Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Mwen avèk nou”

“Mwen avèk nou”

“Anpil moun gen pou yo ale adwat agoch, e vrè konesans lan gen pou l vin anpil.” — DÀN. 12:4, NW.

1, 2. a) Ki jan nou fè konnen Jezi avèk disip li yo jodi a e l ap toujou avèk yo? b) Selon Dànyèl 12:4, ki sa ki t apral rive lefètke gen moun ki t apral pran san yo pou yo etidye Ekriti yo?

IMAJINE ou nan Paradi a. Chak maten, lè w leve, ou santi w byen repoze e w pa ka tann pou w kòmanse jounen an. Ou pa gen okenn doulè e tout maladi w te genyen vole gagè. Tout sans ou yo fonksyone byen: tankou vizyon w, kapasite pou w tande, pou w pran sant, pou w santi yon bagay lè w manyen l ak kapasite pou w pran gou. Ou chaje ak enèji, ou renmen travay w ap fè a, ou gen anpil zanmi e tout tèt chaje kaba. Se benediksyon sa yo nou pral jwenn lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a. Kris Jezi, wa Bondye chwazi a, pral beni moun ki sou tè a e li pral ede yo konnen Jewova.

2 Lè sa a, Jewova pral ansanm ak sèvitè fidèl li yo nan travay ansèyman yo pral gen pou yo fè sou tè a. Pandan tout syèk ki pase yo, Bondye ak Pitit li a toujou avèk moun ki fidèl yo. Anvan Jezi te monte nan syèl la, li te fè disip fidèl li yo konnen li t ap avèk yo. (Li Matye 28:19, 20.) Pou nou kapab gen plis konfyans nan pawòl Jezi yo, nou pral egzamine yon fraz nan yon pwofesi Dànyèl te ekri pandan li te Babilòn, sa gen plis pase 2 500 an. Men sa Dànyèl te di konsènan “tan lafen an”, anpalan de epòk pa nou an: “Anpil moun gen pou yo ale adwat agoch, e vrè konesans lan gen pou l vin anpil.” ​(Dàn. 12:4, NW). Vèb ebre yo mete “ale adwat agoch” pou li a gen sans egzamine avèk anpil atansyon. Se pa ti benediksyon moun t apral jwenn lefètke yo t apral egzamine Pawòl Bondye a avèk anpil atansyon! Benediksyon moun ki t apral egzamine Ekriti yo t apral jwenn nan se vrè konesans lan, sa vle di konesans egzak ki nan Pawòl Bondye a. Pwofesi a fè konnen tou anpil moun t ap aksepte “vrè konesans lan”, konesans lan t ap vin anpil, li t ap gaye tout kote e li t ap fasil pou moun jwenn li. Pandan n ap egzamine pou n wè ki jan pwofesi sa a reyalize, n ap rann nou kont Jezi avèk disip li yo jodi a e Jewova pa gen okenn pwoblèm pou l reyalize tout sa li pwomèt.

YO VIN GEN “VRÈ KONESANS LAN”

3. Ki sa k te rive “vrè konesans lan” apre lanmò apot yo?

3 Apre lanmò apot yo, apostazi yo te anonse ki t ap gen pami vrè kretyen yo te kòmanse devlope e li te vin gaye tankou dife ki pran nan pay chèch (Tra. 20:28-30; 2 Tes. 2:1-3). Pandan plizyè syèk, kit se moun ki pa t konn anyen nan Bib la, kit se moun ki te konsidere tèt yo kòm kretyen, yo youn pa t rive gen “vrè konesans lan”. Byenke chèf relijye nan lakretyente yo te fè konprann yo kwè nan Ekriti yo, se manti yo t ap anseye, “ansèyman demon”, ki dezonore Bondye (1 Tim. 4:1). Moun yo an jeneral te nan fènwa. Pami tout bagay aposta yo t ap anseye, yo t ap anseye Bondye se yon Trinite, nanm nan pa mouri e gen kèk nanm k ap kontinye boule nan lanfè pou toutan.

4. Ki jan yon gwoup kretyen te kòmanse chèche “vrè konesans lan” nan ane 1870 yo?

4 Sepandan, nan ane 1870 yo, anviwon 40 an anvan “dènye jou yo” te kòmanse, gen yon ti gwoup kretyen nan Pennsilvani, Ozetazini, ki te sensè e ki te kòmanse reyini ansanm pou yo etidye Bib la avèk swen nan entansyon pou yo jwenn “vrè konesans lan”. (2 Tim. 3:1.) Yo te rele tèt yo Etidyan Labib. Moun sa yo pa t fè pati moun Jezi te rele “moun save ak moun lespri” Bondye te anpeche jwenn vrè konesans lan (Mat. 11:25). Se te yon seri moun enb ki te vle fè volonte Bondye ak tout kè yo. Yo te konn priye Bondye pou l ede yo, yo te konn pran san yo pou yo li Ekriti yo, pou yo diskite sou yo e pou yo medite. Yo te konn konpare diferan pasaj nan Bib la e yo te konn analize sa lòt moun ki t ap fè rechèch menm jan avèk yo te ekri. Tikras pa tikras, Etidyan Labib yo te vin konprann yon seri verite ki te kache pandan plizyè syèk.

5. Nan ki entansyon yo te vin ak seri feyè ki te rele Ansyen teyoloji a (anglè)?

5 Byenke Etidyan Labib yo te kontan poutèt bagay yo t ap aprann yo, yo pa t kite konesans yo te vin genyen an fè yo vin ògeye, ni yo pa t chèche glwa pou tèt yo kòmkwa yo t ap fè moun konnen kèk swadizan nouvo verite (1 Kor. 8:1). Olye de sa, yo te pibliye yon seri feyè ki te rele Ansyen teyoloji a (anglè). Entansyon yo se te familyarize lektè yo ak verite ki nan Bib la. Premye feyè ki te parèt yo te bay moun ki te enterese yo “plis enfòmasyon pou yo li, sa ki t ap ede yo nan etid y ap fè nan Bib la, yon fason pou yo te ka rejte tout vye tradisyon lèzòm vin ak yo e pou yo te ka byen konprann ansyen teyoloji Seyè a ak apot li yo”. — The Old Theology, N1, avril 1889, paj 32.

6, 7. a) Ki verite nou vin konprann depi ane 1870 yo? b) Ki verite ou kontan dèske w te aprann yo?

6 Se pa ti verite nou dekouvri depi lè Etidyan Labib yo te kòmanse ap fè rechèch nan Bib la sa gen plis pase 100 an *! Verite sa yo se pa bagay ki pa gen okenn sans, oswa bagay pou teyolojyen fè deba sou yo. Okontrè, yo enteresan, yo libere nou, yo bay lavi nou yon sans e yo ban nou lajwa ak esperans. Yo ede nou konnen Jewova, objektif li ak jan l gen lanmou. Yo ede nou pi byen konprann wòl Jezi jwe nan objektif Jewova, rezon ki fè li te pase sou tè a, rezon ki fè li te mouri, e yo ede nou konnen ki sa l ap fè kounye a. Verite sa yo ki gen anpil valè ede nou konprann tou poukisa Bondye pèmèt moun kontinye ap fè enjistis, poukisa nou mouri, fason nou dwe priye ak sa ki ka fè nou jwenn vrè bonè a.

7 Kounye a, nou kapab konprann sans yon seri pwofesi ki te rete “kache” pandan lontan e k ap reyalize jodi a nan tan lafen an (Dàn. 12:9). Nou jwenn pwofesi sa yo nan tout Ekriti yo, sitou nan Evanjil yo ak nan liv Revelasyon an. Jewova menm ede nou vin okouran yon seri evènman nou pa t ka wè ak je nou. Pa egzanp, Jezi te vin wa nan syèl la, gen yon gè ki te fèt nan syèl la, yo te pimpe Satan sou tè a (Rev. 12:7-12). Bondye ede nou konprann tou rezon ki fè nou wè yon seri bagay k ap fèt sou tè a. Pa egzanp, rezon ki fè gen gè, gen tranblemanntè, gen maladi, gen grangou, gen anpil moun ki pa kwè nan Bondye e ki fè epòk nou an “di”, li “difisil pou moun sipòte”. — 2 Tim. 3:1-5; Lik 21:10, 11.

8. Bagay nou wè e nou tande yo, se grasa ki Moun?

8 Li fasil pou nou konprann sa Jezi te di disip li yo: “Byennere moun je yo ap gade bagay n ap gade yo. Paske, m ap di nou sa: Gen anpil pwofèt ak anpil wa ki te anvi wè bagay n ap gade yo, men yo pa t wè yo. Yo te anvi tande bagay n ap tande yo, men yo pa t tande yo.” ​(Lik 10:23, 24). Nou konnen se grasa Jewova nou kapab wè e nou kapab tande bagay sa yo. Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske Bondye ban nou “èd la”, sa vle di lespri sen l, k ap ede nou konprann “laverite nèt”! (Li Jan 16:7, 13.) Se pou nou kontinye bay “vrè konesans lan” anpil valè e se pou nou kontinye ede lòt moun gen konesans sa a!

“ANPIL MOUN” AKSEPTE “VRÈ KONESANS LAN”

9. Nan Toudegad avril 1881 an, ki sa yo te mande Etidyan Labib yo fè?

9 Ann avril 1881, prèske dezan apre premye Toudegad anglè a te parèt, òganizasyon an te fè konnen nan Toudegad l ap chèche 1 000 pwoklamatè. Men sa atik la te di: “Moun ki nan sitiyasyon pou yo bay mwatye nan tan yo oswa plis nan travay Seyè a, nou gen yon sijesyon pou nou [...]: Selon posiblite nou, ale preche nan gwo vil oswa nan ti vil antanke kòlpòtè. Tout kote nou pase, chèche jwenn moun ki kretyen toutbon yo. N ap remake gen anpil nan yo ki chofe pou yo sèvi Bondye men ki pa gen konesans egzak. Fè yo konnen jan Papa nou gen anpil mizèrikòd e fè yo konnen bèl bagay ki nan Pawòl li a.”

10. Ki jan anpil moun te reyaji lè yo te aprann òganizasyon an t ap chèche 1 000 pwoklamatè aplentan?

10 Sa montre Etidyan Labib yo te konprann li enpòtan pou kretyen yo preche bon nouvèl la. Nan Toudegad la, yo te mande 1 000 pwoklamatè aplentan. Sepandan, se sèlman kèk santèn moun ki te konn al nan reyinyon Etidyan Labib yo te konn fè yo. Gen anpil moun, apre yo te fin li yon feyè oswa yon peryodik, ki te rekonèt sa yo te li yo se laverite. Anpil nan moun sa yo te byen reyaji. Pa egzanp, men sa yon mesye ki t ap viv Lonn an 1882, nan peyi Angletè, te ekri apre li te fin li yon peryodik ak yon bwochi Etidyan Labib yo te pibliye: “Tanpri, fè m konnen ki jan pou m preche ak ki sa pou m preche yon fason pou m kapab fè travay Bondye vle nou fè a, piske se yon travay li beni.”

11, 12. a) Menm jan ak kòlpòtè yo, ki objektif nou genyen? b) Ki jan kòlpòtè yo te òganize “klas” yo, sa vle di kongregasyon yo?

11 Nan ane 1885, te gen anviwon 300 Etidyan Labib ki te kòlpòtè. Moun sa yo, ki te nan sèvis aplentan, te gen menm objektif ak nou: fè disip pou Jezi Kris. Sepandan, yo pa t itilize menm metòd ak nou. Jodi a, an jeneral, nou etidye Labib ak yon moun alafwa kote nou bay moun nan enstriksyon. Annapre, nou envite moun nan vin nan kongregasyon an ki deja egziste. Nan epòk sa a, bagay yo pa t konn fèt konsa. Kòlpòtè yo te konn kite liv nan men moun yo epi apre sa yo rasanble tout moun ki enterese pou yo etidye ansanm ak yo an gwoup. Olye yo te etidye ak yon sèl moun, yo te òganize “klas” oswa kongregasyon.

12 Pa egzanp, an 1907, te gen yon gwoup kòlpòtè ki te pase toupatou nan yon vil ap chèche moun ki te deja gen liv L’Aurore du Millénium nan (yo te rele liv sa a Études des Écritures tou). Men sa Toudegad rapòte: “Te gen yon ti reyinyon ki te fèt ak moun ki te enterese yo. Reyinyon sa a te fèt lakay youn nan yo. Kòlpòtè a te pase tout yon jounen dimanch ap pale avèk yo sou yon liv ki rele Le divin Plan des Âges. Dimanch apre a, li te ankouraje yo pou yo reyini ansanm regilyèman.” Nan ane 1911, frè yo te kòmanse itilize yon lòt metòd. Te gen 58 sèvitè espesyal ki te bay diskou toupatou nan peyi Etazini ak Kanada. Frè sa yo te pran non ak adrès moun ki te tande diskou yo e ki te enterese. Yo te fè aranjman pou moun sa yo reyini ansanm nan mezon prive kote yo te òganize nouvo “klas” pou yo. An 1914, Etidyan Labib yo te gentan gen 1 200 kongregasyon sou tout tè a.

13. Ki sa k plis touche w nan fason “vrè konesans lan” gaye jodi a?

13 Jodi a, gen 109 400 kongregasyon sou tout tè a e gen anviwon 895 800 frè ak sè k ap sèvi kòm pyonye. Kounye a, gen anviwon 8 milyon moun ki aksepte “vrè konesans lan” e ki aplike l nan lavi yo. (Li Izayi 60:22.) * Kantite moun sa a enpresyonan, sitou lè nou sonje Jezi te di “tout moun ap rayi” disip li yo poutèt non l. Mete sou sa, li te di yo t ap pèsekite disip li yo, yo t ap mete yo nan prizon e yo t ap menm touye yo (Lik 21:12-17). Malgre Satan ansanm ak demon l yo ak moun sou tè a opoze ak pèp Jewova a, pèp sa a jwenn anpil siksè nan misyon Bondye ba li pou l fè disip la. Jodi a, pèp sa a ap preche “sou tout tè a”, kit se nan forè twopikal, kit se nan zòn ki fè frèt anpil, kit se nan mòn, kit se nan dezè, kit se nan vil oswa nan zòn byen lwen andeyò (Mat. 24:14). Yo pa t ap janm ka fè travay sa a san èd Jewova.

“VRÈ KONESANS LAN” VIN “ANPIL”

14. Kòman piblikasyon nou yo ede moun tout kote jwenn “vrè konesans lan”?

14 Nonsèlman “vrè konesans lan” vin anpil grasa pakèt moun k ap preche bon nouvèl la, men tou, li vin anpil grasa kantite piblikasyon nou enprime yo. An jiyè 1879, se premye fwa Etidyan Labib yo te pibliye peryodik ki nan men w lan. Lè sa a li te rele Le Phare de la Tour de Sion et Messager de la Présence de Christ. Se yon antrepriz komèsyal ki te enprime 6 000 peryodik ann anglè. Lè sa a, Charles Taze Russell te gen 27 an e se li yo te chwazi kòm editè peryodik la. Te gen senk lòt Etidyan Labib ki te gen matirite ki t ap kolabore avè l. Kounye a, yo pibliye Toudegad nan 195 lang. Se peryodik sa a yo plis pibliye sou tè a. Pou chak peryodik, gen 42 182 000 kopi yo distribye. An dezyèm pozisyon, se Réveillez-vous!, peryodik ki mache ak Toudegad la. Pou chak Réveillez-vous! ki parèt, yo distribye 41 042 000 kopi nan 84 lang. Anplis de sa, chak ane, yo enprime anviwon 100 milyon liv ak Bib.

15. Ki kote nou jwenn kòb pou nou enprime piblikasyon nou yo?

15 Kokennchenn travay sa a posib grasa ofrann volontè. (Li Matye 10:8.) Sa enpresyone moun k ap travay nan domèn enprimri yo ki konn ki kantite kòb aparèy yo, papye, lank ak lòt bagay ankò koute. Men sa yon frè ki fè acha pou òganizasyon an te di: “Lè gen biznismann ki vin vizite enprimri nou yo, yo sezi dèske se ofrann volontè ki pèmèt nou gen ekipman sofistike sa yo ki bay bon rannman. Yo sezi tou pou yo wè se yon bann jèn frè ak sè ki gen kè kontan k ap travay nan Betèl la.”

TOUT MOUN SOU TÈ A PRAL KONNEN BONDYE

16. Nan ki objektif Bondye ede moun jwenn “vrè konesans lan”?

16 Gen yon bon rezon ki fè “vrè konesans lan” vin anpil konsa. Volonte Bondye se pou ‘tout kalite moun sove e pou yo gen yon konesans egzak sou laverite’. (1 Tim. 2:3, 4.) Jewova vle pou moun yo vin gen konesans sou laverite yon fason pou yo ka adore l jan l vle a e pou yo ka jwenn benediksyon. Lefètke Jewova ede moun jwenn “vrè konesans lan”, sa pèmèt li rasanble rès kretyen fidèl ki gen esperans pou y al viv nan syèl la. Mete sou sa, l ap rasanble yon “gwo foul” moun ki soti “nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang” ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan. — Rev. 7:9.

17. Lefètke vrè adorasyon an gaye toupatou, ki sa sa montre?

17 Pandan 130 ane ki sot pase yo, vrè adorasyon an gaye toupatou nan monn nan. Sa montre Jewova ak Jezi Kris, wa li chwazi a, avèk sèvitè l yo sou tè a, y ap dirije yo, y ap pwoteje yo, yo òganize yo epi yo ba yo fòmasyon. Lefètke gen plis moun chak jou k ap vin nan vrè adorasyon an, sa fè nou gen konfyans pwomès Jewova fè pou lavni yo ap reyalize. Bib la di: “Tè a pral plen ak konesans Jewova tankou dlo kouvri fon lanmè.” ​(Iza. 11:9, NW). Lè sa a, se pa ti benediksyon lèzòm pral jwenn!

[Nòt anba paj]

^ § 6 W ap jwenn anpil byenfè si w gade DVD ki gen tit: Les Témoins de Jéhovah — La foi en action, 1re partie: La sortie des ténèbres ak Les Témoins de Jéhovah — La foi en action, 2e partie: Que brille la lumière!

^ § 13 Gade liv La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains II, paj 320.

[Kesyon]

[Foto nan paj 6]

Premye Etidyan Labib yo se moun ki te enb e ki te vle fè volonte Bondye ak tout kè yo.

[Foto nan paj 7]

Jewova apresye efò w fè pou pèmèt “vrè konesans lan” gaye toupatou.