Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou se yon entandan yo fè konfyans!

Ou se yon entandan yo fè konfyans!

“Nou pa mèt tèt nou.” — 1 KOR. 6:19.

1. An jeneral, ki pwennvi monn nan nan genyen konsènan esklavaj?

SA GEN anviwon 2 500 an depi yon ekriven grèk te fè konnen: “Pa gen pèsonn moun k ap chwazi vin esklav.” Jodi a, gen anpil moun k ap kouri dakò ak deklarasyon sa a. Lè yon moun tande mo esklavaj la, premye bagay ki vin nan tèt li se moun ki nan chenn, k ap pase mizè, moun k ap travay di e k ap fè sakrifis pou moun k ap domine sou li a.

2, 3. a) Nan ki sa esklav oswa sèvitè Kris yo pran plezi? b) Ki kesyon nou pral egzamine ki gen rapò ak entandan yo?

2 Sepandan, Jezi te fè konnen, disip li yo t ap moun k ap sèvi lòt moun oswa yo t ap esklav. An reyalite, pa gen anyen ki rabesan oswa ki fè moun soufri nan travay vrè kretyen yo ap fè antanke esklav la. Esklav sa yo nan yon pozisyon ki fè yo onore yo, yo fè yo konfyans e yo respekte yo. Pa egzanp, ann konsidere sa Jezi te di, yon ti tan anvan l mouri, konsènan yon “esklav”. Kris te anonse li t apral bay yon “esklav fidèl ki prevwayan” anpil travay pou l fè. — Mat. 24:45-47.

3 Li enpòtan anpil pou n konnen nan yon lòt vèsè, yo rele esklav la “entandan”. (Li Lik 12:42-44.) Pifò kretyen ki fidèl k ap viv jodi a pa fè pati klas entandan fidèl sa a. Sepandan, Ekriti yo fè konnen tout moun k ap sèvi Bondye yo se entandan. Ki responsablite moun sa yo genyen? Kòman lòt moun ta dwe wè yo? Pou nou jwenn repons kesyon sa yo, annou egzamine wòl entandan yo te genyen nan tan lontan.

WÒL YON ENTANDAN

4, 5. Ki responsablite entandan nan tan lontan yo te genyen? Bay kèk egzanp.

4 Nan tan lontan, byen souvan, yon entandan se te yon esklav yo te fè konfyans ki te konn kontwole sa k ap fèt nan kay ak nan biznis mèt li. Donk, nan yon sans, entandan yo te gen anpil otorite e yo te gen responsablite pou yo jere byen mèt la, lòt sèvitè yo ak lajan mèt la. Nou kapab wè sa nan ka Elyezè ki te gen responsablite pou l te jere tout byen Abraram yo. Petèt se li menm Abraram te voye Mezopotami al chwazi yon madanm pou Izarak, pitit gason Abraram nan. Se pa ti enpòtan misyon sa a te enpòtan! — Jen. 13:2; 15:2; 24:2-4.

5 Jozèf, youn nan pitit pitit pitit Abraram yo, te gen responsablite pou l jere kay Potifa (Jen. 39:1, 2). Annapre, Jozèf te vin gen yon entandan li te mete ‘chèf sou tout kay li’. Entandan sa a te montre ospitalite anvè dis frè Jozèf yo. Epi, jan Jozèf te mande l fè sa, li te met gode ann ajan Jozèf la nan sak youn nan mesye yo yon fason pou yo te ka akize yo kòmkwa yo te ‘vòlò l’. Vrèmanvre, yo te fè entandan yo anpil konfyans. — Jen. 43:19-25; 44:1-12.

6. Antanke entandan, ki divès responsablite ansyen yo genyen?

6 Plizyè syèk annapre, apot Pòl te fè konnen siveyan kretyen yo se “entandan Bondye”. (Tit 1:7.) Antanke bèje k ap pran swen “twoupo Bondye” a, siveyan yo ap dirije kongregasyon yo e yo pran latèt nan kongregasyon yo (1 Pyè 5:1, 2). Nòmalman, yo tout pa gen menm responsablite. Pa egzanp, jodi a, pifò siveyan yo ap sèvi nan yon sèl kongregasyon. Siveyan itineran yo ap sèvi plizyè kongregasyon e manm Komite filyal yo ap pran swen tout kongregasyon ki gen nan yon peyi. Sepandan, yo tout dwe fè travay yo avèk fidelite paske yo tout gen “kont pou yo rann” Bondye. — Ebre 13:17.

7. Ki jan nou fè konnen, nan yon sans, tout kretyen se entandan?

7 Men, e tout kretyen fidèl ki pa siveyan yo? Nan yon lèt apot Pyè te voye bay tout kretyen yo, li te di: “Se pou chak moun itilize don l resevwa a pou l sèvi lòt moun. Konsa, l ap sanble ak moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a, yon favè li demontre divès fason.” ​(1 Pyè 1:1; 4:10). Nan favè san parèy Bondye a, li bay tout moun don, benediksyon, kapasite oswa talan e nou kapab sèvi ak bagay sa yo pou nou ede kwayan parèy nou yo. Donk, nan yon sans, tout moun k ap sèvi Bondye yo se entandan, e antanke entandan yo onore yo, yo fè yo konfyans e yo ba yo responsablite.

SE BONDYE KI MÈT NOU

8. Bay yon prensip ki enpòtan nou bezwen sonje.

8 Kounye a, antanke entandan, nou pral egzamine twa prensip nou bezwen fikse lespri n sou yo. Men premye prensip la: Se Bondye ki mèt nou tout e nou tout gen kont pou n rann li. Pòl te fè konnen: “Nou pa mèt tèt nou, paske yo te peye yon pri pou yo achte nou.” Pri sa a se san sakrifis Kris la (1 Kor. 6: 19, 20). Piske se Jewova ki mèt nou, nou gen obligasyon pou nou obeyi kòmandman l yo ki pa lou (Wom. 14:8; 1 Jan 5:3). Nou vin esklav Kris tou. Menm jan ak entandan nan tan lontan yo, nou jwenn plis libète, men, libète nou an gen limit. Nou dwe fè travay yo ban nou fè a fason yo vle a. Kèlkeswa privilèj nou ta genyen an, n ap toujou rete sèvitè Bondye ak Kris.

9. Ki egzanp Jezi te bay pou l montre relasyon ki genyen ant yon mèt ak yon esklav?

9 Jezi ede nou konprann relasyon ki genyen ant yon mèt ak yon esklav. Yon lè, li te rakonte disip li yo yon istwa konsènan yon esklav ki te rantre lakay mèt li apre l te fin pase yon jounen ap travay. Nan istwa sa a, èske mèt la te di esklav la: “Vin isit tousuit, vin chita sou tab pou w manje?” Non. Li te di l pito: “Al prepare yon bagay pou mwen pou m soupe, epi met yon tabliye sou ou pou w sèvi m jiskaske mwen fin manje, jiskaske mwen fin bwè, apre sa, ou menm, w ap ka manje, w ap ka bwè.” Ki leson Jezi te bay pa mwayen egzanp sa a? Men sa l te di: “Menm jan an nou menm tou, lè nou fin fè tout bagay nou te gen pou nou fè, di tèt nou: ‘Nou se esklav ki pa vo anyen, nou fè sa n te dwe fè.’” — Lik 17:7-10.

10. Ki sa k fè nou konnen Jewova apresye efò n ap fè pou nou sèvi l?

10 Pa gen dout nan sa, Jewova apresye efò n ap fè pou n sèvi l. Men ki asirans nou jwenn nan Bib la: “Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l.” ​(Ebre 6:10). Jewova toujou montre l rezonab, li pap janm mande nou fè plis pase sa nou ka fè. Anplis de sa, kèlkeswa sa l mande nou se toujou pou byen nou e sa l mande nou yo pap janm twò lou pou nou. Se sa k fè, jan parabòl Jezi a montre sa, yon esklav pa fè tèt li plezi ni li pa met afè pa l an premye. Donk, lè nou vwe tèt nou bay Bondye, nou chwazi bay volonte Bondye premye plas nan lavi n. Èske w dakò?

SA JEWOVA AP TANN NAN MEN NOU

11, 12. Antanke entandan, ki kalite nou dwe genyen e ki sa nou dwe evite?

11 Men dezyèm prensip la: Antanke entandan, nou tout ap suiv menm prensip. Se vre, gen kèk responsablite nan kongregasyon an, se yon tikras moun ki genyen yo. Sepandan, se tout moun ki fè pifò travay yo. Pa egzanp, antanke disip Kris e antanke Temwen Jewova, nou gen obligasyon pou nou renmen youn lòt. Jezi te di se lanmou ki t ap pèmèt nou idantifye vrè kretyen yo (Jan 13:35). Sepandan, lanmou nou an ale pi lwen pase renmen frè nou yo sèlman. Nou fè tout sa n kapab pou n demontre lanmou anvè moun ki pa fanmi nou nan lafwa. Se yon bagay nou tout kapab fè e nou dwe fè.

12 Antanke entandan, nou dwe gen bon konduit tou. Se sa k fè, nou dwe evite tout move konduit e nou pa dwe viv yon fason ki depaman ak Pawòl Bondye a. Men sa Pòl te ekri: “Ni moun k ap fè fònikasyon, ni moun k ap adore zidòl, ni moun k ap fè adiltè, ni gason yo itilize pou aktivite seksyèl ki pa natirèl, ni gason k ap kouche ak gason, ni vòlè, ni moun ki ava, ni bwasonyè, ni moun k ap joure moun, ni dechèpiyè, yo youn pap benefisye wayòm Bondye a.” ​(1 Kor. 6:9, 10). Se vre, nou dwe fè anpil efò pou nou rive konfòme nou ak prensip Bondye yo ki jis. Sepandan, efò sa yo vo lapenn, paske y ap fè nou jwenn anpil byenfè. Pa egzanp, n ap ka viv yon fason k ap fè nou gen bon sante, bon relasyon ak lòt moun e k ap fè nou gen bon relasyon ak Bondye. — Li Izayi 48:17, 18.

13, 14. Ki responsablite tout kretyen genyen, e kòman nou ta dwe konsidere responsablite sa a?

13 Nou pa dwe bliye yon entandan te gen travay pou l fè tou. Donk, nou menm tou nou gen travay pou n fè. Bondye ban nou yon kado ki gen anpil valè, anpalan de konesans nou gen sou laverite a. Li vle pou nou pataje konesans sa a ak lòt moun (Mat. 28:19, 20). Pòl te di: “Se pou moun konsidere nou antanke sèvitè k ap travay anba direksyon Kris, e antanke entandan k ap jere sekrè sakre Bondye yo.” ​(1 Kor. 4:1). Pòl te vin konprann sèvis entandan an vle di nonsèlman byen jere “sekrè sakre” yo, men tou, avèk fidelite, fè lòt moun konnen yo jan Mèt la, Jezi Kris, te mande sa. — 1 Kor. 9:16.

14 Epitou, se yon bèl bagay sa ye pou nou pataje laverite ak lòt moun. Chak kretyen pa nan menm sitiyasyon. Nou tout pa ka fè menm bagay nan ministè a e Jewova konprann sa. Sa k pi enpòtan an, se pou nou chak fè tout sa nou kapab. Konsa n ap montre nou gen yon lanmou san enterè pou Bondye e pou pwochen nou.

Annou akonpli travay yo ban nou fè a avèk fidelite.

REZON KI FÈ LI ENPÒTAN POU NOU FIDÈL

15-17. a) Ki sa k fè li enpòtan anpil pou yon entandan ret fidèl? b) Ki egzanp Jezi te pran pou l montre sa k ap rive yon moun ki pa fidèl?

15 Twazyèm prensip la gen yon rapò sere sere ak de lòt prensip yo. Men li: Nou dwe rete fidèl, nou dwe yon moun yo fè konfyans. Yon entandan gendwa gen plizyè bèl kalite ak kapasite, men, youn nan kalite sa yo pap gen valè si l pa pran responsablite l oserye oswa si l pa fidèl anvè mèt li. Pou yon entandan ka fè travay li byen e pou l ka reyisi ladan l, li enpòtan anpil pou l ret fidèl. Nou bezwen sonje Pòl te fè konnen: “Sa y ap chèche lakay yon entandan, se pou yo jwenn li fidèl.” — 1 Kor. 4:2.

16 Pa gen dout nan sa, si nou rete fidèl, Bondye ap rekonpanse nou. Si nou pa rete fidèl, n ap pèdi anpil bagay. Nou jwenn prensip sa a nan parabòl talan Jezi te bay la. Esklav fidèl ki te “fè lajan [mèt la] travay” yo te jwenn felisitasyon ak anpil benediksyon. Mèt la te di esklav ki pa t fè sa l te mande l fè a se yon “move esklav”, li “parese” e li “pa vo anyen”. Yo te pran talan yo te ba l la e yo te mete l deyò. — Li Matye 25:14-18, 23, 26, 28-30.

17 Yon lòt lè, Jezi te montre ki sa k ap rive yon moun ki pa ret fidèl. Men sa l te di: “Te gen yon mesye ki te rich, e misye te gen yon entandan. Yo akize entandan sa a kòmkwa l ap gaspiye byen mèt li. Donk, mesye a rele entandan an, li di l: ‘Sa m tande sou ou la a? Ban m yon rapò sou fason w jere bagay yo, paske ou pap ka kontinye jere kay la.’” ​(Lik 16:1, 2). Etandone entandan an te gaspiye byen mèt li yo, mèt la te revoke l. Sa se yon gwo leson pou nou! Se sèten, nou pap janm montre nou pa fidèl nan sa yo mande nou fè.

ÈSKE L SAJ POU N KONPARE TÈT NOU AK LÒT MOUN?

18. Poukisa nou pa dwe konpare tèt nou ak lòt moun?

18 Nou chak kapab mande tèt nou: ‘Antanke entandan, kòman m konsidere travay mwen?’ Si n ap konpare tèt nou ak lòt moun sa ka bay anpil pwoblèm. Men ki konsèy Bib la ban nou: “Se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, e non pa nan konparezon ak yon lòt moun.” ​(Gal. 6:4). Olye pou n ap konpare sa nou fè ak sa lòt moun fè, nou ta dwe fikse lespri nou sou sa nou chak kapab fè. Lè nou aji konsa, sa ap ede nou nonsèlman pou nou pa vin ògeye, men tou, pou nou pa dekouraje. Lè n ap egzamine tèt nou, nou dwe konprann sitiyasyon yo pap toujou ret menm jan an. Petèt, akoz pwoblèm sante, pwoblèm laj oswa paske nou gen plizyè responsablite, nou pa ka fè tout sa n te konn fè. Yon lòt bò, nou gendwa anmezi pou n fè plis pase sa n ap fè kounye a. Si se ka pa w, poukisa w pa chèche fè plis nan ministè a?

19. Poukisa nou pa dwe dekouraje si nou poko jwenn yon privilèj nou ta renmen genyen?

19 Yon lòt bagay nou dwe konsidere se responsablite nou genyen oswa responsablite nou vrèman anvi genyen. Pa egzanp, yon frè gendwa vle sèvi kòm ansyen nan kongregasyon an oswa li ta renmen fè diskou nan asanble oswa nan kongrè. Li bon pou nou travay di pou nou rive kalifye pou privilèj sa yo. Sepandan, nou pa dwe dekouraje si nou wè nou pa jwenn yo nan moman nou te vle a. Pou kèk rezon ki gendwa pa fasil pou n konprann, nou ka oblije tann pi lontan pase lè nou te panse a anvan nou jwenn kèk privilèj. Sonje, petèt Moyiz te santi l pare pou l fè pèp Izrayèl la kite peyi Ejip, men, li te oblije tann 40 an anvan l fè sa. Sa te ba l kantite tan l te bezwen pou l vin gen yon seri kalite ki nesesè pou l dirije yon pèp ki te rebèl e ki te gen kou rèd. — Tra. 7:22-25, 30-34.

20. Ki leson nou ka aprann nan egzanp Yonatàn?

20 Dèfwa, gen privilèj nou gendwa pa janm jwenn. Se sa k te rive Yonatàn. Etandone li te pitit Sayil, li te nan pozisyon pou l vin wa sou tout peyi Izrayèl. Sepandan, Bondye te chwazi David, yon moun ki te pi jèn pase l, pou l vin wa. Ki jan Yonatàn te reyaji devan sitiyasyon sa a? Li te dakò ak sa e li te soutni David menm lè l te oblije riske lavi l. Men sa l te di David: “Se ou menm ki gen pou wa pèp Izrayèl la. Mwen menm, m’ap vin apre ou.” ​(1 Sam. 23:17). Èske w wè leson ki gen nan egzanp sa a? Yonatàn te aksepte sa k te rive l la e kontrèman ak papa l, li pa t vin jalou David. Olye pou n anvye lòt moun pou privilèj yo genyen, nou kapab konsantre nou pito sou responsablite nou genyen yo. Nou kapab gen asirans, nan monn nouvo a, Jewova pral veye pou tout sèvitè l yo jwenn tout sa yo bezwen.

21. Antanke entandan, ki jan nou dwe konsidere travay nou?

21 Antanke entandan Bondye fè konfyans, se pou nou toujou sonje nou pa tankou esklav k ap pase mizè e ki toujou gen dlo nan je. Okontrè, nou nan yon pozisyon ki fè n jwenn gwo onè paske yo konfye nou travay pou nou pwoklame bon nouvèl la pandan dènye jou sistèm sa a, yon travay ki pap janm refèt ankò. Toutpandan n ap fè travay sa a, nou jwenn anpil libète nan fason n ap ranpli responsablite nou. Se sa k fè, annou montre nou se entandan ki fidèl e annou cheri privilèj nou genyen pou nou sèvi Moun ki pi gran nan tout linivè a!