Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Rèv mwen reyalize”

“Rèv mwen reyalize”

“Rèv mwen reyalize”

Sa gen 15 an depi Emilia te pyonye pèmanan. Sepandan, li te oblije kanpe sou sèvis la. Pandan dènye ane ki pase yo, souvan li konn ap panse ak epòk sa a kote l te gen anpil kè kontan e li konn anvi ogmante patisipasyon l ankò nan travay predikasyon an.

Sepandan, travay Emilia a te pran twòp tan l, e sa te fè l pèdi jwa l. Gen yon lè, pandan l t ap plenyen devan lòt anplwaye ki nan travay li a, li te di: “Se pa ti kontan m t ap kontan si m te kapab pase mwens tan ap travay!” Sipèvizè a ki te aprann sa l te di a te vin kote l pou l mande l si se sa l te vle toutbon. Emilia te fè l konnen li t ap vrèman renmen sa. Men, pou sa ta posib, fòk yon direktè ta dakò, paske konpayi an vle pou tout anplwaye yo travay aplentan. Sè nou an te fè aranjman pou l rankontre ak direktè travay la e l te priye pou Jewova ede l pale avèk kran e avèk kalm.

Pandan rankont lan, Emilia te mete kran sou li e avèk ladrès li te mande direktè a pou l retire sou kantite tan li konn pase nan travay la. Li te fè l konnen, lè l pap travay, li sèvi ak tan l pou l ede lòt moun. Li te di l: “Mwen se yon Temwen Jewova e mwen ede moun gen bon relasyon ak Bondye. Jodi a, nivo moralite anpil moun bese. Yo bezwen prensip ki byen klè pou yo suiv, e sajès mwen pataje ak yo ki nan Bib la gen anpil enpòtans pou yo. M ap toujou bay menm rannman m te konn bay nan travay la, men m ta renmen gen plis tan pou m ede lòt moun. Se pou rezon sa a ki fè m ta renmen pase mwens tan ap travay nan konpayi an.”

Direktè a te koute Emilia avèk atansyon e l te di l yon lè li menm tou li te anvi fè zèv. Men sa l te di ankò: “Pou rezon sa a ou bay la, m santi m dwe dakò ak sa w mande m nan. Men, èske w konnen sa ap fè w touche mwens kòb?” Emilia te di l li konn sa, e li te di l tou si sa nesesè, l ap mennen yon vi ki pi senp. Li te kontinye pou l di: “Sa ki pi enpòtan pou mwen, se fè yon bagay ki vrèman itil lòt moun.” Direktè a te di l: “Mwen apresye moun ki bay tan yo pou yo ede lòt moun.”

Konpayi sa a pa t janm bay okenn lòt moun posiblite pou yo pase mwens tan ap travay. Kounye a, Emilia travay kat jou sèlman nan semèn nan. Li te sezi anpil paske yo te ba l yon ogmantasyon. Sa fè li toujou touche menm kantite kòb li te konn ap touche anvan an! Men sa l di: “Rèv mwen reyalize, mwen pyonye pèmanan ankò!”

Èske w ka fè chanjman nan lavi w yon fason pou w kòmanse sèvi kòm pyonye oswa pou w repran sèvis sa a?

[Antrefilè nan paj 32]

Direktè a te di l: “Mwen apresye moun ki bay tan yo pou yo ede lòt moun.”