Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou sèvi Bondye ki bay libète a

Annou sèvi Bondye ki bay libète a

“Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” — 1 JAN 5:3.

1. Ki jan Jewova sèvi ak libète l la, e ki jan li te montre sa anrapò ak Adan ak Èv?

JEWOVA se sèl moun ki lib toutbonvre. Sepandan, li pa janm mal sèvi ak libète l la, ni li pa veye tout ti bagay sèvitè l yo ap fè. Olye de sa, li ba yo libète pou yo deside, sa ki pèmèt yo pran inisyativ epi satisfè tout bon dezi yo genyen. Pa egzanp, se yon sèl bagay Jewova te mande Adan ak Èv pou yo pa fè: Li te mande yo pou yo pa manje nan “pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la”. (Jen. 2:17.) Donk, yo te gen posiblite pou yo fè volonte Jewova e pou yo gen anpil libète anmenmtan.

2. Sa k fè premye paran nou yo te vin pèdi libète Jewova te ba yo a?

2 Poukisa Jewova te bay premye paran nou yo tout libète sa a? Piske li te fè yo pòtre ak li e li te ba yo yon konsyans, li te gen tout rezon pou l konprann yo t ap renmen l e lanmou sa a t ap gide yo pou yo fè sa ki byen (Jen. 1:27; Wom. 2:15). Malerezman, Adan ak Èv pa t gen Kreyatè san parèy yo a rekonesans, ni yo pa t apresye libète li te ba yo a. Yo te pito libète Satan te ofri yo a, sa ki te fè yo pa respekte prensip moral Jewova yo. Sepandan, olye yo te vin gen plis libète, se vann yo te vann tèt yo ak desandan yo anba esklavaj peche, sa ki gen move konsekans sou limanite. — Wom. 5:12.

3, 4. Ki pwennvi Satan eseye fè nou genyen sou prensip Jewova yo?

3 Si Satan te rive enfliyanse de moun ki te pafè ak anpil zanj pou fè yo vire do bay Bondye, se sèten li kapab fè nou sa tou. Satan kontinye itilize menm taktik yo. Li vle pou nou panse prensip Jewova yo pa rezonab e si nou sèvi Bondye, nou pap kapab pran plezi nou (1 Jan 5:3). Si nou toujou ap pran kontak ak moun ki panse konsa, sa kapab gen gwo enfliyans sou nou. Men sa yon sè ki gen 24 an kounye a, ki te tonbe nan fònikasyon, te di: “Gen kèk move zanmi mwen te genyen ki te gen move enfliyans sou mwen. Rezon an se sitou paske mwen te pè sa yo t ap panse si m pa t wè bagay yo menm jan ak yo.” Petèt sa konn rive w tou.

4 Malerezman, pafwa, menm moun ki nan kongregasyon an kapab gen move enfliyans sou nou tou. Men sa yon jèn ki Temwen Jewova te di: “Mwen konnen kèk jèn ki te renmen ak enkwayan. Mwen te vin remake plis mwen te pase tan ak yo, se plis mwen te vin menm jan ak yo. Relasyon m ak Jewova te kòmanse ap peye sa. Mwen te vin pa apresye manje espirityèl mwen te konn jwenn nan reyinyon yo e mwen te prèske pa al preche ankò. Sa te fè m konprann fòk mwen koupe tout relasyon ak yo. E se sa menm mwen te fè!” Èske w konnen jis nan ki pwen zanmi kapab gen enfliyans sou ou? Nou pral pran yon egzanp nan Bib la k ap montre sa. — Wom. 15:4.

LI TE VÒLÈ KÈ YO

5, 6. Ki jan Absalòm te twonpe anpil moun, e èske li te reyisi nan manèv li t ap fè yo?

5 Bib la gen egzanp yon bann moun ki te gen move enfliyans sou lòt moun. Absalòm, youn nan pitit wa David yo, se youn nan moun sa yo. Absalòm te bèl gason anpil. Sepandan, avèk letan, menm jan ak Satan, li te vin gen anbisyon e li te kòmanse panse se li ki ta dwe chita sou twòn papa l la byenke li pa t gen dwa sa a *. Pandan li t ap fè manèv pou l monte sou twòn nan, li te pran pòz li gen anpil sousi pou lòt Izrayelit yo. Li te konn ap fè yo konprann moun ki t ap travay pou wa a pa t vrèman enterese nan yo. Menm jan ak Dyab la ki te pran pòz li nan enterè Adan ak Èv e ki te bay manti sou pwòp Papa l, se konsa tou Absalòm te pran pòz li nan enterè Izrayelit yo e li te pale pwòp papa l mal. — 2 Sam. 15:1-5.

6 Èske Absalòm te reyisi nan manèv li t ap fè yo? Wi, nan yon sans, li te reyisi, paske Bib la di: “Absalòm te konn vòlè kè mesye ann Izrayèl yo.” ​(2 Sam. 15:6, NW). Sepandan, lefètke li te awogan, bagay yo te fini mal pou li. Li te pèdi lavi l e anpil lòt Izrayelit li te enfliyanse te pèdi lavi yo tou. — 2 Sam. 18:7, 14-17.

7. Ki leson nou ka aprann nan istwa Absalòm nan? (Gade foto ki nan paj 14 la.)

7 Ki sa k fè Absalòm te twonpe Izrayelit yo fasil konsa? Petèt se paske yo te anvi genyen sa Absalòm t ap ofri yo. Petèt tou se paske fizik li te enpresyone yo. Kèlkeswa rezon an, sa nou kapab sèten, sèke yo pa t fidèl ak Jewova jan yo te dwe fidèl la e yo pa t fidèl ak wa Jewova te chwazi a. Jodi a, Satan kontinye sèvi ak moun ki menm jan ak Absalòm pou l vòlè kè sèvitè Jewova yo. Moun sa yo kapab di w: ‘Prensip Jewova yo twò strik.’ Oubyen yo kapab di w: ‘Gade pou w wè si tout moun ki pap sèvi Jewova yo pap pran plezi yo!’ Èske w ap rive konprann se manti kri moun sa yo ap bay? Èske w ap kontinye sèvi Jewova fidèlman? Èske w ap rekonèt se sèlman “lwa pafè” Jewova a, lalwa Kris la, ki kapab ede w jwenn vrè libète a (Jak 1:25)? Si w rekonèt sa, se pou w bay lwa sa a anpil valè e se pou w pa janm mal itilize libète w genyen antanke kretyen an! — Li 1 Pyè 2:16.

8. Bay kèk egzanp ki montre lè yon moun pa respekte prensip Jewova yo sa pa bay kè kontan.

8 Se sitou jèn yo Satan vize. Men sa yon frè ki nan trantèn li kounye a di konsènan lè l te gen ant 13 ak 19 an: “Mwen te konsidere prensip Jewova yo kòm yon seri restriksyon, mwen pa t konsidere yo kòm yon pwoteksyon.” Piske se konsa li te wè bagay yo, li te lage kò l nan fònikasyon. Men, sa pa t fè kè l kontan ditou. Men sa li te di: “Pandan anpil ane, mwen te santi m koupab e m te gen remò.” Men sa yon sè te ekri pandan li t ap reflechi sou epòk lè l te jèn: “Apre yon moun fin fè fònikasyon, li santi l vid. Byenke sa gen 19 an depi sa te pase, jis kounye a move souvni konn vin nan tèt mwen.” Men sa yon lòt sè te di: “Lè m reflechi ak fason konduit mwen te gen move efè sou moun mwen renmen anpil yo, sa te gen enpak sou lespri m, sou espirityalite m ak fason m santi m. Sa di pou yon moun viv san l pa gen favè Jewova.” Satan pa vle w reflechi ak konsekans peche w ka genyen sou ou ak sou lòt moun.

9. a) Ki kesyon nou kapab poze tèt nou k ap ede nou wè ki jan nou konsidere Jewova, lwa l yo ak prensip li yo? b) Poukisa li enpòtan pou nou byen konnen Jewova?

9 Gen kèk jèn e menm kèk granmoun nan laverite, se apre yo fin lage kò yo nan peche yo rann yo kont, byen souvan, moun ki fè sa yo peye sa chè anpil (Gal. 6:7, 8). Èske sa pa tris? Poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Èske m rekonèt se twonpe manèv Satan yo ap twonpe m? Èske m konsidere Jewova kòm pi bon zanmi m, yon zanmi ki toujou di laverite e ki vle sa k pi bon pou mwen? Èske m kwè toutbon li pap janm anpeche m jwenn anyen ki bon pou mwen e k ap fè kè m plis kontan?’ ​(Li Izayi 48:17, 18.) Pou w kapab reponn wi ak tout kè w, konesans ou gen sou Jewova a pa dwe yon konesans konsa konsa. Ou bezwen byen konnen Jewova e w bezwen rekonèt lwa ak prensip ki nan Bib la montre li gen lanmou pou ou e li pa chèche anpeche w gen libète w. — Sòm 25:14.

MANDE BONDYE POU L BA W YON KÈ KI SAJ E KI OBEYISAN

10. Poukisa nou ta dwe fè tout sa n kapab pou n imite wa Salomon pandan l te jèn?

10 Pandan Salomon te jèn toujou, men sa li te di nan yon priyè li te fè avèk imilite: “Mwen jenn toujou, [...] mwen pankò gen eksperyans.” Apre sa, li te mande Jewova pou l ba l yon kè ki saj e ki obeyisan (1 Wa 3:7-9, 12). Jewova te reponn priyè sensè Salomon te fè a e l ap fè menm bagay la pou nou tou, kit nou jèn, kit nou granmoun. Nòmalman, Jewova pap fè yon mirak pou l ba w sajès. Sepandan, l ap fè w saj si w etidye Pawòl li a avèk dilijans, si w priye l pou l ba w lespri sen e si w byen pwofite tout sa li ba ou nan domèn espirityèl anndan kongregasyon an (Jak 1:5). Pa gen dout nan sa, grasa mwayen sa yo, Jewova fè menm jèn moun k ap sèvi l yo pi saj pase moun ki pa bay konsèy li yo regle anyen pou yo, menm moun ki swadizan “gwo save ak moun lespri” ki nan monn nan. — Lik 10:21; li Sòm 119:98-100.

11-13. a) Ki leson enpòtan nou kapab aprann nan Sòm 26:4, nan Pwovèb 13:20 ak nan 1 Korentyen 15:33? b) Ki jan w ta kapab aplike prensip ki nan vèsè sa yo?

11 Pou nou ka konnen Jewova byen, li enpòtan pou nou etidye Bib la e pou nou medite sou sa nou li yo. Vèsè nou pral egzamine annapre yo ap montre sa. Chak vèsè sa yo gen yon prensip enpòtan ladan yo konsènan moun nou dwe chwazi pou zanmi nou. “Mwen pa chita ansanm ak moun k’ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m wè ak moun ipokrit.” ​(Sòm 26:4). “Moun k ap mache ak moun ki saj ap vin saj, men moun ki annafè ak moun ki sòt, sa prale mal pou li.” ​(Pwo. 13:20NW). “Move frekantasyon gate abitid ki pwofitab.” — 1 Kor. 15:33.

12 Ki bèl leson nou kapab aprann nan vèsè sa yo? Nou kapab aprann de leson: 1) Jewova vle nou fè atansyon ak ki moun n ap fè zanmi. Li vle pwoteje nou nan domèn moral ak nan domèn espirityèl. 2) Moun ki zanmi nou ap gen bon enfliyans oswa move enfliyans sou nou. Sa se yon reyalite. Pawòl ki nan vèsè ki pi wo yo montre Jewova ap eseye touche kè nou. Ki jan l fè sa? W ap remake Jewova pa ban nou lòd nan okenn nan vèsè yo. Li pa di: “Ou pa dwe...”. Olye de sa, vèsè sa yo annik fè nou konnen yon verite. Se kòmsi Jewova t ap di nou: ‘Men reyalite a. Ki jan w ap reyaji? Ki sa k nan kè w?’

13 Mete sou sa, piske twa vèsè sa yo annik fè konnen kèk verite enpòtan, yo aplikab nan kèlkeswa epòk la e nou kapab aplike yo nan diferan sitiyasyon. Pou w kapab wè sa, poze tèt ou kèk kesyon tankou: Ki sa m ka fè pou m pa pran kontak ak “moun [ki] ipokrit”? Ki sitiyasyon ki kapab fè m pran kontak ak moun konsa (Pwo. 3:32; 6:12)? Ki “moun ki saj” Jewova vle m pran kontak ak yo? Ki “moun ki sòt” li pa vle m chwazi kòm zanmi m (Sòm 111:10; 112:1; Pwo. 1:7)? Ki “abitid ki pwofitab” m ap pèdi si m fè move zanmi? Èske se nan monn nan sèlman mwen kapab rankontre moun mwen pa dwe fè zanmi ak yo (2 Pyè 2:1-3)? Ki repons ou t ap bay pou kesyon sa yo?

14. Ki sa paran yo kapab fè pou tout moun jwenn plis byenfè nan adorasyon an fanmi an?

14 Apre w fin wè fason w kapab rezone sou Ekriti yo, poukisa w pa egzamine kèk lòt vèsè ki montre pwennvi Bondye genyen sou kèk bagay ki konsène w oswa ki konsène fanmi w *? Nou menm paran, nou kapab egzamine vèsè sa yo nan adorasyon an fanmi. Pandan n ap fè sa, pa bliye, objektif nou se ede chak moun nan fanmi nou pi byen konprann lwa ak prensip Jewova yo montre Jewova renmen yo anpil (Sòm 119:72). An reyalite, etid sa yo ta dwe fè tout moun nan fanmi an vin pi pwòch ak Jewova epi vin pi pwòch youn ak lòt.

15. Ki jan w ka konnen si w kòmanse gen yon kè ki saj e ki obeyisan?

15 Ki jan w kapab konnen si w kòmanse gen yon kè ki saj e ki obeyisan? Yon bagay ki kapab ede w nan sans sa a se konpare fason w panse ak fason kèk sèvitè Bondye nan tan lontan ki te fidèl te konn panse. Pa egzanp, ou kapab konpare fason w panse ak fason wa David te panse. Men sa l te ekri: “Bondye mwen, mwen pran plezi m nan fè sa ou vle m fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m.” ​(Sòm 40:8). Men sa salmis ki te ekri Sòm 119 la te di: “Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m’ap kalkile sou li.” ​(Sòm 119:97). Se pa konsa yon moun ap rete epi l vin gen kalite lanmou sa a. Li bezwen fè etid ki pwofon, priyè ki pwofon, meditasyon ki pwofon e li bezwen wè pèsonèlman ki jan Jewova beni moun ki suiv prensip li yo. — Sòm 34:8.

DEFANN LIBÈTE W GENYEN ANTANKE KRETYEN AN

16. Ki sa nou dwe konprann si nou vle genyen konba n ap mennen pou nou jwenn vrè libète a?

16 Pandan tout listwa, nasyon yo montre yo san pitye nan gè yo fè pou yo jwenn libète yo. Si nasyon yo konn fè sa, èske antanke kretyen ou pa gen plis rezon toujou pou w goumen pou libète w genyen nan domèn espirityèl la? Ou bezwen rann ou kont se pa sèlman kont Satan w ap goumen, men w ap goumen tou kont monn nan ansanm ak lespri monn nan ki se yon pwazon. Mete sou sa, w ap goumen ak enpèfeksyon w, san wete ak kè w ki trèt (Jer. 17:9; Efe. 2:3). Sepandan, avèk èd Jewova, ou kapab genyen konba a. Mete sou sa, chak konba w genyen, kit li piti, kit li gwo, l ap gen omwen de efè pozitif. Premyèman, kè Jewova ap kontan (Pwo. 27:11). Dezyèmman, lè w wè jan “lwa pafè a, lwa libète a” gen pouvwa pou l libere w, w ap vin gen plis detèminasyon pou w rete sou ‘wout ki jis’ ki mennen nan lavi ki pap janm fini an. Gen yon lè k ap vini kote w ap kapab pwofite pi gwo libète k ap tann moun k ap sèvi Jewova fidèlman yo. — Jak 1:25; Mat. 7:13, 14.

17. Poukisa nou pa dwe kite enpèfeksyon nou gen lakay nou fè nou dekouraje, e ki jan Jewova ede nou?

17 Byennantandi, pafwa nou tout konn fè erè (Ekl. 7:20). Lè sa rive, pa kite sa fè nou santi kòmkwa nou pa vo anyen, ni pa kite sa fè nou dekouraje depase limit. Si w bite, leve kanpe, epi pouse pou pi devan, menmsi sa ta mande pou w pale ak ansyen yo pou yo kapab ba w èd. Men sa apot Jak te ekri: “Lapriyè yo fè ak lafwa ap fè moun ki malad la refè, e Jewova ap leve l. Epitou, si l te fè peche, l ap jwenn padon.” ​(Jak 5:15). Wi, ou pa dwe janm bliye Bondye gen mizèrikòd toutbon e se li ki te atire w vin fè pati kongregasyon an paske li te wè yon bagay ki bon nan kè w. (Li Sòm 103:8, 9.) Kidonk, toutotan w kontinye sèvi Jewova ak tout kè w, li pap janm lage w. — 1 Kwo. 28:9.

18. Ki efè priyè Jezi te fè nan Jan 17:15 lan ta dwe gen sou nou?

18 Nan dènye nuit Jezi te pase ak 11 apot fidèl li yo, pandan li t ap priye pou yo, li te di kèk pawòl yo pa t ap janm bliye: “Voye je sou yo akoz Mechan an.” ​(Jan 17:15). Lè Jezi te fè priyè sa a, se pa t pou 11 apot li yo sèlman li t ap enkyete l, li t ap panse ak tout disip li yo. Nou kapab gen konfyans Jewova ap voye je sou nou nan moman difisil sa yo n ap viv jodi a jan Jezi te mande l sa, paske Bib la di: “[Jewova] se yon boukliye pou moun ki mache nan entegrite yo. [...] L ap pwoteje chemen moun ki fidèl ak li yo.” ​(Pwo. 2:7, 8, NW). Pa gen dout nan sa, chemen fidelite a chaje ak difikilte, men, se sèl chemen k ap mennen nou nan lavi ki pap janm fini an e k ap fè nou jwenn vrè libète a (Wom. 8:21). Pinga nou kite pèsonn fè nou kite chemen sa a!

[Nòt anba paj]

^ § 5 Se apre Absalòm te fin fèt Bondye te fè David pwomès pou l ba l yon “desandans” ki t apral eritye twòn li an. Donk, Absalòm dwe te konnen Jewova pa t chwazi l pou l vin wa apre David. — 2 Sam. 3:3; 7:12.

^ § 14 Men kèk bon vèsè nou kapab egzamine: 1 Korentyen 13:4-8, kote apot Pòl pale de lanmou, ak Sòm 19:7-11, ki montre nou kapab jwenn anpil benediksyon lè nou obeyi lwa Jewova yo.

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Jodi a, ki jan nou ka idantifye moun ki menm jan ak Absalòm yo, e ki jan nou ka veye kò nou ak yo?