Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou nou pran desizyon ki saj

Fason pou nou pran desizyon ki saj

“Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa konte sou entèlijans ou.” — PWO. 3:5, NW.

1, 2. Èske w renmen pran desizyon, e ki jan w santi w konsènan kèk desizyon w te pran?

DESIZYON! Se chak jou nou fè fas ak anpil nan yo. Ki jan w santi w lè w gen desizyon pou w pran? Gen kèk moun ki chofe pou yo pran pwòp desizyon pa yo konsènan kèlkeswa bagay la. Moun sa yo konn ensiste sou dwa yo genyen pou yo pran pwòp desizyon yo, e zafè kite lòt moun pran desizyon pou yo a se yon ide ki pa janm pase nan tèt yo. Sepandan, gen lòt moun ki pè pran desizyon ki pa gen rapò ak aktivite yo fè chak jou nan lavi a. Kèk nan moun sa yo konn menm al chèche konsèy nan yon seri liv oswa nan men kèk moun ki la pou sa, e petèt, yo depanse anpil lajan pou yo jwenn konsèy yo panse yo bezwen yo.

2 Anpil nan nou twouve n ant de gwoup moun sa yo. Yon bò, nou rann nou kont gen kèk bagay ki depase nou e nou pa ka fè anyen pou yo. Yon lòt bò, nou kontan dèske n ka pran desizyon ki fè n plezi nan anpil domèn nan lavi a (Gal. 6:5). Aktout sa, petèt n ap dakò se pa tout desizyon nou pran ki saj oswa k ap fè n jwenn byenfè.

3. Ki kote n ka jwenn enstriksyon lè n ap pran desizyon, men, ki pwoblèm nou ka rankontre?

3 Antanke sèvitè Jewova, nou kapab kontan dèske Jewova fè n jwenn enstriksyon ki byen klè konsènan anpil bagay enpòtan nan lavi a. Nou konnen si nou suiv enstriksyon sa yo, n ap ka pran desizyon k ap nonsèlman fè kè Jewova kontan, men, k ap fè n jwenn byenfè tou. Sepandan, nou gendwa fè fas ak kèk pwoblèm oswa kèk sitiyasyon Pawòl Bondye a pa bay enstriksyon byen klè sou yo. Nan ka sa yo, ki jan pou n deside sa n dwe fè? Pa egzanp, nou konnen nou pa dwe vòlè (Efe. 4:28). Men, ki lè n ka di yon moun se yon vòlè toutbon? Èske yo detèmine sa selon valè bagay moun nan pran an genyen, selon sa k pouse l vòlè a oswa yon lòt bagay? Ki jan n ka deside sa pou n fè nan  kèk domèn kote pa gen okenn enstriksyon byen klè sou sa? Ki sa k kapab gide nou?

NOU DWE GEN BONSANS

4. Ki konsèy petèt yo te ban nou lè n te gen yon desizyon pou n pran?

4 Si n ta fè yon kretyen parèy nou konnen nou gen yon desizyon ki enpòtan anpil pou n pran, li ta gendwa di n nou bezwen gen bonsans pou n pran yon desizyon konsa, e se t ap yon bon konsèy li ban nou. Men ki konsèy Bib la ban nou pou n pa kouri aji: “Tout moun ki aji twò prese ap tonbe nan povrete kanmenm.” (Pwo. 21:5, NW). Sepandan, ki sa aji avèk bonsans vle di? Èske sa vle di annik pran tan nou pou n reflechi sou pwoblèm nan, pou n rezonab epi montre n gen bon jijman? Se vre, tout bagay sa yo ap ede n pran yon bon desizyon, men, sa mande plis toujou pou n aji avèk bonsans. — Wom. 12:3; 1 Pyè 4:7.

5. Ki sa k fè l nòmal pou n pa gen yon sèvo ki pafè?

5 Nou bezwen admèt pa gen okenn nan nou ki fèt ak yon sèvo ki pafè. Sa k fè sa? Se paske nou tout fèt nan peche, e konsa, nou pa gen yon kò ak yon lespri ki pafè (Sòm 51:5; Wom. 3:23). Anplis de sa, gen yon lè anpil nan nou te pami moun Satan “bouche” lespri yo a, e konsa, nou pa t konn Jewova e nou pa t konn prensip li yo ki jis (2 Kor. 4:4; Tit 3:3). Se sa k fè, si nou baze desizyon nou yo sèlman sou sa nou menm nou panse ki bon e ki rezonab, nou kapab twonpe tèt nou menm lè n ta reflechi anpil anvan n pran desizyon sa yo. — Pwo. 14:12.

6. Ki sa k ka ede n vin gen bonsans?

6 Pandan nou menm nou lwen pou n gen yon kò ak yon lespri ki pafè, Jewova, Papa nou ki nan syèl la li menm, li pafè nan tout domèn (Det. 32:4). Erezman, li ban n posiblite pou n bay lespri nou yon lòt direksyon e pou n chèche vin gen bonsans. (Li 2 Timote 1:7.) Antanke kretyen, nou dwe aprann reflechi yon fason ki rezonab epi aji an konsekans. Nou bezwen kontwole panse nou ak santiman nou tou, e nou dwe imite fason Jewova panse ak fason l aji.

7, 8. Rakonte yon eksperyans ki montre kòman yon moun ka pran yon bon desizyon malgre presyon ak difikilte l ap rankontre.

7 Ann pran yon egzanp. Youn nan bagay kèk moun k al viv nan lòt peyi renmen fè se voye tibebe yo genyen yo bay fanmi yo pou fanmi yo pran swen tibebe yo yon fason pou yo ka kontinye travay epi fè lajan *. Gen yon dam k ap viv nan yon peyi etranje ki te fè yon bèl pitit gason. Nan menm epòk la, li te kòmanse etidye Labib e l te fè bonjan pwogrè nan domèn espirityèl. Zanmi l ak fanmi l te kòmanse fè presyon sou li menm ak mari l pou yo voye timoun nan bay granparan timoun nan. Sepandan, nan etid madanm nan t ap fè a, li te rann li kont, antanke paran, se li menm ki gen responsablite devan Bondye pou l leve pitit li (Sòm 127:3; Efe. 6:4). Èske l ta dwe suiv koutim sa a paske anpil moun panse l rezonab? Oswa èske l ta dwe suiv sa l t ap aprann nan Bib la epi aksepte risk pou l ta vin gen difikilte nan domèn ekonomik epi pou lòt moun meprize l? Ki sa w t ap fè si w te nan plas li?

8 Piske jèn dam sa a te santi l strese e l te jwenn anpil presyon, li te vide kè l bay Jewova yon fason pou Jewova te ka gide l. Li te kòmanse wè pwennvi Jewova sou kesyon an lè l te pale de sa ak moun nan kongregasyon an, e ak sè ki t ap etidye Labib avè l la. Li te menm rive wè jan sa ka pote anpil soufrans pou tibebe ki separe ak paran yo depi nan premye ane yo fèt la. Apre l fin egzamine sitiyasyon an sou baz Ekriti yo, li wè li pa nòmal  pou l voye tibebe l la bay paran l. Mari l te wè jan moun nan kongregasyon an te dispoze ede yo ak jan tibebe a te kontan e l te an sante. Li te aksepte etidye Labib, e l te kòmanse asiste reyinyon yo ak madanm li.

9, 10. Ki sa aji ak bonsans vle di, e ki jan nou ka fè sa?

9 Eksperyans sa a se youn nan eksperyans ki montre kòman aji ak bonsans pa vle di annik fè sa nou menm oswa lòt moun panse ki rezonab oswa ki bon. Nou ka konpare kè nou ak lespri nou ki enpafè ak yon mont k ap mache twò vit oswa twò dousman. Si nou fè mont sa a konfyans, sa ka lage n nan gwo pwoblèm (Jer. 17:9). Nou dwe regle lespri nou ak kè nou dapre prensip san fay Bondye yo. — Li Izayi 55:8, 9.

10 Bib la gen bonjan rezon pou l ban nou ankourajman ki annapre a: “Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat.” (Pwo. 3:5, 6, NW). N ap remake Bib la di: “Pa konte sou entèlijans ou.” Apre sa, li di: “Sonje [Jewova].” Jewova se sèl Moun ki gen yon bonsans ki pafè. Kidonk, chak fwa nou gen pou n pran yon desizyon, nou dwe al nan Bib la pou n wè ki sa Bondye panse sou sa. Apre sa, nou ta dwe pran desizyon an sou baz sa Bib la di a. Se lè sa a n ap montre nou aji ak bonsans, sa vle di, n ap imite fason Jewova panse.

ANTRENE KAPASITE NOU GENYEN POU N KONPRANN NAN

11. Ki sa yon moun bezwen fè k ap ede l konnen ki jan pou l pran desizyon ki saj?

11 Se pa yon bagay ki fasil pou yon moun aprann pran desizyon ki saj epi aji ann amoni ak desizyon sa yo. Sa ka sitou difisil pou moun ki nouvo nan laverite yo oswa pou moun ki apèn kòmanse fè pwogrè pou yo vin gen matirite nan domèn espirityèl yo. Sepandan, li posib pou moun sa yo, Bib la rele tibebe nan domèn espirityèl, fè bonjan pwogrè. Ann wè kòman yon tibebe aprann mache san l pa tonbe. Dabitid, se yon seri ti pa tibebe a fè plizyè fwa ki fè l rive mache. Se menm bagay la tou pou yon moun, ki tibebe nan domèn espirityèl, ki gen pou l pran desizyon  ki saj. Sonje apot Pòl te pale de moun ki gen matirite yo antanke “moun ki rive distenge sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan afòs yo sèvi avè l”. Ni ekspresyon “afòs yo sèvi avè l” la ni mo “antrene” a mande pou moun nan fè efò e pou l kontinye fè efò. Se sa menm nouvo yo bezwen fè. — Li Ebre 5:13, 14.

Lè n pran bon desizyon nan aktivite nou fè chak jou yo, se antrene n ap antrene kapasite nou genyen pou n konprann nan. (Gade paragraf 11.)

12. Ki jan n ka rive gen kapasite pou n pran desizyon ki saj?

12 Jan n te di sa nan kòmansman atik la, se chak jou nou dwe pran anpil desizyon, piti kou gwo. Dapre yon sondaj, plis pase 40 pousan nan aksyon nou fè yo pa baze sou bagay nou te planifye, men, yo baze sou yon seri abitid ki byen anrasinen lakay nou. Pa egzanp, chak maten, petèt se ou menm ki deside ki kalite rad w ap mete. Ou gendwa konsidere sa kòm yon bagay ki toupiti, e w gendwa pa pran san w pou w byen chwazi sitou si w prese anpil. Men, li enpòtan pou w reflechi pou w konnen si sa w met sou ou a idantifye w antanke sèvitè Jewova (2 Kor. 6:3, 4). Lè w ap achte rad, petèt ou reflechi ak stil rad la epi w gade si l alamòd. Men, èske w reflechi pou w wè si se yon rad ki modès? Èske w panse ak pri l? Lè n pran bon desizyon nan domèn sa yo, sa ap kontribye nan efò n ap fè pou n antrene kapasite nou genyen pou n konprann nan, sa ki kapab ede n rive pran bon desizyon nan domèn ki pi enpòtan yo. — Lik 16:10; 1 Kor. 10:31.

CHÈCHE GEN ANVI POU N FÈ SA KI DWAT

13. Ki sa n bezwen genyen pou n sèten n ap aji ann amoni ak desizyon nou te pran yo?

13 Nou tout konnen rive pran yon bon desizyon se youn, men, ret atache ak desizyon sa a epi aji ann amoni avè l se yon lòt. Pa egzanp, gen kèk moun ki vle sispann fimen ki pa rive fè sa paske yo te manke motivasyon. Moun sa yo bezwen gen detèminasyon pou yo kontinye aji ann amoni ak desizyon yo pran an. Gen kèk moun ki panse detèminasyon nou pran yo tankou mis ki nan kò nou. Plis nou sèvi ak yo oswa nou travay yo, se plis y ap vin pi solid. Si nou pa itilize yo souvan, y ap vin febli e nou ka pèdi yo. Nan ka sa a, ki sa k ka ede n vin gen detèminasyon oswa ranfòse detèminasyon nou te pran pou n fè sa n te deside fè yo? Lè n chèche èd nan men Jewova sa kapab ede nou. — Li Filipyen 2:13.

14. Ki sa k fè Pòl te jwenn kouraj pou l fè sa l konnen li te dwe fè?

14 Pòl te fè yon eksperyans ki te montre sa. Yon lè, li t ap plenyen li te di: “Mwen vle fè sa ki byen, men, mwen pa gen kapasite pou m fè l.” Li te konnen sa l te vle fè oswa sa l ta dwe fè, men, pafwa, gen yon bagay ki te anpeche l fè sa. Men sa l te di: “Nan fon kè m, mwen vrèman jwenn plezi nan lwa Bondye a, men, nan kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap fè lagè ak lwa ki nan lespri m nan e k ap mennen m kòm prizonye bay lalwa peche ki nan kò m nan.” Èske sitiyasyon Pòl la te sanzespwa? Non! Men sa l te di: “Mèsi Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an!” (Wom. 7:18, 22-25). Men sa l te ekri nan yon lòt lèt: “Pou tout bagay, mwen gen fòs grasa sila a ki ban m pisans lan.” — Fil. 4:13.

15. Ki efè desizyon yon moun pran oswa desizyon li pa pran kapab genyen?

15 Vrèmanvre, pou n rive fè Bondye plezi, nou bezwen fè bonjan aksyon. Nou bezwen sonje pawòl Eliya te di ni moun ki t ap adore Baal yo, ni Izrayelit ki te aposta yo sou mòn Kamèl la. Men sa l te di yo: “Jis ki lè n ap ret ap bwete sou de opinyon diferan? Si Jewova se vrè Dye a, al suiv li. Men si se Baal, al suiv li.” (1 Wa 18:21, NW). Pitit Izrayèl yo te konnen sa yo te dwe fè, men, yo t ap “bwete” sou de opinyon. Yon lòt bò, kèk ane anvan sa, Jozye te kite yon bèl egzanp lè l te di Izrayelit yo: “Si sa mal nan je nou pou nou sèvi Jewova,  chwazi pou nou menm jodi a kiyès n ap sèvi [...]. Men kanta pou mwen menm ak moun lakay mwen, n ap sèvi Jewova.” (Joz. 24:15, NW). Ki rezilta detèminasyon Jozye te pran an te pote? Ni li menm, ni moun ki te avè l yo te jwenn benediksyon paske yo te antre nan Latè pwomiz, yon “peyi kote lèt ak siwo myèl [t] ap koule tankou dlo”. — Joz. 5:6.

LÈ N PRAN DESIZYON KI SAJ N AP JWENN BENEDIKSYON

16, 17. Bay yon egzanp ki montre byenfè sa pote lè n pran desizyon ki ann amoni ak volonte Bondye.

16 Ann konsidere yon sitiyasyon ki te rive nan epòk nou an. Gen yon frè ki marye ki fèk batize, e li menm ak madanm li gen twa timoun. Yon jou, gen yon kòlèg travay frè a ki di l sa l panse si li menm avè l ta al travay nan yon lòt konpayi k ap peye yo plis lajan e k ap ba yo plis avantaj. Frè nou an te reflechi sou sa e l te priye sou sa tou. Frè a te sonje rezon ki fè l te chwazi travay li ye kounye a, yon travay ki pa byen peye, se pou l te ka gen wikenn li yo lib, sa ki t ap pèmèt li asiste reyinyon yo epi patisipe nan ministè a ak fanmi l. Frè a te rann li kont li pa t ap ka gen pwogram sa a, omwen pou kèk tan, si l te aksepte nouvo travay la. Si se te ou, ki sa w t ap fè?

17 Apre frè a te fin rann li kont jan chèche fè plis lajan kapab fè l pa jwenn byenfè nan domèn espirityèl, li te refize nouvo travay la. Èske w panse frè a te vin regrèt desizyon li te pran an? Non. Li te ret kwè benediksyon li menm ak fanmi l t ap jwenn nan domèn espirityèl yo te pi enpòtan lontan pase anpil lajan li te gendwa ap touche. Li menm ak madanm li te kontan anpil lè pi gran pitit fi yo a, ki gen 10 an, te di yo li renmen yo, li renmen frè ak sè yo e l renmen Jewova anpil. Pitit fi yo a te di li vle vwe lavi l bay Jewova e l vle batize. Se pa ti apresye li dwe apresye bon egzanp papa l bay lefètke papa l met adorasyon Jewova a an premye nan lavi l!

Si w pran desizyon ki saj, w ap jwenn lajwa pami pèp Bondye a. (Gade paragraf 18.)

18. Poukisa li enpòtan pou n pran desizyon ki saj chak jou?

18 Sa gentan gen plizyè dizèn ane depi Jezi Kris, Gran Moyiz la, ap dirije vrè adoratè Jewova yo nan monn Satan an ki tankou yon dezè. Antanke Gran Jozye a, kounye a, Jezi pare pou l detwi sistèm sa a ki kòwonpi e pou l mennen disip li yo nan monn nouvo Bondye pwomèt la, yon monn kote jistis pral blayi (2 Pyè 3:13). Kidonk, se pa moman pou n ap tounen nan ansyen fason nou te konn panse oswa nan move abitid nou yo. Se pa moman pou n ap tounen nan bagay nou te konn bay valè yo ak ansyen pwojè nou te genyen yo. Se moman pou n chèche pi byen konprann ki volonte Bondye gen pou nou (Wom. 12:2; 2 Kor. 13:5). Se pou desizyon nou pran yo ak chwa n ap fè chak jou yo montre nou fè pati moun ki diy pou yo jwenn benediksyon Bondye pral bay pou tout tan gen tan yo. — Li Ebre 10:38, 39.

^ § 7 Yon lòt rezon ankò ki fè moun yo konn fè sa, se pou granparan yo ka montre zanmi yo ak lòt manm fanmi an pitit pitit yo.