Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Jewova ede nou jwenn vrè libète a

Kite Jewova ede nou jwenn vrè libète a

“Gade nan lwa pafè a, lwa libète a.” — JAK 1:25.

1, 2. a) Sa k rive libète moun yo genyen nan monn nan, e poukisa? b) Ki libète k ap tann sèvitè Jewova yo?

N AP viv nan yon epòk kote chak jou moun yo vin gen plis tanta, y ap vyole lalwa plis toujou e y ap fè plis vyolans (2 Tim. 3:1-5). Pou gouvènman yo konbat pwoblèm sa yo, yo fè plis lwa, yo ranfòse lapolis e yo enstale aparèy elektwonik pou yo siveye moun. Nan kèk peyi, gen sitwayen ki mete alam lakay yo, ki mete plis kadna nan pòt yo e ki menm enstale kloti elektrik. Gen nan yo ki refize soti aswè oswa ki refize kite pitit yo soti deyò pou yo jwe san yo pa gen moun avèk yo, kit se lajounen, kit se lannuit. Pa gen dout nan sa, moun yo ap pèdi libète yo, e sanble sa ap kontinye fèt.

2 Nan jaden Edenn, Satan te fè konprann n ap lib toutbon si nou pa depann de Jewova. Ala yon manti kri li te bay! Lè n gade, nou rann nou kont, plis moun yo pa respekte prensip Bondye bay yo, se plis sosyete a soufri. Sitiyasyon sa a kontinye vin pi mal jodi a e li gen efè sou nou menm tou antanke sèvitè Jewova. Malgre sa, nou gen espwa yon lè lèzòm pap esklav peche ankò, yo pap kòwonpi ankò e yo pral jwenn sa Bib la rele “libète pitit Bondye yo genyen an”. (Wom. 8:21.) An reyalite, Jewova deja kòmanse prepare sèvitè l yo pou libète sa a. Ki jan l fè sa?

3. Ki lwa Jewova bay disip Kris yo, e ki kesyon nou pral egzamine?

3 Anvan nou jwenn repons sa a, n ap bezwen pale sou sa disip Jak te rele “lwa pafè a, lwa libète a”. (Li Jak 1:25.) Gen yon lòt Bib ki di “lwa ki bay libète a”. (Bib Kreyòl La.) Gen yon lòt ankò ki pale de “lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a”. (Bib la.) Nòmalman, depi yon moun tande lwa, li wè bagay li pa kapab fè, li pa wè libète. Kidonk, ki sa “lwa pafè a, lwa libète a” ye? E ki jan lwa sa a libere nou?

LWA KI BAY LIBÈTE A

4. Ki sa “lwa pafè a, lwa libète a” ye, e kiyès ki benefisye l?

4 “Lwa pafè a, lwa libète a”, se pa Lalwa Moyiz la, paske kòd lwa sa a te fè peche parèt aklè e li te rive nan bout li lè Jezi Kris te mouri (Mat. 5:17; Gal. 3:19). De ki lwa menm Jak t ap pale la a? Jak te gen “lalwa Kris la” nan lespri l. Yo rele lwa sa a tou “lwa ki mande pou moun gen lafwa a” ak “lwa yon pèp ki lib”. (Gal. 6:2; Wom. 3:27; Jak 2:12.) Kidonk, nan “lwa pafè a” gen tout sa Jewova mande pou nou fè. Ni kretyen ki pral nan syèl yo, ni “lòt mouton” yo benefisye lwa sa a. — Jan 10:16.

5. Poukisa lwa libète a pa yon chay?

5 Kontrèman ak kòd lwa anpil peyi genyen, “lwa pafè a” pa konplike e li pa yon gwo chay, men li gen yon seri kòmandman ak prensip byen senp ladan l (1 Jan 5:3). Men sa Jezi te di yon lè: “Jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen bay la lejè.” ​(Mat. 11:29, 30). Mete sou sa, nan “lwa pafè a”, pa bezwen gen yon lis byen long sou pinisyon moun dwe resevwa paske lwa sa a baze sou lanmou e se nan kè moun ak nan lespri yo li ye, se pa sou wòch. — Li Ebre 8:6, 10.

FASON “LWA PAFÈ A” LIBERE NOU

6, 7. Ki sa nou kapab di sou prensip Jewova yo, e poukisa lwa libète a kapab fè nou lib?

6 Jewova bay kreyati entèlijan l yo limit e limit sa yo se pou byen yo ak pwoteksyon yo. Pa egzanp, ann pran lwa fizik ki gen rapò ak enèji ak matyè yo. Pa gen moun ki konn plenyen paske yo santi lwa sa yo se yon chay sou do yo. Okontrè, yo byen kontan lefètke lwa natirèl sa yo la e yo rekonèt lwa sa yo nan enterè yo. Menm jan an tou, prensip Jewova yo ki nan “lwa pafè” Kris la se nan enterè nou yo ye.

7 Nonsèlman lwa libète a se yon pwoteksyon, men tou, li pèmèt nou satisfè tout bon dezi nou genyen san nou pa fè tèt nou mal e san nou pa pase dwa lòt moun anba pye. An reyalite, sekrè pou yon moun lib toutbon an, sa vle di pou l fè tout sa l vle, se aprann anvi bon bagay, bagay ki mache ak pèsonalite Jewova e ak prensip li yo. Sa mande pou nou aprann renmen sa Jewova renmen e pou nou rayi sa Jewova rayi. Dayè, lwa libète a ede nou fè sa. — Amòs 5:15.

8, 9. Ki byenfè moun jwenn lè yo suiv lwa libète a? Bay yon egzanp.

8 Pandan nou enpafè a, se toutan n ap goumen ak move dezi. Sepandan, lè nou kontinye suiv lwa libète a fidèlman, nou wè depi kounye a pouvwa l genyen pou l fè nou lib. Men yon egzanp ki montre sa. Gen yon mesye ki rele Jay ki te konn fimen anpil e ki te fèk kòmanse ap etidye Labib lè l te vin aprann Bondye pa vle pou moun fimen. Lè l te aprann sa, li te vin gen yon desizyon pou l pran: Èske l t ap kontinye suiv chè li oubyen li t ap suiv Jewova pito? Erezman li te pran yon bon desizyon. Li te chwazi sèvi Bondye malgre li te toujou anvi fimen. Ki jan l te santi l lè l te kite abitid sa a? Men sa l te di annapre: “Mwen te kontan anpil e m te santi m lib toutbon.”

9 Eksperyans sa a Jay te fè a te fè l konprann libète monn nan bay la, ki fè moun “fikse panse yo sou lachè”, se esklav li fè moun esklav, alòske, libète Jewova bay la, ki mande pou moun “fikse panse yo sou lespri” a, libere moun e l ap fè yo jwenn “lavi ak lapè”. (Wom. 8:5, 6.) Ki kote Jay te jwenn fòs pou l kite vye abitid li te genyen an? Fòs sa a pa t soti nan li, men li te soti nan Bondye. Men sa Jay di: “Mwen te etidye Labib regilyèman, mwen te priye regilyèman pou m jwenn lespri sen e m te chèche èd kongregasyon an te dispoze ban mwen avèk amou.” Menm bagay sa yo kapab ede nou tou nan efò n ap fè pou nou jwenn vrè libète a. Ann wè ki jan.

GADE NAN PAWÒL BONDYE A

10. Sa sa vle di “gade” nan lwa Bondye a?

10 Men sa nou li nan Jak 1:25: “Yon moun k ap gade nan lwa pafè a, lwa libète a, avèk atansyon e ki pèsevere ladan l, ap kontan sa.” Mo grèk yo mete gade pou li a gen sans “bese gade anndan” pandan w ap fè efò pou w konsantre w. Si nou vle pou lwa libète a gen efè sou lespri nou ak kè nou, nou dwe fè efò pou nou etidye Bib la avèk dilijans e pou nou medite sou sa nou li yo nan lapriyè. — 1 Tim. 4:15.

11, 12. a) Ki jan Jezi te montre nou dwe aplike laverite nan tout aspè nan lavi nou? b) Jan foto nan paj sa a montre sa, ki sa k ka rive jèn yo si yo pa veye kò yo?

11 Anmenmtan tou, nou bezwen ‘pèsevere’ nan aplike Pawòl Bondye a. Konsa, n ap aplike verite a nan tout aspè nan lavi nou. Jezi te bay menm ide sa a pandan li t ap pale ak kèk moun ki te kwè nan li. Li te di yo: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, e n ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” ​(Jan 8:31, 32). Dapre yon referans, nan kontèks vèsè sa a, mo “konnen” an gen sans apresye tou paske “sa yo ‘konnen’ an gen valè oswa li enpòtan pou yo”. Donk, nou “konnen” verite a toutbon lè nou aplike l nan tout aspè nan lavi nou. Lè sa a, n ap kapab di “pawòl Bondye” a “ap travay” nan nou toutbonvre, e l ap kapab fòme pèsonalite nou yon fason pou n vin plis sanble ak Papa nou ki nan syèl la. — 1 Tes. 2:13.

12 Poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Èske m vrèman konnen verite a? Èske mwen aplike l nan tout aspè nan lavi m oubyen mwen kontinye anvi gen kèk nan swadizan libète monn nan bay yo?’ Men sa yon sè ki leve nan laverite te ekri pandan li t ap reflechi ak lè l te jèn: “Lè yon moun grandi nan laverite, nan yon sans, Jewova toujou avè l. Sepandan, mwen pa t janm rive konnen l toutbon. Mwen pa t janm aprann rayi sa Jewova rayi. Mwen pa t janm kwè sa m te fè te gen enpòtans pou li e mwen pa t konn pale avè l lè m gen pwoblèm. Mwen te konte sou pwòp entèlijans mwen. Kounye a, mwen rann mwen kont mwen te sòt paske mwen pa t konn anyen.” Erezman sè sa a te vin rann li kont fason l te panse a pa t bon menm e li te fè kèk gwo chanjman nan lavi l. Li te menm pran sèvis pyonye.

LESPRI SEN KAPAB EDE W VIN LIB

13. Ki jan lespri sen ede nou vin lib?

13 Men sa Bib la di nan 2 Korentyen 3:17: “Kote lespri Jewova ye, se la ki gen libète.” Ki jan lespri sen ede nou vin lib? Pami tout bagay li fè pou nou, li ede nou devlope kalite nou bezwen genyen pou nou kapab lib, kalite tankou: “Lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè, [ak] metriz.” ​(Gal. 5:22, 23). San kalite sa yo, sitou lanmou, pa gen okenn sosyete ki kapab lib toutbon. Monn nan montre sa aklè jodi a. Yon bagay ki enteresan, apre apot Pòl fin bay tout kalite sa yo ki nan fwi lespri a, li di: “Pa gen lwa ki kont bagay sa yo.” Ki sa l te vle di? Li te vle di pa gen lwa ki kapab anpeche fwi lespri a grandi (Gal. 5:18). Dayè, ki sa yon lwa konsa t ap itil? Se volonte Jewova pou nou kontinye devlope kalite Kris genyen yo pou letènite e pou nou pa kite anyen anpeche yo parèt aklè nan lavi nou.

14. Ki jan lespri monn nan fè moun ki suiv li yo vin esklav li?

14 Moun ki kite lespri monn nan dirije yo e ki lage kò yo nan fè sa lachè pouse yo fè kapab panse yo lib. (Li 2 Pyè 2:18, 19.) Men, an reyalite, yo pa lib vre. Dezi moun sa yo genyen ak konpòtman yo tèlman pa bon, yo oblije fè yon bann lwa pou kenbe moun sa yo sou kontwòl. Men sa Pòl te di: “Yo pa fè lwa pou moun ki jis, men yo fè l pou moun ki san lwa e ki rebèl.” ​(1 Tim. 1:9, 10). Moun sa yo esklav peche tou, yo fè sa “chè” yo, yon mèt ki mechan anpil, “vle” yo fè (Efe. 2:1-3). Nan yon sans, moun sa yo tankou ensèk ki antre nan yon bòl siwo myèl. Yo kite dezi yo mennen yo e yo pa pran tan pou yo pran nan pyèj. — Jak 1:14, 15.

KONGREGASYON AN EDE NOU VIN LIB

15, 16. Poukisa kongregasyon an enpòtan pou nou, e ki libète nou genyen?

15 Lè w te kòmanse pran kontak ak frè ak sè yo nan kongregasyon an, se Jewova ki te atire w, se pa kòmsi w t ap antre nan yon klèb kote moun ale pou yo fè zanmi (Jan 6:44). Sa k te pouse l fè sa? Èske se paske l te wè w se yon moun ki jis, ki gen krentif pou Bondye? Petèt w ap di: “Mwen pa panse sa!” Men, ki sa l te wè menm? Jewova te wè yon kè ki te dispoze aksepte lwa l la ki libere moun, yon kè ki te dispoze soumèt anba bon enfliyans li. Pou l kapab gen yon bon enfliyans sou kè w, li sèvi ak kongregasyon an pou l ba w sa w bezwen nan domèn espirityèl, sa ki libere w anba ansèyman fo relijyon yo ak sipèstisyon, e li montre w ki jan pou w devlope yon pèsonalite ki sanble ak pa Kris la. (Li Efezyen 4:22-24.) Kounye a, ou gen privilèj pou w fè pati sèl pèp sou tè a ki kapab di li se “yon pèp ki lib”. — Jak 2:12.

16 Fè yon ti reflechi: Lè w ansanm avèk moun ki renmen Jewova ak tout kè yo, èske w pè? Èske w santi w pa fè yo konfyans? Lè w ap pale ak frè ak sè yo nan Sal Wayòm nan, èske w kenbe afè w yo byen di pou w pa pèdi yo? Okontrè, ou santi w alèz e w santi w lib. Èske w t ap santi w konsa si w t ap patisipe nan yon anbyans k ap fèt nan monn nan? Siman ou pa t ap santi w konsa. Mete sou sa, libète ou santi nan mitan pèp Bondye a jodi a se yon apèsi sou libète k ap tann ou pi devan an.

“LIBÈTE PITIT BONDYE YO GENYEN AN”

17. Ki jan libète lèzòm pral genyen an makònen ak “pitit Bondye yo [ki pral] parèt aklè”?

17 Konsènan libète Jewova sere pou sèvitè l yo ki sou tè a, men sa apot Pòl te ekri: “Kreyasyon an ap tann avèk anpil enpasyans pou pitit Bondye yo parèt aklè.” Apre sa, li te di: “Kreyasyon an li menm tou pral libere anba esklavaj yon kò k ap depafini e li pral gen libète pitit Bondye yo genyen an.” ​(Wom. 8:19-21). “Kreyasyon” y ap pale la a se moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, moun ki pral jwenn byenfè lè kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo pral “parèt aklè”. “Pitit” sa yo pral kòmanse parèt aklè lè yo met ansanm ak Kris pou yo fini ak mechanste sou tè a e pou yo sove “gwo foul moun” nan ki pral antre nan nouvo sistèm nan. Sa ap fèt apre yo tout fin resisite. — Rev. 7:9, 14.

18. Ki jan moun ki obeyisan yo pral jwenn plis libète toujou, e ki libète y ap genyen rive yon lè?

18 Moun ki sove yo pral viv yon lòt libète ki diferan nèt. Yo pral soti anba enfliyans Satan ak demon yo (Rev. 20:1-3). Se pa ti soulajman non sa pral ye! Apre sa, 144 000 moun ki pral wa e ki pral prèt ansanm ak Kris yo pral kontinye libere lèzòm. Yo pral fè nou benefisye sakrifis ranson an tikras pa tikras jiskaske nou vin pafè, sa vle di nou vin san peche (Rev. 5:9, 10). Moun ki rete fidèl malgre eprèv yo pral jwenn yo gen pou yo jwenn vrè libète Jewova vle ban nou an: “libète pitit Bondye yo genyen an”. Fè yon ti reflechi: Ou pap bezwen goumen ankò pou w fè sa ki dwat nan je Bondye paske tout kò w ap vin pafè e w ap vin gen egzakteman menm pèsonalite ak Jewova.

19. Ki sa nou bezwen kontinye fè jodi a pou nou rete sou wout k ap mennen nan vrè libète a?

19 Èske w swaf jwi “libète pitit Bondye yo genyen an”? Si w swaf sa, kontinye kite “lwa pafè a, lwa libète a” enfliyanse lespri w ak kè w. Kidonk, annou etidye Labib avèk dilijans, annou viv laverite, annou fè l vin pa nou. Annou priye Bondye pou l ban nou lespri sen. Annou byen pwofite kongregasyon an ak manje espirityèl Jewova kontinye ap ban nou yo. Mete sou sa, nou bezwen fè atansyon pou nou pa kite Satan fè nou panse Jewova twò strik menm jan l te fè Èv panse sa. Pa gen dout nan sa, Dyab la malen anpil. Men, kòm nou pral wè sa nan atik ki vin apre a, nou pa oblije “bay Satan avantaj sou nou, paske nou konn entansyon l”. — 2 Kor. 2:11.

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Èske m kontinye anvi gen kèk nan swadizan libète monn nan bay yo?

[Foto nan paj 9]

Èske m aplike laverite nan tout aspè nan lavi m?