Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Veye kò nou ak pyèj Dyab la!

Veye kò nou ak pyèj Dyab la!

‘Retire kò nou nan pyèj Dyab la.’ — 2 TIM. 2:26.

1, 2. Nan atik sa a, ki pyèj Dyab la konn itilize nou pral egzamine?

DYAB la ap pousuiv sèvitè Jewova yo. Prensipal objektif li se pa touye yo jan yon chasè fè sa lè l ap chase. Okontrè, sa k pi enpòtan pou li se pran yo tou vivan pou l ka fè yo fè sa l vle. — Li 2 Timote 2:24-26.

2 Pou yon chasè ka pran yon bèt tou vivan, li ka itilize tout kalite pyèj. Li kapab tann yon pèlen, epi li eseye fè bèt la kouri kite kote l kache a pou l ka pran l pi fasil. Oswa li kapab kache yon pyèj yon kote pou l pran bèt la san bèt la pa atann. Dyab la fè menm jan an pou l pran sèvitè Bondye yo tou vivan. Si nou pa vle pran nan pyèj li yo, nou dwe rete veyatif e nou dwe suiv tout avètisman nou jwenn k ap ede nou idantifye pyèj li yo. Nan atik sa a, nou pral wè sa nou kapab fè pou nou pa tonbe nan twa nan pyèj Satan konn itilize pou l kenbe kèk nan sèvitè Bondye yo. Pyèj sa yo se: 1) pale moun mal, 2) laperèz ak moun k ap fè presyon sou nou, epi 3) lè nou santi nou koupab depase limit. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine de lòt pyèj Satan konn itilize.

PA PALE MOUN MAL

3, 4. Ki sa k ka rive si n pa kontwole lang nou? Bay yon egzanp.

3 Pou yon chasè pran yon bèt ki kache nan yon rak bwa, li kapab mete dife nan yon pati nan rak bwa a pou l fòse bèt la soti kote l kache a pou l ka pran l pandan l ap eseye chape. Nan yon sans senbolik, Dyab la ta renmen met dife nan kongregasyon an. Si l rive fè sa, l ap fè frè ak sè yo kite kongregasyon an, ki pwoteje yo, pou l ka pran yo nan pyèj. San nou pa rann nou kont, ki jan nou kapab kolabore ak Satan epi pran nan pyèj li yo?

4 Disip Jak te konpare lang nan ak dife. (Li Jak 3:6-8.) Si nou pa kontwole lang nou, nou ka met dife nan kongregasyon an. Ki jan sa ka rive? Ann pran yon egzanp: Nan reyinyon kongregasyon an, yo anonse gen yon sè yo nome pyonye pèmanan. Lè reyinyon an fini, gen de sè k ap pale sou anons lan. Gen youn ki montre li kontan e li swete pou nouvo pyonye a reyisi nan sèvis li. Lòt la li menm gen dout sou rezon ki te pouse sè a pran sèvis la e li di se chèche sè a ap chèche fè moun nan kongregasyon an wè l. Kiyès nan de sè sa yo nou ta renmen genyen kòm zanmi? Li pa difisil pou n wè kiyès nan yo ki ta ka met dife nan kongregasyon an ak bouch li.

5. Pou nou evite pale moun mal, ki sa nou dwe fè?

5 Ki sa n ka fè pou n pa pale moun mal? Jezi te di: “Pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l.” ​(Mat. 12:34). Donk, premye bagay pou nou fè se egzamine kè nou. Èske nou fè sa nou kapab pou n kouri dèyè move santiman nou genyen ki ka fè nou tonbe nan pale moun mal? Pa egzanp, lè nou tande yon frè ap fè efò pou l jwenn kèk privilèj nan kongregasyon an, èske otomatikman nou panse li gen bon entansyon oswa nou panse se pozisyon l ap chèche? Si nou gen tandans toujou panse tout moun se enterè pa yo y ap chèche, l ap bon pou n sonje Dyab la tou te gen dout sou rezon ki te pouse Jòb sèvi Bondye fidèlman (Jòb 1:9-11). Olye pou n gen dout sou frè nou yo, l ap bon pou n gade pou n wè pou ki rezon n ap pale yo mal. Èske nou vrèman gen rezon pou sa oubyen èske se kite nou kite lespri monn nan ki gaye nan dènye jou yo anvayi kè nou pou l fè nou pa renmen moun? — 2 Tim. 3:1-4.

6, 7. a) Bay kèk rezon ki ta ka fè n tonbe nan pale moun mal. b) Kòman n ta dwe reyaji si yo joure nou?

6 Ann egzamine kèk lòt rezon ki ka fè n tonbe nan pale moun mal. Youn ladan yo se gendwa paske nou vle moun plis wè sa nou menm nou fè. Nou gendwa ap chèche kraze lòt moun pou moun ka wè se nou ki pi bon. Oswa nou kapab ap chèche eskiz paske nou pa t fè yon bagay nou te dwe fè. Kèlkeswa rezon an, kit se ògèy, kit se anvye nou anvye moun, kit se konfyans nou pa gen nan tèt nou, sa ap gen move konsekans kanmenm.

7 Nou gendwa fè sa tou paske nou santi gen dekwa pou sa. Petèt yon lè moun nan te pale nou mal tou. Si se sa, pale moun nan mal tou se pa solisyon an. Si n ta fè sa, se t ap kòmsi n ap vide gaz sou dife e n ap kolabore ak Dyab la olye n kolabore ak Bondye (2 Tim. 2:26). Li t ap pi bon pou nou imite Jezi. Lè yo te joure l, “li pa t joure tou”. Okontrè, li “te remèt tèt li nan men sila a ki jije avèk jistis la”. (1 Pyè 2:21-23.) Jezi te gen konfyans Jewova t ap ranje bagay yo lè l vle e jan l vle. Se yon konfyans konsa nou dwe genyen nan Bondye. Lè nou di pawòl ki ka ankouraje moun, n ap ede kongregasyon an kenbe “chenn inyon lapè a”. — Li Efezyen 4:1-3.

PINGA NOU PÈ E PINGA NOU PRAN NAN PRESYON

8, 9. Sa k fè Pilat te kondane Jezi?

8 Lè yon bèt pran nan pèlen, li pèdi kontwòl sou libète l te genyen pou l ale kote l vle. Menm jan an tou, yon moun ki pran nan presyon e ki pè pa gen tout kontwòl tèt li. (Li Pwovèb 29:25.) Nou pral egzamine egzanp de moun ki te pran nan presyon e ki te vin pè. Nou pral wè tou ki leson nou kapab aprann nan egzanp moun sa yo.

9 Gouvènè women yo rele Pons Pilat la te konnen Jezi te inosan e sanble gouvènè a pa t vle kondane l. Se sa k fè Pilat te di Jezi pa t fè “anyen ki merite lanmò”. Sepandan, malgre sa, Pilat te aksepte pou yo touye l. Sa k fè sa? Se paske Pilat te pran nan presyon foul la (Lik 23:15, 21-25). Juif yo t ap di byen fò: “Si w lage mesye sa a, ou pa zanmi Seza.” Yo te fè presyon sou Pilat yon fason pou yo te ka jwenn sa yo t ap chèche a (Jan 19:12). Pilat gendwa te pè pou l pa pèdi pozisyon l oswa menm pou l pa pèdi lavi l. Konsa, li te fè volonte Dyab la paske l te pran nan presyon.

10. Sa k fè Pyè te nye Jezi?

10 Apot Pyè se te youn nan bon zanmi Jezi yo. Li te di devan tout moun Jezi se Mesi a (Mat. 16:16). Pyè te rete fidèl lè lòt disip yo pa t fin konprann sans yon pawòl Jezi te di e yo te abandone l (Jan 6:66-69). Pyè te rale epe l pou l defann Jezi lè opozan yo te vin arete Jezi (Jan 18:10, 11). Sepandan, annapre, Pyè te vin pè e li te nye Jezi Kris. Pandan yon ti tan, apot la te gen lakrentif pou lòm e li te vin manke kouraj pou l aji avèk fidelite. — Mat. 26:74, 75.

11. Ak ki move enfliyans nou gendwa oblije ap goumen?

11 Antanke kretyen, nou dwe fè efò pou n pa pran nan presyon moun ap fè sou nou pou n fè sa k pa fè Bondye plezi. Patwon nou ak lòt moun ankò kapab ap eseye fè nou aji yon fason ki pa onèt, oswa yo gendwa ap ban nou presyon pou nou fè imoralite. Li ka difisil pou elèv yo reziste ak presyon kamarad yo ap fè sou yo swa pou yo pran poul nan egzamen, swa pou yo gade pònografi, pou yo fimen, pou yo pran dwòg, pou yo bwè bwason ki gen alkòl oswa pou yo fè imoralite. Donk, ki sa k ap ede nou pou n pa pè e pou n pa pran nan presyon moun ap fè sou nou pou n fè sa k pa fè Jewova plezi?

12. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Pilat ak Pyè?

12 Annou wè ki sa n ka aprann nan egzanp Pilat ak Pyè. Pilat pa t gen anpil konesans sou Jezi, men li te konnen Jezi te inosan e l pa t yon moun konsa konsa. Men, Pilat pa t gen imilite e li pa t renmen vrè Dye a. Se sa k fè li te fasil pou Dyab la kenbe l tou vivan. Pyè li menm te konnen Bondye byen e li te renmen l. Men, pafwa, li pa t konnen limit li, li te konn pè e li te pran nan presyon. Anvan yo te vin arete Jezi, men sa Pyè te di avèk konfyans: “Menmsi tout lòt yo kite w, mwen menm, mwen pap kite w.” ​(Mak 14:29). Apot la t ap pi byen pare pou eprèv ki t ap tann li yo si l te gen konfyans nan Bondye menm jan ak yon salmis ki te di: “Senyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m?” ​(Sòm 118:6). Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a antanke òm, li te antre byen fon nan jaden Jetsemane a ansanm ak Pyè ak de lòt apot. Men, olye Pyè ak konpayon l yo te kontinye veye, yo te kite dòmi pran yo. Jezi te reveye yo e li te di yo: “Mesye, kontinye veye e kontinye priye, yon fason pou nou pa tonbe anba tantasyon.” ​(Mak 14:38). Men, dòmi te pran Pyè ankò. Annapre, li te vin pè e l te pran nan presyon yo t ap fè sou li.

13. Ki jan nou kapab reziste anba presyon moun ap fè sou nou pou n fè sa ki mal?

13 Egzanp Pilat ak Pyè ka aprann nou yon lòt leson enpòtan ankò: Pou yon moun reziste lè y ap fè presyon sou li, nonsèlman li bezwen gen konesans egzak, men tou, li bezwen gen imilite, li bezwen konn limit li, li bezwen gen lanmou ak lakrentif pou Bondye olye l pè moun. Si lafwa nou byen chita sou konesans egzak la, n ap gen kouraj pou nou pataje kwayans nou avèk kran. Sa ap ede nou pou n pa pran nan presyon e pou n pa pè moun. Pa gen dout nan sa, nou pa dwe janm twò kwè nan tèt nou. Okontrè, nou dwe rekonèt avèk imilite nou bezwen Bondye ban nou fòs pou n ka reziste lè moun ap fè presyon sou nou. Nou bezwen priye Jewova pou l ban nou lespri sen l e se lanmou nou gen pou li ki dwe pouse nou defann non l ak prensip li yo. Mete sou sa, pou nou ka reziste lè moun ap fè presyon sou nou, nou bezwen prepare lespri nou alavans. Pa egzanp, lè nou prepare timoun yo alavans e nou priye avèk yo, sa kapab ede yo pa pran nan presyon lòt timoun ap fè sou yo pou yo fè sa ki mal. — 2 Kor. 13:7. *

LÈ YON MOUN SANTI L KOUPAB DEPASE LIMIT

14. Ki sa Dyab la ta renmen nou panse parapò ak erè nou te fè?

14 Pafwa, pou yo pran yon bèt nan pyèj, yo kapab pandye yon gwo bout bwa byen lou oswa yon gwo wòch sou wout bèt la abitye pase. Moun k ap chèche touye bèt la kapab mete yon fil fè sou wout la ki pou deklannche pyèj la. Lè bèt la teke fil fè a san l pa rann li kont, bout bwa a oswa wòch la tonbe sou li e li kraze l plat. Lè yon moun santi l koupab depase limit, li kapab santi se kòmsi li gen yon gwo bout bwa oswa yon gwo wòch sou do l k ap kofre l. Lè nou plede ap reflechi sou yon erè nou te fè, nou kapab santi nou “kraze jis nan dènye limit”. (NW.) (Li Sòm 38:3-5, 8.) Satan ta renmen nou panse Jewova pap janm padone nou pou erè nou e nou pap janm ka rive fè tout sa l mande.

15, 16. Ki sa k ap ede nou pou nou pa santi nou koupab depase limit?

15 Ki jan nou ka evite pran nan pyèj k ap kraze nou an? Si w te fè yon peche ki grav, aji depi kounye a pou w kapab retounen gen bon relasyon ak Jewova. Chèche èd nan men ansyen yo (Jak 5:14-16). Fè tout sa w kapab pou w repare fot la (2 Kor. 7:11). Si w te resevwa yon reprimann, pa kite sa kraze w. Youn nan fason Jewova montre li renmen w toutbon se lè li disipline w (Ebre 12:6). Pran detèminasyon pou w pa fè bagay ou te konn fè ki te lakòz ou tonbe nan peche a. Si w repanti e w sispann pratike peche a, ou mèt gen asirans sou baz sakrifis ranson Jezi a w ap jwenn padon pou peche w te fè a. — 1 Jan 4:9, 14.

16 Gen kèk moun ki kontinye santi yo koupab pou yon peche yo te fè Bondye deja padone yo pou li. Si se ka pa w, sonje Jewova te padone Pyè ak lòt apot yo ki te abandone Jezi, pitit Gason li renmen anpil la, lè l te plis bezwen yo a. Jewova te padone mesye yo te mete deyò nan kongregasyon Korent lan paske li te fè fònikasyon, apre mesye sa a te repanti (1 Kor. 5:1-5; 2 Kor. 2:6-8). Pawòl Bondye a fè nou konnen gen lòt moun toujou ki te fè peche ki grav anpil e ki te jwenn padon nan men Jewova apre yo te repanti. — 2 Kwo. 33:2, 10-13; 1 Kor. 6:9-11.

17. Ki sa ranson an ka fè pou nou?

17 Jewova ap padone nou e l ap bliye tout erè n te fè si nou repanti toutbonvre e si nou aksepte mizèrikòd li. Pinga nou janm panse sakrifis ranson an pa ka kouvri peche nou. Si n ta panse konsa, nou mèt konnen nou pran nan youn nan pyèj Satan yo. Malgre tout sa Dyab la vle fè nou kwè, sakrifis ranson an kapab kouvri peche kèlkeswa moun nan depi l repanti (Pwo. 24:16). Lafwa nan sakrifis ranson an kapab libere w pou l fè w pa santi w koupab depase limit e li kapab ba w fòs pou w sèvi Bondye ak tout kè w, ak tout nanm ou e ak tout lespri w. — Mat. 22:37.

NOU KONNEN ENTANSYON SATAN

18. Ki sa nou kapab fè pou n pa tonbe nan pyèj Dyab la?

18 Satan pa bezwen konnen nan ki pyèj n ap pran, sa k enpòtan pou li se pran nou nan pyèj. Sepandan, lefètke nou konnen entansyon l, nou ka fè atansyon pou n pa tonbe nan pyèj li yo (2 Kor. 2:10, 11). Nou pap tonbe nan pyèj Satan yo si nou priye Bondye pou l ban nou sajès pou n andire anba eprèv yo. Men sa disip Jak te ekri: “Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.” ​(Jak 1:5). Nou bezwen aji ann amoni ak priyè nou yo. N ap kapab fè sa lè nou fè etid pèsonèl regilyèman ak lè nou aplike sa nou aprann nan Pawòl Bondye a. Piblikasyon esklav fidèl ki prevwayan an fè pou l ede nou etidye Bib la montre nou ki jan Dyab la kapab pyeje nou ak sa nou kapab fè pou n pa tonbe nan pyèj li yo.

19, 20. Poukisa nou dwe rayi sa ki mal?

19 Lè nou gen abitid priye e nou gen abitid etidye Bib la, sa fè nou renmen sa ki byen. Men, li enpòtan tou pou n rayi sa ki mal (Sòm 97:10). Lè nou medite sou konsekans aksyon nou ap genyen si nou fè sa lide nou di nou, sa ap ede nou pa aji konsa (Jak 1:14, 15). Lè nou aprann rayi sa ki mal e nou renmen sa ki byen toutbonvre, nou pap vle wè bagay Satan sèvi pou l pran nou nan pyèj yo.

20 Èske nou pa kontan anpil lefètke Jewova ede nou pou nou pa pran nan pyèj Satan yo? Jewova sèvi ak lespri sen l, Pawòl li a ak òganizasyon l lan pou l delivre nou “anba Mechan an”. (Mat. 6:13.) Nan atik ki vin apre a, nou pral wè sa nou kapab fè pou nou pa tonbe nan de lòt pyèj Dyab la itilize pou l kenbe sèvitè Bondye yo tou vivan.

[Nòt anba paj]

^ § 13 Nan liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 2 a, gen yon tablo nan paj 132, 133 ki gen tit “Contre la pression du groupe”. Li t ap bon pou paran yo sèvi ak enfòmasyon sa yo nan sware adorasyon an fanmi an.

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Lè nou pale frè ak sè nou yo mal, nou ka met dife nan kongregasyon an.

[Foto nan paj 24]

Li posib pou w sispann santi w koupab depase limit.