Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite rapèl Jewova yo fè kè w kontan

Kite rapèl Jewova yo fè kè w kontan

‘Rapèl ou yo se byen m pou toutan.’ — SÒM 119:111.

1. a) Ki fason lèzòm reyaji lè yo jwenn rapèl, e poukisa? b) Ki efè ògèy ka genyen sou fason yon moun reyaji devan konsèy?

LÈZÒM ka reyaji divès fason lè yo resevwa konsèy. Lè yon moun ki gen otorite fè yon moun sonje yon bagay, moun sa a ka byen kontan aksepte rapèl la. Tandiske, lè se yon moun ki gen menm laj avè l oswa ki pi ba pase l ki ba l yon konsèy, li gendwa pa koute l. Lèzòm ka reyaji divès fason tou lè yo ba yo disiplin ak avètisman. Gen moun sa gendwa fè yo vin tris oswa wont, tandiske gen lòt, sa gendwa pouse yo fè efò pou yo pote amelyorasyon. Poukisa se konsa lèzòm ye? Youn nan rezon ki fè sa, se paske yo gen ògèy. Anfèt, ògèy ka fè yon moun pèdi bon jijman li genyen, sa ki ka lakòz li pa aksepte konsèy epi li pa pwofite bon enstriksyon li te kapab jwenn. — Pwo. 16:18.

2. Ki sa k fè vrè kretyen yo kontan lè yo jwenn konsèy ki soti nan Pawòl Bondye a?

2 Yon lòt bò, vrè kretyen yo kontan lè yo ba yo konsèy ki kapab itil yo, sitou lè konsèy sa yo soti nan Pawòl Bondye a. Rapèl Jewova yo fè nou vin gen bon konprann, yo anseye nou e yo ede nou evite pyèj tankou materyalis, imoralite seksyèl, pran dwòg oswa bwè pou sou (Pwo. 20:1; 2 Kor. 7:1; 1 Tes. 4:3-5; 1 Tim. 6:6-11). Mete sou sa, piske nou obeyi rapèl Jewova yo, sa fè nou kontan paske ‘kè nou nan bon kondisyon’. — Iza. 65:14, NW.

3. Ki atitid yon salmis te genyen l ap bon pou n imite?

3 Pou nou ka prezève bon relasyon nou gen ak Papa nou ki nan syèl la, nou dwe kontinye aplike bonjan enstriksyon li ban nou yo nan lavi nou. L ap bon pou n vin gen menm atitid ak yon salmis ki te di: ‘Rapèl ou yo se byen m pou toutan, se yo ki fè kè m kontan!’ (Sòm 119:111). Èske nou pran plezi nan kòmandman Jewova yo menm jan ak salmis la, oswa èske nou konsidere yo pafwa kòm bagay ki lou? Menmsi, pafwa, li  ka difisil pou nou suiv kèk konsèy nou resevwa, nou pa bezwen dekouraje. Nou kapab vin gen yon konfyans total nan sajès Bondye a ki san parèy. Ann konsidere twa fason nou ka fè sa.

CHÈCHE GEN PLIS KONFYANS NAN BONDYE GRASA LAPRIYÈ

4. Ki sèl bagay ki pa t janm chanje nan lavi David?

4 Wa David te viv bon moman ak move moman nan lavi l, sepandan, sèl bagay ki pa t janm chanje nan lavi l se te konfyans total li te gen nan Kreyatè l la. Men sa l te di: “Senyè, m’ap fè lapriyè m moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.” (Sòm 25:1, 2). Ki sa k te ede David vin gen kalite konfyans sa a nan Papa l ki nan syèl la?

5, 6. Ki sa Pawòl Bondye a aprann nou konsènan relasyon David te gen ak Jewova a?

5 Gen anpil moun ki priye Bondye sèlman lè yo gen gwo pwoblèm. Ki jan w t ap santi w si w gen yon zanmi oswa yon moun nan fanmi w se sèlman lè l bezwen lajan oswa l bezwen ou rann li yon sèvis ou pran nouvèl li? Rive yon lè, ou ta gendwa kòmanse gen dout sou rezon ki fè l chèche wè w la. Sepandan, David li menm pa t konsa. Relasyon l te gen ak Jewova a te montre jan li te gen lafwa nan Jewova ak lanmou li te gen pou li nan bon tan kou nan move tan. — Sòm 40:8.

6 Men ki pawòl David te di Jewova pou l louwe l e pou l remèsye l: “O Jewova, Seyè nou an, ala non ou gran sou tout latè, ou menm yo pale de diyite w anlè nan syèl la!” (Sòm 8:1, NW). Èske w remake jan David te gen yon relasyon sere sere ak Papa l ki nan syèl la? Lefètke David te apresye jan Jewova se yon Dye ki gran e ki gen anpil glwa, sa te pouse l louwe Jewova “tout lajounen”. — Sòm 35:28.

7. Ki byenfè nou jwenn lè nou pwoche bò kote Bondye nan lapriyè?

7 Menm jan ak David, nou bezwen pale ak Jewova regilyèman pou nou ka vin gen plis konfyans nan li. Men sa Bib la di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8). Pwoche bò kot Bondye nan lapriyè se yon lòt bon fason pou n jwenn lespri sen l. — Li 1 Jan 3:22.

8. Poukisa nou dwe evite plede di menm bagay la toutan chak fwa n ap priye?

8 Lè w ap priye, èske w gen tandans di menm bagay la toutan? Si se ka pa w, anvan w priye, pran yon ti tan pou w reflechi sou sa w ta renmen di. Si chak fwa w ap pale ak yon zanmi w oswa yon moun nan fanmi w, ou di l menm bagay la, èske w panse li t ap pran plezi nan sa? Li ta gendwa kòmanse pa tande w ankò. Se vre, Jewova pap janm rejte priyè sensè sèvitè fidèl li yo fè l, sepandan, nou dwe evite plede di menm bagay yo toutan lè n ap pale avè l.

9, 10. a) Pou ki bagay konsa nou ka priye? b) Ki sa k ap ede nou priye ak tout kè n?

9 Sa klè, si nou vle pwoche bò kote Bondye, nou pap priye l san n pa reflechi sou sa n ap di yo. Plis nou vide kè nou bay Jewova se plis n ap vin pi pwòch li e n ap vin gen plis konfyans nan li. Men, pou ki bagay konsa nou ka priye? Men ki repons Pawòl Bondye a bay: “Fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon ansanm ak remèsiman.” (Fil. 4:6). Anfèt, nou ka priye pou nenpòt bagay ki gen rapò ak relasyon nou ak Bondye oswa ki gen rapò ak lavi nou antanke kretyen.

10 Nou ka aprann anpil bagay nan priyè gason ak fi ki fidèl yo te fè nou jwenn nan Bib la (1 Sam. 1:10, 11; Tra. 4:24-31). Nan liv Sòm nan, nou jwenn anpil priyè ak chan kèk sèvitè Jewova te fè ak tout kè yo. Kèlkeswa sa yon moun  ta kapab santi, kit se soufrans, kit se kè kontan, n ap jwenn santiman sa yo nan priyè ak chan sa yo. Lè n egzamine priyè moun ki fidèl sa yo te fè, sa kapab ede nou fè priyè ki sensè.

MEDITE SOU RAPÈL BONDYE YO

11. Poukisa nou bezwen medite sou konsèy Bondye ban nou yo?

11 Men sa David te fè konnen: “Rapèl Jewova a merite pou nou fè l konfyans, li fè yon moun ki pa gen eksperyans vin saj.” (Sòm 19:7, NW). Vrèmanvre, menmsi nou pa gen eksperyans, nou kapab vin saj lè n obeyi kòmandman Bondye yo. Sepandan, gen kèk konsèy nou jwenn nan Bib la, pou nou byen pwofite yo nou bezwen medite sou yo. Se kapab kòman pou n kenbe entegrite nou lè nou jwenn presyon nan lekòl oswa nan travay, kòman pou n respekte prensip Bondye bay sou kesyon san an, kòman pou n rete net antanke kretyen ak kòman pou n aplike prensip Bib la bay sou kesyon abiman ak kwafi. Lè nou konn pwennvi Bondye sou kesyon sa yo, sa ap ede n prepare n pou n pa tonbe nan pwoblèm. Nou bezwen pran detèminasyon nan kè n pou nou konnen ki sa n ap fè si nou ta devan youn nan sitiyasyon sa yo. Lè n medite sou sitiyasyon sa yo epi nou prepare nou alavans, sa kapab ede n evite anpil tètchaje. — Pwo. 15:28.

12. Ki bagay lè n reflechi sou yo k ap ede nou sonje rapèl Bondye yo?

12 Èske fason n ap viv la montre nou kontinye rete je klè nan domèn espirityèl toutpandan n ap tann Bondye reyalize pwomès li yo? Pa egzanp, èske n kwè toutbonvre Gran Babilòn nan pral detwi talè konsa? Èske benediksyon n ap tann yo, tankou lavi ki pap janm fini nan yon paradi sou tè a, toujou reyèl pou nou menm jan yo te ye premye fwa nou te aprann yo? Èske nou kontinye montre nou zele nan travay predikasyon an oswa se zafè pèsonèl nou nou bay plis enpòtans nan lavi a? Ki sa n ka di konsènan espwa rezirèksyon an, sangtifikasyon non Jewova ak jistifikasyon souverènte l? Èske kesyon sa yo toujou gen enpòtans pou nou? Lè n medite sou kesyon sa yo sa ka fè nou di menm pawòl ak salmis la ki te di: ‘Rapèl Bondye yo se byen m pou toutan’. — Sòm 119:111.

13. Ki sa k fè l te difisil pou kretyen nan premye syèk la te konprann kèk bagay? Bay yon egzanp.

13 Gen kèk bagay ki nan Bib la nou gendwa pa fin byen konprann pou kounye a paske moman an poko rive pou Jewova fè nou konprann yo. Pandan plizyè fwa, Jezi te fè apot li yo konnen li te nesesè pou l soufri e pou l mouri. (Li Matye 12:40; 16:21.) Men, apot yo pa t konprann sa l te vle di. Yo te vin konprann sans pawòl Jezi yo apre Jezi te fin mouri epi l resisite, lè l te pran fòm kò yon moun pou l parèt devan plizyè disip epi l te “ouvri lespri yo nèt pou yo konprann Ekriti yo”. (Lik 24:44-46; Tra. 1:3.) Menm jan an tou, se sèlman apre lespri sen te desann sou disip Kris yo nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, yo te rive konprann se nan syèl la Wayòm Bondye a t ap etabli. — Tra. 1:6-8.

14. Nan kòmansman 20yèm syèk la, ki bon egzanp anpil frè te bay malgre yo te mal konprann kèk bagay konsènan dènye jou yo?

14 Nan menm sans lan, nan kòmansman 20yèm syèk la, vrè kretyen yo te gen kèk ide konsènan “dènye jou yo” ki pa t kòrèk (2 Tim. 3:1). Pa egzanp, nan ane 1914, gen kèk nan yo ki te panse moman pou yo t al nan syèl la te prèske rive. Lè yo te wè sa yo te panse a pa t rive, yo te egzamine Ekriti yo ankò, yon fason ki sensè, e konsa yo te rive konprann gen yon gwo kanpay predikasyon ki t ap ret tann yo (Mak 13:10). Se sa k fè, nan  ane 1922, J. F. Rutherford ki te pran latèt nan travay predikasyon an nan epòk sa a, te di foul moun ki te vin asiste kongrè entènasyonal ki te fèt nan Cedar Point, Ohio, Ozetazini, pawòl sa yo: “Tande sa, Wa a ap dirije. Se nou menm ki pou fè piblisite pou li. Se sa k fè nou dwe pwoklame, pwoklame, pwoklame Wa a ak Wayòm li an.” Depi lè sa a, predikasyon “bon nouvèl Wayòm nan” te tounen mak fabrik sèvitè Jewova yo nan epòk nou an. — Mat. 4:23; 24:14.

15. Ki byenfè n ap jwenn lè nou medite sou fason Bondye boule ak pèp li a?

15 Lè nou medite sou fason Jewova byen boule ak pèp li a, kit se nan tan lontan, kit se kounye a, sa ap ban nou plis konfyans nan kapasite li genyen pou l akonpli volonte l ak objektif li alavni. Anmenmtan, rapèl Bondye yo ede nou kenbe pwofesi ki gen pou reyalize yo nan lespri nou ak nan kè nou. Si nou fè sa, nou mèt gen asirans sa ap ede nou vin gen plis konfyans nan pwomès li yo.

CHÈCHE GEN PLIS KONFYANS NAN BONDYE GRASA ADORASYON N AP BA LI A

16. Ki benediksyon sèvitè Bondye yo jwenn lè yo toujou okipe nan travay predikasyon an?

16 Jewova, Bondye nou an, se yon Bondye ki toujou ap aji. Men sa salmis la te di: “Pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! [...] Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p’ap bese tèt devan pèsonn.” (Sòm 89:8, 13). Piske se yon Dye konsa Jewova ye, li apresye efò nou fè pou nou fè enterè Wayòm nan avanse e li beni yo. Li wè sèvitè l yo, kit se gason, fi, jèn kou granmoun, pa ret chita ap manje “pen parès”. (Pwo. 31:27, NW.) Piske n ap imite Kreyatè nou an, nou toujou okipe nan aktivite teyokratik yo. Lè n sèvi Jewova ak tout kè n sa pwofitab pou nou, e sa fè  Jewova kontan anpil pou l beni ministè nou. — Li Sòm 62:12.

17, 18. Ki sa k fè n ka di lè nou fè aksyon ki montre nou gen lafwa sa fè n vin gen plis konfyans nan konsèy Jewova ban nou yo? Bay yon egzanp.

17 Nan ki sans aksyon nou fè ki montre nou gen lafwa yo fè n vin gen plis konfyans nan Jewova? Ann konsidere istwa Izrayelit yo nan moman yo t ap antre nan Latè pwomiz. Jewova te mande prèt ki t ap pote lach alyans lan pou yo travèse rivyè Jouden an. Sepandan, pandan pèp la t ap pwoche, yo te kapab wè dlo a te monte byen wo akoz lapli ki t ap tonbe nan sezon prentan an. Ki sa Izrayelit yo t ap fè? Èske yo t ap monte tant yo bò rivyè a epi tann pandan plizyè semèn pou dlo a bese? Non, yo te met tout konfyans yo nan Jewova e yo te suiv enstriksyon l yo. Ki rezilta sa te bay? Men sa istwa a di: “Yonfwa prèt yo te met pye yo nan dlo a, rivyè a te sispann desann, [...] epi prèt yo te ret kanpe nan mitan rivyè a ki te vin seche toupre vil Jeriko, toutpandan lòt moun yo t ap travèse pou y al lòt bò [rivyè a].” (Joz. 3:12-17, Contemporary English Version). Imajine jan moun yo te kontan lè yo te wè kokennchenn dlo sa a, ki t ap desann, te vin seche bridsoukou! Vrèmanvre, Izrayelit yo te vin gen plis lafwa nan Jewova paske yo te suiv enstriksyon l yo.

Èske w ap montre ou fè Jewova konfyans menm jan ak pèp li a nan epòk Jozye a? (Gade paragraf 17 ak 18.)

18 Se vre, jodi a, Jewova pa fè kalite mirak sa yo ankò pou pèp li a, sepandan, li beni yo lè yo fè aksyon ki montre yo gen lafwa nan li. Fòs aktif Bondye a ba yo fòs pou yo kontinye fè travay yo te ba yo lòd pou yo fè a ki se preche mesaj Wayòm nan nan lemonnantye. Apre Kris Jezi, pi gwo Temwen an, te fin resisite, li te bay disip li yo asirans li t ap ede yo nan travay enpòtan sa a. Men sa l te di: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. [...] Mwen avèk nou toulejou rive jis nan fen sistèm nan.” (Mat. 28:19, 20). Anpil Temwen, petèt ki te timid, kapab bay prèv lespri sen Bondye te ba yo kouraj pou yo pale ak moun yo pa konnen nan travay predikasyon an. — Li Sòm 119:46; 2 Korentyen 4:7.

19. Malgre limit nou, ki asirans nou genyen?

19 Gen kèk frè ak sè ki limite anpil nan domèn fizik akoz maladi oswa vyeyès. Malgre sa, yo kapab gen asirans “Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an” konprann sitiyasyon chak vrè kretyen (2 Kor. 1:3). Li apresye tout efò nou fè pou fè enterè Wayòm nan avanse. Nou tout bezwen sonje, se grasa lafwa nou nan ranson Kris la ki fè nou ret vivan toutpandan n ap fè tout sa n kapab selon sikonstans nou. — Ebre 10:39.

20, 21. Bay kèk fason nou ka montre nou fè Jewova konfyans.

20 Adorasyon nou an mande pou nou bay tan nou, enèji nou ak byen materyèl nou genyen otank sa posib. Vrèmanvre, nou vle “travay antanke moun k ap evanjelize” ak tout kè nou (2 Tim. 4:5). Anfèt, nou kontan fè sa paske n konnen sa ap ede lòt moun vin “gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:4.) Li klè, lè nou onore Jewova e nou ba l louwanj, sa fè n vin rich nan domèn espirityèl (Pwo. 10:22). Sa ede n vin gen yon konfyans total nan li tou. — Wom. 8:35-39.

21 Jan nou sot wè sa, se pa yon bagay ki otomatik pou n rive fè Jewova konfyans pou l ban nou konsèy ki saj. Nou bezwen fè efò pou nou ka vin gen konfyans sa a. Kidonk, annou fè tout sa n kapab pou n konte sou Jewova grasa lapriyè. Ann medite sou fason li te akonpli volonte l nan tan lontan ak fason li pral fè sa alavni. Ann chèche gen plis konfyans nan li grasa adorasyon n ap ba li a. Anfèt, rapèl Jewova yo ap la pou tout tan gen tan, e nou menm tou, n ap kapab viv pou toutan!