Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou nou reyisi toutbon nan lavi a

Fason pou nou reyisi toutbon nan lavi a

“W ap reyisi nan chemen w e [...] w ap aji avèk sajès.” — JOZ. 1:8, NW.

1, 2. a) Pou anpil moun, ki lè yon moun reyisi lavi l? b) Ki sa k ka ede w wè sou ki baz ou konsidere yon moun reyisi?

SI W ta mande kèk moun: ‘Ki lè yon moun reyisi nan lavi a?’, yo chak t ap ba w yon repons diferan. Pa egzanp, pou anpil moun, yon moun reyisi lavi l lè l rive fè anpil lajan, lè l fè karyè nan yon domèn oswa lè l gen anpil diplòm. Gen lòt moun ki konsidere yon moun reyisi lavi l selon relasyon li gen ak lòt moun, sa vle di fason l boule ak fanmi l, zanmi l oswa kòlèg travay li. Yon lòt bò, yon moun k ap sèvi Bondye kapab menm panse yon moun reyisi lavi l lè l gen yon responsablite nan kongregasyon an oswa lè moun nan rive reyalize anpil bagay nan ministè a.

2 Pou w rive wè ki lè w konsidere yon moun reyisi, ou kapab ekri non kèk moun ou plis apresye, ou plis respekte e w konsidere kòm moun ki reyisi lavi yo. Ki bagay enpòtan ou wè yo tout gen lakay yo ki sanble? Èske moun sa yo rich oswa yo popilè? Èske yo gen gwo renome? Repons ou bay pou kesyon sa yo kapab montre sa k nan kè w, e sa kapab gen gwo enfliyans sou chwa w fè ak objektif w ap pousuiv. — Lik 6:45.

3. a) Ki sa Jozye te dwe fè pou l te reyisi nan chemen l? b) Ki sa nou pral egzamine?

3 Etandone lavi nou depann de favè Jewova, sa k pi enpòtan se konnen si wi ou non Jewova konsidere nou kòm moun ki reyisi lavi nou. Lè Jewova te bay Jozye kokennchenn misyon pou l kondui pèp Izrayèl la nan Latè pwomiz, li te mande l pou l li Lalwa Moyiz la “lajounen kou lannuit” e pou l te fè tout sa ki ekri ladan l. Men ki garanti Bondye te ba li: “Konsa w ap reyisi nan chemen w e se konsa w ap aji avèk sajès.” ​(Joz. 1:7, 8NW). Nou konnen Jozye te reyisi vre. Men, e nou menm? Ki sa k kapab ede nou wè si wi ou non nou gen menm pwennvi ak Jewova sou fason nou konsidere yon moun reyisi lavi l? Pou nou reponn kesyon sa a, nou pral egzamine lavi de moun yo pale de yo nan Bib la.

ÈSKE SALOMON TE REYISI NAN LAVI A?

4. Poukisa nou gendwa di Salomon te reyisi?

4 Nan plizyè domèn, Salomon te reyisi yon fason ki vrèman estrawòdinè. Sa k fè sa? Se paske Jewova te vide benediksyon sou li, etandone pandan plizyè ane li te gen lakrentif pou Jewova e li te obeyi l. Lè Jewova te mande wa Salomon ki sa l ta renmen l fè pou li, li te mande Jewova sajès pou l te ka dirije pèp la. Pou rezon sa a, Jewova te ba l ni sajès ni richès. (Li 1 Wa 3:10-14.) Salomon te “gen plis bon konprann pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi bò solèy leve yo, osinon pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi Lejip”. E “tout peyi ki [te] toupre peyi Izrayèl la” te tande pale de Salomon (1 Wa 4:30, 31). Salomon te vin rich anpil, li te konn resevwa 25 tòn lò chak ane (2 Kwo. 9:13). Salomon te fò anpil nan zafè diplomasi, konstriksyon ak komès. Pa gen dout nan sa, Salomon te reyisi toutotan li te kontinye fè sa ki dwat nan je Bondye. — 2 Kwo. 9:22-24.

5. Ki sa Salomon te di konsènan moun ki reyisi nan je Bondye?

5 Pawòl Salomon ekri nan liv Eklezyas la fè nou konprann li pa t janm met nan tèt li se sèlman moun ki gen anpil lajan ak moun ki gen anpil enpòtans ki rive atenn yon seri objektif e ki rive gen kè kontan. Men sa l te ekri: “Mwen vin aprann pa gen anyen ki pi bon pou yo pase pou yon moun rejwi l epi pou l fè byen diran lavi l, epitou, pou chak moun manje, wi, pou l bwè epi pou l wè sa ki bon pou tout travay di li fè. Sa se kado Bondye bay.” ​(Ekl. 3:12, 13, NW). Salomon te rann li kont bagay sa yo gen anpil enpòtans pou moun ki gen favè Bondye e ki zanmi l toutbon. Se sa k fè, li te fini liv Eklezyas la konsa: “Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.” — Ekl. 12:13.

6. Ki jan egzanp Salomon ede nou wè ki lè yon moun reyisi toutbon nan lavi a?

6 Salomon te gen lakrentif pou Bondye pandan plizyè ane. Bib la fè konnen li “te [kontinye] renmen Senyè a, li te mache dapre lòd David, papa l, te ba li”. (1 Wa 3:3.) Èske w pa konsidere Salomon kòm yon moun ki te reyisi lavi l toutbon? Grasa direksyon Bondye, Salomon te bati yon bèl tanp pou vrè adorasyon an e li te ekri twa liv nan Bib la. Se vre, nou pa atann pou n fè tout sa Salomon te fè yo, men, egzanp Salomon te bay lè l te fidèl anvè Bondye ap montre nou ki sa vrè reyisit la ye e ki sa n ka fè pou n rive jwenn li. Se sa k fè, nou bezwen sonje, anba enfliyans lespri sen, Salomon te fè konnen bagay tankou lajan, sajès, popilarite ak pouvwa, se bagay ki pa vo anyen. Se dèyè bagay sa yo pifò moun ap kouri jounen jodi a. Bagay sa yo pa rapòte anyen, se fè y ap fè moun “kouri dèyè van”. (NW.) Èske n pa janm remake anpil moun ki renmen lajan toujou ap chèche gen plis lajan e byen souvan yo enkyete yo pou sa yo posede? Epoutan, yon jou se lòt moun ki pral pwofite richès yo genyen yo! — Li Eklezyas 2:8-11, 17; 5:10-12.

7, 8. Ki jan Salomon te montre l pa fidèl anvè Bondye, e ki sa k te rive l?

7 Nou konnen tou, rive yon lè, Salomon te vin sispann obeyi Jewova fidèlman. Pawòl Bondye a fè konnen: “Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l al sèvi lòt [dye]. Li pa sèvi Senyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l, te fè l la. [...] Salomon [te] tanmen fè sa ki mal devan Senyè a.” — 1 Wa 11:4-6.

8 Sa Salomon te fè a pa t fè Jewova plezi. Men sa l te di Salomon: “Gade sa ou fè! Ou pa respekte kontra mwen te pase avè ou la, ou pa fè sa m te ba ou lòd fè. M’ap wete baton kòmandman an nan men ou, m’ap mete yonn nan chèf ou yo nan plas ou.” ​(1 Wa 11:11). Ala sa tris! Byenke, Salomon te reyisi nan plizyè domèn, rive yon lè, li te fè Jewova lapenn. Salomon pa t montre l fidèl anvè Bondye nan domèn ki te pi enpòtan nan lavi l la. Nou chak kapab poze tèt nou kesyon sa a: ‘Èske m detèmine pou m kite leson mwen aprann nan egzanp Salomon an ede m reyisi nan lavi m?’

YON MOUN KI TE REYISI TOUTBONVRE NAN LAVI A

9. Selon pwennvi lèzòm, èske Pòl te reyisi lavi l? Esplike.

9 Gen yon gwo diferans ant lavi apot Pòl ak lavi wa Salomon. Pòl pa t gen yon twòn ki fèt ann ivwa e li pa t konn fete ak wa. Okontrè, li te konn sa k rele grangou ak swaf, fredi te konn bat li e l te konn pa gen rad pou l mete (2 Kor. 11:24-27). Yon fwa Pòl te fin aksepte Jezi antanke Mesi a, li te pèdi gwo pozisyon li te genyen nan relijyon juif la e chèf relijye yo pa t vle wè l menm. Yo te mete l nan prizon, yo te ba l kout frèt, kout baton e yo te lapide l. Apot Pòl te fè konnen yo te joure ni li menm ni lòt kretyen yo, yo te pèsekite yo e yo te pale yo mal. Li te di tou: “Nou vin tankou fatra monn nan, tankou rejè tout bagay, jis kounye a.” — 1 Kor. 4:11-13.

Selon pwennvi lèzòm, Sòl te sou wout pou l reyisi.

10. Poukisa yon moun ta gendwa di sanble Pòl te fè yon move chwa?

10 Lè apot Pòl te yon jèn gason yo te rele l Sòl, e sanble li te gen anpil bèl opòtinite devan l. Petèt li te fèt nan yon fanmi ki gen gwo renome. Li te etidye avèk Gamalyèl, yon anseyan moun te bay anpil respè. Men sa Pòl te ekri annapre: “Mwen te fè plis pwogrè nan jidayis la pase anpil moun [...] ki te nan laj mwen.” ​(Gal. 1:14). Sòl te pale ebre ak grèk byen, li te gen sitwayènte women, sa ki te ba l anpil privilèj ak anpil dwa, yon seri bagay anpil moun t ap chèche. Si apot Pòl te chwazi kontinye chèche reyisi nan monn nan, petèt li t ap vin selèb e li pa t ap bezwen enkyete l pou kesyon lajan. Okontrè, apot Pòl te fè yon chwa kote lòt moun e petèt menm fanmi l te ka panse l se yon moun fou. Ki sa k te pouse l fè chwa sa a?

11. Ki sa k te enpòtan pou Pòl, ki objektif li te genyen, e poukisa?

11 Pòl te renmen Jewova e favè Jewova te pi enpòtan pou li lontan pase richès ak gwo renome. Lè Pòl te vin gen konesans egzak sou laverite, li te vin konn enpòtans ranson an, ministè a ansanm ak esperans pou moun al viv nan syèl la, yon seri bagay moun nan monn nan pa menm konn enpòtans yo. Pòl te vin rann li kont gen yon bagay enpòtan ki dwe rezoud. Satan te fè konnen li kapab fè nenpòt moun vire do bay Jewova (Jòb 1:9-11; 2:3-5). Pòl te detèmine pou l sèvi Bondye fidèlman e pou l toujou soutni vrè adorasyon an kèlkeswa eprèv li te jwenn sou wout li. Moun ki vle reyisi nan monn nan pa gen objektif sa a nan pwogram yo!

Pòl te reyisi lavi l toutbonvre.

12. Poukisa w chwazi met espwa w nan Bondye?

12 Èske w gen menm detèminasyon ak Pòl? Se vre, li pa toujou fasil pou nou kenbe fidelite nou, men, nou konnen lè yon moun rete fidèl li jwenn favè Jewova e Jewova pap manke pa beni l pou sa. Se sa ki fè yon moun reyisi lavi l toutbon (Pwo. 10:22)! Depi kounye a, nou jwenn byenfè e nou kapab gen konfyans Jewova ap beni nou alavni. (Li Mak 10:29, 30.) Kidonk, nou gen tout rezon nou pou n pa met espwa nou “nan richès ki pa sèten, men pou [nou] mete l nan Bondye, ki ban nou tout bagay ann abondans pou nou ka jwi yo”. Konsa, nou ‘sere yon trezò pou tèt nou, sa vle di yon bon baz pou lavni, dekwa pou nou ka kenbe lavi toutbon an fèm’. (1 Tim. 6:17-19.) Wi, nou kapab kwè ak tout kè nou kit se nan 100 an oswa menm nan 1 000 an oubyen plis toujou n ap kapab vire gad dèyè pou n di: “Pa gen dout nan sa, mwen te chwazi wout ki mennen nan vrè reyisit la!”

KOTE TREZÒ W YE

13. Ki konsèy Jezi te bay konsènan byen materyèl?

13 Men sa Jezi te di konsènan byen materyèl: “Sispann anpile trezò sou tè a, kote ki gen mit ak wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè ka antre pou yo vòlè yo. Okontrè, anpile trezò nan syèl la, kote ki pa gen ni mit ni wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè pa ka antre pou yo vòlè. Paske, kote trezò w ye, se la kè w ap ye tou.” — Mat. 6:19-21.

14. Ki sa k fè li pa saj pou nou chèche trezò sou tè a?

14 Trezò yon moun gen sou tè a ka pa vle di lajan sèlman. Nan yon sans, li ka gen ladan l nenpòt nan bagay Salomon te ekri konsènan sa k fè yon moun reyisi lavi l selon lèzòm. Nou vle pale de gwo renome, vin yon moun popilè oswa pouvwa. Jezi te di yon bagay ki sanble ak pawòl Salomon te ekri nan liv Eklezyas la. Li te di trezò ki nan monn nan pa la pou lontan. Petèt, nou remake nan monn n ap viv jodi a trezò sa yo kapab detwi e moun ka pèdi yo byen fasil. Men sa yon pwofesè ki rele F. Dale Bruner te ekri konsènan trezò sa yo: “Tout moun konnen se pou yon ti tan sèlman yon moun popilè. Yon moun te kapab yon pakèt afè jodi a epi pi devan li pa anyen. Yon moun te gendwa gen anpil lajan ane sa a epi lòt ane li pa gen senkòb [...] [Jezi] renmen lèzòm. Li sipliye yo pou yo evite dekourajman gwo renome, ki la pou yon ti tan sèlman, pote. Jezi pa ta renmen pou disip [li yo] jwenn desepsyon. ‘Se chak jou monn nan voye yon moun, ki te parèt yon pakèt afè, jete’ .” Byenke pifò moun dakò ak pawòl pwofesè a di yo, men, konbyen nan moun sa yo ki aksepte verite ki nan pawòl sa yo e ki kite l chanje fason yo wè lavi a? Èske w fè sa?

15. Nan ki domèn nou ta dwe fè tout sa n kapab pou n reyisi?

15 Gen kèk chèf relijye ki fè konnen li mal pou yon moun fè tout sa l kapab pou l reyisi e yon moun ta dwe sispann fè efò pou l reyisi. Sepandan, se pa tout efò Jezi te kondane. Okontrè, li te ankouraje disip li yo pou yo fè efò nan yon lòt domèn. Li te mande yo pou yo anpile “trezò” ki pa ka detwi yo “nan syèl la”. Donk, sa ki ta dwe gen plis enpòtans pou nou, se fè tout sa n kapab pou n reyisi jan Jewova vle a. Wi, pawòl Jezi yo fè nou sonje nou gen yon chwa pou n fè konsènan objektif n ap pousuiv. An reyalite, sa k nan kè yon moun se li k gen valè pou li e se li l ap pousuiv.

16. Nan ki sa nou ka met tout konfyans nou?

16 Si nou deside nan kè nou pou n fè Jewova plezi, nou mèt gen konfyans l ap asire l nou jwenn sa n bezwen. Menm jan ak apot Pòl, li ka kite nou swaf oswa grangou pou yon ti tan (1 Kor. 4:11). Sepandan, nou kapab gen yon konfyans total nan konsèy saj Jezi ban nou ki vin apre a. Men sa l te di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou n ap di: ‘Ki sa n ap manje?’ ‘Ki sa n ap bwè?’ ‘Ki sa n ap met sou nou?’ Paske, se dèyè tout bagay sa yo nasyon yo ap kouri ak tout fòs. Alòske, Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Kidonk, kontinye chèche wayòm nan an premye, e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” — Mat. 6:31-33.

CHÈCHE REYISI NAN JE BONDYE

17, 18. a) Pou yon moun reyisi toutbonvre, sa depann de ki sa? b) De ki sa vrè reyisit la pa depann?

17 Yon bagay ki enpòtan nou bezwen konnen sèke, se pa sa yon moun reyalize nan lavi l oswa pozisyon li genyen nan monn nan ki fè li reyisi toutbon. Mete sou sa, se pa responsablite yon moun genyen antanke kretyen ki fè l reyisi toutbonvre. Sepandan, yon benediksyon konsa kapab depann de sa ki fè yon moun reyisi toutbonvre nan lavi a, anpalan de obeyisans ak fidelite anvè Bondye ki fè nou konnen: “Sa y ap chèche lakay yon entandan, se pou yo jwenn li fidèl.” ​(1 Kor. 4:2). Nou dwe toujou rete fidèl. Jezi te di: “Moun ki andire jiska lafen an, se moun sa a k ap sove.” ​(Mat. 10:22). Èske w pa dakò, se lè yon moun sove li reyisi toutbonvre?

18 Lè nou reflechi sou sa nou sot pale de yo pi wo a, nou kapab wè, fidelite nou devan Bondye pa gen anyen pou l wè ak chèche gen gwo renome, ak edikasyon, chèche byen chita nan domèn ekonomik oswa ran sosyal nou. Anplis de sa, fidelite nou pa depann de entèlijans nou, talan nou ak kapasite nou genyen. Nou kapab rete fidèl devan Bondye nan kèlkeswa sitiyasyon an. Nan premye syèk la, te gen ni moun rich ni moun pòv pami pèp Bondye a. Pòl te ankouraje moun ki rich yo “pou yo travay pou sa ki byen, pou yo rich nan fè bèl aksyon, pou yo donan e pou yo dispoze pataje ak lòt moun”. Konsa, ni moun ki te rich yo ni sa ki te pòv yo te kapab “kenbe lavi toutbon an fèm”. (1 Tim. 6:17-19.) Se menm bagay la pou nou tou jodi a. Nou tout gen menm opòtinite ak menm responsablite, sa vle di nou dwe rete fidèl e nou dwe “rich nan fè bèl aksyon”. Si nou fè sa, n ap reyisi jan Kreyatè nou an vle a e n ap gen lajwa dèske nou konnen nou fè kè l kontan. — Pwo. 27:11.

19. Ki sa w deside fè pou w reyisi?

19 Se vre, ou gendwa pa gen kontwòl tout bagay nèt, men, ou kapab kontwole fason w ap jere bagay yo. Fè tout sa w kapab pou w rete fidèl nan kèlkeswa sitiyasyon w ye a. Sa vo lapenn pou w fè sa, e w mèt gen konfyans Jewova ap vide benediksyon sou ou depi kounye a e pou tout tan gen tan. Pa janm bliye pawòl Jezi te di kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo: “Rete fidèl jiska lamò, e m ap ba [nou] kouwòn lavi a.” ​(Rev. 2:10). Se moun ki jwenn lavi ki pap janm fini an k ap reyisi toutbonvre!