Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Anvan mwen menm ak madanm mwen te vin konn laverite, nou te sèvi ak teknik ki rele fegondasyon in vitro a pou nou fè yon timoun. Yo pa t sèvi ak tout anbriyon nou yo. Yo te fè kèk nan yo tounen glas pou yo te ka konsève yo. Èske n dwe kontinye konsève yo oswa nou kapab detwi yo?

Kesyon sa a se youn nan gwo pwoblèm konsyans, moun ki marye yo gen pou yo fè fas lè yo chwazi fè yon timoun dapre teknik ki rele in vitro a (FIV). Chak moun ki marye gen responsablite devan Jewova lè y ap deside sa y ap fè. Sepandan, l ap bon pou nou fè yon ti pale konsènan teknik sa a ki la pou pèmèt yon fi vin ansent.

An 1978, gen yon dam nan peyi Angletè ki te vin premye moun ki te itilize yon metòd atifisyèl pou l fè yon timoun. Li te fè sa anpil moun rele bebe epwouvèt la. Dam sa a pa t ka fè pitit paske twonp li yo te bouche sa ki te anpeche spèm mari l rankontre ak ovil li. Chirijyen yo te pran yon ovil li ki fin devlope, yo mete l nan yon bokal, yo melanje l ak spèm mari a e konsa yon anbriyon vin fòme. Apre sa, yo devlope anbriyon an grasa kèk vitamin epi yo mete l nan matris dam nan. Annapre, dam nan te vin gen yon ti pitit fi. Yo te vin rele teknik sa a fegondasyon in vitro (nan bokal) oswa FIV.

Byenke tout peyi gendwa pa esplike teknik sa a menm jan, an jeneral, men ki jan yon moun rive fè timoun grasa teknik FIV a: Pandan plizyè semèn, yo bay madanm nan yon seri medikaman ki fò anpil pou fè l vin gen anpil ovil. Yo kapab mande mari a pou l mastibe tèt li yon fason pou l ka bay spèm ki tou fre. Yo lave spèm yo epi yo melanje yo ak ovil yo nan laboratwa. Gen plizyè ovil ki kapab fegonde epi kòmanse divize pou vin tounen anbriyon. Apre yon jou oswa de jou, y ap egzamine anbriyon ki fèk fèt yo, avèk swen, yon fason pou yo ka distenge sa ki pa bon yo ak sa ki sanble an bon sante e ki nan pi bon pozisyon pou yo mete nan matris fi a pou l devlope. Byen souvan, sou twazyèm jou a, yo mete de oswa twa nan anbriyon ki pi bon yo nan matris fi a yon fason pou gen plis chans pou l vin ansent. Si matris la kenbe youn oswa plizyè nan anbriyon yo, l ap ansent e y ap atann pou l vin gen yon timoun annapre.

Men, e anbriyon yo pa t met nan matris li yo, sa ki gen ladan l anbriyon ki pa t an bon sante oswa menm ki pa t bon yo? Si yo kite anbriyon sa yo poukont yo san yo pa nan matris fi a, yo pap pran tan pou yo mouri. Pou anpeche anbriyon ki bon e ki anplis yo mouri, yo kapab mete yo nan azòt sou fòm likid pou fè yo tounen glas. Pou ki rezon? Se paske, si premye tantativ FIV a pa mache, yo ka fè lòt tantativ, ki koute pi piti kòb pase premye a, ak kèk nan anbriyon yo te konsève yo pou fi a ka vin ansent. Sepandan, sa bay anpil moun gwo pwoblèm konsyans. Menm jan ak moun ki poze kesyon ki pi wo a, gen anpil moun ki gen gwo pwoblèm pou yo deside ki sa y ap fè ak anbriyon yo konsève nan glas yo. Se gendwa paske yo ka pa anvi gen lòt pitit, pwoblèm laj oswa pwoblèm lajan gendwa fè yo pa anvi fè yon lòt tantativ oswa yo gendwa pè pou yo pa vin gen anpil pitit nan vant yo *. Anplis de sa, si youn oswa toule de moun yo ta mouri oswa si yo ta remarye, sa kapab konplike bagay yo. Vrèmanvre, kapab gen anpil pwoblèm e kòm konsekans, gen kèk moun ki kontinye ap peye pou anbriyon ki konsève yo pandan plizyè ane.

Nan ane 2008, nan yon jounal ki rele The New York Times, gen yon espesyalis nan domèn nan ki te fè konnen anpil paran gen gwo difikilte pou yo deside ki sa y ap fè ak anbriyon yo genyen ki konsève yo. Atik la te fè konnen: “Gen omwen 400 000 anbriyon yo konsève toupatou nan klinik ki gen nan peyi a, e gen plis toujou k ap ajoute chak jou. [...] Yo ka kontinye sèvi ak anbriyon yo pandan dizan oswa plis si yo konsève yo kòmsadwa, men, se pa yo tout k ap ret vivan lè yo fonn yo.” ​(Se nou ki mete mo yo ann italik). Sa espesyalis la di a bay kèk kretyen rezon pou yo pran yon ti tan pou yo reflechi sou kesyon sa a. Sa k fè sa?

Kretyen ki marye k ap fè fas ak pwoblèm teknik FIV a pote yo ap fè byen si yo reflechi ak yon lòt sitiyasyon moun konn ap fè fas nan domèn medikal. Yon kretyen gendwa gen desizyon pou l pran konsènan yon moun li renmen ki prèske mouri e ki ret vivan toujou grasa yon aparèy ki pèmèt li kontinye respire. Pa egzanp, se kapab yon vantilatè espesyal. Vrè kretyen yo pa dakò lè moun fè neglijans nan domèn medikal, e anrapò ak sa yo li nan Egzòd 20:13 ansanm ak Sòm 36:9, yo bay lavi moun anpil valè. Men ki sa Réveillez-vous! 8 me 1974 fè konnen: “Piske [kretyen yo] vle viv ann amoni ak prensip biblik yo, yo respekte pwennvi Bondye genyen sou lavi ki sakre, yo respekte lwa gouvènman yo e yo vle viv ann amoni ak konsyans yo, yo pap janm mande yon moun touye yo paske y ap soufri anpil.” Sepandan, gen kèk sitiyasyon kote sèl espwa pou yon moun ou renmen pa mouri se lè yon aparèy pèmèt li kontinye respire. Nan ka sa a, moun nan fanmi an dwe deside si y ap kontinye kite l nan aparèy la oswa si yo pap kontinye.

Se vre, sitiyasyon sa a pa menm ak sitiyasyon de moun ki marye ap fè fas paske yo te itilize teknik FIV a e kounye a yo gen anbriyon ki stoke yon kote. Men, yo ka ba yo posiblite pou yo retire anbriyon yo nan likid azòt ki fè glas la epi kite yo fonn. Konsa, piske anbriyon yo pa nan likid ki fè glas la ankò, yo pral vin gate byen vit jiskaske yo pa bon ankò. Se mari a ak madanm nan ki pou deside si wi ou non y ap dakò fè sa. — Gal. 6:7.

Etandone yon mari ak madanm te dakò suiv teknik FIV a pou madanm nan ka vin ansent epi pou yo gen yon timoun, yo gendwa chwazi pou yo kontinye peye lajan pou anbriyon ki konsève yo oswa yo gendwa chwazi itilize yo pi devan. Sepandan, gen lòt moun ki gendwa deside pou yo sispann kenbe anbriyon ki konsève yo piske nan je yo se yon senp metòd atifisyèl ki fè anbriyon yo ret vivan. Yon kretyen ki gen pou pran yon desizyon konsa, responsab devan Bondye nan fason l ap itilize konsyans li ki fòme grasa Labib. Kretyen yo vle toujou gen yon konsyans ki klè toutpandan yo respekte konsyans lòt moun. — 1 Tim. 1:19.

Yon kretyen ki gen pou pran yon desizyon konsa, responsab devan Bondye nan fason l ap itilize konsyans li ki fòme grasa Labib.

Gen yon espesyalis nan domèn nan ki fè konnen pifò moun marye ki chwazi teknik FIV a “toujou nan konfizyon e yo konn tris anpil akoz responsablite yo genyen pou yo deside ki sa y ap fè ak anbriyon yo genyen ki konsève yo”. Li te ajoute: “Pou anpil nan moun sa yo, sanble pa gen okenn desizyon ki bon.”

Sa klè, vrè kretyen ki vle suiv teknik FIV a dwe analize tout gwo pwoblèm teknik sa a gen ladan l. Bib la fè konnen: “Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.” — Pwo. 22:3.

Gen de moun k ap viv nan plasaj k ap etidye Labib ki vle batize. Men, yo poko ka marye paske mesye a pa legal nan peyi a e gouvènman an pa pèmèt yon moun ki ilegal marye nan peyi a. Èske l ka siyen yon Deklarasyon fidelite pou l ka marye?

Sa ta gendwa sanble yon solisyon, men, se pa fason sa a Ekriti yo mande pou yo rezoud pwoblèm nan. Pou nou ka apresye rezon ki fè Ekriti yo pa dakò ak fason sa a, toudabò, annou wè nan ki objektif yo vin ak yon Deklarasyon fidelite, poukisa yo fè l, kòman e ki kote yon moun ka sèvi avè l.

Dokiman sa a se yon papye de moun ki pa ka marye, poutèt rezon nou sot site pi wo a, siyen devan kèk temwen. Nan dokiman sa a, yo pwomèt y ap ret fidèl youn ak lòt e yo pwomèt y ap marye legal depi sa vin posib. Moun nan kongregasyon an ap wè yo tankou moun ki deklare, devan Bondye ak lèzòm, y ap ret fidèl youn ak lòt yon fason pou lòt moun ka konsidere maryaj yo a tankou yon maryaj leta rekonèt.

Pou ki rezon e ki lè yon moun ka siyen yon Deklarasyon fidelite? Se Jewova ki vin ak maryaj e li bay maryaj anpil enpòtans. Pitit Gason l lan te di: “Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” ​(Mat. 19:5, 6; Jen. 2:22-24). Jezi te ajoute: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou fònikasyon [relasyon seksyèl ki imoral], e ki al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè.” ​(Mat. 19:9). Konsa, “fònikasyon” oswa relasyon seksyèl ki imoral, se sèl rezon Ekriti yo bay ki ka pèmèt yon moun divòse. Pa egzanp, si yon gason ki marye al nan relasyon seksyèl ak yon lòt moun, madanm li ki inosan gendwa deside si wi ou non l ap divòse avè l. Konsa, si l divòse ak mari a, li lib pou l remarye ak yon lòt gason.

Sepandan, pi gwo legliz ki gen nan kèk peyi pa t aksepte prensip byen klè sa a Bib la bay la, sitou nan ane ki pase yo. Olye de sa, yo te fè moun yo konnen yo pa dwe divòse pou okenn rezon. Se sa k fè, nan kèk peyi kote legliz te gen gwo enfliyans, lwa peyi sa yo pa t bay moun posiblite pou yo divòse menmsi moun yo te gen rezon pou yo fè sa ann amoni ak sa Jezi te di a. Gen lòt peyi ki dakò pou moun divòse, men, sa pou yon moun fè pou l divòse a pran anpil tan, li konplike e li difisil. Sa gendwa pran anpil anpil ane pou yon moun divòse. Se kòmsi legliz la oswa gouvènman yo “bloke” sa Bondye aksepte. — Tra. 11:17.

Pa egzanp, de moun k ap viv ansanm kapab viv nan yon peyi kote li pa posib pou moun divòse oswa li difisil anpil pou l fè sa petèt paske sa ka pran anpil ane. Si yo fè tout efò ki rezonab pou yo divòse ak moun yo te marye avè l la e yo kalifye nan je Bondye pou yo remarye, yo kapab siyen yon Deklarasyon fidelite. Dispozisyon sa a montre fason kongregasyon kretyen an pran ka moun sa yo an konsiderasyon nan peyi sa yo. Sepandan, se pa yon dispozisyon nou ka itilize nan anpil peyi kote lalwa dakò pou moun divòse, menmsi sa ta koute chè oswa l ta konplike anpil pou yon moun divòse.

Lefètke kèk moun k ap viv nan peyi kote li posib pou moun divòse pa konprann ki sa Deklarasyon fidelite a ye, yo konn mande pou yo siyen dokiman sa a olye yo fè fas ak kèlkeswa difikilte oswa pwoblèm kesyon divòs la pote.

Nan ka n ap analize a, gason an ak fi a ap viv ansanm yon fason ki imoral e yo vle marye. Yo toule de lib pou yo marye dapre Ekriti yo e yo pa t marye ak okenn moun anvan sa. Sepandan, mesye a pa legal nan peyi a e gouvènman an pa otorize maryaj yon moun ki pa legal. (Nan anpil peyi, otorite yo ap pèmèt de moun marye menmsi youn nan moun yo oswa toule de pa legal nan peyi a.) Nan ka n ap diskite a, peyi kote moun yo ye a pèmèt moun divòse. Kidonk, nan ka sa a, li pa posib pou yo siyen yon Deklarasyon fidelite. N ap note tou, nan ka de moun sa yo, se pa divòse yo bezwen divòse, men, se anpeche yo anpeche yo marye. Yo toule de lib pou yo marye. Sepandan, etandone mesye a ilegal nan peyi a, ki jan yo ka fè sa? Yo gendwa oblije al nan yon peyi kote sitiyasyon mesye a pa yon pwoblèm. Oswa, li kapab menm posib pou yo marye nan peyi kote y ap viv kounye a si mesye a kòmanse fè demach pou l vin legal nan peyi a.

Wi, de moun sa yo ka chèche viv ann amoni ak prensip Bondye yo ansanm ak lwa Seza yo (Mak 12:17; Wom. 13:1). Nou swete y ap fè sa. E konsa, yo kapab vin kalifye pou yo batize. — Ebre 13:4.

^ § 6 Men, ki sa k ap pase si timoun k ap devlope a sanble pa nòmal oswa ki sa k ap pase si gen plizyè anbriyon ki antre nan matris fi a? Si yon moun ta chwazi kanpe gwosès li, li t ap fè yon avòtman. Souvan, sa rive kote moun ki chwazi fè pitit grasa teknik FIV a konn gen plizyè pitit nan vant yo (marasa, twa oswa plis toujou), sa ki konn ogmante risk pou moun sa a akouche anvan lè epi pou l fè yon emoraji. Yo kapab mande yon fi ki gen plizyè pitit nan vant li pou l “chwazi pitit l ap retire yo”, sa k ap lakòz youn oswa plizyè nan yo mouri. Yon moun ki chwazi fè yon bagay konsa fè yon avòtman. Se kòmsi li asasinen tibebe ki nan vant li yo. — Egz. 21:22, 23; Sòm 139:16.