25). Mete sou sa, sa t ap kont sa Pawòl li a di. Men sa nou li nan 1 Samyèl 12:22 (NW): “Jewova pap lage pèp li a poutèt non l ki gran.” Vrèmanvre, “Senyè a p’ap voye pèp li a jete, li p’ap vire do bay moun ki pou li yo”. — Sòm 94:14.

Lefètke nou konnen Jewova pap janm kite yo detwi pèp li a sou tè a, se pa ti rekonfòte sa rekonfòte nou! Kidonk, annou kontinye sèvi Bondye fidèlman e annou kontinye met lafwa nan pwomès li fè nou nan pawòl ki vin apre yo: “Nanpwen zam y ap fòje kont ou k ap reyisi, e depi se lang ki va leve kont ou nan jijman an, w ap kondane l. Sa a se byen sèvitè Jewova yo eritye, epi jistis yo se lakay mwen sa soti.” — Iza. 54:17, NW.

[Antrefilè nan paj 22]

Bondye pap janm kite yo detwi pèp li a.