Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki mantalite ou demontre?

Ki mantalite ou demontre?

“Mwen swete pou nou resevwa favè san parèy Seyè a, Jezi Kris, pou bon dispozisyon nou montre nou genyen an.” — FLM. 25.

1. Lè apot Pòl t ap ekri kretyen yo, ki sa l te swete pou yo?

LÈ APOT Pòl t ap ekri kretyen yo, li pa t sispann di yo jan li swete pou Bondye ak Kris aksepte mantalite ki gen nan kongregasyon yo. Pa egzanp, nan lèt li te ekri kretyen Galat yo, li te di yo: “Frè m yo, mwen swete pou favè san parèy Jezi Kris, Seyè nou an, ansanm avèk mantalite nou demontre a. Amèn.” ​(Gal. 6:18). Lè apot la te pale de “mantalite nou demontre a”, ki sa l te vle di?

2, 3. a) Lè apot Pòl te pale de “mantalite” nan lèt li te ekri kretyen yo, ki sa l te vle di? b) Ki kesyon nou kapab poze tèt nou anrapò ak mantalite nou demontre a?

2 Lè nou egzamine kontèks apot Pòl te itilize mo “mantalite” a, sa fè nou konprann li t ap pale de fòs ki pouse yon moun di oswa fè yon bagay. Pa egzanp, yon moun kapab janti, li kapab gen konsiderasyon pou moun, gen tanperaman dou, renmen bay oswa renmen padone. Labib pale an byen de moun ki gen “yon lespri ki dou e ki pezib” ak moun ki gen “yon espri kalm”. (1 Pyè 3:4; Pwo. 17:27, NW.) Yon lòt bò, yon moun kapab renmen pase moun nan rizib, li kapab materyalis, renmen fache pou ti krik ti krak oswa se sa lide l di l li fè. Sa k pi rèd la, gen kèk moun ki panse yon fason ki imoral, ki pa renmen obeyi oswa ki menm rebèl.

3 Se sa k fè, lè apot Pòl te di frè yo li “swete pou Seyè a ansanm avèk bon dispozisyon [yo] genyen an”, se ankouraje li t ap ankouraje yo pou yo gen yon mantalite Bondye apwouve, yon mantalite ki menm jan ak pa Kris la (2 Tim. 4:22; li Kolosyen 3:9-12). Jodi a, li bon pou nou mande tèt nou: ‘Ki mantalite mwen demontre? Ki jan m ka vin gen yon pi bon mantalite k ap fè Bondye plezi? Èske m ka travay yon fason pou gen yon pi bèl mantalite nan kongregasyon an?’ Ann pran yon egzanp. Nan yon jaden ki chaje ak flè solèy, se chak flè ki kontribye pou fè tout jaden an bèl. Èske w se youn nan flè sa yo ki kontribye pou fè kongregasyon an bèl? Se sèten, sa mande anpil efò. Kounye a, ann wè ki sa nou kapab fè pou nou vin gen yon mantalite k ap fè Bondye plezi.

EVITE LESPRI MONN NAN

4. Ki sa “lespri monn nan” ye?

4 Labib fè konnen: “Se pa lespri monn nan nou te aksepte, men se lespri ki soti nan Bondye a.” ​(1 Kor. 2:12). Ki sa “lespri monn nan” ye? Se menm lespri yo pale de li nan Efezyen 2:2 a. Men sa vèsè sa a di: “Te gen yon epòk, se nan bagay sa yo nou t ap mache, selon sistèm monn sa a, selon chèf k ap dirije mantalite monn nan ki tankou lè ki toutotou nou, chèf k ap dirije lespri k ap aji kounye a nan moun ki dezobeyisan yo.” Nan vèsè sa a, “lè” apot Pòl pale de li a se lespri monn nan oswa fason moun yo nan monn nan panse ak fason yo wè bagay yo. Menm jan ak lè n ap respire a, lè sa a toutotou nou e nou jwenn li tout kote. Byen souvan, mantalite sa a parèt nan fason anpil moun jodi a aji ki montre yo pa vle okenn moun di yo sa pou yo fè oswa se yo menm ki pou defann dwa yo. Moun sa yo fè pati “moun ki dezobeyisan” ki nan monn Satan an.

5. Ki move mantalite kèk moun ann Izrayèl te demontre?

5 Moun yo gen lontan depi y ap aji konsa. Nan epòk Moyiz la, Kora te leve kont moun ki te gen otorite nan kongregasyon Izrayèl la. Se sitou kont Arawon ak pitit gason l yo, ki te gen privilèj pou yo sèvi antanke prèt, li te leve. Petèt li te wè defo yo oswa l te panse Moyiz gen patipri kòmkwa se fanmi l sèlman li te bay privilèj. Kèlkeswa rezon ki te fè Kora aji konsa a, sa parèt klè li te kòmanse wè bagay yo menm jan ak lèzòm, li te pale moun Jewova te chwazi pou dirije kongregasyon an mal e fason l te pale montre li pa t gen okenn respè pou yo. Men sa l te di: “Kounyeya, mesye, n’al twò lwen tande! [...] Poukisa, nou menm Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou anwo pèp Senyè a konsa?” ​(Nonb 16:3). Menm jan an tou, Datàn ak Abiram t ap plenyen kont Moyiz, yo t ap di Moyiz ‘ap vin pran pòz prens li sou yo nèt ale’. Lè Moyiz te voye rele yo, yo te gonfle lestomak yo e yo te reponn byen di: “Non! Nou p’ap vini.” ​(Nonb 16:12-14). Sa klè, mantalite yo te genyen an pa t fè Jewova plezi. Se sa k fè Jewova te touye tout rebèl yo. — Nonb 16:28-35.

6. Ki jan kèk moun nan premye syèk la te montre yo gen yon vye mantalite, e ki sa petèt ki te lakòz sa?

6 Nan premye syèk la tou, gen kèk moun ki te “meprize moun ki alatèt yo” nan kongregasyon an, yo t ap pale yo mal (Jid 8). Petèt mesye sa yo pa t satisfè ak privilèj yo te genyen yo e yo te eseye soulve lòt moun kont moun Bondye te mete alatèt kongregasyon an ki t ap fè tout sa yo kapab pou yo fè travay Bondye a. — Li 3 Jan 9, 10.

7. Jodi a, ki mantalite nou dwe veye pou n pa genyen nan kongregasyon an?

7 Pa gen dout nan sa, yon mantalite konsa pa gen plas li nan kongregasyon an. Se sa k fè nou dwe fè tout sa n kapab pou nou pa kòmanse aji konsa. Ni ansyen nan epòk Moyiz la, ni ansyen nan epòk apot Jan an pa t pafè. Jodi a tou, ansyen yo pa pafè. Ansyen yo kapab fè erè ki afekte nou pèsonèlman. Si sa rive, li pa t ap bon ditou pou kèlkeswa moun nan kongregasyon an ta aji selon lespri monn nan, pou l ta egzije pou yo fè l jwenn “jistis” oswa pou l ta di “yo dwe pran yon desizyon kont frè sa a”! Jewova gendwa chwazi pase sou kèk ti fot yon moun fè. Èske nou pa ka fè menm jan an? Gen kèk moun nan kongregasyon an ki te fè yon peche grav e ki refize parèt devan yon gwoup ansyen ki fòme yon komite disiplin relijye pou ede yo, paske yo remake ansyen yo gen kèk bagay lakay yo yo konsidere kòm defo. Si yon moun ta aji konsa li t ap sanble ak yon moun ki malad ki pa vle pran medikaman yon doktè preskri l pou ede l paske gen yon bagay li pa renmen nan tanperaman doktè a.

8. Ki pasaj nan Bib la ki kapab kontinye ede nou byen wè moun ki pran latèt nan kongregasyon an?

8 N ap rive evite lespri monn nan si nou sonje Labib pale de Jezi antanke moun ki “gen sèt zetwal nan men dwat li”. “Zetwal” sa yo reprezante ansyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo e nan yon sans tout lòt ansyen ki nan kongregasyon yo. Jezi kapab sèvi ak “zetwal” sa yo ki nan men l lan jan l vle (Rev. 1:16, 20). Donk, antanke Chèf kongregasyon an, Jezi wè tout sa k ap pase nan mitan tout gwoup ansyen yo. Si gen yon ansyen ki vrèman bezwen pou yo disipline l, Moun ki gen “je l [...] tankou yon flanm dife” a ap veye pou sa fèt nan lè li chwazi a ak fason l vle a (Rev. 1:14). Annatandan, ann montre nou gen respè pou moun sa yo Bondye nome pa mwayen lespri sen l, paske Pòl te di: “Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt devan yo, paske yo toujou ap veye sou nanm nou antanke moun ki gen kont pou yo rann, dekwa pou yo fè sa ak kè kontan, pou yo pa fè l nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou.” — Ebre 13:17.

Lè nou medite sou wòl Jezi nan òganizasyon an, ki efè sa ka genyen sou fason nou reyaji lè yo ban nou konsèy?

9. a) Lè yo disipline yon kretyen ki jan l ka montre ki mantalite l genyen? b) Ki pi bon fason pou nou reyaji lè yo reprimande nou?

9 Yon kretyen kapab montre ki mantalite li genyen, lè yo disipline l oswa lè l pèdi privilèj li genyen nan kongregasyon an. Gen yon jèn frè ki te konn jwe jwèt videyo vyolan e ansyen yo te ba l konsèy sou sa avèk ladrès. Malerezman, li pa t suiv konsèy ansyen yo te ba li a e piske li te vin pa ranpli kondisyon Bib la mande pou yon frè sèvi kòm asistan ministeryèl ankò, li te vin pèdi privilèj sa a (Sòm 11:5; 1 Tim. 3:8-10). Apre sa, frè sa a te mache fè anpil moun konnen li pa dakò ak desizyon ansyen yo te pran an, li te ekri biwo filyal la plizyè fwa pou l te ka kritike ansyen yo, e li te menm ap monte tèt lòt moun nan kongregasyon an pou yo fè menm jan an. Li pa t ap bon ditou pou n ta ap chèche kraze lapè ki nan kongregasyon an paske n ap chèche jistifye kèk aksyon nou te fè. Li pi bon lontan pou nou konsidere disiplin nou jwenn kòm yon mwayen ki pèmèt nou wè defo nou pa t menm rann nou kont nou te genyen, epi aksepte disiplin sa a san bri san kont. — Li Lamantasyon 3:28, 29.

10. a) Ki jan Jak 3:16-18 kapab ede nou konnen ki lè yon moun gen yon move mantalite oswa yon bèl mantalite? b) Ki byenfè n ap jwenn lè nou demontre nou gen “sajès ki sot anwo a”?

10 Nan Jak 3:16-18 nou jwenn yon bon konsèy ki kapab ede nou konnen ki lè nou gen yon move mantalite oswa yon bèl mantalite nan kongregasyon an. Men sa vèsè sa yo di: “Kote ki gen jalouzi ak tandans pou moun fè kont, ap gen dezòd ak tout kalite vye bagay. Men, sajès ki sot anwo a se yon sajès toudabò ki pwòp, ansuit ki renmen lapè, ki rezonab, ki dispoze obeyi, ki chaje ak mizèrikòd ak bon fwi, ki pa nan patipri e ki pa ipokrit. Anplis, moun k ap fè lapè yo ap simen semans fwi jistis la nan lapè, e y ap rekòlte fwi li bay.” Pandan n ap aji ann amoni ak “sajès ki sot anwo a”, n ap vin gen yon seri kalite Bondye genyen k ap pèmèt nou gen yon bèl mantalite nan mitan frè nou yo.

DEMONTRE RESPÈ NAN KONGREGASYON AN

11. a) Ki sa n ap evite lè nou toujou gen yon bèl mantalite? b) Ki egzanp David kite pou nou?

11 Nou pa dwe janm bliye Jewova nome ansyen yo pou “pran swen kongregasyon” an (Tra. 20:28; 1 Pyè 5:2). Se sa k fè, li enpòtan anpil pou nou respekte dispozisyon Bondye pran yo kit n ap sèvi kòm ansyen kit nou pap sèvi kòm ansyen. Lè nou gen yon bèl mantalite sa ap ede nou pou nou pa bay privilèj nou genyen yo twòp enpòtans. Lè wa Sayil, yon wa nan peyi Izrayèl, te santi David te vin yon menas pou wayòm li an, li pa t sispann “gade David ak move je”. (1 Sam. 18:9.) Wa Sayil te vin gen yon move mantalite e li te menm vle touye David. Olye pou n ta vin menm jan ak Sayil pou n ap enkyete nou pou privilèj nou genyen, li t ap pi bon pou n aji menm jan ak David. Malgre tout bagay mal David te sibi, li te toujou demontre respè pou moun Bondye te chwazi pou dirije a. — Li 1 Samyèl 26:23.

12. Ki sa k ap pèmèt gen inite nan kongregasyon an?

12 Etandone tout moun pa wè bagay yo menm jan, sa kapab lakòz gen pwoblèm nan kongregasyon an. Sa konn menm rive pami ansyen yo. Gen yon konsèy Bib la bay ki kapab ede nou nan sans sa a. Men sa l di: “Pran devan nan onore youn lòt” epi “pinga nou vin saj nan pwòp je pa nou”. (Wom. 12:10, 16.) Olye pou n ap plede fè konnen nou gen rezon, nou dwe rekonèt, souvan, gen plizyè fason nou kapab rezoud yon pwoblèm. Si nou eseye chèche konnen ki sa lòt moun panse, n ap kapab kontribye pou gen inite nan kongregasyon an. — Fil. 4:5.

13. Ki jan nou ta dwe konsidere opinyon nou yo, e ki egzanp Bib la ban nou nan sans sa a?

13 Èske sa vle di li pa bon pou nou bay opinyon nou si nou santi gen yon bagay nan kongregasyon an ki merite chanje? Non. Nan premye syèk la, te gen yon pwoblèm ki te lakòz anpil diskisyon nan mitan frè yo. Frè “yo te deside pou Pòl ak Banabas ansanm ak kèk moun pami yo monte al kot apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm pou yo regle pwoblèm nan”. (Tra. 15:2.) Se sèten, chak frè yo te gen opinyon pa yo sou sijè a e yo chak te gen pwòp ide pa yo sou fason yo te ka rezoud pwoblèm nan. Sepandan, apre chak frè te fin bay opinyon pa yo e yo te kite lespri sen gide yo pou yo pran yon desizyon, yo pa t plede ensiste sou ide yo te gen nan tèt yo a. Labib fè konnen, apre yo te fin ekri kongregasyon yo pou yo di yo ki desizyon yo te pran, frè ak sè “yo [te] kontan pou ankourajman yo [te] jwenn nan” e yo te “vin pi solid nan lafwa”. (Tra. 15:31; 16:4, 5.) Menm jan an tou jodi a, apre nou fin mete frè ki responsab nan kongregasyon yo okouran konsènan yon pwoblèm, nou dwe kite yo byen reflechi sou fason pou yo rezoud pwoblèm nan.

MONTRE W GEN YON BÈL MANTALITE NAN FASON W BOULE AK LÒT MOUN

14. Ki jan nou kapab montre nou gen yon bèl mantalite?

14 Gen plizyè sitiyasyon ki kapab pèmèt chak moun montre yo gen yon bèl mantalite. N ap kapab fè anpil bon bagay si nou aprann padone lòt moun lè yo fè nou fache. Men sa Pawòl Bondye a di nou: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou nou dwe fè menm jan an.” ​(Kol. 3:13). Ekspresyon “menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen” an montre nou yon moun kapab gen bonjan rezon pou l vin fache kont lòt moun. Sepandan, olye pou n ap fache pou nenpòt ti krik ti krak, sa ki kapab fè n kraze lapè ki gen nan kongregasyon an, ann eseye imite Jewova epi annou padone youn lòt ak tout kè nou toutpandan n ap kontinye travay kòtakòt nan sèvis Jewova a.

15. a) Ki sa nou ka aprann nan men Jòb sou fason pou nou padone? b) Ki jan lapriyè kapab ede nou vin gen yon bèl mantalite?

15 Nou kapab aprann yon leson nan men Jòb sou fason pou nou padone. Twa swadizan zanmi ki te vin rekonfòte l yo te di l anpil pawòl ki te fè l mal. Malgre sa, Jòb te padone yo. Kòman l te fè sa? Bib la fè konnen: ‘Jòb te lapriyè pou twa zanmi l yo.’ ​(Jòb 16:2; 42:10). Lè nou priye pou lòt moun, sa kapab fè nou wè yo yon lòt fason. Lè nou priye pou tout frè ak sè nou yo, sa ap ede nou vin gen menm mantalite ak Kris (Jan 13:34, 35). Nonsèlman nou dwe priye pou frè ak sè nou yo, men tou, nou dwe priye pou Bondye ban nou lespri sen l (Lik 11:13). Lespri sen Bondye ap ede nou devlope yon seri kalite vrè kretyen yo dwe genyen pou yo ka byen boule ak lòt moun. — Li Galat 5:22, 23.

TRAVAY POU N KENBE BÈL MANTALITE KI GEN NAN ÒGANIZASYON BONDYE A

16, 17. Anrapò ak “mantalite nou demontre a”, ki sa w detèmine pou w fè?

16 Se pa ti bon rezilta sa kapab bay si chak moun nan kongregasyon an fikse objektif pou yo kenbe bèl mantalite ki gen nan kongregasyon an! Apre nou fin egzamine atik sa a, nou chak kapab deside pou nou amelyore mantalite nou genyen an yon fason k ap pwofitab pou kongregasyon an. Si nou fè sa, nou pap pè kite Pawòl Bondye a egzamine nou (Ebre 4:12). Pou Pòl te montre jan fason l te konn aji nan kongregasyon yo gen anpil enpòtans pou li, li te di: “Konsyans mwen pa repwoche m anyen. Epoutan, sa pa fè mwen jis pou sa. Moun k ap jije m nan se Jewova.” — 1 Kor. 4:4.

17 Pandan n ap fè efò pou nou aji ann amoni ak sajès ki sot anwo a epi nou pa bay tèt nou ak privilèj nou genyen yo twòp enpòtans, se travay n ap travay pou nou kenbe bèl mantalite ki gen nan kongregasyon an. Lè nou renmen padone e nou chèche sa ki bon lakay lòt moun, n ap rive viv anpè ak kwayan parèy nou yo (Fil. 4:8). Si nou fè tout bagay sa yo, nou mèt gen asirans Jewova ak Jezi ap pran plezi nan “bon dispozisyon nou montre nou genyen an”. — Flm. 25.