Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kontinye aji tankou “moun ki depasaj”

Annou kontinye aji tankou “moun ki depasaj”

“M ap mande nou, antanke etranje e antanke moun ki depasaj, pou nou kontinye evite dezi lachè yo.” — 1 PYÈ 2:11.

1, 2. Ak kiyès Pyè t ap pale lè l te itilize ekspresyon “moun Bondye chwazi” a, e poukisa li rele yo “moun ki depasaj”?

ANVIWON 30 an apre Jezi te fin monte nan syèl, apot Pyè te ekri yon lèt voye bay “moun ki depasaj yo, ki gaye nan Pon, nan Galasi, nan Kapadòs, ann Azi ak nan Bitini, wi, moun Bondye chwazi” yo (1 Pyè 1:1). Lefètke Pyè te itilize ekspresyon “moun Bondye chwazi” a, sa montre byen klè li t ap pale konsènan moun Bondye te chwazi pou al nan syèl, menm jan avè l yo, pa mwayen lespri sen l e ki te “fèt yon lòt fwa ankò pou [yo] vin gen yon esperans ki vivan”, yon fason pou yo ka al dirije avèk Kris nan syèl la. (Li 1 Pyè 1:3, 4.) Men, pou ki rezon Pyè te rele moun sa yo “etranje” ak “moun ki depasaj” annapre (1 Pyè 2:11)? Ki sans pawòl sa yo genyen pou nou menm k ap viv jodi a, alòske se sèlman anviwon yon moun sou chak 650 Temwen ki aktif nan travay predikasyon an, ki fè konnen Bondye chwazi l pou l al nan syèl?

2 Nan premye syèk la, li te apwopriye pou yo te rele kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo “moun ki depasaj”. Kretyen sa yo pa t ret sou tè a pou toutan e se ap menm bagay la pou rès moun ki fè pati gwoup sa a. Apot Pòl, youn nan moun ki fè pati “ti twoupo” a, te di: “Sitwayènte pa nou se nan syèl li ye. N ap tann yon sovè avèk enpasyans, se Seyè a, Jezi Kris, ki nan syèl la.” ​(Lik 12:32; Fil. 3:20). Etandone “sitwayènte pa [yo] se nan syèl li ye”, lè yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl mouri, li kite tè a pou l al jwenn yon bagay ki pi bon lontan, sa vle lavi imòtèl nan syèl la. (Li Filipyen 1:21-23.) Se sa k fè, moun sa yo se “moun ki depasaj” toutbonvre nan monn sa a ki anba kontwòl Satan.

3. Ki kesyon nou dwe poze konsènan “lòt mouton” yo?

3 Men, e moun ki fè pati “lòt mouton” yo (Jan 10:16)? Èske, dapre Ekriti yo, moun sa yo gen bonjan esperans pou yo viv pou toutan sou tè a? Pa gen dout nan sa, yo pral viv pou toutan sou tè a! Sepandan, nan yon sans, yo menm tou yo kapab konsidere tèt yo tankou moun ki depasaj nan sistèm sa a ki la kounye a. Sa k fè sa?

“TOUT KREYASYON AN KONTINYE AP PLENN ANSANM”

4. Ki sa dirijan nan monn nan pa ka anpeche?

4 Toutotan sistèm mechan Satan an kontinye egziste, tout moun, san wete kretyen yo, ap kontinye soufri akoz rebelyon Satan te fè kont Jewova a. Men sa nou li nan Women 8:22: “Nou konnen tout kreyasyon an kontinye ap plenn ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm jiska prezan.” Dirijan nan monn nan, syantifik yo ak moun k ap fè zèv imanitè yo, byenke yo sensè, pa ka fè anyen pou anpeche moun soufri.

5. Depi 1914, ki sa plizyè milyon moun fè, e poukisa?

5 Depi 1914, gen plizyè milyon moun ki chwazi kite Kris Jezi, Wa Bondye chwazi a, dirije yo. Yo pa gen okenn anvi pou yo fè pati sistèm Satan an e yo refize soutni monn sa a Satan ap dirije a. Olye de sa, yo itilize lavi yo ak sa yo posede pou yo fè enterè Wayòm Bondye a avanse. — Wom. 14:7, 8.

6. Nan ki sans Temwen Jewova yo se etranje?

6 Se vre, Temwen Jewova yo se sitwayen ki obeyi lalwa nan plis pase 200 peyi, men, yo tout konsidere tèt yo tankou etranje kèlkeswa kote y ap viv. Yo pa mele ditou nan zafè politik ak lòt pwoblèm ki gen nan sosyete y ap viv la. Depi kounye a, yo konsidere tèt yo tankou sitwayen monn nouvo Bondye pwomèt la. Yo kontan wè jan jou y ap fè antanke moun ki depasaj nan monn enpafè sa a ap pase byen vit pou yo rive nan bout yo.

Nou pap travay pou n sove monn Satan an. N ap soutni monn nouvo Bondye a.

7. Ki lè sèvitè Bondye yo pral viv pou toutan, e ki kote?

7 Talè konsa, Kris pral sèvi ak pouvwa li genyen an pou l detwi sistèm mechan Satan an. Apre sa, gouvènman Kris la, yon gouvènman ki pafè, pral debarase tè a nèt anba peche ak soufrans. Li pral detwi tout moun ki rebele kont dwa Jewova genyen antanke Souvren, kit se sa nou ka wè kit se sa nou pa ka wè. Sèvitè Bondye ki fidèl yo pral gen posiblite pou yo viv pou toutan nan Paradi ki pral gen sou tè a. (Li Revelasyon 21:1-5.) Lè sa a, tout kreyasyon an nèt “pral libere anba esklavaj yon kò k ap depafini e li pral gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. — Wom. 8:21.

KI SA BONDYE ATANN NAN MEN VRÈ KRETYEN YO?

8, 9. Esplike ki sa Pyè te vle di lè l te pale konsènan “evite dezi lachè” a.

8 Apot Pyè te esplike ki sa Bondye atann nan men kretyen yo lè l te di: “Byenneme, m ap mande nou, antanke etranje e antanke moun ki depasaj, pou nou kontinye evite dezi lachè yo k ap goumen ak nanm nan.” ​(1 Pyè 2:11). Byenke konsèy sa a konsène kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, li valab pou lòt mouton Jezi yo tou.

9 Gen kèk dezi ki pa gen anyen ki mal nan yo depi nou satisfè yo jan Kreyatè a vle a. Dezi sa yo fè nou jwenn plis kè kontan nan lavi nou. Pa egzanp, se nòmal pou dezi nou gen lakay nou fè nou pran plezi nan manje, bwè, patisipe nan aktivite ki bay kè kontan epi jwenn lajwa nan konpayi lòt moun. Li nòmal tou pou moun ki marye yo jwenn plezi nan relasyon seksyèl e sa gen plas li (1 Kor. 7:3-5). Sepandan, Pyè te byen montre limit “dezi lachè yo” lè l te pale konsènan dezi “k ap goumen ak nanm nan”. Gen kèk tradiksyon Labib ki mete “egzijans lachè a” ​(Nouvo Kontra a) oswa “move dezi” ​(New International Version) pou yo montre aklè ki sa ekspresyon sa a vle di. Vrèmanvre, nou dwe evite kèlkeswa dezi nou genyen ki anpeche nou fè volonte Jewova e ki kapab gen move efè sou bon relasyon nou gen avè l. Si se pa sa, n ap mete esperans nou genyen pou nou viv pou toutan an an danje.

10. Bay kèk pyèj Satan itilize pou l rale kretyen yo vin nan monn li an.

10 Objektif Satan se kraze detèminasyon vrè kretyen yo genyen pou yo konpòte yo antanke “moun ki depasaj” nan sistèm ki la kounye a. Kit se materyalis, imoralite seksyèl, gwo pozisyon nan monn nan, tandans moun genyen pou yo wè “tèt yo sèlman” ansanm ak nasyonalis, tout bagay sa yo se pyèj Satan itilize e nou dwe idantifye yo. Piske nou pran detèminasyon pou nou evite tout move dezi lachè, nou montre byen klè nou pa vle fè pati monn mechan Satan an. Nou montre tou se pou yon ti tan sèlman n ap viv ladan l. Donk, sa nou vle toutbonvre se viv pou toutan nan yon monn nouvo ki jis, e se pou sa n ap travay di.

BON KONDUIT

11, 12. Ki jan yo konn konsidere moun ki etranje yo, e ki sa n ka di konsènan Temwen Jewova yo?

11 Pyè te kontinye esplike ki sa Bondye atann nan men “moun ki depasaj” yo lè l te di nan vèsè 12 la: “Se pou nou toujou gen bon konduit pami nasyon yo. Konsa, lè y ap akize nou pou di se malfektè nou ye, y ap wè bèl aksyon nou fè ak je yo, e konsa, y ap ka bay Bondye glwa nan jou enspeksyon l lan.” Pafwa, yo konn kritike etranje yo ak moun ki depasaj nan yon peyi. Moun bò lakay yo kapab menm konsidere yo tankou moun ki mechan lefètke yo pa menm jan ak yo. Moun sa yo ka parèt diferan nan fason yo pale, fason yo aji, fason yo abiye e petèt menm nan aparans yo. Men, lè yo fè bon bagay, sa vle di lè yo montre yo gen bon konduit, pawòl yo konn di sou yo kòmkwa yo se moun ki diferan konn pa chita sou anyen.

12 Menm jan an tou, vrè kretyen yo diferan ak anpil nan vwazen yo nan kèk domèn, tankou nan konvèsasyon yo oswa nan bagay y ap chwazi pou yo detann yo. Byen souvan, fason yo abiye ak fason yo penyen tèt yo montre yo se moun ki diferan ak pifò moun nan kominote y ap viv la. Pafwa, diferans sa yo konn fè kèk moun ki pa byen konnen yo akize yo kòmkwa yo se moun ki mechan. Sepandan, gen lòt moun ki kapab fè louwanj pou yo lè yo wè fason y ap viv.

13, 14. Nan ki sans “bagay ki jis yon moun fè montre” li gen sajès? Bay yon egzanp.

13 Sa klè, bon konduit yon moun ka fè yo pa kritike l san rezon. Menm Jezi, sèl moun pafè ki te rete fidèl anvè Bondye a, te jwenn moun lage move akizasyon sou do l. Gen kèk moun ki te di li se ‘yon aloufa, yon moun ki lage kò l nan bwè diven, ki fè zanmi ak pèseptè ak moun k ap pratike peche’. Sepandan, lefètke li te montre l saj nan fason l t ap sèvi Bondye, sa te demanti tout akizasyon yo te lage sou do l yo kòmkwa li se yon moun ki mechan. Se sa k fè Jezi te di: “Se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès.” ​(Mat. 11:19). Se menm bagay la pou nou tou jodi a. Pa egzanp, gen kèk moun k ap viv toupre Bilding Betèl peyi Almay la, nan vil Sèltès, ki wè frè ak sè k ap sèvi nan Betèl la tankou moun ki etranj. Men, pifò moun ki nan zòn nan pale an byen de yo. Men sa yo di: “Temwen Jewova nan zòn nan ap mennen pwòp vi yo, men, pa gen youn nan yo ki konn deranje lòt moun nan zòn nan.”

Verite ki nan Bib la te ede fanmi sa a, k ap viv nan peyi Larisi, rete ini.

14 Pa gen twò lontan, yo te fè yon deklarasyon konsa tou konsènan Temwen Jewova k ap viv nan vil Moskou yo, nan peyi Larisi. Yo te lage move akizasyon sou do yo kòmkwa yo te fè anpil move bagay. Annapre, nan mwa jen 2010, Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan, ki nan vil Strasbourg, nan peyi Lafrans, te fè konnen: “Tribinal la jije [Moskou] pa gen okenn rezon pou l vyole dwa moun sa yo genyen pou yo pratike relijyon yo vle e pou yo reyini ansanm. Tribinal Moskou a pa bay ‘ase’ prèv, ni yo pa bay ‘bonjan’ prèv ki montre moun sa yo” se moun k ap kraze fanmi moun, k ap pouse moun touye tèt yo oswa ki refize pran swen lopital. Se sa k fè, “lè n konsidere jan lwa peyi a strik e li pa gen ekilib nan kèlkeswa objektif y ap pousuiv, nou twouve sanksyon tribinal Moskou a pran kont moun sa yo twò di”.

BONJAN SOUMISYON

15. Ki prensip biblik vrè kretyen ki sou tout kò tè a suiv?

15 Temwen Jewova Moskou yo ansanm ak Temwen Jewova ki sou tout kò tè a montre yo respekte yon konsèy Pyè te bay tout kretyen. Men sa Pyè te ekri: “Poutèt Seyè a, soumèt nou devan tout otorite lèzòm etabli: kit se devan yon wa antanke siperyè, kit se devan gouvènè yo.” ​(1 Pyè 2:13, 14). Byenke vrè kretyen yo pa fè pati monn mechan sa a, yo dispoze soumèt devan gouvènman yo, “nan pozisyon yo ye a youn parapò ak lòt”, jan Pòl te mande yo fè sa. — Li Women 13:1, 5-7.

16, 17. a) Ki sa k pwouve Temwen Jewova yo pa kont okenn gouvènman? b) Ki sa kèk lidè politik konn admèt?

16 Lefètke Temwen Jewova yo konpòte yo tankou “moun ki depasaj” nan sistèm sa a ki la kounye a, sa pa vle di yo se moun k ap fè manifestasyon anba anba. Yo pa kont okenn moun k ap pran pwòp desizyon yo ni nan domèn politik ni nan domèn sosyal e yo pa gen okenn pwoblèm ak yo. Kontrèman ak kèk lòt gwoup relijye, Temwen Jewova yo pa patisipe nan zafè politik. Yo pa janm eseye di moun ki gen otorite yo sa pou yo fè. Lè yon moun fè konnen Temwen Jewova yo ap simen latwoublay nan sosyete a oswa yo pa obeyi gouvènman yo, se yon manti kri sa ye!

17 Pyè te mande kretyen yo pou yo “onore wa a”. Donk, lè kretyen yo obeyi moun nan gouvènman yo, yo montre yo respekte pozisyon moun sa yo e yo onore yo (1 Pyè 2:17). Pafwa, moun sa yo konn admèt yo pa gen okenn rezon valab pou yo gen pwoblèm ak Temwen Jewova yo. Pa egzanp, gen yon politisyen nan peyi Almay ki rele Steffen Reiche ki te minis gouvènman nan eta Brandenburg epi annapre ki te vin manm palman peyi Almay la, ki te fè konnen: “Fason Temwen Jewova yo te konpòte yo lè yo te rete fèm kont sòlda SS yo ak fason yo te byen trete moun ki te nan menm prizon ak yo, nan epòk kote yo te nan prizon oswa nan kan konsantrasyon yo, te montre yo se moun ki gen bèl kalite. Menm jan sa te ye anvan sa, jodi a, li enpòtan anpil pou moun yo gen kalite sa yo pou nou kontinye gen yon eta ki chita sou yon konstitisyon ki baze sou demokrasi. Lè n konsidere fason moun yo pa sispann mal mennen etranje ak moun ki pa gen menm opinyon politik ak yo, nou rann nou kont tout sitwayen ki gen nan peyi nou an dwe gen kalite sa yo.”

DEMONTRE LANMOU

18. a) Ki sa k fè li toutafè nòmal pou nou renmen tout frè yo? b) Ki sa kèk moun ki pa Temwen Jewova konn remake?

18 Apot Pyè te ekri: “Renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye.” ​(1 Pyè 2:17). Etandone Temwen Jewova yo gen lakrentif pou Bondye, yo pa vle fè anyen ki pap fè l plezi, e sa vin ranfòse detèminasyon yo pran pou yo fè volonte l. Yo kontan sèvi Jewova ansanm ak frè ak sè yo, nan lemonnantye, ki vle fè menm bagay la. Se sa k fè, li toutafè nòmal pou yo “renmen tout frè” yo. Pafwa, moun ki pa Temwen Jewova konn sezi wè kalite lanmou sa a nou gen pou frè nou yo, yon lanmou ki difisil pou moun jwenn nan monn sa a kote moun wè tèt yo sèlman. Pa egzanp, gen yon dam k ap travay nan yon ajans vwayaj ameriken, ki konn fè vizit gide pou touris, ki te sezi anpil lè l te wè fason Temwen yo te demontre lanmou ak fason yo te ede delege ki te vin nan yon kongrè entènasyonal ki te fèt ann Almay nan ane 2009. Li te fè konnen pandan tout ane li fè nan travay sa a, li pa t janm wè yon bagay konsa. Annapre, gen yon Temwen Jewova ki te fè konnen: “Tout sa dam nan te di konsènan Temwen Jewova yo te montre jan l te sezi, e l te di yo avèk antouzyas.” Èske w te deja tande yon moun fè yon kòmantè konsa sou Temwen Jewova yo nan yon kongrè w te asiste?

19. Ki sa nou detèmine pou n fè, e poukisa?

19 Nou sot wè plizyè fason Temwen Jewova yo montre yo se “moun ki depasaj” toutbonvre nan sistèm sa a Satan ap dirije a e gen anpil lòt fason yo montre sa. Yo kontan pran detèminasyon pou yo kontinye aji konsa. Esperans yo genyen pou yo viv pou toutan talè konsa nan yon monn nouvo ki jis la, se yon esperans ki solid e ki chita sou yon bon baz. Èske se sa w ap tann?