Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byografi

Mwen te pwòch ak granmoun ki gen sajès yo

Mwen te pwòch ak granmoun ki gen sajès yo

Dapre Elva Gjerde

Sa gen anviwon 70 an depi yon moun te vin vizite papa m e l te ba l yon konsèy ki te chanje lavi m nèt. Depi jou sa a, anpil lòt moun te vin gen enfliyans sou lavi m e mwen te kòmanse gen yon relasyon espesyal ak yon moun, yon relasyon mwen bay plis valè pase tout lòt relasyon. Kite m ban nou plis detay.

MWEN te fèt nan vil Sydney, ann Ostrali, an 1932. Paran m te kwè nan Bondye, men yo pa t konn al legliz. Manman m te di m Bondye toujou ap gade nou e l pare pou l pini m si m fè sa k pa bon. Sa te fè m pè Bondye. Sepandan, mwen te renmen Labib anpil. Chak wikenn, matant mwen te konn vin vizite nou, li te konn rakonte nou yon pakèt bèl istwa ki soti nan Bib la. Mwen te toujou ap tann vizit li yo.

Lè m te adolesan, papa m te konn li yon pakèt liv yon granmoun fi ki te Temwen Jewova te bay manman m. Sa papa m te li nan piblikasyon Temwen Jewova yo te tèlman touche l, li te aksepte etidye Labib avèk yo. Yon jou swa pandan papa m t ap fè etid, li te wè m ki te kache ap koute. Li t apral fè m retounen al nan kabann mwen lè moun ki t ap fè etid li a te di l: “Poukisa w pa kite Elva chita avèk nou?” Konsèy Temwen sa a te bay papa m nan te bay vi m yon lòt direksyon e se konsa m te kòmanse gen yon bon relasyon ak vrè Dye a, Jewova.

Yon ti tan annapre, papa m avè m te kòmanse asiste reyinyon yo. Sa l te aprann yo te pouse l fè chanjman nan lavi l. Li te menm kòmanse kontwole tandans li te genyen pou l fè kòlè. Lè manman m ak gran frè m nan, Frank, te wè sa, yo menm tou yo te kòmanse asiste reyinyon yo *. Nou toule kat te pwogrese nan laverite e avèk letan nou te vin batize pou n vin Temwen Jewova. Depi lè sa a, anpil nan frè ak sè aje yo te gen yon bon enfliyans sou mwen nan diferan etap nan lavi m.

LÈ M T AP CHWAZI YON KARYÈ

Lè m te yon adolesan, mwen te pwòch ak frè ak sè ki aje ki te nan kongregasyon m nan. Youn ladan yo se te sè Alice Place ki te premye moun ki te vizite fanmi nou. Li te vin tankou yon grann pou mwen. Sè Alice te montre m preche e l te ankouraje m pou m batize. Mwen te atenn objektif sa a lè m te gen 15 an.

Mwen te vin pwòch tou ak de lòt moun aje, Percy Dunham ak madanm li Madge [Margaret]. Relasyon m te gen avèk yo te gen yon gwo enfliyans sou lavi m. Mwen te renmen matematik anpil e m te detèmine pou m vin yon pwofesè matematik. Percy ak Madge te misyonè nan peyi Letoni nan ane 30 yo. Lè Dezyèm Gè mondyal la te eklate ann Ewòp, yo te envite yo vin sèvi nan Betèl Ostrali a ki te nan yon ti zòn nan vil Sydney. Yo te pran ka m anpil. Yo te konn rakonte m anpil bèl eksperyans yo te fè lè yo te misyonè. Mwen te rann mwen kont mwen t ap jwenn plis satisfaksyon si m anseye Labib olye m anseye matematik. Se sa k fè m te deside vin yon misyonè pito.

Fanmi Dunham te ankouraje m pran sèvis pyonye pou m te ka prepare m pou m vin misyonè. Se sa k fè, an 1948, lè m te gen 16 an, mwen te vin pyonye menm jan ak 10 lòt jèn nan kongregasyon m te ye a ki te deja jwenn anpil jwa sèvis sa a. Se te premye kongregasyon m. Li te nan Hurstville, nan vil Sydney.

Pandan katran ki te vin annapre yo, mwen te pyonye nan kat lòt vil e vil sa yo te nan Queensland ak Nouvèl Gal disid. Youn nan premye etidyan mwen te genyen yo te rele Betty Law (kounye a li rele Betty Remnant). Betty te konn pran ka moun e l te gen dezan anplis mwen. Annapre, li te vin patnè sèvis mwen nan vil Cowra, ki nan yon distans 230 kilomèt nan lwès Sydney. Byenke nou pa t fè anpil tan ansanm kòm patnè, nou toujou zanmi jis kounye a.

Lè yo te nome m pyonye espesyal, mwen t al viv Narrandera, yon vil ki te a 220 kilomèt nan sidwès Cowra. Nouvo patnè m nan te rele Joy Lennox (kounye a li rele Joy Hunter), li te yon pyonye zele ki te gen dezan anplis mwen tou. Se sèlman nou de a ki te Temwen Jewova nan vil la. Joy avè m te rete lakay Ray Irons ak madanm li Esther, de moun ki te konn akeyi moun. Yo menm, pitit gason yo a ak twa pitit fi yo te genyen yo te enterese nan laverite. Chak semèn Ray ak pitit gason l lan t al travay nan yon fèm ki te andeyò vil la, yon kote yo te konn gade mouton e yo te konn plante ble. Esther ak ti medam yo t ap jere yon kay kote yo te konn lwe moun chanm. Chak dimanch, Joy avè m te konn fè yon babako manje pou fanmi Irons ak anviwon douz nan lokatè yo te genyen yo. Mesye sa yo ki te konn depoze ray tren pa t konn jwe ak manje. Travay sa a te konn ede nou peye yon pati nan lwaye a. Lè nou te fin netwaye kote nou t ap fè manje a, nou te konn bay fanmi Irons yon lòt bon manje, etid Toudegad pou semèn nan. Ray ak Esther ansanm ak kat pitit yo te genyen yo te pran laverite e se avèk yo kongregasyon Narrandera a te derape.

An 1951, mwen te asiste yon kongrè Temwen Jewova yo te fè nan vil Sydney. Se la mwen te asiste yon reyinyon espesyal yo te fè pou pyonye ki te enterese nan sèvis misyonè a. Reyinyon sa a te fèt anba yon gwo tant e te gen plis pase 300 moun ki te asiste l. Frè Nathan Knorr, ki te soti nan Betèl Bwouklin, te pale ak moun ki te la yo e li te fè yo konnen jan sa te ijan pou moun preche bon nouvèl la nan kat kwen tè a. Nou te pran san nou pou nou tande tout sa l t ap di yo. Annapre, anpil nan pyonye ki te nan reyinyon sa a te pami premye moun ki t al preche nan zòn Pasifik Sid la ak lòt kote ankò. An 1952, mwen te kontan anpil pou m te pami 17 Ostralyen ki te asiste 19yèm klas Lekòl Gileyad la. Mwen te gen 20 an sèlman e m te sou wout pou m reyalize rèv mwen pou m vin misyonè.

LÈ M TE BEZWEN CHANJE FASON M WÈ BAGAY YO

Moun mwen te rankontre nan Lekòl Gileyad yo ak fòmasyon mwen te resevwa nan lekòl sa a pa t sèlman ede m vin gen plis konesans sou Bib la epi fòtifye lafwa m, yo te gen yon gwo efè sou pèsonalite m tou. Mwen te yon jèn ki pa t reyalis, mwen te gen tandans twò egzijan ak tèt mwen e m te konsa tou ak lòt moun. Pafwa mwen te egzajere nan fason m wè bagay yo. Pa egzanp, sa te choke m anpil lè m te wè frè Knorr ak yon bann jèn Betelit ki t ap jwe ak yon boul.

Enstriktè Gileyad yo, ki te gen disènman ak anpil ane eksperyans, dwe te wè m gen pwoblèm. Yo te pran ka m e yo te ede m korije fason m panse. Tikras pa tikras, mwen te kòmanse wè Jewova kòm yon Bondye ki gen lanmou, ki bay sèvitè l anpil valè, ki pa di e ki pa egzijan. Kèk nan elèv Gileyad yo te ede m tou. Mwen sonje sa youn ladan yo te di m: “Elva, Jewova pa kanpe anlè a ak yon rigwaz nan men l non. Ou pa bezwen di konsa ak tèt ou!” Ti pawòl sensè sa yo te touche kè m.

Apre Gileyad, mwen menm ak kat lòt elèv te jwenn asiyasyon pou n al Namibi, ann Afrik. Anvan lontan, nou te gentan ap kondui 80 etid. Mwen te renmen Namibi e m te renmen lavi m t ap mennen antanke misyonè. Men, mwen te vin tonbe damou yon misyonè ki te nan menm klas Gileyad avè m ki t al sèvi an Suis. Apre m te fin pase ennan nan peyi Namibi, mwen t al jwenn fiyanse m an Suis. Apre nou te fin marye, mwen te akonpaye mari m nan sèvis sikonskripsyon an.

LÈ M T AP FÈ FAS AK YON GWO PWOBLÈM

Apre nou te fin pase senk bèl ane nan sèvis sikonskripsyon an, yo te envite nou al sèvi nan Betèl Suis la. Nan Betèl la, mwen te kontan anpil paske mwen te avèk anpil frè ak sè aje ki te gen matirite nan domèn espirityèl.

Sepandan, yon ti tan apre, mwen te pran yon gwo kou. Mwen te dekouvri mari m pa t fidèl ni avè m ni ak Jewova. Apre sa, li te kite m. Sa te kraze m nèt! Mwen pa konn ki jan m t ap fè sipòte sitiyasyon sa a si zanmi m te gen Betèl yo, anpalan de frè ak sè aje yo, pa t montre m yo renmen m e si yo pa t ede m. Yo te konn koute m lè m te bezwen yon moun pou m pale e yo te konn kite m repoze lè m te bezwen sa. Bon ti pawòl yo te konn di m ak fason yo te konn trete m te ede m lè m t ap soufri anpil e yo te ede m vin pi pre Jewova.

Mwen te sonje tou pawòl kèk frè ak sè aje ki gen sajès e ki te andire anba anpil eprèv te di m sa gen plizyè ane. Gen nan pawòl sa yo se Madge Dunham ki te di m yo. Men sa l te di m yon lè: “Elva, antanke moun k ap sèvi Jewova, w ap jwenn anpil eprèv nan lavi w. Men, se moun ki pi pwòch avè w ki ka ba w plis pwoblèm. Pandan eprèv sa yo, bat pou w vin pi pwòch ak Jewova. Pa bliye se Jewova w ap sèvi, se pa moun parèy ou ki tou enpafè!” Konsèy sa a te ede m nan anpil moman kote bagay yo te difisil anpil. Mwen te pran detèminasyon pou m pa janm kite erè mari m yo fè m kite Jewova.

Avèk letan, mwen te deside retounen ann Ostrali pou m sèvi kòm pyonye toupre fanmi m. Pandan m te nan bato ki t ap mennen m lakay mwen an, mwen te renmen ti konvèsasyon biblik mwen te konn genyen ak yon gwoup pasaje ki te nan bato a. Nan gwoup sa a, te gen yon mesye byen trankil, ki te moun Nòvèj, ki rele Arne Gjerde, ki te renmen sa l te tande yo. Annapre, Arne te vizite m ansanm ak fanmi m nan vil Sydney. Li te fè pwogrè byen rapid e l te vin Temwen Jewova. An 1963, nou te marye e, dezan apre, nou te vin gen Gary, pitit gason nou an.

LÈ M TE PÈDI YON LÒT MOUN

Arne, Gary ansanm avè m t ap viv ak kè kontan. Sa pa t pran tan pou Arne te agrandi kay nou an pou nou te ka resevwa paran m yo ki te fin granmoun. Men, apre sizan maryaj, nou te jwenn yon lòt gwo pwoblèm. Doktè yo te wè Arne te gen yon kansè nan sèvo. Mwen te vizite l chak jou nan lopital la pandan li t ap suiv yon tretman radyoterapi ki te pran anpil tan. Pandan yon ti tan, li te amelyore. Men, annapre, sante l te vin pi mal, e l te fè yon stwok. Doktè yo te fè m konnen Arne ret kèk semèn sèlman pou l viv. Sepandan, Arne pa t mouri. Finalman, li te retounen lakay, kote m te kontinye pran swen l jiskaske sante l te vin anfòm ankò. Avèk letan, li te retounen mache ankò e l te rekòmanse aktivite l kòm ansyen nan kongregasyon an. Lefètke li te toujou kontan e l te renmen bay blag, sa te ede l refè e sa te fè l pi fasil pou m kontinye pran swen l.

Kèk ane annapre, an 1986, sante Arne te vin pa bon menm. Lè sa a, manman m ak papa m te gentan mouri. Se sa k fè nou t al viv nan bèl zòn ki rele Blue Mountains lan, lwen vil Sydney, kote nou te kapab pi pre zanmi nou yo. Annapre, Gary te marye ak Karin, yon bèl ti sè ki renmen Jewova anpil. Yo te panse li t ap bon pou nou toule kat viv nan menm kay. Kèk mwa apre, nou toule kat t al viv nan yon kay ki pa t twò lwen kote mwen menm ak Arne t ap viv la.

Anvan Arne te mouri, li te fè 18 mwa nan kabann e l te toujou bezwen moun bò kote l. Pandan tan sa a mwen te pase pifò tan m nan kay la. Mwen te konn pase dezèdtan chak jou ap etidye Labib ak piblikasyon ki baze sou Bib la. Nan moman sa yo, mwen te jwenn yon pakèt bon konsèy nan Bib la ki te ede m andire sitiyasyon m nan. Frè ak sè aje nan kongregasyon an te konn vin pase bon ti moman ansanm avè m. Anpil ladan yo te andire anba anpil eprèv menm jan avè m. Se pa ti ankouraje vizit sa yo te ankouraje m! Arne mouri an avril 2003 e l te gen bonjan esperans nan rezirèksyon an.

MOUN KI PLIS EDE M NAN

Lè m te jèn, mwen pa t reyalis. Men, mwen te vin rann mwen kont, nan lavi a, bagay yo pa toujou jan yon moun ta vle a. Mwen te jwenn anpil benediksyon e m te pase anba de gwo eprèv: Mwen te pèdi premye mari m lè l te vin enfidèl e maladi te pote dezyèm nan ale. Nan tout sitiyasyon sa yo, te gen plizyè moun ki te ede m jwenn fòs e ki te ban m bonjan konsèy. Moun ki te plis ede m e ki kontinye ap ede m nan se “Moun ki la pi lontan an”, Jewova Dye (Dàn. 7:9, NW). Konsèy Jewova yo te ede m chanje pèsonalite m e yo te pèmèt mwen fè yon pakèt bèl eksperyans lè m te misyonè. Lè pwoblèm te met pye, ‘bonte ki plen lanmou Jewova genyen an, te kontinye soutni m’. (Sòm 94:18, 19NW.) Fanmi m ansanm ak ‘bon zanmi ki fèt pou jou malè’ yo te montre yo renmen m e yo te ede m (Pwo. 17:17NW). Anpil nan zanmi sa yo se te frè ak sè aje ki gen sajès.

Men sa patriyach Jòb te mande: “Èske granmoun yo pa gen sajès e èske moun ki la lontan yo pa gen bon konprann?” ​(Jòb 12:12, NW). Lè m reflechi sou lavi m, mwen kapab di wi. Konsèy frè ak sè aje ki gen sajès yo te ede m, konsolasyon m te jwenn nan men yo te ban m fòs, e lavi m gen plis sans paske yo te zanmi m. Mwen kontan anpil dèske m te pwòch ak yo.

Kounye a, mwen se yon granmoun ki gen 80 an. Eksperyans mwen fè fè m gen plis kè sansib pou lòt granmoun ki bezwen èd. Mwen toujou renmen vizite yo e m toujou renmen ede yo. Men, mwen renmen konpayi jèn yo tou. Lefètke yo gen enèji sa ankouraje m e lefètke kè yo toujou kontan, sa fè kè m kontan tou. Lè m remake gen kèk jèn k ap chèche konsèy nan men m, mwen jwenn anpil satisfaksyon dèske m kapab ede yo.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Frank Lambert, frè Elva a, te vin yon pyonye zele nan zòn andeyò Ostrali yo. Yo pale de youn nan bèl eksperyans li te fè yo nan Annuaire des Témoins de Jéhovah 1983 a, paj 110-112.

[Foto nan paj 14]

Mwen menm ak Joy Lennox lè n te Narrandera.

[Foto nan paj 15]

An 1960, Elva ak kèk manm fanmi Betèl nan peyi Suis.

[Foto nan paj 16]

Lè m t ap pran swen Arne nan moman li te malad la.