Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Toudegad senplifye a — Poukisa yo te vin avè l?

Toudegad senplifye a — Poukisa yo te vin avè l?

GEN plizyè dizèn ane depi fi kou gason, toupatou sou tout tè a, ap byen pwofite enfòmasyon yo jwenn nan Toudegad la, ki baze sou Bib la. Nan mwa jiyè 2011, premye nimewo Toudegad senplifye ki gen atik etid yo te vin parèt ann anglè. Men sa yo te di konsènan Toudegad sa a: “N ap eseye l pandan ennan, e si nou twouve l itil, n ap kontinye enprime l.”

Kounye a, se avèk anpil kè kontan n ap anonse nou pran desizyon pou nou kontinye pibliye Toudegad senplifye a. Mete sou sa, pi devan, Toudegad senplifye a pral parèt nan lang fransè, pòtigè ak espayòl.

REZON KI FÈ MOUN RENMEN L

Men sa plizyè moun k ap viv nan Pasifik Sid la te fè konnen apre yo te fin resevwa Toudegad senplifye a: “Kounye a, frè ak sè yo vrèman byen konprann Toudegad la.” Gen yon lòt lèt ki te fè konnen: “Tan moun te konn pase nan chèche mo epi chèche konprann kèk ekspresyon, yo sèvi avè l kounye a pou yo chèche konprann vèsè yo site yo epi wè rapò yo genyen ak sa y ap aprann yo.”

“Tan moun te konn pase nan chèche mo epi chèche konprann kèk ekspresyon, yo sèvi avè l kounye a pou yo chèche konprann vèsè yo site yo epi wè rapò yo genyen ak sa y ap aprann yo.”

Men sa yon dam ki diplome nan yon inivèsite Ozetazini fè konnen: “Mwen te pase 18 an ap pale ak ekri yon fason sèl moun ki fè gwo etid te ka konprann. Mwen te vin pran abitid pale epi panse yon fason ki konplike anpil san sa pa t nesesè. Mwen te rann mwen kont mwen bezwen fè gwo chanjman nan fason m panse ak fason m pale.” Kounye a, dam sa a se yon pwoklamatè ki efikas. Men sa li te di ankò: “Toudegad senplifye a se yon gwo èd pou mwen nan sans sa a. Langaj yo itilize ladan l lan ban m yon bèl egzanp sou fason pou m pale epi panse yon fason ki pi senp.”

Men sa yon sè, k ap viv nan peyi Angletè ki batize nan ane 1972, te ekri konsènan Toudegad senplifye a: “Lè m te li premye nimewo a, se kòmsi m te santi Jewova te chita bò kote m, li pase men l nan kou m pou l li Toudegad la ansanm avè m, menm jan ak yon papa k ap li yon istwa pou pitit li anvan pitit la al dòmi.”

Gen yon sè, k ap viv nan Betèl Etazini an e ki gen plis pase 40 an depi li batize, ki te fè konnen Toudegad sa a fè l pi byen konprann bagay yo pafwa. Pa egzanp, nan nimewo 15 septanm 2011 lan, men sa yo te mete nan bwat ki gen tit “Esplikasyon sou kèk ekspresyon” an, pou esplike ekspresyon “gwo nyaj temwen” yo pale de li nan Ebre 12:1 an: “Yo pa t kapab konte yo tèlman yo te anpil.” Sè a te di tou: “Esplikasyon sa a te ede m pi byen konprann vèsè a.” Men sa sè a te di konsènan etid Toudegad la: “Menm lè yon timoun fè yon kòmantè motamo nan Toudegad senplifye a, li pa itilize menm mo ak Toudegad nòmal la pifò moun gen nan men yo a. Konsa, moun yo nan oditwa a aprann nan kòmantè timoun yo fè yo.”

Men sa yon lòt sè ki nan Betèl te ekri: “Mwen toujou ap tann avèk enpasyans pou m tande kòmantè timoun yo nan kongregasyon an. Se grasa Toudegad senplifye a ki fè timoun yo rive pale yon fason ki montre yo kwè nan sa y ap di yo, e yo ankouraje m.”

Gen yon sè ki te batize nan ane 1984 ki fè konnen jan li apresye Toudegad senplifye a. Men sa l te di: “Mwen santi se pou mwen menm menm yo te ekri l. Li ede m konprann sa m ap li yo byen fasil. Kounye a, mwen gen konfyans mwen kapab fè kòmantè pandan etid Toudegad la.”

LI ITIL PARAN YO ANPIL

Men sa yon manman, ki gen yon pitit gason ki gen setan, fè konnen: “Lè n ap prepare Toudegad la, gen plizyè fraz, se mwen ki te konn oblije esplike l yo. Sa te konn pran m anpil tan e sa te konn fatige m tou.” Ki jan Toudegad senplifye a te ede manman sa a? Men sa l fè konnen: “Se pa ti sezi m sezi wè jan li rive li paragraf yo e li konprann sa l li yo! Etandone mo yo pa difisil e yo pa long, sa ba l asirans. Li kòmanse prepare kòmantè poukont li, epi, li rete konsantre pandan tout etid Toudegad la.”

“Se pa ti sezi m sezi wè jan li rive li paragraf yo e li konprann sa l li yo!”

Yon manman ki gen yon pitit fi ki gen nevan te ekri: “Anvan sa, se nou menm ki te konn ede l prepare kòmantè. Kounye a, li prepare yo poukont li. Se yon lè konsa sèlman nou esplike l yon bagay oswa nou ba l yon repons. Etandone sa vin fasil pou li, kounye a, li santi l ap patisipe toutbon nan etid Toudegad la.”

KI EFÈ L GEN SOU TIMOUN YO?

Gen anpil timoun ki santi se pou yo menm menm yo te vin ak Toudegad senplifye a. Men sa Rebecca, ki gen 12 an, te di: “Tanpri, kontinye pibliye Toudegad sa a. Mwen renmen pati ki gen tit ‘Esplikasyon sou kèk ekspresyon’ an. Li vrèman senp pou timoun yo.”

Nicolette, yon timoun ki gen setan, santi l menm jan ak Rebecca. Men sa l te di: “Li te difisil pou m konprann Toudegad la. Kounye a, mwen ka fè plis kòmantè san moun pa ede m.” Men sa Emma, yon tifi ki gen nevan te ekri: “Li ede mwen menm ak ti frè m nan, ki gen sizan, anpil anpil. Nou vin pi byen konprann. Mèsi!”

Vrèmanvre, anpil moun byen pwofite Toudegad sa a ki itilize mo ki senp e ki fasil pou moun konprann. Li bay anpil satisfaksyon! N ap kontinye pibliye l ansanm ak Toudegad nòmal la k ap bay moun bon kalite manje depi ane 1879.