Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova ap rasanble pèp li a ki gen kè kontan

Jewova ap rasanble pèp li a ki gen kè kontan

“Sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon [...] yo.” — DET. 31:12.

1, 2. Ki sa nou pral wè konsènan kongrè teyokratik yo?

NAN epòk pa nou an, Temwen Jewova yo gen lontan depi y ap fè kongrè entènasyonal ak kongrè distri, e pifò nan nou abitye ak sa. Gen anpil nan nou ki te asiste anpil nan kongrè sa yo ki bay kè kontan e ki petèt te asiste yon bann ak yon pakèt ladan yo pandan plizyè dizèn ane.

2 Sa gen plizyè milye ane depi pèp Bondye a ap fè kongrè, ki se rasanbleman ki sakre. Nou pral pale de kèk rasanbleman yo pale de yo nan Bib la ki sèvi kòm egzanp pou kongrè ki fèt nan epòk nou an, nou pral wè kèk resanblans ant rasanbleman ki te konn fèt nan tan lontan yo ak kongrè ki fèt nan epòk nou an e nou pral pale sou byenfè moun jwenn lè yo asiste kongrè yo. — Sòm 44:1; Wom. 15:4.

KÈK GWO KONGRÈ KI TE FÈT NAN TAN LONTAN AK NAN EPÒK NOU AN

3. a) Ki sa ki te pase pandan premye kongrè pèp Jewova a te fè yo pale de li nan Bib la? b) Ki jan yo te konn fè Izrayelit yo konnen pou yo rasanble?

3 Rasanbleman ki te fèt nan pye mòn Sinayi a se premye gwo rasanbleman Bib la pale de li ki te fèt pou pèp Bondye a jwenn enstriksyon. Vrèmanvre, nan listwa vrè adorasyon an, se te yon kokennchenn evènman. Nan okazyon sa a, yon okazyon se sèten moun ki te la yo pa t janm bliye, Jewova te fè Izrayelit yo wè kokennchenn pouvwa li genyen lè li t ap bay pèp la Lalwa (Egz. 19:2-9, 16-19; li Egzòd 20:18; Detewonòm 4:9, 10). Evènman sa a te jwe yon gwo wòl nan relasyon Bondye t apral genyen ak pèp Izrayèl la annapre. Yon ti tan apre sa, Jewova te bay yon mwayen pou yo rasanble pèp la. Li te bay Moyiz lòd pou l fè de twonpèt ann ajan yo te dwe itilize pou fè “tout moun” konnen pou yo reyini “devan pòt Tant Randevou a”. (Nonb 10:1-4.) Eseye imajine jan tout moun dwe te kontan nan moman sa yo!

4, 5. Poukisa kongrè Moyiz ak Jozye te fè yo te vrèman enpòtan?

4 Nan fen 40yèm ane pèp Izrayèl la te pase nan dezè a, nan yon moman ki te enpòtan anpil pou nouvo nasyon sa a, Moyiz te rasanble tout Izrayelit yo. Yo te prèt pou yo antre nan Latè pwomiz. Se te yon bon moman pou Moyiz te fè frè l yo sonje tout sa Jewova te fè pou yo ak tout sa l t apral fè pou yo. — Det. 29:1-15; 30:15-20; 31:30.

5 Petèt se nan menm kongrè sa a Moyiz te pale ak pèp la konsènan dispozisyon Bondye te pran pou yo rasanble regilyèman pou l ka ba yo enstriksyon. Nan ane saba yo, pandan fèt Joupa a, tout gason, fi, timoun ak tout etranje te dwe rasanble kote Jewova te chwazi a ‘yon fason pou yo te ka tande, pou yo te ka aprann gen lakrentif pou [Jewova] e pou yo kenbe lalwa a epi fè tout sa ki ladan l’. (Li Detewonòm 31:1, 10-12.) Nan moman sa a nan istwa pèp Bondye a, se sèten pèp la te dwe rasanble regilyèman pou l tande Pawòl Jewova ak objektif li. Apre Izrayelit yo te fin pran Latè pwomiz, byenke te gen nasyon payen ki te antoure yo, Jozye te rasanble tout pèp la nan entansyon pou l ede l gen plis detèminasyon pou l kontinye sèvi Jewova avèk fidelite. Kòm rezilta, pèp la te pran angajman pou l sèvi Bondye. — Joz. 23:1, 2; 24:1, 15, 21-24.

6, 7. Poukisa nou kapab di kongrè pèp Jewova a fè jodi a se rasanbleman ki enpòtan?

6 Nan istwa pèp Jewova a nan epòk pa nou an, gen yon seri gwo kongrè ki fèt, kote gen gwo chanjman ki te fèt anrapò ak aktivite kretyen yo oswa anrapò ak fason nou konprann Ekriti yo (Pwo. 4:18). Premye gwo kongrè Etidyan Labib yo te fè apre Premye Gè mondyal la te fèt an 1919 nan Cedar Point, Ohio, Ozetazini. Te gen anviwon 7 000 moun ki te la nan rasanbleman sa a kote yo te lanse yon kanpay predikasyon ki t apral fèt sou tout tè a. An 1922, nan yon kongrè ki te dire 9 jou ki te fèt menm kote a, Joseph F. Rutherford te pale anpil sou aktivite sa a. Men ankourajman li te bay moun yo: “Se pou nou montre nou se vrè temwen Seyè a ki fidèl. Se pou nou pike pou pi devan nan batay la jiskaske tout ti rakwen nan Babilòn tounen yon dezè. Bay mesaj la tout kote. Lemonnantye bezwen konnen se Jewova ki Bondye, se Jezi ki Wa tout wa e ki Seyè tout seyè. Epòk nou an enpòtan anpil. Tande sa, Wa a ap dirije. Se nou menm ki pou fè piblisite pou li. Se sa k fè nou dwe pwoklame, pwoklame, pwoklame Wa a ak Wayòm li an.” Moun ki te la yo, ak tout pèp Bondye a sou tout tè a, te aksepte envitasyon sa a ak tout kè yo.

7 An 1931, nan Colombus, Ohio, Etidyan Labib yo te vrèman kontan aksepte pote non Temwen Jewova a. Apre sa, an 1935, nan Wachinton Disi, frè Rutherford te idantifye “gwo foul moun” yo pale de li nan liv Revelasyon an ki “kanpe devan twòn nan ak devan Timouton an”. (Rev. 7:9-17.) An 1942, pandan Dezyèm Gè mondyal la, Nathan H. Knorr te bay yon bèl diskou ki te gen tit “Èske lapè a ap dire?” Nan diskou sa a, li te idantifye “bèt sovaj wouj vif” liv Revelasyon an pale de li nan chapit 17 la e li te fè konnen travay predikasyon an t ap kontinye apre gè a.

Yon kongrè entènasyonal ki te fèt nan vil Nouyòk an 1950.

8, 9. Poukisa gen kèk kongrè ki te vrèman gen gwo efè sou moun ki te nan asistans lan?

8 An 1946, gen yon kongrè ki te fèt nan Cleveland, Ohio, ki te gen tit “Nasyon yo kontan”. Nan kongrè sa a, frè Knorr te bay yon diskou ki te enpòtan anpil ki te gen tit “Pwoblèm rekonstriksyon ak pwoblèm akwasman”. Men sa yon kongresis te ekri ki montre jan diskou sa a te fè moun yo kontan: “Jou swa sa a, mwen te gen privilèj pou m kanpe dèyè l [frè Knorr] sou lestrad la. Pandan li t ap pale de travay la e li t ap pale de plan yo te genyen pou yo agrandi Betèl Bwouklin nan ak faktori a, tout moun ki te nan oditwa a te bat bravo plizyè fwa. Byenke moun ki te sou lestrad la pa t ka wè figi moun ki te nan oditwa a, li pa t difisil pou yo santi jan moun ki te nan oditwa a te kontan.” Nan yon kongrè entènasyonal ki te fèt nan vil Nouyòk nan ane 1950, moun ki te la yo te kontan lè Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo te parèt ann anglè. Yo te remete non Bondye nan plas li nan pati sa a nan Bib la. — Jer. 16:21.

9 Gen lòt kongrè ki konn fèt kote Jewova rasanble Temwen fidèl li yo apre yo sot anba pèsekisyon oswa anba entèdiksyon ki te vrèman gen gwo efè sou yo. Adolf Hitler te sèmante l ap detwi Temwen Jewova yo ann Almay, men, an 1955, te gen 107 000 Temwen ki te rasanble nan Nuremberg, yon kote sòlda Hitler yo te konn fè parad. Anpil nan moun ki te la yo te pran kriye tèlman yo te kontan! An 1989, te gen twa kongrè ki te fèt Polòy ki te gen tit “Atachman pou Bondye”. Pami 166 518 delege ki te la yo, gen yon pakèt ki te soti Inyon sovyetik, Tchekoslovaki ak nan kèk lòt peyi nan zòn Ewòp delès la. Genyen nan yo se premye fwa yo te asiste yon reyinyon nan mitan pèp Bondye a ki te gen plis pase 15 oswa 20 moun. Imajine jan frè ak sè yo te kontan nan kongrè entènasyonal ki te fèt Kyèv la, ann Ikrèn, an 1993, kote 7 402 moun te batize. Kongrè sa a te gen tit “Ansèyman Bondye”. Depi lè sa a, pa janm gen tout kantite moun sa yo ki batize nan yon sèl jou pou yo vin Temwen Jewova. — Iza. 60:22; Aga. 2:7.

10. Ki kongrè ou te asiste ki te vrèman gen gwo efè sou ou, e poukisa?

10 Petèt gen kèk kongrè distri oswa kongrè entènasyonal ou pa janm bliye. Èske w sonje premye kongrè ou te asiste a oswa petèt kongrè ou te batize ladan l lan? Kongrè sa yo te gen gwo efè sou ou nan domèn espirityèl. Pinga w janm bliye yo! — Sòm 42:4.

RASANBLEMAN KI TE FÈT REGILYÈMAN E KI TE BAY KÈ KONTAN

11. Ki fèt Bondye te mande pou yo selebre regilyèman ann Izrayèl nan tan lontan?

11 Jewova te mande pou Izrayelit yo rasanble Jerizalèm pandan twa fèt nan ane a: fèt Gato san ledven an, fèt Semèn yo (yo te vin rele fèt sa a Pannkòt) ak fèt Joupa a. Men sa Jewova te di konsènan twa fèt sa yo: “Twa fwa chak lanne, tout gason nan pèp la va parèt devan mwen menm Senyè a, Bondye a.” ​(Egz. 23:14-17).Gen anpil chèf fanmi ki te konn al nan fèt sa yo ak tout fanmi yo paske yo te rekonèt fèt sa yo gen anpil enpòtans. — 1 Sam. 1:1-7; Lik 2:41, 42.

12, 13. Ki sa anpil Izrayelit te oblije fè pou yo te kapab la nan fèt ki te konn fèt chak ane yo?

12 Reflechi sou sa sa te vle di pou fanmi ki te konn fè vwayaj sa yo. Pa egzanp, Jozèf ak Mari te konn vwayaje anviwon 100 kilomèt sot Nazarèt pou y al Jerizalèm. Konbyen tan w panse vwayaj sa a te kapab pran avèk timoun piti? Vizit Jezi te fè Jerizalèm lè l te timoun nan montre Izrayelit yo te konn fè vwayaj sa a ak fanmi yo ansanm ak zanmi yo. Sa dwe te yon bèl eksperyans pou yo vwayaje ansanm, pou yo prepare manje ansanm e pou yo dòmi kote yo pa t abitye. Mete sou sa, sanble moun yo te santi yo an sekirite paske paran Jezi yo te ba l ti libète l, byenke li te gen 12 an sèlman. Reflechi tou sou jan sa dwe te gen yon gwo enpak sou moun yo, sitou jèn yo. — Lik 2:44-46.

13 Izrayelit ki pa t ap viv ann Izrayèl yo te konn soti nan divès peyi pou yo tounen lakay yo pou y al nan fèt sa yo. Nan ane 33 epòk nou an, gen Juif ak pwozelit ki te renmen fèt Pannkòt la ki te soti kèk kote tankou Itali, Libi, Krèt, Azi Minè ak Mezopotami pou y al Jerizalèm nan fèt sa a. — Tra. 2:5-11; 20:16.

14. Ki byenfè Izrayelit yo te jwenn lè yo te konn al nan fèt ki te fèt chak ane yo?

14 Sa k te pi enpòtan pou Izrayelit fidèl ki te konn fè vwayaj sa yo, se posiblite yo te genyen pou yo adore Jewova ak tout kè yo ansanm ak plizyè milye moun ki te bay adorasyon Jewova a valè. Ki efè sa te genyen sou moun ki te la yo? Gen yon bagay Jewova te di pèp li a anrapò ak fèt Joupa a k ap ede nou reponn kesyon sa a: “N’a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a. Pandan sèt jou, n’a fè fèt pou Senyè a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Senyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekòt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nèt ale.” — Det. 16:14, 15; li Matye 5:3.

POUKISA NOU DWE APRESYE KONGRÈ YO JODI A?

15, 16. Ki sakrifis ou te oblije fè pou w ka asiste kongrè yo, e poukisa se pa t pou granmesi?

15 Jodi a, se pa ti leson nou aprann nan men moun ki te konn al asiste ansyen rasanbleman sa yo! Byenke gen anpil bagay ki chanje pandan syèk ki pase yo, bagay ki pi enpòtan nan kongrè yo pa chanje. Nan tan biblik yo, moun ki te konn al nan kongrè yo te konn fè sakrifis pou sa. Jodi a, gen anpil moun ki oblije fè sakrifis pou sa tou, e byenfè yo jwenn yo montre se pa pou granmesi. Rasanbleman sa yo te gen enpòtans nan tan lontan e yo toujou gen enpòtans nan epòk pa nou an. Yo pèmèt nou jwenn enstriksyon e yo pèmèt nou konprann yon seri bagay ki enpòtan anpil k ap ede nou kontinye gen bon relasyon ak Bondye. Kongrè yo ankouraje nou aplike sa nou aprann, yo ede nou evite yon seri pwoblèm e yo ede nou konsantre sou bagay k ap ankouraje nou. — Sòm 122:1-4.

Kore disid

16 Moun ki al nan kongrè yo toujou kontan. Men sa yo te di nan yon rapò ki te fèt sou yon gwo kongrè an 1946: “Nou te kontan wè plizyè milye Temwen ki te byen alèz, men kè nou te pi kontan toujou pandan nou t ap koute yon gwo òkès ansanm ak vwa tout moun yo ki t ap fè graden yo vibre ak bèl melodi Wayòm pou glwa Jewova.” Mete sou sa, rapò a te fè konnen: “Sèvis ki te responsab volontè yo te jwenn ase volontè pami delege yo pou tout sèvis yo tèlman delege yo te pran plezi sèvi lòt Temwen parèy yo.” Èske w konn santi w konsa tou nan kongrè distri yo oswa nan kongrè entènasyonal yo? — Sòm 110:3; Iza. 42:10-12.

17. Ki chanjman ki fèt nan fason yo te konn òganize kongrè yo?

17 Gen kèk bagay ki chanje nan fason yo te konn òganize kongrè yo. Pa egzanp, gen kèk moun nan pèp Bondye a ki sonje lè kongrè yo te konn dire 8 jou. Te gen sesyon maten, apre midi ak aswè. Moun yo te konn al preche regilyèman lè sa a tou. Gen kèk patisipasyon ki te konn fèt a 9 è nan maten e souvan gen sesyon ki te konn fini a 9 è nan aswè. Gen volontè ki te konn travay anpil pou yo prepare manje maten, manje midi ak soupe pou moun ki te la yo. Sepandan, jodi a, kongrè yo pa dire tout tan sa a e se chak moun ki prepare pwòp manje pa yo alavans pou yo ka konsantre plis sou pwogram nan.

Mozanbik

18, 19. Ki bagay ou plis apresye nan kongrè yo, e poukisa?

18 Gen kèk bagay ki gen lontan depi y ap parèt nan kongrè yo tout moun toujou ap tann. Se pa sèlman nan diskou yo nou jwenn “manje nan bon moman” ki ede nou pi byen konprann pwofesi yo ak ansèyman biblik yo. Gen piblikasyon ki parèt nan okazyon sa yo tou ki ede nou nan sans sa a (Mat. 24:45). Souvan, piblikasyon sa yo ede moun ki sensè yo apresye verite biblik yo. Gen dram biblik ki ankouraje ni jèn ni granmoun egzamine tèt yo e ki ede nou pa panse menm jan ak moun yo nan monn nan. Diskou batèm nan ban nou okazyon pou nou reflechi sou priyorite nou e sa fè nou kontan lè nou wè lòt moun ki batize apre yo te fin vwe tèt yo bay Jewova.

19 Vrèmanvre, kongrè yo gen lontan depi yo fè pati vrè adorasyon an e yo pèmèt pèp Bondye a ki gen kè kontan kontinye sèvi l nan epòk difisil sa a. Rasanbleman sa yo ankouraje nou nan domèn espirityèl, yo ban nou posiblite pou n fè nouvo zanmi, yo ede nou apresye fanmi entènasyonal nou fòme a, e yo se yon mwayen enpòtan Jewova itilize pou l beni pèp li a e pou l pran swen l. Nou chak ta dwe òganize nou pou nou la nan tout sesyon kongrè yo yon fason pou n ka jwenn benediksyon. — Pwo. 10:22.