Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ap fè sakrifis pou Wayòm nan?

Èske w ap fè sakrifis pou Wayòm nan?

“Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” — 2 KOR. 9:7.

1. Ki kalite sakrifis anpil moun fè, e poukisa?

LÈZÒM toujou dispoze fè sakrifis pou bagay ki enpòtan pou yo. Paran yo bay tan yo, lajan yo ak fòs yo pou byennèt pitit yo. Jèn atlèt ki ta renmen reprezante peyi yo nan Je olenmpik yo pase anpil tan chak jou ap depanse enèji nan pran fòmasyon ak nan antrènman toutpandan zanmi yo ap jwe e y ap pran plezi yo. Jezi tou te fè sakrifis pou bagay ki enpòtan pou li. Li pa t chèche viv nan liks, ni li pa t gen pitit. Olye de sa, li te ret konsantre sou fè travay Wayòm nan avanse (Mat. 4:17; Lik 9:58). Menm jan an tou, disip li yo te abandone anpil bagay pou yo te ka soutni Wayòm Bondye a. Sa k te pi enpòtan pou yo se te pèmèt Wayòm sa a vanse, e yo te fè anpil sakrifis yon fason pou yo te ka patisipe otank posib nan soutni Wayòm nan (Mat. 4:18-22; 19:27). Kidonk, nou kapab mande tèt nou: ‘Ki sa k gen plis enpòtans nan lavi m?’

2. a) Ki sakrifis tout vrè kretyen yo oblije fè? b) Ki sakrifis kèk moun dispoze fè anplis?

2 Gen kèk sakrifis tout vrè kretyen yo oblije fè, e yo enpòtan pou pèmèt nou vin gen yon bon relasyon ak Jewova epi kenbe relasyon sa a. Sakrifis sa yo gen ladan yo rezève tan ak enèji pou n lapriyè, li Labib, fè adorasyon an fanmi, asiste reyinyon epi patisipe nan travay predikasyon an (Joz. 1:8; Mat. 28:19, 20; Ebre 10:24, 25) *. Grasa efò nou fè yo ansanm ak benediksyon Jewova, travay predikasyon an kontinye ap vanse, e anpil moun kontinye ap vin an foul nan “mòn mezon Jewova a”. (Iza. 2:2, NW.) Pou anpil moun soutni aktivite Wayòm nan, yo fè sakrifis pou y al sèvi nan Betèl, pou bay èd yo nan konstriksyon Sal Wayòm ak Sal Asanble, pou òganize kongrè oswa pou fè travay sekou apre yon katastwòf natirèl. Travay sa yo yo fè  anplis la pa yon egzijans pou yo jwenn lavi, men, li enpòtan anpil pou soutni aktivite Wayòm nan.

3. a) Ki fason nou jwenn byenfè lè n fè sakrifis pou Wayòm nan? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

3 Jodi a, plis pase nenpòt lè, nou gen plis nesesite pou nou se moun ki aktif nan soutni enterè Wayòm nan. Nou kontan anpil pou n wè jan anpil moun dispoze fè sakrifis pou Jewova! (Li Sòm 54:6.) Lefètke n renmen bay, sa fè n jwenn anpil jwa toutpandan n ap tann Wayòm Bondye a vini (Det. 16:15; Tra. 20:35). Sepandan, nou chak ta dwe byen egzamine tèt nou. Èske gen kèk fason nou ka fè sakrifis anplis pou Wayòm nan? Ki jan nou sèvi ak tan nou, lajan nou, fòs nou ak kapasite nou? Ki prekosyon nou dwe pran? Annou wè yon egzanp nou ka imite pou n fè kalite sakrifis volontè sa yo yon fason pou n gen plis lajwa.

SAKRIFIS YO TE KONN FÈ NAN IZRAYÈL TAN LONTAN AN

4. Ki byenfè Izrayelit yo te konn jwenn lefètke yo te konn fè sakrifis?

4 Nan Izrayèl tan lontan an, li te enpòtan anpil pou yon moun ofri sakrifis pou l jwenn padon pou peche l. Li te nesesè tou pou pèp la fè sakrifis pou yo te ka jwenn favè Jewova. Gen kèk nan sakrifis sa yo ki te obligatwa, e gen lòt ki te volontè (Lev. 23:37, 38). Pèp la te ka ofri Jewova olokos kòm ofrann volontè oswa kòm kado. Nou jwenn yon bèl egzanp anrapò ak ofrann lè yo t ap inogire tanp lan nan epòk Salomon an. — 2 Kwo. 7:4-6.

5. Ki dispozisyon Jewova te pran an favè moun ki pa t gen gwo mwayen yo?

5 Piske Jewova gen lanmou, li te konprann tout moun pa t ap ka bay menm kantite a. Se sa k fè l te mande pou chak moun bay selon kapasite l. Lwa Jewova a te mande pou yo te vèse san bèt yo t ap ofri a, e bagay sa a se te “lonbray bon bagay ki [te] gen pou vini” pa mwayen Jezi, Piti gason l lan (Ebre 10:1-4). Sepandan, Jewova pa t strik nan fason pou yo te aplike lwa sa a. Pa egzanp, Bondye te ka aksepte kèk toutrèl yon moun ofri l si moun sa a pa t gen ase mwayen pou l ofri yon mouton oswa yon belye. Konsa, menm moun ki pòv yo te ka ofri Jewova sakrifis ak kè kontan (Lev. 1:3, 10, 14; 5:7). Se vre, bèt yo te konn sakrifye yo te ka diferan youn parapò ak lòt, sepandan, gen de bagay Jewova te egzije nan men chak moun k ap fè yon sakrifis volontè.

6. Ki sa Jewova te egzije nan men chak moun lè yo t ap fè sakrifis, e ki jan sa te enpòtan pou yo te suiv egzijans sa yo?

 6 Premyèman, moun nan te dwe bay Jewova sa l genyen ki pi bon an. Jewova te fè nasyon an konnen kèlkeswa ofrann yo t ap fè a, li ta dwe yon ofrann ki san defo yon fason pou yo “jwenn apwobasyon l”. (Lev. 22:18, 20.) Si yon bèt te gen defo, Jewova pa t ap aksepte l kòm sakrifis. Dezyèmman, moun ki t ap fè sakrifis la te dwe pwòp epi san salte. Si yon moun pa t pwòp, li te dwe fè yon sakrifis pou peche l fè a yon fason pou l retounen gen bon relasyon ak Jewova anvan l te fè ofrann volontè l la (Lev. 5:5, 6, 15). Se te yon bagay ki te enpòtan anpil. Jewova te fè konnen si yon moun ki pa t pwòp ta ofri l yon sakrifis kominyon ki gen ladan l ofrann volontè, yo ta dwe retire l pami pèp Bondye a (Lev. 7:20, 21). Yon lòt bò, lè yon moun ki gen bon relasyon ak Jewova te fè yon sakrifis epi sakrifis sa a pa t gen okenn defo, moun sa a t ap jwenn anpil satisfaksyon ak kè kontan. — Li 1 Kwonik 29:9.

SAKRIFIS NOU FÈ JODI A

7, 8. a) Ki jwa anpil moun jwenn lefètke yo fè sakrifis pou Wayòm nan? b) Ki sa n genyen nou ka bay?

7 Jodi a, menm jan an tou, gen anpil moun ki dispoze bay tout yo menm nan sèvis Jewova a, e Jewova pran plezi nan sa. Lè n travay pou byennèt frè nou yo sa fè n jwenn anpil byenfè. Gen yon frè ki konn patisipe nan konstriksyon Sal Wayòm e ki konn ede moun ki touche apre yon katastwòf natirèl, ki fè konnen li difisil pou l dekri tout satisfaksyon l jwenn lefètke l ap sèvi fason sa yo. Men sa l di: “Lè m wè jan frè ak sè yo kontan apre yo fin jwenn nouvo Sal Wayòm yo a oswa jan yo kontan lè y ap resevwa èd apre yon katastwòf natirèl, sa fè m wè tout travay ak tout efò m te fè yo vo lapenn.”

Anpil nan sakrifis Izrayelit yo se te ofrann volontè, e se prèske menm bagay la pou sakrifis nou fè jodi a. (Gade paragraf 7-13.)

8 Òganizasyon Jewova a nan epòk nou an te toujou chèche jwenn opòtinite pou l soutni travay Jewova a. Men sa frè C. T. Russell te ekri nan ane 1904: “Chak moun dwe konsidere tèt li kòm yon moun Seyè a nome pou sèvi kòm entandan k ap jere pwòp tan l, kapasite l, lajan l, eksetera, e chak moun dwe chèche wè ki fason li ka pi byen sèvi ak talan l genyen yo pou l glorifye Mèt la.” Se vre, n ap jwenn anpil benediksyon lè n fè sakrifis pou Jewova, men, sa ap koute n yon bagay tou pou n fè sakrifis sa yo (2 Sam. 24:21-24). Èske gen yon pi bon fason pase sa pou n sèvi ak sa n genyen yo?

Kèk manm fanmi Betèl Ostrali a.

9. Anrapò ak fason nou sèvi ak tan nou, ki prensip nou jwenn nan enstriksyon Jezi te bay nan Lik 10:2-4 yo nou ka aplike?

 9 Tan nou. Sa mande anpil tan ak anpil efò pou n tradui epi enprime piblikasyon nou yo, pou n bati kote pou moun adore Jewova, pou n òganize kongrè, pou n pot sekou apre yon katastwòf epi pou n patisipe nan plizyè lòt aktivite ki nesesè. E nou sèlman gen yon kantite èdtan fiks nan yon jounen. Jezi te bay yon prensip ki kapab ede nou. Lè Jezi t ap voye disip li yo preche, li te di yo pou yo “pa ret salye pèsonn sou wout”. (Lik 10:2-4.) Poukisa Jezi te bay konsèy sa a? Gen yon biblis ki fè konnen: “Salitasyon pami moun ann Oryan yo pa t fèt tankou sa fèt pami nou avèk yon senp ti panche annavan, oswa yon senp lanmen, men yo te konn bay yon pakèt akolad, yo te konn panche tèt yo ak kò yo annavan, e yo te konn menm pwostène jiska tè. Tout bagay sa yo te konn mande anpil tan.” Se pa ankouraje Jezi t ap ankouraje disip li yo pou yo gen move jan. Olye de sa, li t ap ede yo konprann tan yo te genyen an te limite, e konsa, li te nesesè pou yo sèvi ak pifò nan tan sa a ap okipe bagay ki pi enpòtan yo (Efe. 5:16). Èske n ka aplike prensip sa a nan lavi n yon fason pou n jwenn plis tan pou n soutni travay Wayòm nan?

Kèk pwoklamatè nan yon Sal Wayòm nan peyi Kenya, ann Afrik.

10, 11. a) Bay kèk fason yo sèvi ak ofrann nou fè pou travay mondyal la. b) Ki prensip nou jwenn nan 1 Korentyen 16:1, 2 ki kapab ede nou?

10 Lajan nou. Nou bezwen anpil lajan pou n soutni aktivite Wayòm nan. Chak ane, nou depanse plizyè dizèn milyon dola pou n ede siveyan itineran yo, pyonye espesyal yo ak misyonè yo fè travay yo. Depi 1999, gen plis pase 24 500 Sal Wayòm ki konstwi nan anpil peyi kote frè nou yo pa gen gwo mwayen. Malgre sa, nou toujou bezwen konstwi prèske 6 400 Sal Wayòm ankò. Chak mwa, nou enprime anviwon 100 milyon Réveillez-vous! ak Toudegad. Tout bagay sa yo rive fèt grasa ofrann volontè nou fè yo.

11 Apot Pòl te bay yon prensip nou dwe suiv lè n ap fè ofrann. (Li 1 Korentyen 16:1, 2.) Anba enfliyans lespri sen, li te ankouraje frè nan kongregasyon Korent lan pou yo pa tann jis nan fen semèn nan pou yo wè sa yo rete pou yo bay, men, olye de sa, selon sa yo chak ka fè, yo ta dwe met yon ti bagay apa depi nan kòmansman semèn nan. Menm jan sa te ye nan premye syèk la, frè ak sè nan epòk nou an fè aranjman alavans pou yo bay ak tout kè yo selon sa yo genyen (Lik 21:1-4; Tra. 4:32-35). Jewova bay moun ki renmen bay yo anpil valè.

Yon volontè komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm nan Tuxedo, Nouyòk, Ozetazini.

12, 13. Ki sa k ka anpeche kèk moun bay Jewova fòs yo ak kapasite yo, men, ki fason Jewova ap ede yo?

12 Fòs nou ak kapasite nou. Jewova ede nou nan efò n ap fè pou n sèvi ak fòs nou ansanm ak kapasite nou pou n soutni Wayòm nan. Li pwomèt l ap ede n lè nou fatige (Iza. 40:29-31). Èske n santi nou pa kalifye pou n ede nan travay la? Èske n panse gen lòt moun ki pi kalifye pase n? Pa bliye sa, Jewova ka amelyore kapasite natirèl nenpòt moun menm jan l te fè sa nan ka Betsalèl ak Owolyab. — Egz. 31:1-6; gade foto ki nan kòmansman atik la.

13 Jewova ankouraje n pou n pa kite anyen anpeche n ba li sa n genyen ki pi bon yo (Pwo. 3:27). Pandan rekonstriksyon tanp lan, Jewova te mande Juif ki te Jerizalèm yo pou yo te reflechi ak travay yo t ap fè pou rekonstwi tanp lan (Aga. 1:2-5NW). Juif sa yo te vin distrè e yo pa t bay travay Jewova a premye plas nan lavi yo. L ap bon pou n egzamine tèt nou pou n wè si sa nou bay priyorite yo ann amoni ak sa Jewova bay priyorite. Èske n ka “fikse kè nou sou fason n ap aji” yon fason pou n patisipe  plis toujou nan travay Wayòm nan pandan dènye jou sa yo?

SAKRIFIS NOU FÈ SELON SA NOU GENYEN

14, 15. a) Ki fason nou jwenn ankourajman grasa egzanp frè nou yo ki pa gen gwo mwayen? b) Ki sa n ta dwe detèmine pou n fè?

14 Gen anpil moun k ap viv nan peyi kote difikilte ak povrete fè pati lavi yo mennen chak jou. Òganizasyon nou an fè anpil efò pou “kouvri” sa frè k ap viv nan peyi sa yo manke a (2 Kor. 8:14). Sepandan, menm frè ki pa gen gwo mwayen yo bay privilèj yo genyen pou yo bay la anpil valè. Jewova kontan anpil lè l wè moun ki pòv nan domèn materyèl yo anvi bay ak tout kè yo. — 2 Kor. 9:7.

15 Nan yon peyi ann Afrik ki pòv anpil, gen kèk frè ki rezève yon ti pati nan jaden yo pou yo vann pwodui ki soti ladan l, e yo bay lajan sa a pou soutni travay Wayòm nan. Nan menm peyi sa a, yo te planifye pou konstwi yon Sal Wayòm paske te gen anpil bezwen. Frè ak sè nan peyi a te vle bay èd yo. Sepandan, konstriksyon an te gen pou l kòmanse nan mitan sezon plantasyon an. Aktout sa, piske yo te detèmine pou yo bay èd yo, yo te travay nan konstriksyon Sal Wayòm nan pandan lajounen, epi, yo t al nan jaden lè aprèmidi yon fason pou yo te ka asire yo y ap fin plante nèt. Ala yon bèl espri sakrifis yo demontre! Sa fè n sonje frè ki t ap viv nan vil Masedwàn nan premye syèk la. Frè sa yo te “pòv anpil”, sepandan, yo t ap sipliye Pòl pou yo jwenn privilèj pou yo bay (2 Kor. 8:1-4). Menm jan an tou, se pou nou chak ‘bay yon kantite ki koresponn ak benediksyon Jewova ban nou an’. — Li Detewonòm 16:17.

16. Ki jan nou kapab gen asirans Jewova ap aksepte sakrifis nou yo?

16 Sepandan, gen yon prekosyon nou dwe pran. Menm jan sa te ye pou Izrayelit nan tan lontan yo, nou dwe asire nou sakrifis n ap fè volontèman yo se sakrifis ki fè Bondye plezi. Nou bezwen toujou kenbe ekilib nou yon fason pou n ka ranpli responsablite ki pi enpòtan yo, sètadi aktivite ki gen rapò ak fanmi nou ansanm ak adorasyon n ap bay Jewova a. Nou pa dwe kite tan nou pase ap ede lòt moun ansanm ak èd n ap ba yo nan domèn materyèl fè n neglije fanmi nou nan domèn espirityèl ak nan domèn fizik. Anfèt, si n ta fè sa, se kòmsi nou t ap bay sa nou pa genyen. (Li 2 Korentyen 8:12.) Mete sou sa, nou dwe kontinye pwoteje relasyon nou gen ak Jewova a (1 Kor. 9:26, 27). Kidonk, nou mèt gen asirans lè n viv ann amoni ak prensip biblik yo, sakrifis nou yo ap pote anpil jwa ak anpil satisfaksyon pou nou, e Jewova ap “aksepte” yo.

SAKRIFIS NOU YO GEN ANPIL VALÈ

17, 18. Ki santiman nou genyen konsènan tout moun k ap fè sakrifis pou Wayòm nan, e sou ki sa nou chak ta dwe reflechi?

17 Gen anpil nan frè ak sè nou yo ki ‘vide tèt yo tankou yon bwason y ap vide kòm ofrann’ nan travay yo yon fason pou yo soutni aktivite Wayòm nan ki nesesè yo (Fil. 2:17). Nou apresye moun ki montre yo renmen bay yo ak tout kè n. Nou vle felisite madanm ak pitit frè ki pran latèt nan aktivite Wayòm nan pou lespri sakrifis yo demontre, e lefètke yo renmen bay.

18 Nou bezwen travay di anpil pou n soutni enterè Wayòm nan. Se pou nou chak priye Jewova pou n wè kòman nou ka bay èd nou plis toujou. Nou kapab gen asirans n ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a, e benediksyon yo ap vin pi plis toujou “nan sistèm k ap vini an”. — Mak 10:28-30.

^ § 2 Gade atik ki gen tit “Annou ofri Jewova sakrifis ak tout nanm nou” ki te parèt nan Toudegad 15 janvye 2012, paj 21-25.