Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 BYOGRAFI

Nou te kontan sèvi Jewova kèlkeswa kote a

Nou te kontan sèvi Jewova kèlkeswa kote a

Mwen potko janm preche poukont mwen anvan sa. Chak fwa m t apral preche, pye m te pran tranble tèlman m te pè. Sa k pi mal la, moun nan tèritwa a te vrèman opoze ak mesaj la. Gen kèk nan yo ki te vrèman agresif, e yo te menm di y ap bat mwen. Premye mwa m te fè antanke pyonye a, mwen te plase yon ti liv sèlman! — Markus.

ISTWA sa a te pase nan ane 1949, sa gen plis pase 60 an. Men, istwa lavi m te kòmanse kèk ane anvan sa. Papa m, Hendrik, te konn travay kòm kòdonye epi kòm jadinye nan Donderen, yon ti vilaj ki nan nò vil Drenthe, nan Peyiba. Mwen fèt an 1927, e m se katriyèm pami sèt pitit paran m yo. Kay nou an te bati bò yon wout tè nan yon zòn andeyò. Pifò nan vwazen nou yo te kiltivatè e m te renmen travay nan jaden. An 1947, lè m te gen 19 an, mwen te pran kontak ak laverite grasa youn nan vwazen nou yo ki te rele Theunis Been. Mwen sonje, lè m te fèk rankontre Theunis, mwen pa t vle wè l. Men, yon ti tan apre Dezyèm Gè mondyal la, li te vin Temwen Jewova e m te remake li te vin pi amikal pase jan l te ye anvan sa. Chanjman l te fè nan lavi l te enpresyone m anpil, se sa k fè, mwen te konn koute l lè l ap pale avè m konsènan pwomès Bondye fè pou tè a tounen yon paradi. Mwen pa t pran tan pou m aksepte laverite, e nou te vin bon zanmi *.

Mwen te kòmanse preche nan mwa me 1948, e nan mwa ki vin apre a, nan dat 20 jen, mwen te batize nan yon kongrè ki te fèt nan vil Utrecht. Mwen te kòmanse sèvi kòm pyonye nan dat 1ye janvye 1949, e m te jwenn asiyasyon pou m al sèvi nan vil Borculo, nan zòn lès Peyiba, yon kote ki te gen yon ti kongregasyon. Mwen te dwe fè anviwon 130 kilomèt pou m al kote sa a, se sa k fè m te deside ale sou bisiklèt. Mwen te panse m t ap pran sizèdtan pou m fè vwayaj la, men, akoz gwo lapli ak gwo van  ki te genyen, mwen te pase 12 èdtan nan wout aktout mwen te pran tren pou m fè rès 90 kilomèt yo! Mwen te resi rive kote m t aprale a byen ta nan aswè. Se te kay yon fanmi ki Temwen, e se la mwen te rete pandan m t ap sèvi kòm pyonye nan zòn sa a.

Nan ane sa yo, apre gè a, moun yo pa t gen anpil byen. Tout sa m te posede se te yon kostim ak yon pantalon. Kostim nan te twò gwo e pantalon an te twò piti! Jan m te di sa nan kòmansman an, premye mwa m te pase nan vil Borculo a te difisil anpil pou mwen, men, Jewova te beni m paske m te kondui anpil etid biblik. Apre nèf mwa, yo te voye m preche nan vil Amsterdam.

MWEN KITE ANDEYÒ POU M AL NAN VIL LA

Mwen te grandi nan yon zòn agrikòl, men kounye a, mwen vin twouve m nan vil Amsterdam, pi gwo vil nan Peyiba. Travay predikasyon an te bay bon rezilta. Nan premye mwa a, mwen te plase plis piblikasyon pase sa m te plase pandan nèf mwa anvan yo. Mwen pa t pran tan pou m kondui omwen uit etid biblik. Apre m te fin nome sèvitè kongregasyon (kounye a ki rele kowòdonatè gwoup ansyen an), mwen te jwenn asiyasyon pou m bay premye diskou piblik mwen. Se te yon gwo defi sa te ye pou mwen. Se sa k fè, mwen te santi m soulaje anpil lè yo te transfere m nan yon lòt kongregasyon yon ti tan anvan m te bay diskou a. Lè sa a, mwen potko konnen si m t ap gen pou m bay plis pase 5 000 diskou pi devan!

Markus (adwat nèt) k ap preche nan lari toupre vil Amsterdam an 1950.

Nan mwa me 1950, mwen t al sèvi nan vil Haarlem. Annapre, mwen te jwenn envitasyon pou m al sèvi kòm siveyan sikonskripsyon. Pandan twa jou, li te difisil pou m dòmi. Mwen te fè Robert Winkler, youn nan frè ki t ap sèvi nan biwo filyal la, konnen mwen pa t santi m kalifye pou privilèj sa a. Men, li te di m: “Annik ranpli fòmilè a. W ap aprann.” Yon ti tan apre sa, mwen te jwenn yon fòmasyon pandan yon mwa e m te kòmanse sèvi antanke sèvitè sikonskripsyon (siveyan). Pandan m t al vizite yon kongregasyon, mwen te rankontre Janny Taatgen, yon jèn sè pyonye ki ge anpil, ki renmen Jewova anpil e ki gen lespri sakrifis. Nou te marye an 1955. Men, anvan m kontinye istwa m nan, Janny pral esplike kòman li te vin pyonye ak kòman nou te sèvi Jewova ansanm apre nou fin marye.

NOU VIN AP SÈVI ANTANKE KOUP MARYE

Janny: Manman m te vin Temwen an 1945, lè sa a mwen te gen 11 an. Byen vit, li te wè jan sa enpòtan pou l etidye Labib ak twa pitit li yo, men, papa m te opoze ak laverite. Donk, manman m te konn etidye avè n lè papa m pa la.

Premye reyinyon Temwen Jewova mwen te asiste se te yon kongrè ki te fèt nan La Haye an 1950. Yon semèn apre, mwen te asiste premye reyinyon m nan Sal Wayòm ki nan zòn nan, nan Assen (Drenthe). Papa m te fache anpil e l te mete m deyò nan kay la. Manman m te di m: “Ou konn ki kote w ka viv.” Mwen te konnen li t ap pale de kay frè ak sè espirityèl mwen yo. Okòmansman, mwen t al viv kay yon  fanmi Temwen ki te abite toupre lakay mwen, men, papa m te toujou ap mennen m lavi di. Donk, mwen t ale nan kongregasyon Deventer (Overijssel) ki te a anviwon 95 kilomèt parapò ak kote m te rete a. Sepandan, piske m potko majè, papa m te vin gen pwoblèm ak otorite yo lefètke l te mete m deyò lakay li. Se sa k fè l te di m pou m tounen nan kay la. Byenke papa m pa t janm aksepte laverite, li te kite m asiste tout reyinyon yo e l te kite m al preche.

Pandan Janny (adwat nèt) te nan sèvis pyonye vakans an 1952.

Yon ti tan apre m te tounen nan kay la, manman m te vin malad anpil e m te oblije fè tout travay nan kay la. Malgre sa, mwen te kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl e m te batize nan ane 1951, lè m te gen 17 an. An 1952, apre manman m fin refè, mwen te pran sèvis pyonye vakans (oksilyè) pou de mwa, e m t al sèvi ansanm ak twa sè pyonye. Nou t ap viv nan yon kay yo bati sou dlo e nou te konn preche nan de zòn nan vil Drenthe. Mwen te nome pyonye pèmanan nan ane 1953. Ennan apre, gen yon jèn siveyan sikonskripsyon ki te vin vizite kongregasyon nou an. Se te Markus. Nou te marye nan mwa me 1955, paske n te santi nou t ap ka sèvi Jewova pi byen antanke koup marye. — Ekl. 4:9-12.

Jou nou te marye a an 1955.

Markus: Apre maryaj nou, nou t al sèvi kòm pyonye nan vil Veendam (Groningen). Nou t ap viv nan yon ti chanm toupiti ki te mezire de mèt lajè twa mèt longè. Aktout sa, Janny te fè chanm nan bèl e l te fè l konfòtab. Chak swa, nou te dwe retire tab la ak de ti chèz pou n te ka ranje kabann nou.

Apre sis mwa, nou te jwenn envitasyon pou n al sèvi kòm itineran nan peyi Bèljik. An 1955, te gen sèlman 4 000 pwoklamatè nan peyi a. Kounye a, gen sis fwa kantite sa a! Moun nan zòn Flanders yo, yon zòn ki nan nò peyi Bèljik, pale menm lang ak moun Peyiba. Sepandan, aksan yo diferan anpil. Se sa k fè, okòmansman, nou te dwe venk pwoblèm lang lan.

Janny: Travay itineran an mande bonjan espri sakrifis. Nou te konn al vizite kongregasyon yo sou bisiklèt e nou te konn rete lakay frè ak sè yo. Piske n pa t gen yon kote pou n rete lè n sot nan yon kongregasyon pou n al nan yon lòt, nou te konn ret kay frè ak sè yo jou lendi tou epi n te konn al nan lòt kongregasyon an nan madi maten. Men, nou te toujou konsidere sèvis nou an kòm yon benediksyon Jewova ban nou.

Markus: Okòmansman, nou pa t konn okenn frè ak sè nan kongregasyon yo, men, yo te janti anpil e yo te byen akeyi nou (Ebre 13:2, nòt). Tank ane yo t ap pase, nou te vizite tout kongregasyon nan peyi Bèljik ki pale lang neyèlandè yo plizyè fwa. Sa te fè n jwenn anpil benediksyon. Pa egzanp, nou te vin konn prèske tout frè ak sè nan distri neyèlandè a, e nou te vin renmen yo anpil. Nou te wè plizyè milye jèn ki te grandi devan je nou, ki te fè pwogrè nan domèn espirityèl jiskaske yo vwe lavi yo bay Jewova yon fason pou yo bay enterè Wayòm nan premye plas nan lavi yo. Nou kontan anpil pou n wè kòman plizyè nan yo ap sèvi Jewova fidèlman nan  sèvis aplentan (3 Jan 4). Grasa “ankourajman” sa a nou jwenn youn nan men lòt, li vin pi fasil pou n kontinye sèvi Jewova ak tout kè nou nan asiyasyon nou an. — Wom. 1:12.

YON GWO DEFI AK YON VRÈ BENEDIKSYON

Markus: Depi jou nou te fin marye a, nou te gen anvi pou n asiste Lekòl Gileyad. Nou te konn fè omwen inèdtan ap etidye anglè chak jou. Sepandan, li pa t fasil ditou pou n aprann anglè pa mwayen liv yo, se sa k fè, nou te konn al an vakans ann Angletè yon fason pou n te ka fè pratik pandan nou t ap preche nan peyi a. Finalman, nan ane 1963, nou te resevwa yon anvlòp ki te soti nan syèj mondyal la ki nan Bwouklin. Anvlòp sa a te gen de lèt, youn pou mwen, youn pou Janny. Lèt mwen an se te yon envitasyon pou m al asiste yon klas Gileyad espesyal ki t ap dire 10 mwa. Objektif prensipal kou sa a se te fòme frè yo epi ba yo enstriksyon konsènan metòd òganizasyon an. Donk, pami 100 elèv ki te jwenn envitasyon yo, 82 nan yo se te frè.

Janny: Nan lèt mwen te resevwa jou sa a, yo te mande m si m t ap dakò rete nan peyi Bèljik pandan Markus ap asiste Lekòl Gileyad, e yo te di m egzamine sa nan lapriyè. Mwen dwe admèt sa, okòmansman, mwen te desi. Sanble Jewova pa t beni tout efò m te fè yo. Sepandan, mwen te sonje objektif Lekòl Gileyad la se ede moun ki asiste l yo pou yo akonpli travay predikasyon bon nouvèl la nan lemonnantye. Donk, mwen te dakò rete e m te jwenn asiyasyon pou m al sèvi antanke pyonye espesyal ansanm ak Anna ak Maria Colpaert, de pyonye espesyal ki te gen anpil eksperyans, nan yon vil nan peyi Bèljik ki rele Ghent.

Markus: Piske m te dwe vin pi abil nan lang anglè, mwen te jwenn envitasyon pou m al Bwouklin senk mwa anvan lekòl la te kòmanse. Mwen te travay nan Biwo sèvis ak nan sèvis ekspedisyon. Piske m t ap sèvi nan syèj mondyal la e m t ap bay èd mwen nan prepare piblikasyon pou voye nan zòn Azi, Ewòp ak Amerik disid, sa te ede m pi byen konprann fanmi entènasyonal nou fòme a. Mwen sitou sonje frè A. H. Macmillan, ki te sèvi antanke pèleren (siveyan itineran) nan epòk frè Russell la. Lè m te rankontre l la, li te gentan granmoun e l te soud, aktout sa, li te asiste tout reyinyon kongregasyon an. Sa te fè yon gwo enpresyon sou mwen e sa te ede m konprann nou pa dwe janm pran reyinyon yo alalejè. — Ebre. 10:24, 25.

Janny: Markus avè m te konn ekri youn lòt plizyè fwa pa semèn. Youn te sonje lòt anpil! Sepandan, Markus te renmen fòmasyon li t ap pran Gileyad la, e mwen menm, mwen te jwenn bonjan jwa nan travay predikasyon an. Lè Markus te retounen sot Ozetazini, mwen t ap kondui 17 etid biblik! Se sèten, sa te di anpil pou mwen lefètke n te separe pandan 15 mwa, men, mwen te kapab wè Jewova te beni nou pou sakrifis nou te fè yo. Jou Markus t ap tounen an, avyon an te anreta pandan plizyè èdtan, se sa k fè, lè l te resi rive, nou toule de te pran kriye toutpandan youn te sere lòt nan bra l. Depi lè sa a, nou pa janm separe.

NOU REKONESAN POU KÈLKESWA PRIVILÈJ LA

Markus: Lè m te sot Gileyad nan mwa desanm 1964, nou te jwenn asiyasyon pou n al sèvi nan Betèl. Anfèt, se pa t asiyasyon sa a nou t ap genyen pandan tout vi nou, byenke, nan moman an, nou pa t konn sa. Apre twa mwa sèlman, nou te jwenn asiyasyon pou n al sèvi nan distri ki nan zòn Flanders lan.  Lè Aalzen ak Els Wiegersma te vin sèvi kòm misyonè nan peyi Bèljik, yo te voye yo al sèvi nan distri sa a, e nou menm, nou te tounen nan Betèl kote m t al sèvi nan Biwo sèvis. Soti ane 1968 pou rive ane 1980, nou te chanje asiyasyon plizyè fwa. Tanto mwen te sèvi nan Betèl e tanto mwen te sèvi kòm siveyan itineran. Finalman, soti ane 1980 pou rive ane 2005, mwen te sèvi kòm siveyan distri ankò.

Aktout yo te chanje asiyasyon nou yo souvan, nou pa t janm bliye nou te vwe vi nou bay Jewova pou n sèvi l ak tout nanm nou. Nou te vrèman apresye tout asiyasyon nou te jwenn yo paske n te kwè kèlkeswa chanjman ki te fèt nan sèvis nou, se te nan objektif pou pèmèt enterè Wayòm nan avanse.

Janny: Mwen te vrèman apresye bèl privilèj mwen te genyen pou m akonpaye Markus pou l al Bwouklin an 1977 ak Patèsonn an 1997 nan moman l t apral resevwa kèk fòmasyon anplis antanke manm Komite filyal.

JEWOVA KONNEN SA NOU BEZWEN

Markus: An 1982, Janny te fè yon operasyon e sa te byen pase pou li. Twazan annapre, avèk jantiyès, frè ak sè ki nan kongregasyon ki nan vil Louvain an te ofri nou yon apatman ki anlè Sal Wayòm yo a. Se premye fwa, pandan 30 an, nou te gen yon ti kote pou n rete. Chak madi, lè pou n te ranje valiz nou pou n al kòmanse vizite yon kongregasyon, mwen te dwe monte epi desann 54 mach eskalye a te genyen yo plizyè fwa pou m al pran valiz yo! Erezman, an 2002 frè ak sè yo te fè aranjman pou n te ka jwenn yon apatman ki anba Sal Wayòm nan. Lè m te gen 78 an, nou te jwenn asiyasyon pou n al sèvi kòm pyonye espesyal nan vil Lokeren. Nou kontan anpil dèske nou kapab sèvi fason sa a e dèske nou ka preche chak jou.

“Nou kwè toutbon se pa kote n ap sèvi a oswa privilèj nou genyen an ki enpòtan, men, se moun n ap sèvi a.”

Janny: Lè n met kantite tan nou te pase nan sèvis aplentan ansanm, nou rann nou kont, nou te pase plis pase 120 an nan sèvis aplentan! Nou te viv verite ki gen nan pwomès Jewova te fè lè l te di ‘li pap janm kite nou’ e si nou sèvi l fidèlman, “nou pap janm manke anyen”. — Ebre 13:5; Det. 2:7, NW.

Markus: Lè n te jèn, nou te vwe lavi nou bay Jewova. Nou pa t janm ap chèche vin gen gwo bagay. Nou te dispoze aksepte kèlkeswa asiyasyon yo te ban nou paske n kwè toutbon se pa kote n ap sèvi a oswa privilèj nou genyen an ki enpòtan, men, se moun n ap sèvi a.

^ § 5 Annapre, papa m, manman m, yon gran sè m ak de nan frè m yo te vin Temwen tou.