Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo:

Èske se cheve Sanson ki te fè l gen fòs?

Se pa cheve Sanson ki te fè l gen fòs. Cheve l te montre relasyon espesyal li te gen ak Bondye antanke yon Nazireyen. Li te vin pèdi relasyon sa a lè Dalila te koupe cheve l. — 15/4, paj 9.

Ki twa bagay ki kapab gen efè sou kè senbolik nou?

1) Manje. Menm jan kè fizik la bezwen yon kantite manje ki nourisan, se konsa tou nou bezwen yon kantite manje espirityèl ki nourisan. 2) Egzèsis. Si nou zele nan predikasyon, sa kapab ede nou kenbe kè senbolik nou an an sante. 3) Moun ki bò kote nou. Nou kapab vin gen mwens strès lè nou pase tan ak kwayan parèy nou yo ki gen sousi pou nou. — 15/4, paj 16.

Lè yon mari oswa yon madanm fè adiltè, ki sa de moun ki marye yo kapab fè pou yo fè youn lòt konfyans ankò?

Yo ta dwe 1) onèt youn ak lòt, 2) travay nan tèt ansanm, 3) sispann fè kèk bagay yo te konn fè epi kòmanse fè kèk bagay yo pa t konn fè, 4) konnen ki lè pou yo bliye sa k te pase a pou yo ka ranje sitiyasyon an. — 1/5-F, paj 12-15.

Poukisa yon frè k ap bay yon diskou antèman pa ta dwe aplike Sòm 116:15 pou moun ki mouri a?

Men sa vèsè sa a di: “Lanmò moun ki fidèl ak Jewova yo gen valè nan je l.” Sa vle di tout moun k ap sèvi Bondye fidèlman yo tèlman gen valè nan je Bondye, sa t ap fè l twò mal pou l ta kite yo touye yo tout. Bondye pap janm pèmèt yo detwi tout sèvitè l yo sou tè a. — 15/5, paj 22.

Kiyès kòlpòtè yo te ye?

Yo te konn rele moun ki te konn pran sèvis pyonye anvan ane 1931 yo “kòlpòtè”. — 15/5, paj 31.

Bay kèk bagay ki montre Bib la pa yon liv tankou tout lòt liv lèzòm ekri.

Gen anpil pwofesi nan Bib la ki jwenn akonplisman yo. Istwa ki ladan l yo egzak, se pa lejann yo ye. Bib la ann amoni ak lasyans e tout liv ki ladan l yo gen amoni youn ak lòt. Enfòmasyon ki ladan l yo kapab ede nou jodi a. — 1/6-F, paj 4-8.

Ki “tout wayòm sa yo” yo pale de yo nan Dànyèl 2:44 la?

Diferan pati ki nan estati an metal ki nan liv Dànyèl la reprezante wayòm sa yo, oswa gouvènman. Dànyèl te bay esplikasyon sou sa. — 15/6, paj 17.

Ki lè pisans mondyal anglo-ameriken an te vin tounen setyèm pisans mondyal Bib la te anonse a?

Pisans mondyal sa a ki fòme ak de peyi te vin egziste pandan Premye Gè mondyal la lè Grann Bretay ak Etazini te met tèt yo ansanm pou yo fè kèk aksyon enpòtan. — 15/6, paj 19.

Ki jan Jewova padone peche moun ki repanti yo, e nan ki sans li bliye peche yo te fè yo?

Men sa Jewova di konsènan moun ki gen favè l yo: “Mwen p’ap chonje peche yo ankò.” ​(Jer. 31:34). Li kapab padone peche yon moun sou baz ranson an. Lè l padone peche yon moun, li bliye peche moun nan te fè nan sans li pa kenbe yo nan lespri l pou l ka kontinye pini moun nan. — 1/7-F, paj 18.

Poukisa nou kapab kwè nan mirak yo pale de yo nan Bib la?

Souvan, mirak sa yo pa t fèt an kachèt, men yo te fèt devan anpil moun. Yo te fèt yon fason byen senp san okenn demagoji. Yo pa t fèt pou lèzòm te kapab jwenn glwa, men yo te fèt pou glwa Bondye. Te gen yon bann mirak ki te fèt, e opozan yo te rekonèt yo te fèt vre. Tout sa se rezon ki fè nou kapab kwè nan mirak yo pale de yo nan Bib la. — 1/8-F, paj 7-8.