TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Septanm 2013

Nan Toudegad sa a, nou pral wè kòman pou n pran bon desizyon, kòman pou n vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova Dye ak kòman rapèl Jewova yo ka fè n jwenn byenfè.

Ide ki opoze yo itil

Byen souvan, Jezi te konn sèvi ak ide ki opoze. Aprann kòman nou kapab sèvi ak ide ki opoze yo pou n ede lòt moun konnen verite ki nan Bib la.

Rapèl Jewova yo merite pou nou fè yo konfyans

Jewova toujou sèvi ak rapèl li yo pou l gide pèp li a e pou l dirije yo. Jodi a, poukisa nou kapab fè rapèl Bondye yo konfyans?

Kite rapèl Jewova yo fè kè w kontan

Èske n kontan dèske n ap suiv kòmandman Jewova yo, oswa èske nou twouve yo lou pafwa? Ki jan nou ka vin gen plis konfyans nan rapèl li yo?

Èske w transfòme tèt ou?

Ki sa k fè kretyen yo bezwen “transfòme tèt” yo? Ki sa transfòmasyon sa a gen ladan l, e kòman nou ka jwenn byenfè grasa li?

Fason pou nou pran desizyon ki saj

Ki jan n kapab sèten desizyon nou pran yo ann amoni ak volonte Bondye? Yonfwa nou fin pran yon desizyon, ki sa k kapab ede n aji ann amoni ak desizyon sa a?

Sèvis pyonye fè nou vin gen pi bon relasyon ak Bondye

Ann konsidere uit fason sèvis pyonye kapab fè n vin gen pi bon relasyon ak Jewova. Ki sa k ka ede w kontinye nan sèvis sa a ki pote anpil byenfè?

Kesyon lektè yo poze

Jan sa parèt nan Jan 11:35, ki sa k fè dlo te koule nan je Jezi anvan l te resisite Laza?