Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Met kouraj sou nou pou n fè fas ak pwoblèm yo jodi a

Met kouraj sou nou pou n fè fas ak pwoblèm yo jodi a

“Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.” — SÒM 46:1.

1, 2. Ki pwoblèm anpil moun rankontre, e ki sa sèvitè Bondye yo ta renmen?

N AP viv nan yon epòk kote bagay yo malouk anpil. Gen tranblemanntè, sounami, dife, inondasyon, vòlkan, tònad, siklòn ak ouragan k ap fè ravaj sou tè a. Mete sou sa, anpil moun pè e y ap soufri anpil akoz pwoblèm yo jwenn nan fanmi yo ansanm ak pwòp pwoblèm pa yo. Vrèmanvre, “evènman moun pa prevwa rive [tout moun] nan moman yo pa t atann”. — Ekl. 9:11, NW.

2 Antanke gwoup, sèvitè Bondye yo konn ki jan pou yo byen fè fas ak sitiyasyon sa yo. Aktout sa, nou ta renmen pare pou nou fè fas ak kèlkeswa difikilte nou kapab rankontre pi devan ofiramezi lafen an ap pwoche pi pre. Kòman nou kapab fè fas ak pwoblèm sa yo san nou pa kite yo dekouraje nou? Ki sa ki kapab ede nou gen kouraj pou nou fè fas ak pwoblèm yo jodi a?

APRANN NAN MEN YO

3. Jan sa parèt nan Women 15:4, ki sa k kapab ankouraje nou lè n ap fè fas ak gwo pwoblèm?

3 Jodi a, gen plis moun ki jwenn pwoblèm nan lavi yo, men, se pa premye fwa moun ap jwenn pwoblèm. Annou wè ki sa nou kapab aprann nan men kèk sèvitè Bondye ki t ap viv nan tan lontan ki te fè fas ak pwoblèm yo te rankontre yo avèk kouraj. — Wom. 15:4.

4. Ki difikilte David te rankontre, e ki sa k te ede l?

4 Ann pran egzanp David. Pami tout pwoblèm li t ap rankontre, li te gen pou l fè fas ak yon wa ki te an kòlè, gen ènmi ki t ap atake l, yo te kidnape madanm li yo e pwòp zanmi l te trayi l. Mete sou sa, santiman negatif te anvayi l (1 Sam. 18:8, 9; 30:1-5; 2 Sam. 17:1-3; 24:15, 17; Sòm 38:4-8). Sa Bib la rakonte sou David yo montre byen klè jan l te soufri akoz sitiyasyon difisil sa yo. Sepandan, pwoblèm li yo pa t kraze relasyon l ak Jewova. Avèk anpil lafwa, li te di: “Se Senyè a k’ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?” — Sòm 27:1; li Sòm 27: 5, 10.

5. Ki sa k te ede Abraram ak Sara fè fas ak difikilte yo te jwenn nan lavi a?

5 Abraram ak Sara te prèske fè tout vi yo ap viv anba tant nan yon peyi etranje. Lavi a pa t toujou fasil pou yo. Malgre sa, avèk kouraj, yo te fè fas ak yon gwo grangou e yo te fè fas ak moun ki te fè pati nasyon ozalantou yo ki te reprezante yon danje pou yo (Jen. 12:10; 14:14-16). Ki sa k te ede yo? Pawòl Bondye a fè nou konnen Abraram “t ap tann vil ki gen vrè fondasyon an, yon vil se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l”. (Ebre 11:8-10.) Abraram ak Sara pa t kite monn yo t ap viv la dekouraje yo, men yo te kenbe je yo fikse sou sa ki t ap tann yo pi devan.

6. Ki jan nou kapab imite Jòb?

6 Jòb te rankontre gwo difikilte. Imajine ki jan l te santi l lè tout bagay sanble te vire kont li (Jòb 3:3, 11). Sa k pi rèd la, li pa t fin konprann rezon ki fè tout bagay sa yo te rive l. Malgre sa, li pa t janm bay vag. Li te toujou rete fidèl e l te toujou gen lafwa nan Bondye. (Li Jòb 27:5.) Ala yon bèl egzanp li kite pou nou!

7. Ki pwoblèm Pòl te jwenn pandan l ap sèvi Bondye, e ki sa k te ba l kouraj pou l pa lage?

7 Kounye a ann pran egzanp apot Pòl. Li te fè fas ak ‘danje nan vil, nan dezè ak nan lanmè’. Li te konn ‘grangou, li te konn swaf, fredi te konn bat li, e l konn pa gen rad pou l mete’. Pòl pale tou konsènan ‘yon jou ak yon nuit li te pase nan mitan lanmè’, petèt paske yon fwa bato te fè nofraj avè l (2 Kor. 11:23-27). Malgre tout sa k te rive l yo, gade ki sa l te di yon lè apre l te fin pase toupre lanmò paske l t ap sèvi Bondye: “Sa te rive dekwa pou nou mete konfyans nou nan Bondye, li menm ki fè moun mouri leve, men pou nou pa mete konfyans nou nan pwòp tèt nou. Li te sove nou anba yon gwo danje ki te ka menm mennen nou nan lanmò, e l ap kontinye sove nou.” ​(2 Kor. 1:8-10). Pa gen anpil moun ki pase tout mizè Pòl te pase yo. Sepandan, pafwa, anpil nan nou kapab gen menm santiman ak Pòl e egzanp li kapab ankouraje nou.

PA KITE PWOBLÈM YO DEKOURAJE W

8. Ki efè pwoblèm yo kapab gen sou nou jodi a? Bay yon egzanp.

8 Jodi a, anpil moun santi yo dekouraje akoz katastwòf natirèl, presyon lavi a ap fè sou yo ansanm ak lòt pwoblèm ankò. Menm kretyen yo konn santi yo konsa tou. Lani *, yon sè nan peyi Ostrali ki te jwenn anpil kè kontan nan sèvis aplentan ansanm ak mari l, te fè konnen li te santi l dekouraje nèt lè doktè te fè l konnen li gen kansè nan tete e se kòmsi yon kout zèklè te frape l. Men sa l di: “Tretman m t ap suiv la te fè m malad anpil e m te vin santi m pa vo anyen.” Mete sou sa, li te oblije pran swen mari l ki te fè operasyon nan kolòn vètebral e sa te fè l plis dekouraje. Ki sa w kapab fè si w nan yon sitiyasyon konsa?

9, 10. a) Ki sa nou pa dwe kite Satan fè? b) Ki jan nou kapab fè fas ak reyalite Travay 14:22 pale de li a?

9 Li bon pou nou sonje Satan ta renmen sèvi ak eprèv n ap rankontre yo pou l fè nou pèdi lafwa. Sepandan, nou pa dwe kite l fè nou pèdi jwa nou. Men sa Pwovèb 24:10 (NW) fè konnen: “Èske w montre w dekouraje nan jou detrès? Fòs ou ap piti.” Lè nou medite sou egzanp kèk moun nan Bib la kite pou nou, tankou moun nou sot pale de yo anvan yo, sa ap ede nou gen plis kouraj pou nou fè fas ak pwoblèm n ap rankontre yo.

10 Li bon tou pou nou sonje n ap toujou gen pwoblèm. An reyalite, nou dwe atann n ap jwenn pwoblèm (2 Tim. 3:12). Travay 14:22 fè konnen “nou dwe antre nan wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon”. Olye nou kite pwoblèm nou yo fè nou pèdi jwa nou, poukisa nou pa wè yo pito tankou yon posiblite nou genyen pou nou montre nou gen kouraj grasa lafwa nou nan kapasite Bondye genyen pou l ede nou?

11. Ki sa nou kapab fè pou nou pa kite pwoblèm ki gen nan lavi a fè nou dekouraje?

11 Nou bezwen konsantre nou sou bagay ki pozitif. Pawòl Bondye a di: “Lè kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou.” ​(Pwo. 15:13). Sa gen lontan depi moun k ap fè rechèch nan domèn medikal yo rekonèt lè yon moun malad rete konsantre sou bagay ki pozitif sa ka ede l geri. Gen anpil moun ki malad ki te santi yo soulaje, apre yo te fin ba yo yon plasebo (yon konprime ki pa yon medikaman vre), tou senpleman paske yo te panse sa kapab ede yo. Yon lòt bò, gen anpil moun ki malad ki konn vin santi yo pi mal apre yo fin ba yo yon nosebo (yon konprime ki pa yon medikaman vre) tou senpleman paske yo te di yo konprime sa a ap gen yon move efè sou yo. Lè n ap plede reflechi sou kèk pwoblèm nou pa ka menm rezoud, sa kapab kraze nou pi plis. Jewova pap blofe nou ak okenn swadizan konprime ki pa gen efè vre. Okontrè, menm lè nou nan sitiyasyon difisil, li ban nou bonjan èd grasa ankourajman nou jwenn nan Pawòl li a, grasa sipò nou jwenn nan men frè ak sè yo e li ban nou fòs grasa lespri sen l. Si nou rete konsantre sou bagay sa yo sa ap fè n gen plis kè kontan. Olye w konsantre sou bagay ki negatif, fè tout sa w kapab pou w fè fas ak chak pwoblèm ou jwenn epi konsantre w sou bon bagay ou gen nan lavi w. — Pwo. 17:22.

12, 13. a) Ki sa k te ede kèk sèvitè Bondye fè fas ak katastwòf ki te frape yo? Bay yon egzanp. b) Kòman katastwòf yo konn fè moun yo rann yo kont ki sa ki gen plis enpòtans nan lavi a?

12 Pandan ane ki sot pase yo, gen yon seri gwo katastwòf ki te frape kèk peyi. Gen anpil frè k ap viv nan peyi sa yo ki te montre yo gen anpil kouraj byenke sa pa t fasil pou yo. Nan kòmansman ane 2010 la, gen yon gwo tranblemanntè ansanm ak yon sounami ki te frape peyi Chili. Gen anpil frè ki te pèdi kay yo ak sa yo te posede e gen kèk ladan yo ki te pèdi tout sa yo te genyen pou yo viv. Malgre tout pwoblèm frè yo te rankontre, yo te kontinye kenbe relasyon yo ak Jewova. Men sa Samuel, yon frè kay li te kraze rapyetè, fè konnen: “Malgre bagay yo te rèd anpil, mwen menm ak madanm mwen pa t janm sispann asiste reyinyon e nou pa t janm sispann preche. Mwen ret kwè se abitid sa yo nou te genyen an ki te ede nou pou nou pa t santi nou about.” Samuel ak madanm li ansanm ak plizyè lòt frè pa t konsantre yo sou pwoblèm yo te genyen yo e yo te kontinye sèvi Jewova.

13 An septanm 2009, gen yon gwo lapli ki te inonde plis pase 80 pousan tèritwa yon vil nan peyi Filipin ki rele Maniy. Gen yon mesye ki rich anpil e ki te pèdi anpil byen ki te di: “Inondasyon sa a te lage tout moun nan pwoblèm e l te fè tout moun soufri, kit ou rich kit ou pòv.” Pawòl mesye sa a fè nou sonje konsèy saj Jezi te bay la lè l te di: “Anpile trezò nan syèl la, kote ki pa gen ni mit ni wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè pa ka antre pou yo vòlè.” ​(Mat. 6:20). Lè yon moun konsantre lavi l sou bagay materyèl ki kapab disparèt byen vit, souvan li konn regrèt sa. Li pi saj lontan pou yon moun konsantre lavi l sou relasyon l genyen ak Jewova, yon relasyon ki ka pa janm kraze kèlkeswa sa k rive. — Li Ebre 13:5, 6.

REZON NOU GENYEN POU NOU PA DEKOURAJE

14. Ki rezon nou genyen pou nou pa dekouraje?

14 Jezi te fè konnen t apral gen anpil tètchaje pandan prezans li a, men li te di: “Pinga nou panike.” ​(Lik 21:9). Nou gen tout rezon nou pou nou pa panike paske Jezi se Wa nou e Moun ki kreye linivè a kanpe la avèk nou. Pou Pòl te ankouraje Timote, li te di l: “Bondye pa t fè nou vin gen lachte, men li te fè nou vin gen pisans, lanmou ak bonsans.” — 2 Tim. 1:7.

15. Ki pawòl kèk sèvitè Bondye te di ki montre yo gen yon konfyans total nan li, e esplike ki jan nou ka vin gen menm kouraj ak yo?

15 Gen kèk pawòl sèvitè Bondye yo te di ki montre jan yo te gen yon konfyans total nan Bondye. Pa egzanp, David te di: “Senyè a ap pwoteje m, l’ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan.” ​(Sòm 28:7). Pòl te montre l gen yon konfyans total nan Bondye lè l te di: “Nan tout bagay sa yo, nou ranpòte yon viktwa total grasa sila a ki renmen nou an.” ​(Wom. 8:37). Menm jan an tou, lè jou lanmò Jezi t ap pwoche, li te di disip li yo yon bagay ki montre jan l te gen yon relasyon solid ak Bondye. Men sa l te di: “Mwen pa poukont mwen, paske Papa a ansanm avè m.” ​(Jan 16:32). Ki sa tout pawòl sa yo montre? Yo montre moun ki te di yo a te gen yon konfyans total nan Jewova. Si nou vin gen yon konfyans konsa nan Bondye, n ap kapab gen kouraj pou nou fè fas ak kèlkeswa pwoblèm n ap rankontre jodi a. — Li Sòm 46:1-3.

BYEN PWOFITE TOUT SA JEWOVA BAN NOU POU NOU KONTINYE GEN KOURAJ

16. Poukisa li enpòtan pou nou etidye Pawòl Bondye a?

16 Yon kretyen pa dwe konte sou tèt li pou l jwenn kouraj. Okontrè, li jwenn kouraj lè li aprann konnen Bondye epi li konte sou Bondye. Nou kapab fè sa lè nou etidye Labib, Pawòl li te fè ekri a. Men sa yon sè ki soufri depresyon di pou l esplike sa k te ede l: “Se sitou vèsè nan Bib la ki bay rekonfò yo mwen li pi souvan e m pa janm sispann li yo.” Èske nou suiv konsèy nou jwenn pou nou chwazi yon lè pou nou fè adorasyon an fanmi an regilyèman? Si nou etidye Pawòl Bondye a, sa ap ede nou vin gen menm etadespri ak salmis la ki te di: “Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m’ap kalkile sou li.” — Sòm 119:97.

17. a) Ki sa ki kapab ankouraje nou? b) Esplike kòman yon byografi w te li te ede w.

17 Nou jwenn enfòmasyon tou k ap ede nou gen plis konfyans nan Jewova grasa piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Gen anpil frè ki jwenn ankourajman lè yo li byografi ki parèt nan peryodik yo. Gen yon sè ann Azi, ki gen yon maladi kote yon moman li kontan epi yon lòt moman li tris, ki te vin kontan anpil lè l te li byografi yon frè ki te misyonè ki te gen menm maladi sa a tou. Men sa l te ekri: “Byografi sa a te ede m konprann pwoblèm mwen an e li te ban m espwa.”

Byen pwofite èd Jewova bay yo lè w ap fè fas ak pwoblèm.

18. Poukisa nou pa dwe neglije lapriyè?

18 Lapriyè kapab ede nou nan kèlkeswa sitiyasyon an. Pou apot Pòl te montre jan lapriyè enpòtan, li te di: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon ansanm ak remèsiman. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.” ​(Fil. 4:6, 7). Èske nou byen pwofite dispozisyon sa a Jewova pran pou ede nou jwenn fòs lè n ap fè fas ak pwoblèm? Men sa Alex, yon frè k ap viv nan peyi Grann Bretay e ki gen lontan depi l ap soufri ak yon depresyon, te di: “Sa k ede m kenbe, se lè m pale ak Jewova epi m koute sa l di m nan Pawòl li a.”

19. Ki jan nou ta dwe konsidere reyinyon yo?

19 Reyinyon yo se yon lòt dispozisyon ki enpòtan anpil Jewova pran pou l ede nou. Gen yon salmis ki te di: “Jan mwen anvi wè kay Senyè a sa! M’ap deperi sitèlman m anvi al lakay Senyè a. M’ap chante, m’ap fè fèt pou Bondye vivan an.” ​(Sòm 84:2). Èske se konsa nou santi nou? Lani, sè nou te pale de li pi wo a fè konnen sa enpòtan anpil pou li pou l asiste reyinyon yo. Men sa l di: “Mwen konnen si m vle Jewova ede m fè fas ak pwoblèm yo, mwen dwe la nan reyinyon yo.”

20. Lè nou patisipe nan travay predikasyon an, kòman sa ede nou?

20 Nou jwenn kouraj tou lè nou toujou aktif nan travay predikasyon Wayòm nan (1 Tim. 4:16). Gen yon sè nan peyi Ostrali ki te jwenn anpil pwoblèm nan lavi l ki fè konnen: “Al preche se dènye bagay mwen te gen nan tèt mwen pou m fè, men, lè yon ansyen te envite m pou m al preche avè l, mwen te ale. Jewova dwe te ede m, paske, chak fwa mwen te patisipe nan travay predikasyon an, mwen te santi m kontan anpil.” ​(Pwo. 16:20). Gen anpil frè ak sè ki rann yo kont lè yo ede lòt moun vin gen lafwa nan Jewova, lafwa pa yo vin pi solid. Lè yo aji konsa, yo pa konsantre sou pwoblèm yo genyen yo e yo kontinye fikse je yo sou bagay ki pi enpòtan yo. — Fil. 1:10, 11.

21. Menmsi n ap fè fas ak pwoblèm, ki asirans nou genyen?

21 Jodi a, Jewova ban nou anpil bagay pou ede nou fè fas ak pwoblèm n ap rankontre yo avèk kouraj. Lè nou byen pwofite tout dispozisyon sa yo Jewova pran yo, lè nou medite sou bèl egzanp sèvitè Bondye yo ki te aji avèk kouraj kite pou nou e nou imite yo, nou mèt gen asirans n ap kapab fè fas ak kèlkeswa difikilte n ap rankontre. Se vre nou kapab jwenn anpil pwoblèm tank fen sistèm sa a ap pwoche, men, nou kapab santi nou menm jan ak apot Pòl ki te di: “Yo lage nou atè, men nou pa detwi [...] Nou pap abandone.” ​(2 Kor. 4:9, 16). Grasa èd Jewova, n ap jwenn kouraj pou nou fè fas ak pwoblèm yo jodi a. — Li 2 Korentyen 4:17, 18.

^ § 8 Gen non moun yo chanje.