Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pa kite fatig pote n ale”

“Pa kite fatig pote n ale”

“Annou pa sispann fè sa ki byen.” — GAL. 6:9.

1, 2. Lè n reflechi sou òganizasyon inivèsèl Jewova a, Ki jan sa fè n vin gen plis konfyans?

SE PA ti enpresyonan sa enpresyonan lefètke n konnen nou fè pati yon kokennchenn òganizasyon ki nan tout linivè! Vizyon nou jwenn nan chapit 1 liv Ezekyèl la ak chapit 7 liv Dànyèl la montre, yon fason vivan, jan Jewova ap kontwole bagay yo jouk yo rive nan bout yo. Se Jezi k ap dirije pati òganizasyon Jewova a sou tè a ki gen misyon pou l preche bon nouvèl la, pou l pran swen moun k ap akonpli travay sa a nan domèn espirityèl epi ankouraje vrè adorasyon an. Se pa ti konfyans sa fè n genyen nan òganizasyon Jewova a! — Mat. 24:45.

2 Èske w ap mache pazapa ak bèl òganizasyon sa a? Èske gwo anvi w genyen pou w aprann verite a pa janm sispann ogmante oswa se diminye l ap diminye? Pandan w ap reponn kesyon sa yo, ou gendwa remake fatig kòmanse pote w ale, oswa petèt, ou pa zele menm jan an ankò. Sa ka rive. Nan premye syèk la, apot Pòl te egzòte kretyen parèy li yo pou yo imite bèl egzanp Jezi bay antanke moun ki te zele. Pòl te fè konnen sa t ap ede yo pou yo “pa fatige e pou [yo] pa dekouraje”. (Ebre 12:3.) Menm jan an tou, lè nou byen egzamine enfòmasyon nou te jwenn nan atik ki vin anvan an, ki montre sa òganizasyon Jewova ap akonpli jodi a, sa ap ede nou pou n andire epi pou n kenbe jwa nou pi plis toujou.

3. Ki sa nou bezwen fè pou n pa kite fatig pote n ale, e ki sa n pral konsidere nan atik sa a?

3 Sepandan, Pòl te fè konnen nou bezwen fè plis pase sa si nou pa vle kite fatig pote n ale. Li te fè konnen tou nou t ap bezwen travay pou nou “fè sa ki byen”. (Gal. 6:9.) Donk, nou bezwen poze aksyon. Annou konsidere senk bagay nou dwe fè k ap ede nou rete djanm e k ap pèmèt nou mache pazapa ak òganizasyon Jewova a. Apre sa, nou chak kapab deside si wi ou non nou menm oswa fanmi nou bezwen konsantre nou sou kèk nan bagay sa yo.

 NOU REYINI POU N JWENN ANKOURAJMAN E POU N ADORE

4. Ki sa k fè nou ka di reyinyon yo jwe yon gwo wòl nan vrè adorasyon an?

4 Sèvitè Jewova yo te toujou konsidere reyinyon yo kòm yon aktivite ki gen anpil enpòtans. Nan moman apwopriye, kreyati espirityèl yo konn jwenn envitasyon pou yo parèt devan Jewova (1 Wa 22:19; Jòb 1:6; 2:1; Dàn. 7:10). Nan Izrayèl tan lontan an, pèp la te dwe rasanble yon fason ‘pou yo ka tande e pou yo ka aprann’. (Det. 31:10-12.) Nan premye syèk la, Juif yo te gen abitid ale nan sinagòg yo pou yo ka li Ekriti yo (Lik 4:16; Tra. 15:21). Sa montre rezon ki fè frè ak sè yo te toujou reyini ansanm apre kongregasyon kretyen an te fin fòme, e reyinyon sa yo toujou jwe yon gwo wòl nan adorasyon n ap bay Jewova a. Vrè kretyen yo ap “voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”. Nou bezwen kontinye “ankouraje [youn] lòt, e n ap fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou [Jewova] a ap pwoche”. — Ebre 10:24, 25.

5. Ki fason nou ka ankouraje youn lòt nan reyinyon yo?

5 Yon fason enpòtan nou ankouraje youn lòt se lè n patisipe nan reyinyon yo. Nou kapab fè kòmantè pou n demontre lafwa nou lè n reponn yon kesyon ki nan atik la, lè n bay esplikasyon sou yon vèsè, lè n rakonte yon eksperyans tou kout ki montre sajès ki genyen lè n suiv prensip ki nan Bib la, oswa nou ka fè sa lòt fason ankò (Sòm 22:22; 40:9). Se sèten, w ap dakò kèlkeswa kantite ane nou genyen depi n ap asiste reyinyon yo, nou toujou jwenn ankourajman lè n koute kòmantè frè ak sè yo fè ak tout kè yo, kit yo jèn kit yo granmoun.

6. Ki jan reyinyon yo ede nou rete aktif nan domèn espirityèl?

6 Ki lòt rezon ankò ki fè n kwè lè n reyini ansanm regilyèman, Bondye nou an bay sa anpil enpòtans? Reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo ede nou gen kouraj pou n pale avèk kran e pou n fè fas ak opozisyon nou jwenn nan tèritwa nou yo oswa lè moun yo pa enterese nan mesaj nou an (Tra. 4:23, 31). Patisipasyon nou fè ki baze sou Ekriti yo fòtifye nou e yo fè lafwa nou rete fèm (Tra. 15:32; Wom. 1:11, 12). Ansèyman ak echanj ankourajman nou jwenn nan rasanbleman nou fè pou n adore Jewova yo ede nou jwenn vrè lajwa a, e yo fè nou viv “ak kè poze lè jou malè a rive”. (Sòm 94:12, 13.) Se Komite pou ansèyman Kolèj santral la ki sipèvize preparasyon tout pwogram espirityèl ki fèt pou enstwi pèp Jewova a sou tout kò tè a. Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske yo pran dispozisyon sa yo pou pèmèt nou pwofite bonjan ansèyman nou jwenn nan reyinyon nou yo chak semèn!

7, 8. a) Ki objektif prensipal reyinyon nou yo? b) Ki fason reyinyon yo ede nou nan domèn espirityèl?

7 Sepandan, gen yon bagay ki pi enpòtan lontan pase byenfè nou jwenn pèsonèlman nan reyinyon yo. Rezon ki pi enpòtan ki fè n reyini ansanm se pou n adore Jewova. (Li Sòm 95:6.) Se pa ti privilèj nou genyen pou n fè louwanj pou Bondye nou an ki estrawòdinè (Kol. 3:16)! Lè nou la regilyèman nan rasanbleman teyokratik yo epi nou patisipe ladan yo se yon fason pou nou adore Jewova, e Jewova merite sa (Rev. 4:11). Se sa k fè, nou konprann rezon ki fè nou jwenn egzòtasyon pou n “pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun”! — Ebre 10:25.

8 Èske n konsidere reyinyon yo kòm yon dispozisyon Jewova pran pou ede n andire jiskaske l met fen nan sistèm mechan sa a? Si se wi, menmsi nou okipe anpil, n ap toujou asiste reyinyon yo, paske yo fè pati “bagay ki pi enpòtan” nan lavi nou (Fil. 1:10). Fòk yon bagay ta enpòtan anpil pou l ta fè n rate opòtinite nou genyen pou n reyini ak frè nou yo nan adorasyon n ap bay Jewova a.

 CHÈCHE MOUN KI GEN KÈ SENSÈ YO

9. Kòman n fè konnen travay predikasyon an enpòtan?

9 Lè n patisipe nan tout aspè ki gen nan travay predikasyon an, sa ede nou mache pazapa ak òganizasyon Jewova a tou. Jezi te met travay sa a sou pye lè l te sou tè a (Mat. 28:19, 20). Depi lè sa a, travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la vin tounen objektif prensipal tout òganizasyon Jewova a. Gen anpil eksperyans ki fèt nan epòk nou an ki bay prèv zanj yo ap ede n nan travay nou an e y ap dirije nou pou n jwenn moun ki nan “bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. (Tra. 13:48; Rev. 14:6, 7.) Jodi a, Jewova mete pati òganizasyon l lan ki sou tè a anplas pou l òganize epi sipòte travay sa a ki gen anpil enpòtans. Èske se travay predikasyon an tou ki pi enpòtan nan lavi w?

10. a) Bay yon egzanp ki montre kòman nou kapab kontinye kenbe gwo anvi n genyen pou n aprann laverite. b) Ki jan travay predikasyon an te ede w pou w pa kite fatig pote w ale?

10 Lè nou zele nan travay predikasyon an, sa ap ede n kenbe gwo anvi n genyen pou n aprann laverite. Ann konsidere sa Mitchel, yon frè ki gen lontan depi l ap sèvi kòm ansyen e kòm pyonye pèmanan, di: “Mwen renmen pale ak moun yo sou laverite. Chak fwa m li yon nouvo Toudegad oswa Réveillez-vous! mwen santi m emèveye devan sajès, klèvwayans ansanm ak bonjan rezònman ki gen nan chak sijè. Mwen anvi al preche pou m wè jan moun yo pral reyaji ak fason mwen kapab eveye enterè yo pou sijè sa yo. Travay  predikasyon an pèmèt mwen kenbe fèm. Mwen fè efò pou m fè kèlkeswa lòt bagay la anvan oswa apre tan mwen rezève pou travay predikasyon an.” Menm jan an tou, lè n toujou okipe nan sèvis sakre nou an, sa kapab ede n kontinye kenbe fèm nan dènye jou sa yo. — Li 1 Korentyen 15:58.

MANJE MANJE ESPIRITYÈL LA

11. Poukisa nou dwe li tout piblikasyon Jewova ban nou yo?

11 Jewova ban nou yon pakèt piblikasyon pou nou ka jwenn fòs nan domèn espirityèl. Petèt ou sonje yon lè apre w te fin li yon piblikasyon, ou te di tèt ou: ‘Se egzakteman sa m te bezwen! Se kòmsi se pou mwen menm menm Jewova te ekri piblikasyon sa a!’ Se pa t yon aza ki te fè w di sa. Jewova ban nou enstriksyon ak direksyon pa mwayen piblikasyon sa yo. Men sa Jewova te di: “M’a louvri lespri ou sou anpil bagay. M’a moutre ou chemen pou ou swiv la.” (Sòm 32:8). Èske n fè gwo efò pou n pwofite tout manje espirityèl Jewova ban nou yo e pou n medite sou yo? Si nou fè sa, sa ap ede n kontinye pwodui fwi e nou pap fè bak nan domèn espirityèl pandan dènye jou sa yo ki difisil. — Li Sòm 1:1-3; 35:28; 119:97.

12. Ki sa k ka ede nou pou nou pa pran manje espirityèl nou an kòm yon bagay ki pa gen valè?

12 Li bon pou n reflechi sou kantite travay ki fèt pou n rive jwenn bonjan manje espirityèl sa a regilyèman. Komite redaksyon Kolèj santral la ap sipèvize travay k ap fèt pou fè rechèch, ekri, korije, met imaj epi tradui piblikasyon nou enprime yo ansanm ak sa ki sou Entènèt yo. Filyal ki gen enprimri yo voye piblikasyon ni pou kongregasyon ki pre ni pou sa ki lwen. Poukisa yo fè tout travay sa a? Yo fè sa yon fason pou pèp Jewova a ka byen manje nan domèn espirityèl (Iza. 65:13). Annou toujou fè gwo efò pou n manje tout manje òganizasyon Jewova a ban nou yo. — Sòm 119:27.

SOUTNI DISPOZISYON ÒGANIZASYON AN PRAN

13, 14. Ki moun k ap soutni dispozisyon Jewova pran yo nan syèl la, e ki fason nou ka montre n ap soutni dispozisyon Jewova pran yo sou tè a?

13 Nan vizyon Jezi te bay apot Jan an, Jan te wè Jezi ki monte sou yon cheval blan ki pral goumen ak moun k ap rebele kont Jewova yo (Rev. 19:11-15). Se pa ti fòtifye sa fòtifye lafwa nou dèske n konnen zanj fidèl Bondye yo ansanm ak moun Bondye chwazi sou tè a pou al nan syèl yo ki deja resevwa rekonpans yo nan syèl la, ap ede Jezi nan gè sa a (Rev. 2:26, 27)! Se pi bèl egzanp ki fè n wè enpòtans pou n soutni dispozisyon Jewova pran yo!

14 Nan menm sans lan tou, moun ki fè pati gwo foul la ap soutni tout travay frè Kris yo ap fè, yo menm Bondye chwazi pou al nan syèl la ki toujou sou tè a e ki pran latèt nan òganizasyon an jodi a. (Li Zekarya 8:23.) Ki fason nou chak ka montre n ap soutni dispozisyon Jewova pran yo? Youn nan fason nou ka fè sa, se lè nou soumèt nou devan moun ki pran latèt yo (Ebre 13:7, 17). Nou dwe kòmanse fè sa nan pwòp kongregasyon nou. Èske, nan pawòl ou, ou ankouraje lòt moun pou yo gen respè pou ansyen yo ak travay y ap fè antanke siveyan? Èske w ankouraje pitit ou pou yo respekte gason fidèl sa yo e pou yo chèche konsèy ki baze sou Ekriti yo nan men yo? Anplis de sa, antanke fanmi, èske n pale sou fason nou kapab sèvi ak kòb nou genyen pou n soutni travay mondyal la lè nou fè ofrann (Pwo. 3:9; 1 Kor. 16:2; 2 Kor. 8:12)? Èske nou bay privilèj nou genyen pou nou patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan enpòtans? Lespri sen Jewova ap aji kòmsadwa kote ki demontre kalite respè ak inite sa a. Grasa lespri sen, n ap kontinye jwenn èd nou bezwen pou nou pa kite fatig pote n ale nan dènye jou sa yo. — Iza. 40:29-31.

 VIV ANN AMONI AK MESAJ NOU AN

15. Poukisa nou dwe toujou goumen pou n viv ann amoni ak objektif Jewova yo ki wo nivo?

15 Finalman, pou nou andire epi kontinye mache pazapa ak òganizasyon Jewova a, nou dwe kontinye viv ann amoni ak mesaj n ap preche a lè n “verifye sa k ap fè Seyè a plezi”. (Efe. 5:10, 11.) Akoz enpèfeksyon nou, efò Satan ap fè pou l twonpe nou ansanm ak monn mechan n ap viv la, se toutan n ap goumen ak move enfliyans nan lavi nou. Gen kèk nan frè ak sè nou renmen anpil yo k ap mennen yon gwo konba chak jou pou yo ka kenbe relasyon yo gen ak Jewova a. Jewova renmen nou anpil pou efò n ap fè yo. Pa janm bay legen! Lè n viv ann amoni ak objektif Jewova yo sa fè n jwenn anpil satisfaksyon e sa ban nou asirans adorasyon n ap bay Jewova a pa pou granmesi. — 1 Kor. 9:24-27.

Fè bonjan efò pou w ede lòt moun konprann yo menm tou ka vin fè pati òganizasyon Jewova a.

16, 17. a) Ki sa n dwe fè si n komèt yon peche grav? b) Ki jan egzanp Anne kapab pwofitab pou nou?

16 Men, ki sa n dwe fè si n komèt yon peche grav? Chèche jwenn èd san pèdi tan. Si w kache peche a, sa ap sèlman fè sitiyasyon an vin pi mal. Pa bliye, David te fè konnen lè l pa t konfese peche l te fè yo ‘zo l t ap depafini nan jemisman l tout lajounen’. (Sòm 32:3, NW.) Vrèmanvre, yon moun ki kache peche l ap fatige ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl, men, “moun ki konfese yo e ki kite yo, y ap fè l mizèrikòd”. — Pwo. 28:13, NW.

17 Ann pran egzanp Anne *. Li t ap sèvi antanke pyonye pèmanan lè l te nan fen adolesans li. Sepandan, li te kòmanse mennen yon vi doub, e sa te gen gwo efè sou li. Men sa l fè konnen: “Tikras konsyans mwen te rete a te fè m santi m koupab. Mwen pa t gen lajwa e m te toujou deprime.” Ki sa Anne te fè? Li fè konnen, yon jou, pandan l te nan reyinyon, yo t ap pale konsènan Jak 5:14, 15. Anne te rann li kont li te bezwen èd e l t al pale ak ansyen yo. Lè l reflechi sou sa k te pase a, li di: “Vèsè sa yo se yon preskripsyon Jewova ekri pou geri moun nan domèn espirityèl. Medikaman sa a pa fasil pou moun vale, men, l ap geri moun ki pran l. Mwen te suiv konsèy ki gen nan vèsè sa yo, e sa te mache pou mwen.” Sa gen kèk ane depi Anne reprann fòs li e l retounen zele nan sèvis l ap bay Jewova a ak yon konsyans ki klè.

18. Ki detèminasyon nou dwe pran?

18 Se pa ti privilèj nou genyen pou n viv nan dènye jou sa yo e pou n fè pati òganizasyon Jewova a ki estrawòdinè! Annou pran detèminasyon pou n pa janm konsidere privilèj sa a kòm yon bagay konsa konsa. Olye de sa, ann travay ansanm, antanke fanmi, lè n reyini regilyèman pou n adore Jewova nan kongregasyon an, lè n fè bonjan efò pou n chèche moun ki gen kè sensè yo ki nan tèritwa nou an ak lè n bay manje espirityèl nou resevwa regilyèman yo anpil valè. Ann pran detèminasyon tou pou n soutni moun ki pran latèt nan òganizasyon an epi pou n viv ann amoni ak mesaj n ap preche a. Si nou fè sa, nonsèlman n ap kontinye mache pazapa ak òganizasyon Jewova a, men tou, nou pap janm kite fatig pote n ale paske n ap fè sa ki byen!

^ § 17 Yo chanje non moun nan.