Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova ap rasanble fanmi l

Jewova ap rasanble fanmi l

‘M ap sipliye nou pou nou kenbe inite lespri a.’ — EFE. 4:1, 3.

1, 2. Ki objektif Jewova gen pou tè a ak pou limanite?

LÈ W tande mo fanmi an, ki sa ki vin nan lespri w? Èske se tandrès? Èske se kè kontan? Èske se travay ansanm nan menm objektif? Èske se yon kote moun santi yo an sekirite, ki pèmèt yo grandi, ki pèmèt yo aprann epi pataje sa k nan panse yo? Si w fè pati yon fanmi ki gen sousi pou ou, siman se bagay sa yo ki vin nan lespri w. Se Jewova li menm ki vin ak fanmi (Efe. 3:14, 15). Jewova te vle pou tout kreyati l yo santi yo an sekirite, pou yo fè youn lòt konfyans e pou yo gen bonjan inite nan mitan yo, kit yo nan syèl la, kit yo sou tè a.

2 Depi apre premye paran nou yo te fin peche, lèzòm pa fè pati fanmi Jewova a ankò. Men, objektif Jewova pa chanje. L ap travay pou l asire l desandans Adan ak Èv yo pral ranpli tè a ki pral tounen yon paradi (Jen. 1:28; Iza. 45:18). Li deja fè tout sa k nesesè pou l akonpli objektif li. Gen kèk nan aranjman sa yo li pale de yo nan liv Efezyen an, yon liv ki pale sou inite. Nou pral analize kèk vèsè nan liv sa a epi nou pral wè ki jan nou kapab soutni objektif Jewova genyen pou l ini tout kreyasyon l lan.

YON TRAVAY JEWOVA AP JERE

3. Jesyon Bondye ap fè yo pale de li nan Efezyen 1:10 la, ki sa l ye, e ki lè premye etap jesyon sa a te kòmanse?

3 Moyiz te di Izrayelit yo: “Jewova Bondye nou an se yon sèl Jewova.” ​(Det. 6:4, NW). Aksyon Jewova yo makònen ak objektif li. Se sa k fè, “nan dènye limit tan fikse yo”, Bondye kòmanse “jere” yon travay kote l ap rasanble tout kreyati entèlijan l yo pou l fè yo fè yon sèl. (Li Efezyen 1:8-10.) Jesyon sa a Jewova ap fè a pou l akonpli objektif li a gen de etap ladan l. Nan premye etap la, Jewova itilize Jezi Kris, ki se Chèf moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl la, pou l prepare moun sa yo pou privilèj sa a. Etap sa a te kòmanse nan Pannkòt ane 33 epòk nou an lè Jewova te kòmanse rasanble moun ki gen pou y al dirije avèk Kris nan syèl la (Tra. 2:1-4). Etandone Bondye deklare moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl la jis pou yo resevwa lavi sou baz sakrifis ranson Kris la, yo deja konsidere tèt yo kòm “pitit Bondye” adopte. — Wom. 3:23, 24; 5:1; 8:15-17.

4, 5. Ki sa Jewova ap fè nan dezyèm etap travay l ap jere a?

4 Nan dezyèm etap la, Jewova ap prepare moun ki gen pou yo viv nan Paradi ki pral gen sou tè a anba dominasyon Wayòm Kris la. Se “gwo foul” la ki fòme premye pati gwoup sa a (Rev. 7:9, 13-17; 21:1-5). Pandan Rèy mil an an, pral gen plizyè milyon moun ki pral resisite e ki pral fè yon sèl ak gwo foul la (Rev. 20:12, 13). Imajine jan rezirèksyon an pral fè inite nou genyen an parèt aklè plis toujou! Nan fen Rèy mil an an, “bagay ki sou tè a” pral sibi yon eprèv final. Apre eprèv final sa a, Bondye pral adopte moun ki rete fidèl yo kòm “pitit” li. — Wom. 8:21; Rev. 20:7, 8.

5 Jodi a, Jewova ap prepare ni moun ki pral nan syèl yo ni moun ki pral viv nan Paradi a sou tè a. Men, kòman nou chak nou kapab soutni travay sa a Bondye ap jere a?

“KENBE INITE LESPRI A”

6. Kòman Pawòl Bondye a montre kretyen yo dwe reyini ansanm?

6 Pawòl Bondye a montre, antanke kretyen, nou dwe reyini ansanm (1 Kor. 14:23; Ebre 10:24, 25). Sepandan, pou nou ini toutbon, sa mande pou n fè plis pase annik pase kèk moman ansanm menm kote, menm jan ak moun ki nan yon mache oswa ki rasanble yon kote moun ap fè spò. N ap rive ini toutbon si nou obeyi kòmandman Jewova yo e si nou kite lespri sen l dirije nou.

7. Ki sa sa vle di pou nou “kenbe inite lespri a”?

7 Byenke Jewova deklare moun li chwazi pou y al nan syèl yo jis antanke pitit li e li deklare lòt mouton yo jis antanke zanmi l sou baz sakrifis ranson Kris la, toutotan n ap viv nan sistèm ki la kounye a, n ap toujou gen pwoblèm youn ak lòt (Wom. 5:9; Jak 2:23). Si se pa t sa, nou pa t ap bezwen konsèy nou jwenn nan Bib la ki mande pou nou kontinye ‘sipòte youn lòt’. Kòman nou ka rive viv nan inite ak kretyen parèy nou yo? Nou bezwen chèche vin gen “yon imilite ak yon dousè ki konplè”. Mete sou sa, apot Pòl te ankouraje nou pou nou fè gwo efò pou nou “kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a”. (Li Efezyen 4:1-3.) Pou nou aplike konsèy sa a, sa mande pou nou kite lespri Bondye enfliyanse nou epi kite l pwodui fwi lespri a lakay nou. Kontrèman ak zèv lachè yo ki toujou met divizyon nan mitan moun, fwi lespri a pèmèt moun rete ini.

8. Ki jan zèv lachè yo simen divizyon?

8 Ann wè ki jan zèv lachè yo simen divizyon. (Li Galat 5:19-21.) Lè yon moun fè fònikasyon, sa met divizyon ant li menm ak Jewova e ak kongregasyon an. Lè yon moun fè adiltè, sa bay gwo lapenn, sa kapab separe timoun ak paran e sa kapab fè konjwen ki inosan an separe ak moun li marye avè l la. Konduit ki pa pwòp fè moun pa rete ini ni ak Bondye ni ak moun ki renmen l yo. Lè yon moun ap eseye kole de bagay, li konnen fòk de bagay yo pwòp pou yo ka byen kole ansanm. Lè yon moun gen move konduit, sa montre li pa gen okenn respè pou lwa Bondye yo ki jis. Tout lòt bagay ki fè pati zèv lachè yo se bagay ki separe moun youn ak lòt e ki separe moun ak Bondye. Jan de konduit sa yo pa ann amoni ditou ak pèsonalite Jewova.

9. Kòman nou kapab egzamine tèt nou pou nou wè si n ap “fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a”?

9 Donk, nou chak ta dwe poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Jis nan ki pwen m fè efò pou m eseye “kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a”? Ki jan m reyaji lè m gen pwoblèm ak lòt moun? Èske m fè zanmi m konn sa nan objektif pou yo dakò avè m? Èske m tann pou se ansyen yo ki vin rezoud pwoblèm nan olye m fè bonjan efò pou m fè lapè? Èske m konn ap mawon lòt moun, petèt lè m pran distans mwen ak yo, yon fason pou yo pa sonje yo gen pwoblèm avè m?’ Èske aksyon sa yo montre n ap aji ann amoni ak objektif Jewova genyen pou l rasanble tout bagay ansanm ankò nan Kris?

10, 11. a) Jis nan ki pwen li enpòtan pou nou fè lapè ak frè ak sè nou yo? b) Ki sa k ap ede nou fè lapè youn ak lòt e k ap fè nou jwenn benediksyon Jewova?

10 Jezi te di: “Si w ap pote ofrann ou devan lotèl la, e pandan w la ou sonje yon frè w gen yon bagay avè w, kite ofrann ou an la, devan lotèl la, epi ale. Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen w a bay ofrann ou an.” Li te ajoute: “Regle bagay yo byen vit.” ​(Mat. 5:23-25). Jak bò kote pa l te fè konnen: “Moun k ap fè lapè yo ap simen semans fwi jistis la nan lapè, e y ap rekòlte fwi li bay.” ​(Jak 3:17, 18). Donk, nou pap kapab gen yon konduit ki jis si nou pa konn fè lapè ak lòt moun.

11 Ann pran yon egzanp pou nou montre sa. Selon sa yo fè konnen, nan kèk peyi ki fin kraze akoz lagè, gen plis pase yon tyè nan tè yo moun pa kapab kiltive paske yo pè akoz min moun mete anba tè ki ka eksploze. Lefètke gen min ki konn eksploze, kiltivatè yo abandone jaden yo, moun nan vilaj yo vin pa gen mwayen ankò pou yo fè kòb e moun ki abite nan vil yo vin pa ka jwenn manje pou yo manje. Menm jan an tou, si nou gen kèk pwoblèm nan pèsonalite nou ki anpeche nou fè lapè ak frè ak sè nou yo, sa kapab anpeche nou fè pwogrè nan domèn espirityèl. Men, lè nou padone youn lòt san pèdi tan e nou aji byen youn ak lòt, sa pèmèt nou viv anpè. Mete sou sa, Jewova ap beni nou.

12. Ki jan ansyen yo kapab ede nou gen inite nan mitan nou?

12 Jewova ban nou “gason kòm kado” ki kapab ede nou gen bonjan inite nan mitan nou. Gason sa yo la pou ede “nou rive fè yon sèl nan lafwa”. (Efe. 4:8, 13.) Lè ansyen yo travay ansanm ak nou nan sèvis n ap bay Jewova a e yo ban nou bonjan konsèy ki soti nan Pawòl Bondye a, se ede y ap ede nou abiye nou ak nouvo pèsonalite a (Efe. 4:22-24). Èske w konsidere konsèy ansyen yo kòm yon fòmasyon Jewova ap ba ou k ap prepare w pou w viv nan monn nouvo a anba direksyon Pitit gason l lan? Nou menm ki ansyen, èske lè n ap eseye redrese frè ak sè yo nou fè sa nan entansyon sa a? — Gal. 6:1.

“SE POU NOU AJI BYEN YOUN AK LÒT”

13. Ki sa k ap rive si nou pa suiv konsèy ki nan Efezyen 4:25-32 yo?

13 Nan Efezyen 4:25-29, Bib la pale byen klè sou yon seri konduit nou dwe evite. Nan konduit sa yo gen bay manti, fè kòlè, fè parès, di pawòl pouri olye nou di pawòl ki bon pou fòtifye lòt moun. Si yon moun pa suiv konsèy nou jwenn nan vèsè sa yo, l ap fè lespri Bondye lapenn, paske lespri sen se yon fòs ki fè moun gen inite nan mitan yo (Efe. 4:30). Lè nou aplike pawòl apot Pòl te di annapre yo, sa ap fè nou gen lapè ak inite nan mitan nou. Men sa l te di: “Se pou nou retire tout kalite rankin malveyan lakay nou ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun e sispann fè kèlkeswa mechanste a. Men, se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen konpasyon ak tandrès, se pou youn padone lòt ak tout kè l, menm jan Bondye padone nou ak tout kè l grasa kris.” — Efe. 4:31, 32.

14. a) Ki sa ekspresyon “se pou nou aji byen” an montre? b) Ki sa k ap ede nou aji byen?

14 Ekspresyon “se pou nou aji byen” an montre petèt nou kapab bezwen pote amelyorasyon nan fason n ap boule ak lòt moun. Se sa k fè l ap bon pou nou fòme tèt nou yon fason pou n bay santiman lòt moun plis enpòtans pase santiman pa nou (Fil. 2:4). Petèt nou gendwa anvi di yon bagay pou fè moun ri oswa ki ka fè nou parèt entèlijan, men, si sa n ap di a ka blese moun, èske n t ap aji byen si n ta di l? Lè nou reflechi anvan nou pale, sa ap ede nou “aji byen” ak lòt moun.

LANMOU AK RESPÈ NAN FANMI AN

15. Ki relasyon Kris genyen ak kongregasyon an apot Pòl te pale de li nan Efezyen 5:28?

15 Bib la konpare relasyon Kris genyen ak kongregasyon an ak relasyon yon mari genyen ak madanm li. Sa montre yon mari dwe yon gid pou madanm li, li dwe renmen l e li dwe pran swen l. Sa montre tou madanm nan dwe soumèt li devan mari l (Efe. 5:22-33). Men sa apot Pòl te ekri: “Konsa tou, mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo.” Poukisa apot Pòl te itilize ekspresyon “konsa tou” a? (Efe. 5:28). Anvan Pòl te itilize ekspresyon sa a, li t ap montre jan “Kris te renmen kongregasyon an, e li te bay tèt li pou li [...] pou l ka lave l ak dlo pawòl Bondye a pou l fè l vin pwòp”. Donk, pou yon mari travay ann amoni ak objektif Jewova genyen pou l reyini tout bagay ansanm ankò nan Kris, li bezwen veye pou fanmi l gen bonjan relasyon ak Jewova.

16. Ki rezilta paran yo jwenn nan fanmi yo lè yo pran responsablite Bib la ba yo a oserye?

16 Nou menm paran, l ap bon pou nou sonje se Jewova ki ban nou responsablite pou nou pran swen pitit nou. Sa tris pou nou wè jan anpil moun pa gen “afeksyon pou moun parèy yo” nan monn nan jodi a (2 Tim. 3:1, 3). Gen anpil papa ki pa pran responsablite yo oserye e timoun yo peye sa chè. Men yon konsèy apot Pòl te bay papa ki kretyen yo: “Pa irite pitit nou, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman l bay.” ​(Efe. 6:4). Èske fanmi an se pa premye kote timoun yo aprann pou yo gen lanmou e pou yo respekte otorite? Paran ki rive aprann timoun yo bagay sa yo kolabore ansanm ak Jewova nan travay l ap jere a. Si nou fè yon fason pou gen lanmou lakay nou, pou l yon kote ki pa gen rankin, kòlè, ak pawòl pouri k ap soti nan bouch moun, n ap anseye timoun yo yon leson ki enpòtan anpil sou fason yo kapab demontre yo gen lanmou e yo gen respè pou otorite. Sa ap prepare yo pou lavi nan monn nouvo Bondye a.

17. Ki sa nou bezwen fè pou nou reziste kont Dyab la?

17 Nou bezwen konnen Dyab la se premye moun ki te lakòz pa gen lapè nan mitan kreyati Bondye yo e l ap fè tout sa l kapab pou l kontrekare efò n ap fè pou n fè volonte Bondye. Pa gen dout nan sa, lè moun yo divòse, lè yo viv nan plasaj, lè yo aksepte pou gason marye ak gason e pou fi marye ak fi, se volonte Satan y ap fè. Nou pa dwe vin gen menm konpòtman ak moun yo nan monn nan. Se Kris ki modèl nou (Efe. 4:17-21). Se sa k fè nou jwenn ankourajman pou nou “abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la”, yon fason pou nou ka reyisi nan konba n ap mennen kont Dyab la ak demon l yo. — Li Efezyen 6:10-13.

“KONTINYE MACHE NAN LANMOU”

18. Ki bagay ki plis fè nou gen inite nan mitan nou antanke kretyen?

18 Se lanmou ki plis fè nou gen inite nan mitan nou antanke kretyen. Piske nou renmen “sèl Seyè” nou an ak “sèl Bondye” nou an anpil e nou gen lanmou youn pou lòt, sa fè nou gen plis detèminasyon pou nou “kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a”. (Efe. 4:3-6.) Jezi te priye pou nou gen lanmou sa a lè l te di: “Mwen pa fè demann an favè moun sa yo sèlman, men mwen fè demann tou an favè moun k ap mete lafwa nan mwen grasa pawòl yo, pou yo tout ka vin youn, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m e mwen ann inyon avèk ou, pou yo menm tou ka vin ann inyon avèk nou [...]. Mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l, dekwa pou lanmou w gen pou mwen an ka nan yo e mwen menm pou m ann inyon avèk yo.” — Jan 17:20, 21, 26.

19. Ki sa w detèmine pou w fè?

19 Si n ap lite ak tèt nou akoz enpèfeksyon nou, se pou lanmou pouse nou fè menm priyè ak salmis la. Men sa l te di: “Fè kè m fè yon sèl pou l krenn non w.” ​(Sòm 86:11, NW). Ann pran detèminasyon pou n reziste kont efò Dyab la ap fè pou l separe nou ak Jewova, Papa nou an ki gen lanmou, e pou l separe nou ak moun ki gen favè Jewova yo. Annou fè tout sa nou kapab pou “nou imite Bondye, antanke pitit li renmen, e [...] pou nou kontinye mache nan lanmou”, kit se nan fanmi nou, kit se nan travay predikasyon an, kit se nan kongregasyon an. — Efe. 5:1, 2.

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Li kite ofrann li an bò kot lotèl la e l al fè lapè ak frè l.

[Foto nan paj 31]

Paran, anseye pitit ou pou yo gen respè pou moun.