Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Èske yo te rebati tanp Jerizalèm nan apre ane 70 epòk nou an?

JEZI te di pa t ap gen yon wòch nan tanp Jewova a ki t ap rete sou yon lòt wòch. Pwofesi sa a te reyalize lè lame women an, ki te gen Titis alatèt li, te detwi Jerizalèm nan ane 70 epòk nou an (Mat. 24:2). Annapre, anperè Jilyen te vle rebati tanp lan.

Yo rekonèt Jilyen kòm dènye anperè women ki te payen. Jilyen te neve Konstanten Legran e li te resevwa yon swadizan edikasyon kretyen. Sepandan, apre yo te fin pwoklame l anperè nan ane 361 epòk nou an, li te montre aklè li te rejte edikasyon li te resevwa a ansanm ak fòm krisyanis kòwonpi ki te gen nan epòk li a. Konsa, li te apwouve relijyon payen an. Listwa pale de li kòm: “Aposta a.”

Jilyen pa t vle wè Krisyanis la menm. Youn nan rezon ki dwe te fè sa, se paske lè l te gen sizan, li te wè moun ki te swadizan kretyen k ap asasinen papa l ak lòt gason ankò nan fanmi l. Selon istoryen legliz yo, Jilyen te ankouraje Juif yo pou yo rebati tanp yo a paske li te met nan tèt li sa t ap pwouve Jezi te yon fo pwofèt *.

Se sèten, Jilyen te vle rebati tanp lan. Istoryen yo te fè anpil deba pou yo te ka konnen si wi ou non Jilyen te kòmanse fè sa vre, e si l te kòmanse rebati l sa k fè l te bay sa vag. Sepandan, yon bagay ki sèten sèke yo te touye Jilyen alòske li potko menm gen dezan sou pouvwa a e pwojè l te genyen pou l rebati tanp lan te tou kanpe.

Kote tanp lan te ye a ak yon imaj ki montre jan l dwe te ye nan epòk Jezi a.

^ § 5 Jezi pa t janm di tanp lan pa t ap rebati, men, li te di li t ap detwi. Sa te rive nan ane 70 epòk nou an.