Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou wi nou vle di wi

Se pou wi nou vle di wi

“Se pou ‘wi’ nou vle di wi, e se pou ‘non’ nou vle di non.” — MAT. 5:37.

1. Ki sa Jezi te di sou kesyon fè sèman an, e poukisa?

NÒMALMAN, vrè kretyen yo pa dwe fè sèman. Yo pa fè sa paske yo vle obeyi kòmandman Jezi te ba yo lè l te di: “Se pou ‘wi’ nou vle di wi.” Jezi te vle di yon moun dwe kenbe pawòl li. Anvan l te bay disip li yo lòd sa a, li te di yo: “Pa sèmante ditou.” Li te di sa pou l te kondane yon seri abitid anpil moun nan epòk la te genyen lè y ap pale. Yo te konn plede fè sèman pou ti krik ti krak san yo pa t janm gen entansyon fè sa yo t ap di yo. Lè yon moun ‘di plis’ pase Wi oswa Non pou l fè moun kwè nan sa l ap di, li kapab montre li pa merite pou yo fè l konfyans menm e li anba enfliyans “Mechan an”. — Li Matye 5:33-37.

2. Esplike poukisa li pa toujou mal pou yon moun fè sèman.

2 Lè Jezi te di pawòl sa yo, èske li te vle di tout sèman pa bon? Non, se pa sa l te vle di. Jan nou te aprann sa nan atik anvan an, Jewova Dye ak Abraram, sèvitè fidèl li a, te fè sèman nan kèk sitiyasyon enpòtan. Mete sou sa, Lwa Bondye a te mande pou moun fè sèman nan kèk sitiyasyon (Egz. 22:10, 11; Nonb 5:21, 22). Konsa, yon kretyen kapab bezwen fè sèman nan tribinal pou l pwouve l ap di laverite. Oubyen, nan kèk okazyon ki vrèman mande sa, yon kretyen gendwa wè li nesesè pou l sèmante pou l fè lòt moun kwè nan sa l ap di oswa pou l ka rezoud yon pwoblèm. Lè gran prèt la te mande Jezi pou l sèmante devan Sanedren an l ap bay laverite, Jezi pa t di li pa bon pou moun fè sèman, men li te annik di laverite (Mat. 26:63, 64). Sepandan, Jezi pa t bezwen sèmante devan pèsonn. Men, pou l te ka pwouve toutbon sa l ap di yo se laverite, souvan, li te konn kòmanse sa l ap di yo konsa: “Anverite m ap di nou sa.” ​(Jan 1:51; 13:16, 20, 21, 38). Annou wè ki lòt bagay ankò nou kapab aprann nan egzanp Jezi, nan egzanp Pòl ak lòt moun ankò ki te kite Wi yo vle di Wi.

JEZI SE PI BÈL EGZANP LAN

Jezi te kenbe pwomès li te fè Papa l la depi lè l te fin batize pou jiskaske l mouri.

3. Ki pwomès Jezi te fè Bondye nan yon priyè, e ki sa Papa l ki nan syèl la te fè?

3 “Gade! Mwen vini [...] pou m fè volonte w, o Bondye.” ​(Ebre 10:7). Se ak bèl pawòl sa yo Jezi te prezante tèt li bay Bondye pou l fè tout sa ki te ekri konsènan Desandans Bondye te pwomèt la, sa ki gen ladan l tou blese Satan t apral ‘blese l nan talon an’. (Jen. 3:15, NW.) Pa gen okenn lòt moun ki te janm ofri tèt li pou l aksepte yon gwo responsablite konsa. Jewova te pale detan nan syèl la pou l montre li gen yon konfyans total nan Pitit gason l lan. Konsa, Jewova pa t mande Jezi sèmante pou Jezi montre l l ap kenbe pawòl li. — Lik 3:21, 22.

4. Jis nan ki pwen Jezi te montre Wi l te vle di Wi?

4 Wi Jezi te vle di Wi piske l te toujou pratike sa l t ap anseye yo. Li pa t kite anyen anpeche l fè travay Papa l te ba l fè a ki se preche bon nouvèl Wayòm Bondye a epi fè tout moun Bondye te rale vin jwenn li yo vin disip li (Jan 6:44). Anpalan de Jezi, Bib la di: “Kèlkeswa kantite pwomès Bondye fè, yo vin tounen Wi grasa li.” ​(2 Kor. 1:20). Pawòl sa yo moun byen konnen nan Bib la montre jis nan ki pwen Jezi te toujou konn di laverite. Pa gen dout nan sa, Jezi se moun ki ban nou pi bèl egzanp nan fason l te kenbe pwomès li te fè Papa l. Kounye a, nou pral pale de yon moun ki te fè tout sa l kapab pou l imite Jezi.

PÒL SE YON MOUN KI TE KENBE PAWÒL LI

5. Ki egzanp apot Pòl kite pou nou?

5 “Ki sa m dwe fè, Mèt?” ​(Tra. 22:10). Pawòl sa yo ki te soti nan fon kè Pòl, tout moun te konnen sou non Sòl, montre li te aksepte misyon Seyè Jezi te ba li a lè l te parèt devan Pòl nan yon vizyon pou l te fè l sispann pèsekite disip li yo. Depi lè sa a, avèk imilite, Sòl te montre li regrèt sa l te konn fè yo, li te vin batize epi li te aksepte misyon san parèy li te jwenn pou l bay temwayaj konsènan Jezi pami nasyon yo. Mete sou sa, li te kontinye pale de Jezi antanke “Mèt” li pou tout rès vi l (Tra. 22:6-16; 2 Kor. 4:5; 2 Tim. 4:8). Pòl pa t menm jan ak moun Jezi te di: “Poukisa menm n ap rele m ‘Seyè! Seyè!’ epi nou pa fè sa m ap di yo?” ​(Lik 6:46). Sa klè, Jezi atann pou tout moun ki aksepte l antanke Mèt kenbe pawòl yo menm jan Pòl te fè sa.

6, 7. a) Poukisa Pòl pa t retounen al vizite kongregasyon Korent lan nan moman li te planifye pou sa a, e poukisa moun ki t ap kritike l yo pa t gen okenn rezon pou yo gen dout sou li? b) Ki jan nou ta dwe konsidere moun Bondye chwazi pou pran latèt nan kongregasyon an?

6 Pòl te gaye mesaj Wayòm nan avèk zèl nan tout Azi minè ak ann Ewòp. Li te fòme plizyè kongregasyon e l te konn retounen vizite yo. Gen yon lè, li te wè li nesesè pou l sèmante pou l te pwouve sa l te ekri yo se laverite (Gal. 1:20). Lè kèk moun nan vil Korent te akize Pòl kòmkwa li se yon moun yo pa ka fè konfyans, men sa Pòl te ekri pou l defann tèt li: “Menm jan nou ka fè Bondye konfyans, se konsa tou, pawòl mwen te di nou yo se pa Wi ki tounen Non.” ​(2 Kor. 1:18). Nan moman Pòl te ekri pawòl sa yo, li te gentan kite Efèz e li t ap travèse Masedwàn pou l al Korent. Nòmalman, li te gen nan tèt li pou l vizite Korent anvan l al Masedwàn (2 Kor. 1:15, 16). Jodi a, siveyan itineran yo konn fè chanjman nan pwogram yo pafwa. Yo pa fè sa pou nenpòt ti bagay, ni yo pa fè sa pou yo satisfè dezi pèsonèl yo, men, yo fè sa sèlman lè sa vrèman nesesè. Nan ka Pòl la, se te pou byen kongregasyon Korent lan ki fè l pa t vizite yo nan moman li te planifye a. Poukisa l te fè sa?

7 Yon lè, pandan Pòl te fin planifye vwayaj li yo, li te resevwa kèk move nouvèl konsènan kongregasyon Korent lan. Li te aprann frè yo te tolere chirepit ak imoralite nan kongregasyon an (1 Kor. 1:11; 5:1). Pòl te bay kretyen sa yo bonjan avètisman nan premye lèt li te ekri yo a yon fason pou l te met lòd nan dezòd. Apre sa, olye l te pran bato sot Efèz pou l al Korent dwat, li te deside bay frè l yo tan pou yo aplike konsèy li te ekri voye ba yo a. Konsa, lè l t ava vizite yo, vizit la t ap pi ankourajan pou yo. Pou Pòl te montre yo chanjman l te fè nan pwogram li an te nan enterè yo, nan dezyèm lèt li te ekri yo a, li te di yo: “Mwen pran Bondye kòm temwen kont pwòp tèt mwen: se pou m ka menaje nou ki fè m poko vin Korent.” ​(2 Kor. 1:23). Nou pa ta dwe janm vin menm jan ak moun ki t ap kritike Pòl yo. Okontrè, annou montre nou gen gwo respè pou moun Bondye chwazi pou pran latèt nan kongregasyon yo. Li bon pou nou imite Pòl menm jan, li menm, li te imite Kris. — 1 Kor. 11:1; Ebre 13:7.

KÈK LÒT BÈL EGZANP

8. Ki egzanp Rebeka kite pou nou?

8 “Wi, mwen vle ale.” ​(Jen. 24:58). Ti pawòl sa yo Rebeka te di pou l reponn manman l ansanm ak frè l la, te fè yo respekte desizyon l te pran pou l te kite kay la menm jou a pou l vwayaje nan yon distans 800 kilomèt ak yon moun li pa t menm konnen pou l te ka vin madanm Izarak, pitit gason Abraram nan (Jen. 24:50-58). Wi Rebeka te vle di Wi, li te kontinye sèvi Bondye fidèlman e l te vin yon bon madanm pou Izarak. Rebeka te viv tankou etranje nan Latè pwomiz, e li te abite anba tant pandan tout rès vi l. Jewova te rekonpanse l poutèt li te fidèl lè l te fè l vin youn nan zansèt Desandans li te pwomèt la, anpalan de Jezi Kris. — Ebre 11:9, 13.

9. Ki fason Rit montre li te kenbe Pawòl li?

9 “Non! Nou prale avè ou nan peyi ou.” ​(Rit 1:10). Se pawòl sa yo Rit ak Òpa, de vèv ki te moun Mowab, pa t sispann di Nawomi, bèlmè yo ki te vèv, lè l t ap kite Mowab pou l retounen Betleyèm. Piske Nawomi pa t sispann di yo pou yo retounen, finalman, Òpa te retounen nan peyi l. Rit, li menm, te di Non e l te kanpe dèyè sa l te di a. (Li Rit 1:16, 17.) Li te toujou la avèk Nawomi, li te kite fanmi l ansanm ak fo relijyon yo te konn pratike nan peyi Mowab la nèt. Li te adore Jewova fidèlman pandan tout rès vi l e Jewova te rekonpanse l lè l te fè l vin youn nan senk medam Matye site non yo pami moun ki fè pati zansèt Kris yo. — Mat. 1:1, 3, 5, 6, 16.

10. Sa k fè Izayi se yon bon egzanp pou nou?

10 “Men mwen. Voye m!” ​(Eza. 6:8). Anvan Izayi te di pawòl sa yo, li te fè yon vizyon kote l te wè Jewova nan glwa l ki chita sou twòn li jis anlè sou tèt tanp Izrayèl la. Pandan Izayi te pèdi nan sa l t ap gade a, li te tande vwa Jewova ki t ap mande: “Kiyès m ap voye e kiyès ki prale pou nou?” Se te yon envitasyon Jewova te fè pou yon moun te ka vin pòtpawòl li e pou l te fè pèp li a ki te gen kou rèd tande mesaj li a. Izayi te kenbe pawòl li, Wi l te vle di Wi. Li te sèvi Jewova fidèlman antanke pwofèt pandan plis pase 46 an. Li te denonse move bagay moun yo t ap fè ak tout fòs li, e li te anonse yon seri bèl pwomès konsènan retablisman vrè adorasyon an.

11. a) Poukisa li vrèman enpòtan pou nou kenbe pawòl nou? b) Ki leson nou kapab aprann nan men kèk moun ki pa t kenbe pawòl yo?

11 Poukisa Jewova te fè mete egzanp sa yo nan Pawòl li a pou nou? E poukisa sa enpòtan pou Wi nou vle di Wi? Bib la fè nou konnen yon moun ki “pa respekte angajman [l] pran” fè pati moun ki “merite lanmò” yo (Wom. 1:31, 32). Farawon, wa Ejip la, Sidkiya, yon wa nan peyi Jida, ansanm ak Anànyas ak Safira fè pati moun Bib la pale de yo kòm moun ki te bay move egzanp, sa vle di Wi yo pa t vle di Wi. Yo te peye sa chè e sa ta dwe sèvi nou avètisman. — Egz. 9:27, 28, 34, 35; Eze. 17:13-15, 19, 20; Tra. 5:1-10.

12. Ki sa k ap ede nou kenbe pawòl nou?

12 Etandone n ap viv “nan dènye jou yo”, nou antoure ak moun ki ‘pa fidèl’, moun ki “parèt gen atachman pou Bondye, men [k] ap aji yon fason ki kontrè ak fòs atachman sa a”. (2 Tim. 3:1-5.) Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou evite move frekantasyon. Nou ta dwe toujou pran kontak ak moun ki toujou ap fè efò pou Wi yo vle di Wi. — Ebre 10:24, 25.

WI KI PI ENPÒTAN AN

13. Ki Wi ki pi enpòtan disip Jezi Kris yo di?

13 Lè yon moun vwe lavi l bay Bondye, se pwomès ki pi enpòtan li fè nan lavi l. Moun ki vle nye tèt yo pou yo vin disip Jezi gen posiblite pou yo di Wi nan twa okazyon (Mat. 16:24). Lè de ansyen ap pale ak yon moun ki ta renmen vin yon pwoklamatè, yo mande l: “Èske w vle vin Temwen Jewova toutbonvre?” Annapre, lè moun nan fè plis pwogrè e li vle batize, lè ansyen yo reyini avè l, yo mande l: “Èske w te fè yon priyè kote w te vwe tèt ou pèsonèlman bay Jewova?” Mete sou sa, nan jou batèm nan, yo poze kandida batèm yo kesyon sa a: “Sou baz sakrifis Jezi Kris la, èske w repanti pou peche w, e èske w vwe tèt ou bay Jewova pou w fè volonte l?” Konsa, devan plizyè temwen, kandida batèm yo di Wi y ap kenbe pwomès yo fè pou yo sèvi Bondye pou tout rès vi yo.

Èske w respekte Wi w te di ki gen plis enpòtans lan?

14. Ki kesyon nou dwe poze tèt nou detanzantan?

14 Kit nou fèk batize, kit n ap sèvi Bondye depi plizyè dizèn ane, nou bezwen egzamine tèt nou detanzantan epi nou bezwen poze tèt nou kèk kesyon tankou: ‘Antanke moun k ap imite Jezi Kris, èske m kontinye respekte Wi m te di ki pi enpòtan an? Èske m kontinye obeyi Jezi lè m bay travay predikasyon an ak travay fè disip la premye plas nan lavi m?’ — Li 2 Korentyen 13:5.

15. Nan ki domèn nan lavi a li enpòtan pou Wi nou vle di Wi?

15 Pou nou respekte ve nou te fè a, nou dwe montre nou fidèl nan kèk lòt domèn ki enpòtan. Pa egzanp: Èske w se yon moun ki marye? Nan ka sa a, kontinye respekte pwomès ki gen anpil valè ou te fè pou w renmen moun ou marye avè l la epi chouchoute l. Èske w te siyen yon kontra pou w fè biznis ak yon moun oswa èske w te ranpli yon fòmilè pou kèk privilèj teyokratik? Nan ka sa a, kenbe angajman w te pran an. Èske w te aksepte yon envitasyon pou w al manje lakay yon moun ki pa gen gwo mwayen? Si w te fè sa, ou pa dwe anile envitasyon sa a pou yon lòt envitasyon ou panse ki pi enteresan. Èske w te pwomèt yon moun ou rankontre nan travay predikasyon kay an kay la w ap tounen vizite l pou w ede l aprann konnen Bondye pi byen? Si Wi w vle di Wi nan tout domèn sa yo, Jewova ap beni ministè w. — Li Lik 16:10.

NOU JWENN BYENFÈ GRASA GRAN PRÈT NOU AN KI WA ANMENMTAN

16. Ki sa n dwe fè si nou ta rann nou kont nou pa t kenbe pawòl nou?

16 Bib la fè konnen, antanke moun ki enpafè, “nou tout nou bite tanzantan”, sitou nan fason nou sèvi ak lang nou (Jak 3:2). Ki sa n ta dwe fè si nou ta rann nou kont nou pa t kenbe pawòl nou? Nan Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la, te gen yon dispozisyon ki te pran pou yon moun jwenn padon apre l fin peche paske l te “kite bouch li mennen l”. (Lev. 5:4-7, 11.) Gen yon dispozisyon Bondye pran pou kretyen ki nan sitiyasyon sa a tou ki montre jan L gen lanmou. Si nou fè Jewova konnen egzakteman peche nou te fè a, l ap fè nou mizèrikòd e l ap padone nou sou baz sakrifis Gran Prèt nou an, Jezi Kris (1 Jan 2:1, 2). Sepandan, pou nou kontinye jwenn favè Bondye, nou bezwen pwodui fwi ki montre nou repanti toutbon. N ap fè sa lè nou pa pratike peche sa yo ankò e lè nou fè tout sa nou kapab pou nou repare kèlkeswa dega nou te lakòz paske nou te pale san reflechi (Pwo. 6:2, 3). Nòmalman, li pi bon lontan pou nou byen reflechi anvan nou fè pwomès nou konnen nou pap ka kenbe. — Li Eklezyas 5:2.

17, 18. Ki bèl avni k ap tann tout moun k ap fè tout sa yo kapab pou Wi yo vle di Wi?

17 Ala yon bèl avni k ap tann tout adoratè Jewova yo ki kontinye fè efò pou Wi yo vle di Wi! 144 000 moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo pral resevwa imòtalite nan syèl la, kote “yo pral dirije antanke wa avèk Kris [nan Wayòm li an] pandan 1 000 an”. (Rev. 20:6.) Gen plizyè milyon lòt moun ki pral jwenn benediksyon grasa Wayòm Kris la, Wayòm ki pral dirije tè a e k ap fè l tounen yon paradi. Lè sa a, yo pral jwenn èd pou yo vin pafè nèt. — Rev. 21:3-5.

18 Si nou rete fidèl anba eprèv final nou pral jwenn nan fen Rèy mil an Jezi a, nou pap gen rezon pou n doute ankò lè yon moun di nou yon bagay (Rev. 20:7-10). Tout Wi pral vle di Wi e tout Non pral vle di Non. Lè sa a, tout moun pral imite Jewova, Papa nou ki nan syèl la e ki renmen nou an, kòmsadwa. Se li menm ki “Bondye ki kenbe pawòl li” a! — Sòm 31:5.