Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo:

Ki lè Jezi “t al preche espri ki nan prizon yo” (1 Pyè 3:19)?

Kèk tan apre Jezi fin resisite, sanble li te fè espri mechan yo konnen yo t ap gen pou yo resevwa santans ki jis yo merite a. — 15/6, paj 23.

Bay twa difikilte moun ki vle reyisi dezyèm maryaj yo konn rankontre.

Difikilte yo se: pa kite premye maryaj ou anpeche w jwenn lajwa nan dezyèm maryaj ou; pa kite zanmi w genyen ki pa abitye ak nouvo konjwen w lan gen move efè sou li; fè dezyèm konjwen w lan konfyans menm lè premye a gendwa pa t fidèl. — 1/7, paj 9-10.

Ki lè Jezi ap separe mouton yo ak kabrit yo (Mat. 25:32)?

Sa pral fèt lè Jezi vin jije nasyon yo pandan gwo tribilasyon an, apre destriksyon fo relijyon yo. — 15/7, paj 6.

Ki lè moun ki san lwa yo pale de yo nan parabòl ble a ak move zèb yo pral kriye e yo pral manje dan (Mat. 13:36, 41, 42)?

Yo pral fè sa pandan gwo tribilasyon an lè yo rann yo kont yo pap ka chape anba destriksyon an. — 15/7, paj 13.

Ki lè pawòl Jezi te di konsènan esklav fidèl ki prevwayan an te reyalize (Mat. 24:45-47)?

Pawòl sa yo pa t kòmanse reyalize nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, men, sa te fèt apre 1914. Nan ane 1919, Jezi te etabli esklav la sou domestik yo ki gen ladan l tout kretyen y ap bay manje nan domèn espirityèl yo. — 15/7, paj 21-23.

Ki lè Jezi ap met esklav fidèl la responsab tout byen l yo?

Sa pral fèt alavni, pandan gwo tribilasyon an lè esklav fidèl la resevwa rekonpans li nan syèl la. — 15/7, paj 25.

Èske Bib la pa site non kèk moun paske se move moun yo te ye oswa paske yo pa t gen ase enpòtans?

Nou pa dwe panse sa. Gen kèk bon moun ak kèk move moun Bib la pa site non yo (Rit 4:1-3; Mat. 26:18). Se sèlman non de zanj fidèl yo site nan Bib la. — 1/8, paj 10.

Anplis pisans Bondye bay la, ki sa k te ede 230 Temwen rive chape nan yon mach byen long ki te soti nan kan konsantrasyon Sachsenhausen nan?

Byenke yo te vin fèb paske yo pa t jwenn manje e yo te malad, youn te kontinye ankouraje lòt pou l kontinye mache. — 15/8, paj 18.

Ki sa k fè istwa Izrayelit yo lè yo t ap travèse rivyè Jouden an pou yo antre nan Latè pwomiz la se yon istwa ki ankourajan pou nou?

Aktout dlo a te monte byen wo, Jewova te kanpe l yon fason pou pèp la te ka travèse. Sa dwe te fè Izrayelit yo vin gen plis lafwa nan Jewova, e yo te fè l konfyans. Istwa sa a ka ankouraje nou. — 15/9, paj 16.

Lefètke Bib la site koulè anpil, ki sa sa montre?

Lefètke Bib la itilize koulè lè l ap dekri yon seri bagay, sa montre Bondye konnen koulè yo ka pouse lèzòm reyaji, e yo ka ede nou sonje kèk bagay. — 1/10, paj 14-15.

Ki jan pwofesi nou jwenn nan Mika 5:5 konsènan bèje ak dik la ap akonpli jodi a?

Nou konprann se ansyen yo ki reprezante “sèt bèje, [...] uit dik” ki nan Mika 5:5 (NW) lan. Ansyen yo la pou ede pèp Bondye a vin gen plis lafwa yon fason pou yo prepare yo pou yon atak yo te predi ki pral fèt kont yo. — 15/11, paj 20.

Bay kèk rezon ki fè nou bezwen Bondye.

Nou bezwen bonjan direksyon ak repons pou n fè fas ak pwoblèm lavi a, e Bondye ban nou toule de. Li ban nou èd pou nou byen viv e pou n gen kè kontan, epi li pral reyalize pwomès li fè nan Pawòl li a yon fason pou sa vin posib. — 1/12, paj 4-6.