Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou aji antanke sitwayen Wayòm nan!

Annou aji antanke sitwayen Wayòm nan!

‘Konpòte nou yon fason ki diy pou bon nouvèl la.’ — FIL. 1:27.

1, 2. Poukisa konsèy Apot Pòl te bay kretyen nan kongregasyon Filip la te gen anpil sans pou yo?

APOT Pòl te ankouraje kretyen nan kongregasyon ki te nan vil Filip la pou yo “konpòte [yo] yon fason ki diy pou bon nouvèl” la. (Li Filipyen 1:27.) Ekspresyon grèk Pòl te itilize yo mete mo “konpòte” pou li a kapab vle di tou “aji antanke sitwayen”. Ekspresyon sa a te gen anpil enpòtans pou kretyen ki te nan kongregasyon Filip la. Poukisa nou di sa? Sanble vil Filip te pami yon seri vil gouvènman women an te pèmèt moun ki ladan yo vin sitwayen women. Moun ki t ap viv nan vil Filip la e ki t ap viv nan tout anpi women an te fyè dèske yo te sitwayen women, e lwa women an te ba yo yon pwoteksyon espesyal.

2 Kretyen nan kongregasyon ki te nan vil Filip la te gen yon pi gwo rezon toujou pou yo fyè. Apot Pòl te fè yo sonje, antanke moun Bondye chwazi pou y al nan syèl, sitwayènte pa yo a se “nan syèl [la] li ye”. (Fil. 3:20.) Kretyen sa yo pa t sitwayen yon senp anpi lèzòm t ap dirije, men yo te sitwayen Wayòm Bondye a. Antanke sitwayen Wayòm nan, yo te jwenn yon pwoteksyon ak yon benediksyon san parèy. — Efe. 2:19-22.

3. a) Ki moun ki gen opòtinite pou yo vin sitwayen Wayòm nan? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Lè apot Pòl te di kretyen sa yo pou yo aji antanke sitwayen an, li t ap pale espesyalman ak kretyen ki gen pou y al dirije avèk Kris nan syèl la (Fil. 3:20). Men, konsèy sa a valab tou pou moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a anba dominasyon Wayòm Bondye a. Poukisa? Se paske tout kretyen ki vwe lavi yo bay Jewova ap sèvi menm Wa a, Jewova, e yo tout dwe kite menm prensip yo gide lavi yo (Efe. 4:4-6). Jodi a, gen moun ki fè anpil efò pou yo kapab vin sitwayen yon peyi ki rich. Èske n pa ta dwe gen anpil rekonesans pou bèl posiblite nou genyen pou nou vin sitwayen Wayòm nan? Pou nou ka vin gen plis rekonesans pou privilèj sa a, annou konsidere kèk resanblans ki genyen ant sa yo atann nan men moun ki vle vin sitwayen yon peyi ak sa yo atann nan men moun ki vle vin sitwayen Wayòm Bondye a. Apre sa, nou pral egzamine twa bagay k ap pèmèt nou kontinye rete sitwayen Wayòm Bondye a.

SA NOU BEZWEN FÈ POU NOU VIN SITWAYEN WAYÒM NAN

4. Ki sa lang pwòp la ye, e ki lè nou “pale” lang sa a?

4 Aprann lang Wayòm nan. Nan kèk peyi, gouvènman yo mande pou moun ki vle vin sitwayen peyi a pale lang peyi a. Menm lè moun sa yo vin sitwayen peyi a, yo gendwa bezwen fè anpil efò pandan anpil ane pou yo vin byen konnen lang nan. Yo kapab aprann règ gramè yo byen vit, men, yo gendwa bezwen anpil tan pou yo aprann byen pwononse mo yo. Menm jan an tou, moun ki vle vin sitwayen Wayòm Bondye a dwe aprann sa Bib la rele “lang pwòp” la (NW). (Li Sefànya 3:9.) Ki sa lang pwòp la ye? Se verite nou jwenn nan Bib la sou Bondye ak sou objektif li. Nou pale lang pwòp la lè nou viv ann amoni ak lwa Bondye yo ansanm ak prensip li yo. Sitwayen Wayòm Bondye a kapab aprann ansèyman fondamantal ki nan Bib la byen vit epi fè yo batize yo. Sepandan, menm apre yo fin batize, yo dwe kontinye fè anpil efò pou yo pale lang pwòp la pi byen toujou. Kòman yo ka fè sa? Se lè yo chak fè efò pou yo aplike prensip biblik yo nan lavi yo.

5. Poukisa nou dwe aprann tout sa nou kapab sou istwa òganizasyon Jewova a?

5 Etidye istwa Wayòm nan. Yon moun ki vle vin sitwayen yon peyi dwe aprann kèk bagay sou istwa peyi sa a. Menm jan an tou, li bon pou moun ki vle vin sitwayen Wayòm nan aprann tout sa yo kapab konsènan Wayòm Bondye a. Pitit gason Kora yo, ki t ap sèvi Bondye nan Izrayèl tan lontan an, kite yon bèl egzanp pou nou nan sans sa a. Yo te renmen Jerizalèm anpil ak kote yo te konn adore Jewova nan vil sa a e yo te renmen rakonte istwa vil la. Se pa t wòch ak mòtye yo te itilize pou bati vil la ak kote yo te konn adore Jewova nan vil la ki te enpresyone yo, men se sa vil la ak kote sa a te reprezante. Jerizalèm se te “lavil gwo wa a”, anpalan de Jewova, paske se la yo te konn pratike vrè adorasyon an. Se te nan vil sa a yo te konn anseye Lwa Jewova a. Jewova te renmen moun wa Jerizalèm nan t ap dirije yo e yo te gen favè l. (Li Sòm 48:1, 2, 9, 12, 13.) Menm jan ak pitit gason Kora yo, èske w anvi etidye istwa òganizasyon Jewova a ki sou tè a? Èske w anvi rakonte istwa sa a? Plis ou aprann konnen òganizasyon Jewova a ak fason Jewova dirije pèp li a, se plis Wayòm nan ap vin yon reyalite pou ou e se plis w ap vin anvi preche bon nouvèl Wayòm nan. — Jer. 9:24; Lik 4:43.

6. Poukisa li nòmal pou Jewova vle nou aprann lwa ak prensip Wayòm nan e pou nou obeyi yo?

6 Chèche konn lwa Wayòm nan. Gouvènman lèzòm yo vle pou moun y ap dirije yo aprann lwa peyi yo e pou yo obeyi lwa sa yo. Donk, li nòmal pou Jewova vle nou aprann lwa ak prensip k ap dirije tout moun ki sitwayen Wayòm nan e pou nou obeyi yo (Iza. 2:3; Jan 15:10; 1 Jan 5:3). Souvan, lwa lèzòm yo gen fay e yo pa nan avantaj tout moun. Yon lòt bò, “lalwa Senyè a bon sou tout pwen”. (Sòm 19:7.) Èske w pran plezi nan lwa Bondye yo? Èske w li Pawòl li a chak jou (Sòm 1:1, 2)? Sèl fason n ap kapab byen konnen lwa Bondye yo se lè nou etidye yo pèsonèlman. Pa gen okenn moun ki ka fè sa pou nou!

SITWAYEN WAYÒM NAN RENMEN PRENSIP BONDYE YO

7. Sa k fè sitwayen Wayòm nan pa menm jan ak anpil sitwayen nan monn nan?

7 Pou Bondye kontinye konsidere nou kòm sitwayen Wayòm nan, nonsèlman nou bezwen konnen prensip li yo, men, nou bezwen renmen yo tou. Nan chak peyi, gen anpil sitwayen ki di yo dakò ak lwa ak prensip peyi a. Sepandan, lè yo jwenn yon lwa oswa yon prensip ki pa nan avantaj yo e yo panse pa gen okenn moun k ap gade yo, yo pase l anba pye. Souvan, moun sa yo ‘se moun y ap fè plezi’. (Kol. 3:22.) Sitwayen Wayòm nan yo menm, yo pa konsa. Yo pran plezi obeyi lwa Bondye yo menmsi pa gen okenn moun k ap gade yo. Poukisa? Paske yo renmen Moun ki fè lwa y ap suiv yo. — Iza. 33:22; li Lik 10:27.

8, 9. Kòman w ka konnen si w renmen lwa Bondye yo toutbon?

8 Kòman w ka konnen si w renmen lwa Bondye yo toutbon? Egzamine fason w reyaji lè yo ba w konsèy sou yon bagay ou panse se ou menm ki dwe pran pwòp desizyon w sou li, pa egzanp sou fason w abiye. Anvan w te vin sitwayen Wayòm nan, petèt ou te renmen abiye yon fason ki vag oswa ki eksite moun nan domèn seksyèl. Ofiramezi lanmou w gen pou Bondye t ap ogmante, ou te aprann abiye yon fason ki onore l (1 Tim. 2:9, 10; 1 Pyè 3:3, 4). Kounye a, ou kapab santi w abiye yon fason ki modès. Men, ki sa k t ap rive si yon ansyen ta di w fason w abiye a choke kèk pwoklamatè nan kongregasyon an? Ki jan w t ap reyaji? Èske w t ap chèche defann tèt ou? Èske w t ap fache oswa w t ap fè tèt di? Yon bagay ki nesesè pou tout sitwayen Wayòm Bondye a fè se imite Kris (1 Pyè 2:21). Men sa apot Pòl te ekri konsènan Jezi ki te kite yon bèl egzanp pou nou: “Se pou nou chak fè pwochen nou plezi pou byen l e pou nou ankouraje l. Paske, menm Kris la pa t fè tèt li plezi.” ​(Wom. 15:2, 3). Yon kretyen ki gen matirite ap dispoze aji yon fason pou l pa twouble konsyans lòt moun pou ka gen lapè nan kongregasyon an. — Wom. 14:19-21.

9 Annou pale sou de lòt bagay ankò ki gen anpil enpòtans: fason nou konsidere relasyon seksyèl ak fason nou wè maryaj. Moun ki poko sitwayen Wayòm Bondye a kapab panse pa gen anyen ki mal pou gason fè sèks ak gason oswa pou fi fè sèks ak fi, pou moun gade pònografi, pou moun fè adiltè oswa divòse. Sitwayen Wayòm nan pa menm jan ak moun sa yo ki pa panse ak konsekans aksyon yo kapab genyen e ki wè tèt yo sèlman. Gen anpil kretyen ki t ap mennen yon vi imoral, men, kounye a, yo konsidere relasyon seksyèl ak maryaj kòm kado Bondye bay. Yo bay prensip wo nivo Bondye yo anpil valè epi yo dakò ak tout kè yo moun ki kontinye lage kò yo nan imoralite seksyèl pa diy pou yo vin sitwayen Wayòm nan (1 Kor. 6:9-11). Sepandan, yo konnen kè a trèt tou (Jer. 17:9). Se sa k fè yo renmen lè yo ba yo konsèy k ap ede yo kenbe prensip moral Bondye yo ki gen anpil valè.

SITWAYEN WAYÒM NAN RENMEN LÈ YO BA YO AVÈTISMAN

10, 11. Ki bonjan avètisman Wayòm Bondye a bay, e ki sa w panse de avètisman sa yo?

10 Gouvènman lèzòm yo kapab bay avètisman konsènan kèk manje ansanm ak kèk medikaman ki fè moun malad. Nòmalman, se pa tout manje ak tout medikaman ki pa bon. Men, si yon manje oswa yon medikaman fè moun malad, gouvènman an kapab bay bonjan avètisman sou sa, yon fason pou l ka pwoteje sitwayen ki nan peyi a. Se t ap yon neglijans si gouvènman an pa ta fè sa. Menm jan an tou, Wayòm Bondye a bay bonjan avètisman konsènan kèk bagay ki kapab reprezante yon menas pou sitwayen l yo nan domèn moral e ki kapab mete relasyon yo ak Bondye an danje. Pa egzanp, Entènèt vin tounen yon bon mwayen pou moun kominike, pou yo etidye epi pou yo detann yo. Òganizasyon Bondye a sèvi ak Entènèt e l rive fè anpil bon bagay grasa li. Sepandan, gen anpil sit Entènèt ki reprezante yon danje pou nou ni nan domèn moral, ni pou relasyon nou ak Bondye. Sit Entènèt ki gen pònografi sou yo, se yon menas pou sante espirityèl sitwayen Wayòm nan. Depi plizyè dizèn ane, esklav fidèl la ap bay avètisman kont sit sa yo. Se pa ti rekonesan nou rekonesan pou avètisman sa yo ki pwoteje relasyon nou ak Bondye!

11 Nan dènye ane ki pase yo, gen yon lòt kalite sit Entènèt ki vin popilè anpil. Sit sa yo kapab vrèman itil nou si n pran anpil prekosyon nan fason n ap sèvi ak yo. Men, sit sa yo, moun rele rezo sosyal yo, kapab reprezante yon danje pou nou tou. Yo kapab fè yon moun fè move zanmi (1 Kor. 15:33). Kidonk, nou kapab konprann rezon ki fè òganizasyon Bondye a ban nou bonjan avètisman sou fason pou nou sèvi ak sit sa yo. Èske w te li dènye atik esklav fidèl la te pibliye konsènan fason pou nou sèvi ak rezo sosyal yo? Sa pa t ap saj ditou pou n ta sèvi ak sit sa yo san n pa li atik sa yo *! Se t ap kòmsi nou pran yon medikaman ki fò anpil san nou pa li sa k ekri sou bwat la.

12. Sa k fè nou t ap montre nou sòt si n pa ta koute avètisman nou jwenn yo?

12 Si yon moun pa koute avètisman esklav fidèl la bay, towouta, l ap fè tèt li soufri e l ap fè moun li renmen yo soufri tou. Gen kèk moun ki lage kò yo nan gade pònografi oswa ki fè imoralite seksyèl e ki met nan tèt yo Jewova pa wè sa y ap fè. Ala sòt nou t ap sòt pou n ta panse Jewova pa wè move konduit nou yo (Pwo. 15:3; li Ebre 4:13)! Bondye vle ede moun sa yo e l mande reprezantan l yo ki sou tè a fè sa yo kapab pou ede yo (Gal. 6:1). Sepandan, menm jan gouvènman lèzòm yo konn pran sitwayènte yon moun nan men l si moun sa a fè yon move aksyon, se konsa tou, Jewova ap pran sitwayènte yon moun nan men l si moun sa a pa sispann pase prensip li yo anba pye * (1 Kor. 5:11-13). Men, Jewova gen mizèrikòd. Moun ki repanti yo e ki kite move konduit yo te genyen yo kapab vin gen bon relasyon ak Jewova ankò epi retounen vin sitwayen Wayòm nan (2 Kor. 2:5-8). Ala yon bèl privilèj nou genyen pou n sèvi yon Wa ki plen lanmou konsa!

SITWAYEN WAYÒM NAN APRESYE FÒMASYON YO JWENN

13. Kòman sitwayen Wayòm nan montre yo bay fòmasyon anpil enpòtans?

13 Gen anpil gouvènman lèzòm ki travay di pou yo bay sitwayen peyi yo fòmasyon. Yo fè lekòl pou yo ka aprann moun li ak ekri e pou yo ede yo aprann yon metye. Sitwayen Wayòm nan gen rekonesans pou lekòl sa yo, yo fè efò pou yo aprann li ak ekri e pou yo travay pou yo pran swen tèt yo. Sepandan, yo bay fòmasyon yo resevwa antanke sitwayen Wayòm nan plis valè toujou. Pa mwayen kongregasyon kretyen an, Jewova aprann nou li ak ekri. Paran yo jwenn ankourajman pou yo fè lekti pou pitit yo. Chak mwa, esklav fidèl la pibliye yon kantite paj ki gen enfòmasyon ki baze sou Bib la nan Toudegad ak Réveillez-vous! Si w li de paj chak jou nan mwa a, w ap rete ajou ak pwogram fòmasyon Wayòm nan ki gen anpil valè.

14. a) Ki fòmasyon nou resevwa? b) Ki sijesyon yo te bay sou fason pou nou fè adorasyon an fanmi ou te byen kontan itilize?

14 Chak semèn, sitwayen Wayòm nan jwenn fòmasyon nan reyinyon kongregasyon yo. Pa egzanp, sa fè plis pase 60 an depi Lekòl ministè teyokratik ap montre elèv ki nan lekòl sa a ki jan pou yo byen anseye Pawòl Bondye a. Èske w enskri nan lekòl sa a? Pandan dènye ane ki sot pase yo, esklav fidèl la te ankouraje frè ak sè yo pou yo pran yon sware, chak semèn, pou yo fè adorasyon an fanmi. Dispozisyon sa a fè tout moun nan fanmi an vin pi pwòch youn ak lòt. Èske w aplike sijesyon yo bay nan piblikasyon nou yo sou fason pou nou fè adorasyon an fanmi an *?

15. Bay youn nan pi gwo privilèj nou genyen.

15 Nan anpil peyi, gen kèk sitwayen ki konn ap chèche moun pou soutni yon pati politik. Lè konsa, yo konn menm mache kay an kay. Sitwayen Wayòm nan, yo menm, fè tout sa yo kapab pou yo preche kay an kay ak nan lari yon fason pou yo jwenn moun pou soutni Wayòm Bondye a, e yo fè sa sou tout tè a. An reyalite, jan yo te di sa nan atik anvan an, Toudegad se jounal yo plis pibliye sou tout tè a. Objektif li se anonse Wayòm Jewova a. Youn nan pi gwo privilèj nou genyen, se pale ak lòt moun konsènan Wayòm sa a. Èske w patisipe nan travay predikasyon an avèk zèl? — Mat. 28:19, 20.

16. Ki jan w ka montre ou se yon bon sitwayen Wayòm Bondye a?

16 Talè konsa, Wayòm Bondye a pral sèl gouvènman k ap dirije tout tè a nèt. Li pral kontwole tout ti detay nan lavi nou kit se nan domèn espirityèl, kit se nan lòt domèn. Lè sa a, èske w ap yon bon sitwayen Wayòm Bondye a? Se depi kounye a pou w montre sa. Nan tout desizyon w ap pran chak jou, fè tout bagay pou glwa Bondye. Konsa, w ap montre ou se yon moun k ap aji antanke yon bon sitwayen Wayòm nan. — 1 Kor. 10:31.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Pa egzanp, gade Réveillez-vous! jiyè 2011, paj 24-27; out 2011, paj 10-13; ak fevriye 2012, paj 3-9.

^ § 14 Gade Toudegad 15 out 2011, paj 6-7 ak Ministè Wayòm janvye 2011, paj 3-6.

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 14]

Èske w koute avètisman biblik yo bay sou fason pou w sèvi ak Entènèt?

[Foto nan paj 12]

Èske w pran plezi nan vrè adorasyon an ak istwa l menm jan ak pitit gason Kora yo?

[Foto nan paj 15]

Sware adorasyon an fanmi an kapab ede ni ou menm ni moun ou renmen yo vin bon sitwayen Wayòm nan.