Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fè atansyon ak fason n ap itilize Bib la

Fè atansyon ak fason n ap itilize Bib la

APOT Pòl te montre pouvwa pawòl Bondye a genyen pou l touche kè moun e pou l transfòme lavi yo lè l te di: “Pawòl Bondye a vivan e li pisan.” — Ebre 4:12.

Sepandan, lè apostazi yo te predi a te vin ap vale teren apre lanmò apot yo, moun te vin mal konprann pouvwa mesaj ki nan Bib la genyen an (2 Pyè 2:1-3). Rive yon lè, moun ki alatèt Legliz yo te kòmanse di Pawòl Bondye a gen pouvwa ki gen rapò ak maji. Pwofesè Harry Y. Gamble te ekri konsènan fason yo te konn “itilize vèsè biblik yo pou fè maji”. Li te fè konnen, nan twazyèm syèk la, Orijèn, youn nan Fondatè Legliz yo, te di: “Lè yon moun tande pawòl ki sakre, nan yon sans, sa pwofitab pou li. Si mo yo gen pouvwa nan maji payen yo ap fè, verite ki nan Pawòl Bondye te fè ekri a dwe gen plis pouvwa toujou.” Nan fen katriyèm syèk la, men sa John Chrysostom te ekri: “Dyab la pap pran chans pwoche bò kay kote Levanjil la ye.” Li te di tou, gen kèk moun ki konn mete kèk vèsè nan Levanjil yo nan kou yo pou sèvi yo kòm gad pou pwoteje yo. Mete sou sa, Pwofesè Gamble te fè konnen, Ogisten, yon teyolojyen katolik, te “dakò pou yon moun dòmi ak yon kopi Levanjil Jan an anba zorye l si l ta gen tèt fè mal”. Konsa, yo te konn itilize vèsè ki nan Bib la pou yo fè maji. Èske w konsidere Bib la kòm yon gad, oswa kòm yon bagay ki bay chans ki ka pwoteje w pou malè pa rive w?

Youn nan fason petèt yo plis mal sèvi ak Bib la se lè yo itilize l pou yo pratike bibliyomansi (yon pratik kote moun ap chèche konnen sa k gen pou rive). Ki jan yo fè sa? Yo pran yon liv, byen souvan Labib, yo annik ouvri l epi yo li premye bagay je yo tonbe sou li a toutpandan yo kwè sa yo li a pral gide yo. Pa egzanp, Pwofesè Gamble te di: Yon lè, Ogisten te tande vwa yon timoun nan vwazinaj la ki t ap di: “Pran l epi li l, pran l epi li l.” Lè sa a, Ogisten te panse se Bondye ki te mande l pou l ouvri Bib la epi pou l li premye tèks li wè a.

Èske w konn tande pale de kèk moun ki t ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil, ki te priye Bondye epi annapre yo annik ouvri Bib la, yo li premye vèsè yo tonbe sou li a toutpandan yo kwè vèsè sa a t ap ede yo fè fas ak pwoblèm yo? Byenke yo te gendwa gen bon entansyon, men, se pa konsa kretyen yo dwe chèche jwenn direksyon nan Ekriti yo.

Jezi te bay disip li yo asirans li t ap voye “èd la, lespri sen” an ba yo. Li te fè konnen lespri a ‘t ap anseye yo tout bagay, e l t ap fè yo sonje tout bagay li te di yo’. (Jan 14:26.) Yon lòt bò, moun k ap sèvi ak Bib la pou yo konn sa k gen pou rive pa oblije konnen sa k nan Ekriti yo.

Jodi a, se tout kote moun ap mal sèvi ak Bib la pou yo ka konnen sa k gen pou rive e pou yo fè lòt bagay ki gen rapò ak sipèstisyon. Sepandan, Pawòl Bondye a kondane moun k ap entèprete siy (Lev. 19:26; Det. 18:9-12; Tra. 19:19). Se vre “pawòl Bondye a vivan e li pisan”, men, nou dwe konn ki jan pou n sèvi avè l. Lè nou chèche gen konesans egzak sou Bib la e nou pa itilize l tankou yon liv ki gen rapò ak sipèstisyon, sa ap fè n viv pi byen. Konesans sa a ede anpil moun vin pwòp nan domèn moral, li fè yo kite move abitid yo te genyen, li fè yo vin gen pi bon relasyon ak fanmi yo e yo vin gen pi bon relasyon ak Bondye, li menm ki Mèt Bib la.