Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rapèl Jewova yo merite pou nou fè yo konfyans

Rapèl Jewova yo merite pou nou fè yo konfyans

“Rapèl Jewova a merite pou nou fè l konfyans, li fè yon moun ki pa gen eksperyans vin saj.” — SÒM 19:7, NW.

1. Ki sijè pèp Bondye a etidye regilyèman, e ki byenfè nou jwenn lè n revize yo?

ÈSKE sa deja rive w pandan w ap prepare yon etid Toudegad pou w mande tèt ou: ‘Èske n pa t etidye sijè sa a deja?’ Si w gen kèk tan depi w fè pati kongregasyon nou fòme antanke kretyen an, petèt, ou ka remake gen kèk sijè yo egzamine detanzantan. Nan manje espirityèl nou an, nou toujou jwenn sijè sou Wayòm Bondye a, ranson an, travay fè disip la ak kèk kalite tankou lanmou ak lafwa. Lè n revize sijè sa yo, sa ede n rete solid nan lafwa e sa fè nou ‘vin moun ki obeyi pawòl la, e ki pa ret ap tande l sèlman’. — Jak 1:22.

2. a) Byen souvan, rapèl Bondye yo fè referans ak ki sa? b) Nan ki sans rapèl Bondye yo diferan parapò ak rapèl lèzòm yo?

2 Byen souvan, mo ebre lè yo tradui l yo mete “rapèl” pou li a, fè referans ak lwa, kòmandman ansanm ak prensip Bondye bay pèp li a. Kontrèman ak lwa lèzòm yo ki bezwen chanje souvan, lwa Jewova yo ak prensip li yo merite pou n toujou fè yo konfyans. Byenke Bondye te bay kèk nan lwa sa yo pou yon epòk oswa pou yon sitiyasyon byen presi, sepandan, yo pa janm pase mòd. Men sa yon salmis te di: “Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan.” — Sòm 119:144.

3, 4. a) Ki sa nou ka jwenn nan rapèl Jewova yo? b) Ki byenfè Izrayelit yo t ap jwenn si yo te koute rapèl sa yo?

3 Petèt ou ka remake, pafwa, rapèl Jewova yo gen kèk avètisman ladan yo. Nasyon Izrayèl la te konn resevwa avètisman regilyèman pa mwayen pwofèt Bondye yo. Pa egzanp, men ki avètisman Moyiz te bay Izrayelit yo yon ti tan anvan yo te antre nan Latè pwomiz: “Fè atansyon pou nou pa pèdi tèt nou, pou nou pa kite chemen ki devan nou an pou n’al sèvi lòt [dye], pou n’al adore yo. Si nou kite sa rive nou, Senyè a va fache anpil sou nou.” (Det. 11:16, 17). Bib la  fè konnen Bondye te bay pèp li a anpil bon rapèl ki te ede yo.

4 Nan anpil lòt okazyon ankò, Jewova te raple Izrayelit yo pou yo gen lakrentif pou li, pou yo koute vwa l, epi pou yo sangtifye non l (Det. 4:29-31; 5:28, 29). Si Izrayelit yo te koute rapèl sa yo, yo t ap jwenn anpil benediksyon. — Lev. 26:3-6; Det. 28:1-4.

FASON IZRAYELIT YO TE REYAJI DEVAN RAPÈL BONDYE YO

5. Poukisa Jewova te goumen pou wa Izkiya?

5 Bondye te toujou kenbe pwomès li te fè pèp Izrayèl la menm nan peryòd kote pèp la t ap fè fas ak anpil difikilte. Pa egzanp, lè Senakerib, yon wa nan peyi Asiri, te anvayi Jida epi l te menase wa Izkiya pou l pran pouvwa a nan men l, Jewova te met bouch nan koze a. Nan yon sèl nuit, Jewova te voye yon zanj detwi “tout vanyan sòlda” ki te nan lame peyi Asiri a yon fason pou l te imilye Senakerib e pou l te fòse l tounen lakay li (2 Kwo. 32:21; 2 Wa 19:35). Poukisa Bondye te goumen pou wa Izkiya? Se paske “[Izkiya] te kenbe Bondye li [a] fèm, li pa t janm dezobeyi l. Li te fè tou sa Senyè a te mande”. — 2 Wa 18:1, 5, 6.

Rapèl Jewova yo te ankouraje Yochiya pou l pran pozisyon pou vrè adorasyon an. (Gade paragraf 6.)

6. Ki jan wa Yochiya te montre li met konfyans li nan Jewova?

6 Wa Yochiya se yon lòt moun ki te obeyi kòmandman Jewova yo. Li te kòmanse “fè sa ki dwat devan Senyè a” depi lè l te gen uit an, e l pa t “janm fè sa ki mal”. (2 Kwo. 34:1, 2.) Yochiya te montre li te fè Jewova konfyans lè l te detwi tout zidòl ki te gen nan peyi a epi li te retabli vrè adorasyon an. Lefètke Yochiya te aji konsa, ni li menm, ni nasyon an te jwenn benediksyon. — Li 2 Kwonik 34:31-33.

7. Lè Izrayelit yo pa t obeyi rapèl Bondye yo, ki rezilta sa te bay?

7 Malerezman, pèp Bondye a pa t toujou montre yo fè rapèl Jewova yo konfyans nèt. Tanto yo te konn obeyi Bondye, tanto yo te konn dezobeyi l e sa te dire plizyè syèk. Byen souvan, lè lafwa yo te febli, yo te montre yo menm jan ak moun Pòl te di ‘tout van ansèyman te konn pote ale adwat agoch yo’. (Efe. 4:13, 14.) Jan Jewova te deja avèti yo, lè yo pa t met tout konfyans yo nan rapèl li yo, yo te sibi move konsekans. — Lev. 26:23-25; Jer. 5:23-25.

8. Ki sa n ka aprann nan egzanp Izrayelit yo?

8 Ki sa n ka aprann nan egzanp Izrayelit yo? Menm jan ak Izrayelit yo, jodi a, sèvitè Bondye yo resevwa konsèy ak disiplin (2 Pyè 1:12). Pawòl Bondye te enspire a kapab sèvi nou rapèl chak fwa nou  li l. Piske nou gen libète pou n deside, nou ka chwazi ant obeyi enstriksyon Jewova ban nou yo ak pousuiv bagay ki parèt bon nan je nou (Pwo. 14:12). Annou egzamine kèk rezon ki fè nou dwe met konfyans nou nan rapèl Jewova yo ak fason nou ka jwenn byenfè lè nou koute yo.

ANN SOUMÈT TÈT NOU DEVAN BONDYE POU N KA GEN LAVI

9. Lè Izrayelit yo te nan dezè a, ki jan Jewova te ba yo asirans li t ap ede yo?

9 Lè Izrayelit yo te kòmanse fè vwayaj ki te dire 40 an nan “dezè ki gen anpil danje ladan l lan”, Jewova pa t ba yo enfòmasyon byen klè alavans sou fason li t apral gide yo, pwoteje yo ak pran swen yo. Sepandan, li te toujou fè yo sonje yo te kapab met konfyans yo nan li ak nan enstriksyon l yo. Leswa, Jewova te konn sèvi ak yon kolòn dife e lajounen, li te konn sèvi ak yon kolòn nyaj pou l te fè Izrayelit yo sonje li t ap ede yo toutpandan li t ap gide yo sou chemen difisil sa a (Det. 1:19; Egz. 40:36-38). Li te fè yo jwenn tout sa ki nesesè pou yo viv tou. Bib la fè konnen: “Rad sou yo pa [t] janm fini, pye yo pa [t] janm anfle.” Anfèt, “yo pa [t] janm manke anyen”! — Ney. 9:19-21.

10. Ki fason Jewova gide pèp li a jodi a?

10 Jodi a, sèvitè Bondye yo prèt pou yo antre yon monn nouvo ki jis. Èske nou gen konfyans Jewova ap ban nou sa nou bezwen pou n ka chape anba “gwo tribilasyon” ki gen pou vini an (Mat. 24:21, 22; Sòm 119:40, 41)? Se vre, Jewova pa itilize yon kolòn nyaj, ni yon kolòn dife pou l fè nou antre nan monn nouvo a. Sepandan, li sèvi ak òganizasyon l lan pou l ede n rete vijilan. Pa egzanp, nou toujou jwenn ankourajman pou n chèche vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye pa mwayen lekti Labib, sware adorasyon an fanmi, lè n asiste reyinyon yo regilyèman ak lè n toujou patisipe nan travay predikasyon an. Èske nou fè chanjman nan lavi nou yon fason pou n ka suiv enstriksyon sa yo? Si nou fè sa, sa ap ede nou vin gen kalite lafwa k ap pèmèt nou ret an vi nan monn nouvo a.

Pou frè yo koute rapèl Jewova yo, yo retire nèj devan Sal Wayòm nan pou evite aksidan. (Gade paragraf 11.)

11. Ki fason Bondye montre li gen sousi pou nou?

11 Nonsèlman enstriksyon nou jwenn yo ede nou rete je klè nan domèn espirityèl, men, yo ede nou tou nan aktivite n ap fè chak jou. Pa egzanp, nou jwenn konsèy ki ede nou gen yon pwennvi ekilibre sou bagay materyèl epi pou n fikse je nou sou yon sèl bagay yon fason pou n pa enkyete nou twòp. Nou jwenn byenfè tou lè nou suiv konsèy yo ban nou konsènan abiman ak kwafi, divètisman nou chwazi ak kantite etid nou vle fè. Epi reflechi sou kantite rapèl nou jwenn sou fason pou n kenbe kay nou, machin nou ak Sal Wayòm nan an sekirite ak sou fason pou n prepare n si ta vin gen ijans. Konsèy sa yo montre Bondye gen sousi pou nou.

RAPÈL BONDYE YO TE EDE PREMYE KRETYEN YO RETE FIDÈL

12. a) Byen souvan, sou ki sijè Jezi te konn pale ak disip li yo? b) Ki aksyon ki parèt rabesan ki te fè yon gwo efè sou Pyè pandan lontan, e ki efè sa ta dwe gen sou nou?

12 Nan premye syèk la, pèp Bondye a te konn resevwa rapèl regilyèman. Byen souvan, Jezi te konn pale ak disip li yo konsènan enpòtans sa genyen pou yo demontre imilite. Sepandan, li pa t annik di disip yo sa sa vle di gen imilite, li te montre yo fason pou yo demontre l tou. Nan dènye jou Jezi te pase sou tè a antanke moun, li te rasanble apot li yo pou yo selebre fèt Pak la. Pandan apot yo t ap manje, Jezi leve epi li lave pye yo. An jeneral, se yon sèvitè ki te konn fè travay sa a (Jan 13:1-17). Aksyon sa a ki parèt rabesan te fè yon gwo efè sou disip yo pandan lontan. Anviwon 30 an annapre, apot Pyè, ki te la nan repa sa a, te ankouraje kwayan  parèy li yo pou yo demontre imilite (1 Pyè 5:5). Egzanp Jezi kite pou nou an ta dwe ankouraje nou tout pou nou demontre imilite nan fason n ap boule youn ak lòt. — Fil. 2:5-8.

13. Ki kalite ki enpòtan Jezi te fè disip li yo sonje yo dwe genyen?

13 Jezi te konn pale ak disip li yo tou sou enpòtans sa genyen pou yo gen yon lafwa ki solid. Men sa disip yo te mande Jezi yon lè, apre yo te fin echwe nan eseye chase yon demon ki te sou yon ti gason: “Sa k fè nou menm nou pa t ka chase demon an?” Jezi te reponn yo: “Paske nou manke lafwa. Anverite m ap di nou sa: Si lafwa nou gwosè yon grenn moutad, [...] pa gen anyen k ap enposib pou nou.” (Mat. 17:14-20). Pandan ministè Jezi, li te toujou fè disip li yo konnen jan sa enpòtan pou yo gen lafwa. (Li Matye 21:18-22.) Èske nou pwofite tout opòtinite nou jwenn pou nou fè lafwa nou vin pi solid grasa bonjan enstriksyon nou jwenn nan kongrè, nan asanble ak nan reyinyon yo? Nonsèlman rasanbleman sa yo fè nou gen kè kontan, men tou, yo se okazyon pou n demontre nou met konfyans nou nan Jewova.

14. Jodi a, poukisa li enpòtan pou nou demontre lanmou menm jan ak Kris?

14 Nou jwenn anpil rapèl nan Liv ki te ekri an grèk yo ki fè n wè jan li enpòtan pou nou demontre lanmou youn pou lòt. Jezi te di dezyèm kòmandman ki pi gwo a se “renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou”. (Mat. 22:39.) Menm jan an tou, Jak, yon frè Jezi bò kot manman, te pale de lanmou antanke “lwa wa a”. (Jak 2:8.) Apot Jan te di: “Byenneme, m ap ekri nou yon kòmandman ki pa nouvo, se yon ansyen kòmandman, yon kòmandman nou te genyen depi okòmansman.” (1 Jan 2:7, 8). Ak ki sa Jan t ap fè referans lè l te pale de “ansyen kòmandman” an? Li t ap fè referans ak kòmandman ki mande pou nou gen lanmou an. Kòmandman sa a te “ansyen” nan sans te gen plizyè dizèn ane depi Jezi te bay li, sa vle di li te la “depi okòmansman”. Sepandan, li te “nouvo” tou nan sans li te mande pou disip yo renmen youn lòt nan pwen pou youn dispoze fè sakrifis pou lòt. Disip yo te bezwen gen kalite lanmou sa a etandone sitiyasyon yo te vin chanje. Antanke disip Kris, nou vrèman apresye avètisman nou jwenn ki ede n veye pou n pa vin gen yon atitid egoyis ki se youn nan karakteristik monn sa a, yon atitid ki ka detwi lanmou nou gen pou pwochen nou!

15. Ki rezon prensipal ki fè Jezi te vin sou tè a?

15 Jezi te montre li enterese nan moun toutbon. Nou wè jan li te gen lanmou ak sousi pou yo lè l te geri moun ki malad ak  moun ki enfim yo ak lè l te resisite moun ki mouri yo. Sepandan, rezon prensipal ki fè Jezi te vin sou tè a se pa t pou l geri moun ki malad. Sa Jezi t ap preche yo ak sa l t ap anseye yo te gen pi gwo efè lontan sou lavi moun yo. Sa k fè n di sa? Se paske nou konnen tout moun Jezi te geri yo ak moun li te resisite nan premye syèk la te vin granmoun epi yo te mouri, tandiske moun ki te byen reyaji devan mesaj li t ap preche a gen posiblite pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an. — Jan 11:25, 26.

16. Jodi a, jis nan ki pwen travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la ap fèt?

16 Jodi a, travay predikasyon Jezi te kòmanse nan premye syèk la ap kontinye yon fason ki pi estrawòdinè toujou. Men ki lòd Jezi te bay disip li yo: “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon.” (Mat. 28:19). Vrèmanvre, disip yo te obeyi lòd sa a, e nou ka di nou obeyi l tou! Gen plis pase sèt milyon Temwen Jewova k ap preche Wayòm Bondye a avèk zèl nan plis pase 230 peyi, e Temwen sa yo etidye Labib ak plizyè milyon moun regilyèman. Travay predikasyon an bay prèv n ap viv nan dènye jou yo.

ANNOU FÈ JEWOVA KONFYANS DEPI KOUNYE A

17. Ki konsèy Pòl ak Pyè te bay?

17 Vrèmanvre, rapèl Bondye yo te ede kretyen premye syèk yo rete fèm nan lafwa. Se pa ti ankourajman Timote dwe te jwenn lè apot Pòl, ki te prizonye nan vil Wòm lè sa a, te di l pou l ‘kontinye kenbe modèl pawòl ki pwofitab li te di l yo’. (2 Tim. 1:13.) Men sa apot Pyè te di kretyen parèy li yo apre l te fin ankouraje yo pou yo demontre kalite tankou andirans, afeksyon pou frè yo ak metriz: “M ap toujou dispoze fè nou sonje bagay sa yo, kwak nou konnen yo, e kwak nou byen chita nan laverite.” — 2 Pyè 1:5-8, 12.

18. Ki jan kretyen premye syèk yo te konsidere rapèl yo?

18 Sa klè, pawòl Pòl ak Pyè te ekri nan lèt yo a se “pawòl pwofèt ki sen yo te deja di”. (2 Pyè 3:2.) Èske frè yo nan premye syèk la te fache lè yo te resevwa enstriksyon sa yo? Non, piske yo te konnen enstriksyon sa yo se prèv ki montre Bondye renmen yo, e enstriksyon yo t ap ede yo “kontinye grandi nan favè san parèy la ak nan konesans Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris”. — 2 Pyè 3:18.

19, 20. Poukisa nou dwe fè rapèl Jewova yo konfyans, e ki byenfè nou jwenn lè nou fè sa?

19 Jodi a, nou gen bonjan rezon pou nou fè rapèl Jewova yo konfyans, yon seri rapèl nou jwenn nan Pawòl li a, Labib. (Li Jozye 23:14.) Bib la fè n konnen fason Bondye te boule ak lèzòm ki enpafè pandan plizyè milye ane. Bondye te fè ekri istwa sa yo pou pwofi nou (Wom. 15:4; 1 Kor. 10:11). Nou wè fason pwofesi ki nan Bib la ap reyalize. Nou te kapab konpare pwofesi yo ak yon seri rapèl yo fè nou alavans. Pa egzanp, jan yon pwofesi te deja di sa, gen plizyè milyon moun ki vin fè pati vrè adorasyon an nan “dènye pati jou yo”. (Iza. 2:2, 3, NW.) Lefètke monn nan ap vin pi mal chak jou, se yon lòt prèv ki montre pwofesi ki nan Bib la ap reyalize. Epitou, jan nou te deja pale de sa, travay predikasyon k ap fèt nan lemonnantye a reyalize pawòl Jezi te di yo. — Mat. 24:14.

20 Kreyatè nou an ban nou anpil prèv ki montre nou kapab met konfyans nou nan li. Èske rapèl li yo fè n jwenn byenfè? Nou bezwen fè rapèl Jewova yo konfyans. Se sa yon sè ki rele Rosellen te fè. Men sa l di: “Se lè m te kòmanse fè Jewova konfyans ak tout kè m, mwen te vin pi byen konprann jan Jewova lonje men l avèk lanmou pou l ede m e pou l ban m fòs.” Nou menm tou nou kapab jwenn byenfè lè nou koute rapèl Jewova yo.