Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pral gen lapè pou mil an e pou tout tan gen tan!

Pral gen lapè pou mil an e pou tout tan gen tan!

“Pou Bondye ka tout bagay pou tout moun.” — 1 KOR. 15:28.

1. Ki bèl esperans “gwo foul” la genyen?

ÈSKE W imajine tout bon bagay yon gouvènman ki gen anpil pouvwa, ki gen yon dirijan ki gen konpasyon alatèt li e ki jis ta kapab fè pou moun l ap dirije yo pandan mil an? Gen anpil bèl evènman k ap tann “gwo foul” moun pèsonn pa ka konte a e ki pral sove nan “gwo tribilasyon an”. Gwo tribilasyon sa a pral met fen nan monn sa a ki mechan. — Rev. 7:9, 14.

2. Ki eksperyans lèzòm fè pandan 6 000 an ki pase yo?

2 Depi 6 000 an, lèzòm nan gwo lapenn, y ap soufri anpil paske yo fè sa lide yo di yo e y ap dirije tèt yo poukont yo. Sa gen lontan depi Bib la di: “Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri.” ​(Ekl. 8:9). Ki sa nou wè jounen jodi a? Nonsèlman gen lagè ak soulèvman, men moun yo ap benyen nan mizè, yo malad, anviwònman an fin detwi, klima a ap chanje, elatriye. Gouvènman yo fè konnen, si moun yo pa fè gwo chanjman nan fason yo wè bagay yo e si yo pa sispann detwi anviwònman an, bagay yo ap fini mal pou nou.

3. Ki sa k pral fèt pandan Rèy mil an Kris la?

3 Lè Jezi Kris, Mesi a, pral dirije kòm wa ansanm ak 144 000  moun yo, tikras pa tikras Wayòm Bondye a pral repare tout bagay mal ki rive lèzòm ak tè a. Grasa Rèy mil an an , gen yon bèl pwomès Jewova Dye fè nou ki pral reyalize. Li te di: “Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pèsonn p’ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p’ap janm vin nan tèt yo ankò.” ​(Eza. (Iza.) 65:17). Gen anpil bèl evènman k ap tann nou! Annou sèvi ak kèk pwofesi ki nan Pawòl Bondye a pou nou egzamine bèl bagay ‘moun poko wè’ yo. — 2 Kor. 4:18.

‘YO PRAL BATI KAY E YO PRAL PLANTE JADEN REZEN’

4. Nan ki kondisyon moun yo ap viv jodi a?

4 Kiyès ki pa ta renmen gen pwòp kay pa l kote li kapab santi l an sekirite e li kapab viv byen ak fanmi l? Malerezman, nan monn n ap viv jodi a, anpil moun gen pwoblèm kay. Moun yo ap viv pil sou pil nan vil ki chaje ak moun. Genyen ki oblije viv nan bidonvil, nan ti kay ki mal konstwi. Moun sa yo toujou ap reve pou yo gen pwòp kay pa yo.

5, 6. a) Ki jan Izayi 65:21 ak Mika 4:4 pral akonpli? b) Kòman nou kapab jwenn benediksyon sa a?

5 Anba dominasyon Wayòm Bondye a, chak moun pral gen kay pa l, paske, men sa pwofèt Izayi te di: “Moun va bati kay pou yo rete. Y’a plante jaden rezen pou yo manje rezen.” ​(Iza. 65:21). Sepandan, se pa sa sèlman yo pral jwenn. Jodi a, gen anpil moun ki gen pwòp kay pa yo, genyen menm k ap viv nan chato oswa sou gwo bitasyon. Sepandan, yo toujou pè pou pwoblèm ekonomik pa fè yo pèdi kay yo oswa pou vòlè pa vin kase kay yo. Bagay yo pap konsa menm anba dominasyon Wayòm nan! Men sa pwofèt Mika te ekri: “Tout moun va viv ak kè poze anba tonnèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pèsonn p’ap chache yo kont.” — Miche (Mika) 4:4.

6 Piske nou gen bèl esperans sa a devan nou, ki sa nou dwe fè? Pa gen dout nan sa, nou chak ta renmen gen yon bon kay pou n rete. Men, olye pou n ap kraze kò nou pou n gen yon bon kay depi kounye a, e pou nou menm fè gwo dèt pou nou rive gen kay sa a, èske li pa t ap pi bon pou nou konsantre nou sou pwomès sa a Jewova fè nou an? Sonje sa Jezi te di: “Rena yo gen twou yo, e zwazo nan syèl la gen kote pou yo jouke, men Pitit lòm nan li menm pa gen kote pou l poze tèt li.” ​(Lik 9:58). Jezi te kapab bati pi bèl kay yon moun ta kapab anvi genyen oswa li te kapab achte l. Poukisa li pa t fè sa? Se paske li pa t kite anyen anpeche l bay Wayòm nan premye plas nan lavi l. Èske nou kapab suiv egzanp Jezi epi kenbe je nou senp, sa vle di pou nou pa vin materyalis e pou nou pa kite enkyetid pote nou ale? — Mat. 6:33, 34.

‘LOU AK MOUTON PRAL MANJE ANSANM’

7. Ki kalite relasyon Jewova te vle lèzòm genyen ak bèt yo okòmansman?

7 Lè Jewova t ap kreye tout bagay sou tè a, li te fè lòm an dènye e se lòm ki gen pi gwo pozisyon. Jewova te fè Ouvriye abil li a, premye pitit Gason l lan, konnen objektif li te genyen. Men sa l te di l: “N’ap fè [lòm] pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. L’a gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a.” ​(Jen. 1:26). Konsa, Jewova te bay Adan ak Èv ansanm ak tout moun ki t ap gen pou yo viv sou tè a pouvwa pou yo domine sou bèt yo.

8. Ki jan bèt yo ye jodi a?

8 Èske li vrèman posib pou lèzòm rive domine sou tout bèt yo e pou yo viv anpè ak yo? Gen anpil moun ki pwòch anpil ak bèt yo gen lakay yo, tankou chen ak chat. Men, e bèt sovaj yo menm? Gen yon rapò ki fè konnen: “Mesye lasyans ki viv toupre bèt sovaj yo e ki fè rechèch sou yo fè konnen tout bèt ki se mamifè yo gen santiman.” Se vre, nou konn wè jan bèt yo konn vin pè oswa yo konn vin fewòs lè yo santi gen yon bagay ki menase yo. Men, èske yo kapab gen tandrès jan kèk moun fè konn sa? Men sa rapò a di ankò: “Se sitou lè mamifè yo ap leve pitit yo yo montre pi bèl kalite yo gen lakay yo a anpalan de kapasite estrawòdinè yo genyen pou yo demontre anpil afeksyon.”

9. Ki chanjman nou kapab atann ki pral fèt nan bèt yo?

9 Donk, nou pa dwe sezi lè Bib la fè konnen moun ak bèt pral viv anpè. (Li Izayi 11:6-9; 65:25.) Sa k fè sa? Sonje pawòl Jewova te di Noye ak fanmi l lè yo te soti nan lach la apre delij la. Li te di yo: ‘Tout zannimo sou latè pral pè nou.’ Lefètke bèt yo pè moun, se yon pwoteksyon pou yo (Jen. 9:2, 3). Èske Jewova pa ta kapab fè bèt yo pa pè nou menm jan an ankò pou objektif li te genyen okòmansman an ka reyalize (Och. 2:18)? Se pa ti kontan moun ki pral viv sou tè a pral kontan lè sa a!

“L AP SIYE TOUT DLO NAN JE YO”

10. Poukisa lèzòm konn kriye?

10 Salomon te wè “tout lenjistis k’ap fèt sou latè” e sa te fè l mal. Men sa li te di: “Dlo ap koule [...] nan je moun y’ap maltrete yo. Pa gen pèsonn pou ede yo.” ​(Ekl. 4:1). Jodi a, bagay yo toujou menm jan an, e petèt yo pi mal. Ki moun ki pa janm gen yon rezon pou dlo koule nan je l? Pafwa kè yon moun kapab tèlman kontan dlo koule nan je l. Sepandan, byen souvan, lè dlo koule nan je yon moun, se paske moun nan nan gwo lapenn.

11. Ki istwa nan Bib la ki plis touche w?

11 Gen anpil istwa nou li nan Bib la ki gen gwo efè sou nou. Lè Sara te mouri a 127 an, Bib la di “Abraram [te] pran lapenn pou lanmò Sara, li [te] plenn sò li”. (Jen. 23:1, 2.) Lè Nawomi t ap di de bèlfi l yo ki te vèv orevwa, “de medam yo [te] pete rele”. Pi devan, Bib la di “yo [te] pran rele pi rèd”. (Rit 1:9, 14.) Lè wa Izkiya te malad e li te prèt pou l mouri, li te priye Jewova e li te “pran kriye kont kriye l”, pa gen dout sa te touche Jewova (2 Wa 20:1-5). Lè yon moun li istwa kote apot Pyè te nye Jezi a, èske sa pa gen efè sou li? Lè Pyè te tande kòk la chante, ‘li te sot deyò e li te kriye ak anpil lapenn’. — Mat. 26:75.

12. Kòman Wayòm nan pral pote soulajman pou lèzòm?

12 Akoz tout malè k ap frape limanite, lèzòm vrèman bezwen rekonfò ak soulajman. Se sa menm Rèy mil an an pral pote pou yo! Bib la di: “[Bondye] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap gen chagren ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” ​(Rev. 21:4). Nonsèlman chagren, rèl ak doulè ki pap la ankò a se yon bèl bagay, mete sou sa, Bondye pral fini ak dènye ènmi lèzòm nan, anpalan de lanmò. Kòman sa pral fèt?

‘TOUT MOUN KI NAN TONM YO AP SOTI’

13. Depi Adan te fin peche, ki efè lanmò gen sou nou?

13 Depi lè Adan te fin peche, lanmò ap domine antanke wa sou tout moun. Li se yon ènmi nou pa ka konbat, yon ènmi nou pa ka chape anba l e ki fè nou soufri anpil (Wom. 5:12, 14). Gen plizyè milyon moun ki “nan esklavaj pandan tout vi yo poutèt yo [...] pè lanmò”. — Ebre 2:15.

14. Lè Bondye elimine lanmò, kòman sa pral ye?

14 Bib la pale de epòk kote Bondye “gen pou l elimine [...] lanmò” ki se “dènye ènmi” an (1 Kor. 15:26). Gen de gwoup moun ki pral jwenn byenfè lè sa a. Moun ki fè pati “gwo foul” la k ap viv kounye a pral gen posiblite pou yo antre nan monn nouvo Bondye pwomèt la e pou yo viv pou toutan. Apre sa, plizyè milyon moun ki mouri pral gen posiblite pou yo resisite. Èske w imajine jan pral gen kè kontan lè moun ki antre nan monn nouvo a pral akeyi moun ki t ap dòmi nan lanmò yo? Lè nou byen egzamine kèk rezirèksyon yo pale de yo nan Bib la, sa ap ban nou yon apèsi sou kòman sa gendwa pral ye. — Li Mak 5:38-42; Lik 7:11-17.

15. Ki jan w gendwa pral reyaji lè yon moun pa w resisite?

15 Fè yon ti reflechi sou de ekspresyon sa yo: yo “pa t posede yo ankò tèlman yo te kontan” e yo te “kòmanse bay Bondye glwa”. Si w te la nan moman rezirèksyon sa yo t ap fèt, petèt ou t ap santi w menm jan an. Pa gen dout kè w pral kontan anpil lè moun pa w ki te mouri yo pral jwenn lavi ankò. Men sa Jezi te di: “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l, e y ap soti.” ​(Jan 5:28, 29). Pa gen youn nan nou ki janm wè yon rezirèksyon. Pami “bagay moun pa wè yo”, se sèten rezirèksyon an pral youn nan pi gwo bagay ki pral fèt.

BONDYE PRAL “TOUT BAGAY POU TOUT MOUN”

16. a) Poukisa nou bezwen mete vi nan sa n ap di lè n ap pale de benediksyon nou poko wè yo? b) Ki sa Pòl te di pou l ankouraje kretyen Korent yo?

16 Vrèmanvre, gen yon bèl avni k ap tann moun k ap sèvi Jewova fidèlman yo nan epòk difisil n ap viv jodi a! Byenke nou poko wè tout gwo benediksyon sa yo, lè nou kenbe yo nan lespri nou, sa ap ede nou konsantre sou bagay ki vrèman enpòtan yo e pou nou pa kite plezi ki gen nan monn nan fè nou distrè. Dayè, plezi sa yo pa la pou lontan (Lik 21:34; 1 Tim. 6:17-19). Se pou nou toujou mete vi nan sa n ap di lè n ap pale de bèl esperans nou genyen an, kit se lè n ap fè adorasyon an fanmi, kit se nan konvèsasyon nou avèk frè ak sè yo, ak etidyan nou yo oswa ak lòt moun. Sa ap ede nou kenbe esperans sa a vivan nan lespri nou ak nan kè nou. Se egzakteman sa apot Pòl te fè lè l te ankouraje kretyen parèy li yo. Nan yon sans, se kòmsi l te mennen yo jis nan fen Rèy mil an Kris la. Eseye imajine tout sa Pòl te vle di lè l te ekri pawòl nou jwenn nan 1 Korentyen 15:24, 25, 28 yo. — Li vèsè yo.

17, 18. a) Nan ki sans Jewova te “tout bagay pou tout moun” nan kòmansman istwa lèzòm? b) Ki sa Jezi pral fè pou l retabli lapè ak tèt ansanm?

17 Lè Pòl te di “pou Bondye ka tout bagay pou tout moun” nan, se pi bon fason li te kapab montre ki jan bagay yo pral ye nan fen mil an. Men, ki sa pawòl sa yo vle di menm? Annou fè yon ti reflechi konsènan epòk kote lèzòm te pafè nan jaden Edenn nan. Lè sa a, Adan ak Èv te fè pati fanmi Jewova a ki t ap viv nan lapè e ki te gen tèt ansanm, e se Jewova, Souvren linivè a, ki t ap dirije tout kreyati l yo, ni zanj, ni moun. Yo te kapab pale ak Jewova dirèkteman, yo te kapab adore l epi jwenn benediksyon nan men l. Jewova te “tout bagay pou tout moun”.

Apre Jezi fin fè tout sa l gen pou l fè antanke Wa, avèk imilite, li pral remèt Papa l Wayòm nan.

18 Lèzòm te vin pèdi bèl relasyon sa a ak Jewova lè Adan ak Èv te kite Satan fè yo rebele kont souvrènte Jewova. Sepandan, depi 1914, Wayòm Mesi a ap travay pou l ka fè lèzòm vin gen tèt ansanm ak lapè ankò (Efe. 1:9, 10). Pandan Rèy mil an an, tout bèl bagay ‘moun poko wè’ ki gen pou fèt yo pral vin yon reyalite. Apre sa, “lafen” an, sa vle di fen Rèy mil an Kris la, ap vini. Ki sa k pral rive lè sa a? Byenke Jezi te resevwa “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a”, li pa yon moun ki gen anbisyon. Kòm li pa gen entansyon pran plas Jewova, avèk imilite, li pral “remèt Bondye li a, ki Papa l, wayòm nan”. Li pral sèvi ak pozisyon san parèy ak otorite li genyen an “pou glwa Bondye”. — Mat. 28:18; Fil. 2:9-11.

19, 20. a) Kòman tout moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm nan pral montre si wi ou non yo aksepte souvrènte Jewova? b) Ki bèl bagay k ap tann nou pi devan?

19 Lè sa a, moun ki pral viv sou tè a anba dominasyon Wayòm nan pral vin pafè. Yo pral suiv egzanp Jezi e avèk imilite yo pral aksepte souvrènte Jewova ak tout kè yo. Yo pral gen posiblite montre sa lè yo rete fidèl nan eprèv final la (Rev. 20:7-10). Apre sa, Bondye pral detwi tout rebèl yo pou toutan, kit se moun, kit se demon. Ala bèl moman sa a pral bèl! Fanmi Jewova a pral fè louwanj pou Jewova ak kè kontan paske li pral “tout bagay pou tout moun”. — Li Sòm 99:1-3.

20 Lè w wè tout bèl bagay Wayòm nan pral fè, èske sa pa ankouraje w kontinye fè efò pou w fè volonte Bondye? Èske w fè tout sa w kapab pou w pa kite fo espwa ak swadizan bagay Satan ofri pou rekonfòte w yo fè w distrè nan sèvis w ap bay Jewova a? Èske w fè efò pou w ranfòse detèminasyon w te pran pou w soutni souvrènte Jewova? Se pou konduit ou montre se sa w vle fè pou toutan. Konsa, w ap gen privilèj pou w jwenn lapè ak pwosperite pou mil an e pou tout tan gen tan!