Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Ekwatè

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Ekwatè

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Ekwatè

GEN yon jèn frè nan peyi Itali ki te jwenn kèk moun ki t ap fè presyon sou li. Li te fèk fini lekòl, e pami tout elèv ki te nan klas la, se li ki te gen pi bèl nòt. Moun lakay li ak pwofesè l yo t ap ankouraje l fè gwo etid. Sepandan, kèk ane anvan sa, Bruno te gentan vwe lavi l bay Jewova e li te pwomèt li l ap ba l premye plas nan lavi l. Ki desizyon frè sa a te pran? Men sa l di: “Mwen te di Jewova mwen t ap viv ann amoni ak ve mwen te fè l la e m t ap ba l premye plas nan lavi m. Men, mwen te di l franchman tou mwen pa t vle mennen yon vi ki raz e mwen te vle pou l itilize m jan l vle nan sèvis li.”

Kèk ane annapre, Bruno t al Ekwatè, yon peyi ann Amerik disid. Men sa l di: “Jewova reponn priyè m e li ban m plis pase sa m te espere.” Lè li te rive ann Ekwatè, li te sezi wè gen anpil lòt frè ak sè ki te fèk antre nan laj adilt, ki te kite peyi yo tou pou yo vin Ekwatè yon fason pou yo te ka fè plis pou Jewova.

KÈK JÈN KI ‘TESTE JEWOVA’

Menm jan ak Bruno, gen plizyè milye lòt jèn sou tout kò tè a ki aksepte envitasyon Jewova fè kote li di: “Silvouplè, teste m [...] pou wè si m pap ouvri vàn syèl la pou nou, e si m pap vide yon benediksyon sou nou toutbonvre.” ​(Mal. 3:10, NW). Lanmou yo gen pou Jewova te pouse yo ‘teste Jewova’. Yo chwazi bay Jewova tan yo, fòs yo ak sa yo posede, yon fason pou yo fè enterè Jewova avanse nan yon peyi kote yo bezwen plis moun pou preche bon nouvèl Wayòm nan.

Tousuit apre frè ak sè sa yo te rive nan nouvo asiyasyon yo a, yo te rann yo kont “rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè”. (Mat. 9:37.) Pa egzanp, Jaqueline, ki soti ann Almay, te eksprime sa k nan kè l nan yon lèt li te ekri filyal peyi Ekwatè a. Men sa l te di: “Mwen gen anviwon dezan sèlman depi m ap sèvi nan peyi Ekwatè. Mwen gentan gen 13 etid e 4 nan yo asiste reyinyon yo regilyèman. Èske se pa yon bagay estrawòdinè?” Men sa Chantal, yon sè ki soti nan peyi Kanada, fè konnen: “An 2008, mwen te deplase al viv nan peyi Ekwatè, nan yon zòn ki bò lanmè. Se yon sèl kongregasyon ki te gen nan zòn nan sèlman. Kounye a, gen twa kongregasyon e gen plis pase 30 pyonye. Pa gen anyen ki ka ban m plis kè kontan pase lè m wè tout moun sa yo k ap pwogrese!” Li ajoute: “Mwen pa gen lontan depi m deplase al viv nan yon vil ki sou tèt mòn Lèzann ki nan yon wotè 2 743 mèt pi wo pase nivo lanmè. Gen plis pase 75 000 mil moun k ap viv nan zòn sa a e gen yon sèl kongregasyon. Tèritwa a bay anpil bon rezilta. Mwen vrèman gen anpil kè kontan nan sèvis m ap bay Jewova a!”

DIFIKILTE YO TE JWENN

Se sèten, frè ak sè ki deplase al sèvi nan yon peyi etranje konn jwenn gwo difikilte. An reyalite, kèk jèn konn kòmanse jwenn difikilte anvan menm yo kite peyi yo. Men sa Kayla, yon sè ki soti nan peyi Etazini ekri: “Gen kèk frè ak sè nan kongregasyon m nan ki te gen bon entansyon men ki te mal reyaji. Fason yo te reyaji a pa t ankouraje m ditou. Yo pa t ka konprann poukisa mwen te vle deplase al sèvi kòm pyonye nan yon peyi etranje. Pafwa, sa te konn fè m mande tèt mwen: ‘Èske se yon bon desizyon m ap pran?’” Aktout sa, Kayla te deside deplase. Men sa l di: “Lefètke mwen te priye Jewova anpil e m te pase yon bann tan ap pale ak frè ak sè ki gen matirite, sa te ede m wè jan Jewova beni moun ki gen espri sakrifis.”

Gen anpil moun ki twouve sa difisil anpil pou yo aprann yon nouvo lang. Men sa Siobhan, yon sè ki soti nan peyi Ilann, di: “Lefètke m pa t kapab di sa m te panse, sa te difisil pou mwen. Mwen te aprann vin gen pasyans, mwen te pran san m pou m etidye lang nan e mwen te konn ri tèt mwen lè m fè erè.” Anna li menm, yon lòt sè ki soti nan peyi Estoni, ajoute: “Nan peyi twopikal yo, li fè cho, gen pousyè e pa toujou gen dlo cho pou moun benyen. Li te pi fasil lontan pou m vin abitye ak bagay sa yo pase pou m aprann pale espayòl. Pafwa, mwen te konn anvi kite sa. Mwen te vin aprann konsantre sou pwogrè m yo olye m konsantre sou erè m yo.”

Youn nan difikilte frè ak sè yo konn rankontre se anvi pou yo retounen lakay yo. Men sa Jonathan, yon frè ki soti nan peyi Etazini di: “Yon ti tan apre m fin rive, mwen te santi m dekouraje poutèt mwen te lwen fanmi m ak zanmi m. Pou m te rezoud pwoblèm sa a, mwen te konsantre m sou etid pèsonèl mwen ak travay predikasyon an. Lefètke m te fè bèl eksperyans nan tèritwa a e m te fè nouvo zanmi nan kongregasyon an, sa pa t pran anpil tan pou m rejwenn jwa m.”

Yon lòt difikilte frè yo konn jwenn se kondisyon lavi a nan zòn kote y al sèvi a. Se sèten, kondisyon sa yo pa menm ak kote yo soti a. Men sa Beau, ki soti Kanada, rakonte: “Nan peyi nou se yon bagay ki nòmal pou nou gen kouran ak dlo. Men isit la, se lè yo vle yo bay bagay sa yo.” Nan anpil peyi k ap devlope, mizè gaye toupatou, mwayen transpò yo pa konfòtab e gen anpil moun ki pa konn li ak ekri. Ines, ki soti Otrich, rive viv nan kondisyon sa yo paske l konsantre l sou bèl kalite moun yo genyen nan peyi a. Men sa li di: “Yo vrèman konn akeyi moun, yo janti, yo renmen ede moun e yo enb. Sa ki pi enpòtan, yo vrèman anvi konn plis bagay sou Bondye.”

‘YON BENEDIKSYON JISKASKE PA GEN NESESITE ANKÒ’

Byenke tout jèn sa yo k ap sèvi nan peyi Ekwatè te fè anpil sakrifis, yo rann yo kont Jewova ba yo “pi plis lontan pase tout sa” yo t ap atann (Efe. 3:20). Vrèmanvre, yo santi yo jwenn ‘benediksyon jiskaske pa gen nesesite ankò’. (Mal. 3:10, NW) Men sa kèk nan yo di:

Bruno: “Nan peyi Ekwatè, mwen te kòmanse sèvi nan rejyon Amazòn nan, yon zòn ki vrèman bèl. Annapre, mwen te patisipe nan agrandisman filyal la. Kounye a, m ap sèvi nan Betèl. Lè m te ann Itali, mwen te chwazi bay Jewova premye plas nan lavi m. Vrèmanvre, Jewova pèmèt mwen gen yon vi ki enteresan nan sèvis li e li ban m yon pakèt privilèj.”

Beau: “Nan peyi Ekwatè, mwen anmezi pou m bay tout tan m nan aktivite espirityèl yo e sa fè m vin pi pwòch Jewova. Anmenmtan tou, mwen gen opòtinite vwayaje al vizite lòt kote ki vrèman bèl, yon bagay mwen te toujou swete fè.”

Anna: “Mwen pa t janm panse li te posib pou yon sè selibatè tankou m viv menm jan ak yon misyonè. Men kounye a, mwen konnen sa posib. Grasa benediksyon Jewova, mwen kontan anpil lefètke m ap fè disip, m ap travay nan konstriksyon Sal Wayòm e m ap fè nouvo zanmi.”

Elke: “Lè m te ann Otrich, nan peyi m, souvan, mwen te konn priye Jewova pou l ede m jwenn yon etid. Isit la, mwen gen 15 etid! Lè m wè jan etidyan m yo ap pwogrese e jan kè yo kontan, sa ban m anpil satisfaksyon.”

Joel: “Se yon bèl bagay lè yon moun deplase al sèvi yon kote li pa t konnen anvan yon fason pou l ka fè plis pou Jewova. Ou vrèman aprann pou w konte sou Jewova plis toujou, e sa vrèman bèl pou w wè jan Jewova beni efò w fè yo! Pandan premye ane m fè isit la, apre m te fin kite Etazini, gwoup m ap sèvi ladan l lan, ki te gen 6 pwoklamatè lè m te fèk vini, te vin gen 21 pwoklamatè. Nou te gen 110 moun ki te asiste Memoryal la.”

E OU MENM?

Si w se yon jèn frè oswa yon jèn sè, èske sitiyasyon w pèmèt ou deplase al sèvi nan yon peyi ki bezwen plis pwoklamatè? Nòmalman, anvan yon moun pran yon gwo desizyon konsa, l ap bezwen fè bonjan planifikasyon. Sa k ap plis ede l pran desizyon sa a, se gwo lanmou pou Jewova ak pou pwochen l. Si w santi w gen yon lanmou konsa pou Jewova e pou pwochen w e gen lòt bagay ankò ki fè w kalifye pou sa, priye Jewova ak tout kè w sou sa. Apre sa, pale ak paran w ki nan laverite e ak ansyen yo nan kongregasyon an sou sa. Konsa, ou ka rive wè, ou menm tou, ou kapab bay patisipasyon pa w nan aspè sa a nan sèvis Jewova a ki vrèman enteresan e ki bay kè kontan.

[Antrefilè nan paj 3]

“Lefètke mwen te priye Jewova anpil e m te pase yon bann tan ap pale ak frè ak sè ki gen matirite, sa te ede m wè jan Jewova beni moun ki gen espri sakrifis.” — Kayla, ki soti nan peyi Etazini.

[Kare/Foto nan paj 6]

Fason pou nou prepare nou pou n al sèvi nan yon peyi etranje:

• pran abitid fè bonjan etid pèsonèl.

• gade nan Ministè Wayòm out 2011 lan, paj 4-6.

• pale ak lòt moun ki te deja sèvi nan yon peyi etranje.

• fè rechèch sou kilti ak istwa peyi a.

• chèche aprann lang peyi a.

[Kare/Foto nan paj 6]

Gen kèk moun, pou yo jwenn kòb pou y al sèvi nan yon peyi etranje, yo...

• travay nan peyi yo chak ane pandan kèk mwa.

• lwe kay yo, apatman yo oswa biznis yo.

• fè biznis sou Entènèt.

[Foto nan paj 4, 5]

1 Jaqueline, Almay.

2 Bruno, Itali.

3 Beau, Kanada.

4 Siobhan, Ilann.

5 Joel, Etazini.

6 Jonathan, Etazini.

7 Anna, Estoni.

8 Elke, Otrich.

9 Chantal, Kanada.

10 Ines, Otrich.