Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sèvi ak Pawòl Bondye a pou w ede tèt ou ak lòt moun

Sèvi ak Pawòl Bondye a pou w ede tèt ou ak lòt moun

“Pou mwen menm tout lòd ou yo bon.” — SÒM 119:128.

1. Poukisa nou dwe gen yon konfyans total nan Pawòl Bondye a?

LÈ ANSYEN yo ap analize yon etidyan pou yo konnen si wi ou non li kalifye pou l soti nan predikasyon, yo mande tèt yo: ‘Èske moun nan montre li kwè Bib la se Pawòl Bondye te fè ekri a? *’ Pou moun ki vle vin pwoklamatè Wayòm nan, anfèt pou tout sèvitè Bondye yo, repons lan dwe yon wi ki byen klè. Pou ki rezon? Se paske lè n gen konfyans nan Pawòl Bondye a e nou gen kapasite pou nou sèvi avè l nan travay predikasyon an, sa ap pèmèt nou ede lòt moun pou yo vin konnen Jewova e pou yo rive sove.

2. Ki sa k fè nou dwe ‘rete nan sa n te aprann yo’?

2 Apot Pòl te montre enpòtans Pawòl Bondye a genyen lè l te di Timote: “Rete nan sa w te aprann yo, nan sa yo te konvenk ou pou w kwè yo.” “Sa yo te konvenk” Timote pou l kwè Pòl te pale de li yo, se te verite ki gen nan Bib la ki te pouse Timote pou l gen lafwa nan bon nouvèl la. Jodi a, verite sa yo gen menm efè a sou nou, e yo kontinye ede nou gen “sajès k ap pèmèt [nou] delivre” a (2 Tim. 3:14, 15). Byen souvan, nou konn sèvi ak pawòl Pòl di nan vèsè ki vin apre a pou n montre lòt moun se Bondye ki Mèt Bib la, men, nou chak kapab jwenn yon byenfè anplis lè n li pawòl sa yo nou jwenn nan 2 Timote 3:16. (Li vèsè a.) Kidonk, ann egzamine vèsè sa a pi byen, e konsa, n ap vin gen plis konviksyon tout sa Jewova anseye yo “bon”. — Sòm 119:128.

“ITIL POU ANSEYE”

3-5. a) Ki jan yon foul moun te reyaji apre diskou Pyè te bay nan Pannkòt ane 33 a, e poukisa? b) Ki sa k fè anpil moun te aksepte laverite nan Tesalonik? c) Jodi a, ki sa k ka fè moun sezi konsènan travay predikasyon nou an?

3 Jezi te di nasyon Izrayèl la: “M ap voye pwofèt ak  moun saj ansanm ak anseyan ban nou.” (Mat. 23:34). Lè Jezi te di pawòl sa yo, li t ap pale konsènan disip li yo, moun li te anseye pou sèvi ak Ekriti yo nan travay predikasyon an. Nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, nan yon diskou apot Pyè, youn nan “anseyan” sa yo, t ap bay devan yon gwo foul moun nan Jerizalèm, li te site plizyè vèsè ki soti nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Lè moun ki t ap koute yo te fin tande fason Pyè te aplike vèsè sa yo, anpil nan yo te “santi kè yo fann”. Yo te repanti pou peche yo te konn fè yo. Gen anviwon twa mil nan yo ki te chèche padon nan men Bondye e ki te vin kretyen. — Tra. 2:37-41.

4 Apot Pòl, yon lòt anseyan, te preche bon nouvèl la byen lwen Jerizalèm. Pa egzanp, nan vil masedónyen ki te rele Tesalonik la, li te pale ak moun ki t ap adore nan sinagòg la. Pandan twa saba, Pòl te “rezone avèk yo sou Ekriti yo. Li t ap ba yo esplikasyon, e li t ap sèvi ak pasaj nan Ekriti yo pou l pwouve yo li te nesesè pou Kris la soufri e pou l leve sot nan lanmò”. Ki rezilta sa te bay? Bib la fè konnen gen ‘kèk moun pami Juif yo ansanm ak anpil Grèk ki te vin kwè’. — Tra. 17:1-4.

5 Jodi a, anpil moun sezi wè fason sèvitè Bondye yo itilize Bib la. Nan peyi Suis, apre youn nan sè nou yo te fin li yon vèsè pou yon mesye li te rankontre lakay li, mesye a te mande l: “Ki moun nou reprezante?” Sè a te reponn: “Mwen menm ak patnè m nan, nou se Temwen Jewova.” Mesye a te di: “Mwen te dwe konn sa. Ki lòt moun apa Temwen Jewova yo ki t ap vin lakay mwen pou li Labib avè m?”

6, 7. a) Ki fason moun k ap anseye nan kongregasyon an kapab byen sèvi ak Bib la? b) Poukisa li enpòtan anpil pou nou byen sèvi ak Ekriti yo nan etid biblik yo?

6 Ki jan nou ka pi byen sèvi ak Bib la lè n ap anseye? Si w gen privilèj pou w anseye kongregasyon an depi estrad la, sèvi ak kèk vèsè byen presi ki soti nan Bib la. Olye pou w rezime kèk vèsè ki enpòtan, pou w sèvi ak yon kopi ou enprime sou òdinatè pou w li vèsè yo oswa w sèvi ak aparèy elektwonik, ouvri Bib la pito, li vèsè a ladan l epi ankouraje moun nan asistans lan pou yo fè menm jan an. Anplis de sa, pran tan w pou w esplike moun nan asistans lan fason yo ka aplike vèsè yo, yon fason pou yo vin pi pwòch ak Jewova. Olye w sèvi ak egzanp ansanm ak eksperyans konplike k ap fè moun ri sèlman, sèvi ak tan sa a pou w esplike Pawòl Bondye a.

7 Ki sa nou bezwen kenbe nan lespri nou lè n ap kondui etid biblik? Toutpandan n ap sèvi ak piblikasyon yo, nou dwe fè atansyon pou n pa bliye vèsè yo bay kòm referans yo. Nou dwe ankouraje etidyan an pou l li vèsè ki site yo epi ede l konprann yo. Ki jan n ka fè sa? Se pa lè n bay esplikasyon byen long ki fè etid la vin tounen yon seri deba, men, se lè n ankouraje etidyan an pou l di sa l santi. Olye pou n di l sa l dwe kwè oswa kòman l dwe reyaji, nou kapab poze l bonjan kesyon k ap ede l rive jwenn repons lan poukont li *.

“ITIL POU [...] REPRIMANDE”

8. Ak ki pwoblèm Pòl t ap fè fas?

8 Byen souvan, nou panse se sèlman ansyen yo ki dwe “reprimande” moun. Anfèt, se vre ansyen yo gen responsablite pou yo “reprimande moun k ap pratike peche yo”. (1 Tim. 5:20; Tit 1:13.) Men, li enpòtan tou pou w reprimande tèt ou. Pòl te yon kretyen ki te bay bon egzanp e li te gen yon konsyans ki klè (2 Tim. 1:3). Aktout sa, li te ekri: “Nan kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap fè lagè ak lwa ki nan lespri m nan e k ap mennen m kòm prizonye bay lalwa peche.” Lè n etidye nan ki kontèks Pòl te di pawòl sa yo, n ap pi byen konprann konba Pòl t ap mennen pou l te ka kontwole tandans li gen lakay li pou l fè peche a. — Li Women 7:21-25.

9, 10. a) Ak ki feblès petèt Pòl t ap goumen? b) Ki sa petèt ki te ede Pòl kontinye goumen kont peche?

 9 Ki feblès Pòl te fè gwo efò pou l venk lakay li? Byenke li pa t idantifye feblès sa yo byen klè, men, li te fè Timote konnen li te “yon moun ki te ensolan”. (1 Tim. 1:13.) Anvan Pòl te konvèti, raj li te genyen kont kretyen yo te fò anpil. Men sa l te di konsènan fason l te santi l anvè disip Kris yo: “Mwen tèlman pa t vle wè yo.” (Tra. 26:11). Malgre Pòl te vin aprann kontwole kòlè l, pafwa, li te dwe goumen pou l kontwole santiman l ak pawòl li (Tra. 15:36-39). Ki sa k te ede l venk feblès li yo?

10 Lè Pòl te ekri kretyen Korent yo, li te esplike taktik li te itilize pou l reprimande tèt li. (Li 1 Korentyen 9:26, 27.) Li te goumen ak tandans li gen lakay li antanke moun enpafè lè l te tire yon seri kou ki byen dirije sou yo. Sandout, li te chèche konsèy nan Ekriti yo, li te sipliye Jewova pou l ede l aplike konsèy sa yo e l te travay di pou l chanje *. Nou kapab jwenn byenfè lè nou suiv egzanp li etandone nou menm tou, n ap goumen kont menm kalite tandans sa yo.

11. Ki fason nou ka “kontinye verifye” tèt nou pou n wè si wi ou non n ap mache nan chemen laverite?

11 Nou pa dwe janm panse nou fin rive e nou pa bezwen kontinye fè efò nan adorasyon n ap bay Bondye a. Olye de sa, nou bezwen “kontinye verifye” tèt nou pou n gen asirans n ap mache toutbonvre nan chemen laverite (2 Kor. 13:5). Lè n ap li kèk vèsè tankou Kolosyen 3:5-10, nou ta dwe mande tèt nou: ‘Èske m fè gwo efò pou m diminye tandans mwen genyen pou m peche a oswa èske m ap vin fèb nan domèn moral? Lè yon sit ki gen bagay imoral monte sou paj mwen pandan m sou Entènèt, èske m kouri fèmen l oswa mwen chèche jwenn lòt sit ki gen bagay ki pa pwòp?’ Lè n aplike konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a nan lavi nou, sa ap ede nou “rete je klè [epi] rete nan bonsans nou”. — 1 Tes. 5:6-8.

“ITIL POU [...] KORIJE”

12, 13. a) Ki objektif nou dwe genyen lè n ap “korije” lòt moun, e ki jan nou ka suiv egzanp Jezi lè n ap fè sa? b) Ki kalite pawòl nou pa dwe di lè n ap “korije” lòt moun?

12 Mo grèk lè yo tradui l yo mete “korije” pou li a vle di “fè byen, regle, fè yon bagay retounen vin nòmal, kondisyon ki dwat”. Pafwa, nou bezwen pran inisyativ pou n korije yon moun ki te mal konprann yon bagay nou te di oswa nou te fè. Pa egzanp, chèf relijye juif yo t ap plenyen lefètke Jezi te aji byen ak “pèseptè ansanm ak moun k ap pratike peche”. Jezi te di yo: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè. Kidonk, al aprann sa sa vle di: ‘Se mizèrikòd mwen vle, se pa sakrifis.’” (Mat. 9:11-13). Avèk pasyans ak jantiyès, li te esplike tout moun Pawòl Bondye a. Se sa k fè, moun ki te gen imilite yo te vin konnen Jewova kòm yon “Bondye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, ki pa prese fè kòlè, ki chaje bonte ki plen lanmou e ki chaje ak verite”. (Egz. 34:6, NW.) Kòm rezilta, anpil moun te vin gen lafwa nan bon nouvèl la grasa efò Pitit Bondye a te fè pou l “korije” pwennvi yo.

13 Lè n suiv egzanp Jezi, n ap kapab wè fason pou n ede lòt moun. Yon moun ki fache gendwa di n byen fò: ‘Mwen gen pou m regle avè w tande!’ Sepandan, lè yon moun pale konsa, li montre li pa suiv pawòl nou jwenn nan 2 Timote 3:16 la. “Ekriti yo” pa otorize nou pou n pale ak yon moun san nou pa pran santiman l an konsiderasyon. Byen souvan, lè n pale mal ak yon moun se tankou nou ba l yon “kout ponya” paske sa ka fè l gen anpil lapenn epi sa pap fè l jwenn okenn byenfè. — Pwo. 12:18.

14-16. a) Ki jan ansyen yo ka “korije” yon fason pou yo ede lòt moun rezoud pwoblèm yo genyen? b) Poukisa li enpòtan anpil pou n sèvi ak Ekriti yo nan fason n ap “korije” timoun yo?

 14 Nan ka sa a, ki jan nou ka montre nou gen pasyans ak bonte lè n ap “korije” yon moun? Ann sipoze yon koup ki marye ta mande yon ansyen pou l ede yo pou yo sispann fè kont. Ki sa ansyen an dwe fè? San l pa pran pou okenn nan yo, li kapab rezone ak yo sou prensip ki nan Bib la, petèt lè l sèvi ak prensip nou jwenn nan chapit 3 liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an. Toutpandan ansyen an ap dirije konvèsasyon an, mari a ak madanm nan kapab wè ki konsèy yo chak ta dwe aplike plis toujou. Yon lòt lè, ansyen an gendwa mande yo kòman bagay yo ye nan fanmi an epi ofri yo pou l ede yo plis toujou si sa nesesè.

 15 Ki jan paran yo kapab “korije” timoun yo yon fason pou yo ka vin djanm nan domèn espirityèl? Ann imajine ou vle ede pitit fi w ki adolesan pou l evite yon zanmi l genyen ou gen dout sou li. Toudabò, ou dwe chèche konn plis enfòmasyon sou zanmi sa a. Annapre, si gen rezon pou sa, ou kapab pale ak pitit fi w la, e petèt, ou ka menm sèvi ak kèk pwen nou jwenn nan liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 2 a. Ou kapab pase plis tan avè l nan jou ki vin apre yo. Toutpandan l ap patisipe nan travay predikasyon an oswa nan detant nou fè an fanmi, ou kapab obsève l pou w wè ak ki etadespri l ap patisipe ladan yo. Si w montre w gen pasyans ak bonte, pitit fi w la ap wè jan w enterese nan li avèk amou, e sandout, sa ap pouse l aplike konsèy ou ba li yo epi l ap evite yon bagay ki te kapab tounen yon katastwòf nan lavi l.

Lè paran yo sèvi ak Bib la pou yo “korije” pitit yo avèk dousè, y ap ede yo evite anpil pwoblèm. (Gade  paragraf 15 lan.)

16 Menm jan an tou, lè n demontre nou gen pasyans ak bonte, n ap kapab ankouraje moun ki enkyè pou sante yo, moun ki dekouraje poutèt yo pèdi travay yo oswa ki nan konfizyon akoz kèk bagay Ekriti yo  anseye. Lè n sèvi ak Pawòl Bondye a pou n “korije”, sa ap pote gwo byenfè pou pèp Jewova a.

“ITIL [...] POU BAY DISIPLIN SELON PRENSIP BONDYE YO KI JIS”

17. Poukisa nou dwe aksepte disiplin yo ban nou yo avèk rekonesans?

17 Bib la fè konnen: “Pa gen okenn disiplin ki sanble bay kè kontan menm kote a. Sanble li bay lapenn pito. Sepandan, pi devan, moun li fòme yo pral mennen yon vi dwat nan lapè.” (Ebre 12:11). Pifò kretyen ki granmoun kounye a fè konnen disiplin yo te resevwa nan men paran yo ki kwayan, lè yo te pi jèn, te ede yo. Lè n aksepte disiplin Jewova bay pa mwayen ansyen yo, sa ap fè n rete sou wout lavi a. — Pwo. 4:13.

18, 19. a) Poukisa li enpòtan anpil pou nou suiv konsèy nou jwenn nan Pwovèb 18:13 la lè n ap “bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis”? b) Byen souvan, ki rezilta sa pote lè ansyen yo demontre dousè ak lanmou nan fason y ap aji ak yon moun ki fè yon peche?

18 Yon moun dwe konn kòman pou l bay bonjan disiplin. Jewova mande kretyen yo pou yo bay disiplin “selon prensip Bondye yo ki jis”. (2 Tim. 3:16.) Se sa k fè, nou dwe kite prensip ki nan Bib la gide n lè n ap bay disiplin. Nou jwenn youn nan prensip sa yo nan Pwovèb 18:13. Men sa l di: “Moun ki prese reponn san koute sa y’ap di l, se moun sòt li ye. Li gen pou l wont.” Kidonk, lè ansyen yo vle pale ak yon moun yo akize kòmkwa li komèt yon peche grav, yo dwe fè bonjan rechèch sou ka a pou yo ka jwenn tout detay yo (Det. 13:14). Se sèlman fason sa a, y ap kapab bay disiplin “selon prensip Bondye yo ki jis”.

19 Anplis de sa, Pawòl Bondye a konseye ansyen yo pou yo korije lòt moun “avèk dousè”. (Li 2 Timote 2:24-26.) Se vre, yon moun gendwa lage vèni sou do Jewova epi l gendwa blese moun ki inosan. Sepandan, yon ansyen pap ka ede moun nan si ansyen an vin fache pandan l ap konseye l. Yon lòt bò, lè ansyen yo imite “bonte Bondye gen lakay li”, yo kapab pouse moun ki te fè erè a repanti. — Wom. 2:4.

20. Ki prensip paran yo dwe aplike lè y ap disipline pitit yo?

20 Paran yo dwe aplike prensip ki nan Bib la lè y ap korije pitit yo ‘nan disiplin ak nan avètisman Jewova bay’. (Efe. 6:4.) Yon papa ta dwe evite pini pitit gason l dapre sa yon sèl moun rapòte l konsènan konpòtman ti gason an. Fè kòlè avèk raj pa gen plas li nan yon fanmi kretyen. “Jewova gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd” lakay li, e moun ki gen responsablite pou disipline moun ki jèn yo dwe fè gwo efò pou yo demontre menm kalite sa yo ki soti nan lanmou. — Jak 5:11.

KADO SAN PARÈY JEWOVA BAN NOU AN

21, 22. Ki ekspresyon nou jwenn nan Sòm 119:97-104 ki pi byen dekri santiman w genyen konsènan Pawòl Jewova a?

21 Yon lè, gen yon moun ki gen lakrentif pou Jewova ki te fè konnen rezon ki fè l renmen lwa Jewova yo. (Li Sòm 119:97-104.) Lefètke l te etidye lwa Jewova yo, li te vin gen sajès, klèvwayans ak bon konprann. Piske l te koute konsèy ki nan lwa sa yo, sa te ede l evite pran move chemen ki t ap fè lòt moun ditò. Li te pran plezi etidye Ekriti yo e sa te ba l satisfaksyon. Li te pran detèminasyon pou l obeyi Bondye ki te ba l enstriksyon ki te fè l jwenn anpil avantaj nan lavi a.

22 Èske w bay “tout sa ki nan Ekriti yo” valè? Grasa Ekriti yo, w ap vin gen plis konfyans Bondye ap atenn objektif li. Konsèy enspire ki ladan l yo pwoteje w kont move rezilta moun k ap pratike peche jwenn. Lè w byen esplike l, w ap kapab ede lòt moun jwenn wout lavi a epi rete sou li. Kidonk, annou byen itilize “tout sa ki nan Ekriti yo” toutpandan n ap sèvi Jewova, Bondye nou an ki gen tout sajès e ki gen lanmou.

^ § 1 Gade liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, paj 79.

^ § 7 Byen souvan, lè Jezi t ap anseye li te konn mande moun yo: “Ki sa nou panse?” Apre sa, li tann yo reponn. — Mat. 18:12; 21:28; 22:42.

^ § 10 Lèt Pòl te ekri yo gen anpil konsèy ankourajan k ap ede n goumen kont tandans nou genyen pou n peche a (Wom. 6:12; Gal. 5:16-18). Li rezonab pou n panse Pòl te aplike konsèy li te konn bay lòt moun. — Wom. 2:21.