Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Fè sa pou nou montre nou sonje m”

“Fè sa pou nou montre nou sonje m”

“Apre l fin di Bondye mèsi, li kase [pen an], e li di: ‘Sa a reprezante kò m mwen bay pou nou. Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.’” — 1 KOR. 11:24.

1, 2. Ak ki sa apot yo te gendwa ap reflechi pandan yo t ap vwayaje pou y al Jerizalèm?

‘ETANDONE nyaj yo ale, nou kapab wè moso lalin nan byen klè. Nan lavèy, mesye ki t ap veye nan Jerizalèm yo dwe te wè premye ti moso lalin ki te parèt la. Yonfwa Sanedren an fin konn sa, yo te fè konnen nouvo mwa a, anpalan de mwa Nizan an, te kòmanse. Annapre, swa yo te voye mesaje yo gaye nouvèl la byen vit, swa yo te sèvi ak yon seri dife kòm siyal pou yo montre sa. Sandout, Jezi ap anvi monte Jerizalèm yon fason pou l ka rive anvan fèt Pak la.’

2 Nou kapab imajine se konsa kèk moun ki te avèk Jezi nan vil Pere (yon vil ki te pa lòt bò rivyè Jouden an) t ap reflechi pandan dènye vwayaj Jezi t ap fè pou l al Jerizalèm nan (Mat. 19:1; 20:17, 29; Mak 10:1, 32, 46). Yonfwa yo fin detèmine premye jou mwa juif yo rele Nizan an, fèt Pak la t ap tonbe 13 jou annapre, sètadi apre solèy la fin kouche nan jou 14 Nizan an.

3. Poukisa li nòmal pou kretyen yo enterese nan dat fèt Pak la?

3 Pou ane 2014 la, dat Soupe Seyè a, yon dat ki koresponn ak dat fèt Pak la, ap tonbe jou k ap 14 avril la apre solèy la fin kouche. Se pral yon jou espesyal pou tout vrè kretyen ak moun ki enterese yo. Pou ki rezon? Se akoz sa nou li nan 1 Korentyen 11:23-25 lan ki di: “Nan nuit yo t apral trayi [...] Jezi a, li te pran yon pen e, apre l fin di Bondye mèsi, li kase l, e li di: ‘Sa a reprezante kò m mwen bay pou nou. Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.’ Li te fè menm bagay la ak koup la tou.”

4. a) Ki kesyon nou ka poze konsènan Memoryal la? b) Ki jan yo kalkile dat Memoryal la chak ane? (Gade kare ki gen tit:  “Memoryal ane 2014 la.”)

4 Pa gen dout nan sa, w ap la nan sèl evènman Jezi te bay disip li yo lòd pou yo komemore chak ane a. Men, anvan sa, poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Ki jan m dwe  prepare m pou sware sa a? Ki bagay an patikilye yo pral itilize nan sware sa a? Ki etap yo pral suiv pandan evènman sa a? Ki siyifikasyon evènman sa a ansanm ak bagay yo pral itilize yo gen pou mwen?’

PEN AN AK DIVEN AN

5. Ki preparasyon Jezi te mande apot li yo fè pou dènye fèt Pak la?

5 Lè Jezi te mande disip li yo pou y al prepare yon chanm pou yo manje manje Pak la, li pa t mande yo pou yo fè yon bann dekorasyon. Olye de sa, li te jis vle jwenn yon chanm ki apwopriye, ki pwòp e ki gen ase espas pou resevwa envite yo. (Li Mak 14:12-16.) Yo te dwe prepare kèk bagay pou repa a, san wete pen san ledven an ak diven wouj la. Apre yo te fin manje manje Pak la, Jezi te konsantre l sou pen an ak diven an.

6. a) Apre manje Pak la, ki sa Jezi te di konsènan pen an? b) Ki kalite pen yo itilize nan Memoryal la?

6 Men sa apot Matye ki te la lè sa a te ekri annapre: “Jezi pran yon pen, e apre l fin fè yon priyè, li kase l, li bay disip li yo l, li di: ‘Men. Manje.’” (Mat. 26:26). “Pen” yo te itilize a se te pen fèt Pak la, e l pa t konn gen ledven ladan l (Egz. 12:8; Det. 16:3). Pen sa a te fèt ak farin frans epi dlo, san yo pa t konn met ledven ni okenn epis, tankou sèl, ladan l. Etandone pen an pa t gen ledven, li t ap soti plat, li t ap yon pen ki senp, ki tankou yon biswit sèk, e ki fasil pou kase. Jodi a, anvan jou Memoryal la rive, ansyen yo nan kongregasyon an ka mande yon moun pou l prepare pen sa a ak farin frans ak dlo, e yo ka kuit li nan yon kaswòl ak yon tikras luil. (Si nou pa ka jwenn farin frans, nou ka sèvi ak farin diri, farin lòj, farin mayi oswa ak lòt sereyal ki sanble ak yo.) Nou ka sèvi tou ak pen azim, yon pen Juif yo genyen, ki pa dwe gen malt, ze ak zonyon ladan l.

7. Ki kalite diven Jezi te itilize, e ki kalite diven yo kapab itilize nan Memoryal la?

7 Men sa Matye te kontinye pou l di: “[Jezi] pran yon koup tou, e apre l fin di Bondye mèsi, li ba yo l, li di: ‘Nou tout, nou mèt bwè ladan l.’” (Mat. 26:27, 28). Koup Jezi te gen nan men l se yon koup ki te gen diven wouj ladan l. (Li pa t ka ji ki fèt ak rezen yo te fèk rekòlte paske sezon rekòt la te gentan pase depi byen lontan.)  Pa t gen diven nan premye fèt Pak ki te selebre ann Ejip la, epoutan, Jezi pa t gen pwoblèm pou l te sèvi avè l nan fèt Pak la. Li te menm sèvi ak enpe diven nan Soupe Seyè a. Se rezon sa a ki fè kretyen yo sèvi ak diven nan Memoryal la. Etandone li pa t nesesè pou yo ajoute anyen nan san Jezi pou fè l vin gen plis valè, yo pa met ni alkòl ni epis nan diven yo itilize pou Memoryal la. Nou kapab sèvi ak diven wouj ki senp, yon diven nou fè lakay nou, oswa ak diven nou achte tankou Beaujolais, Bourgogne oswa Chianti.

SIYIFIKASYON PEN AN AK DIVEN AN

8. Poukisa kretyen yo enterese nan siyifikasyon pen an ak diven an?

8 Yon fason klè, apot Pòl te montre tout kretyen ta dwe kontinye selebre Soupe Seyè a, se pa t apot yo sèlman ki te dwe fè sa. Men sa l te ekri kwayan parèy li yo ki nan vil Korent: ‘Menm sa m te resevwa nan men Seyè a, se sa tou mwen transmèt nou: Seyè Jezi te pran yon pen e, apre l fin di Bondye mèsi, li kase l, e li di: Sa a reprezante kò m mwen bay pou nou. Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.’ (1 Kor. 11:23, 24). Ann amoni ak kòmandman sa a, jodi a, kretyen yo selebre evènman espesyal sa a chak ane e yo enterese nan siyifikasyon pen an ak diven an.

9. Ki move pwennvi kèk moun genyen konsènan pen Jezi te itilize a?

9 Gen kèk fidèl legliz ki fè konnen Jezi te di yon fason literal: ‘Sa a se kò mwen.’ Yo kwè, pa mwayen yon mirak, pen an te tounen chè Jezi toutbon. Sepandan, se pa sa ki te pase vre *. Kò Jezi te la devan apot fidèl li yo, epi pen san ledven yo t apral manje a te la tou. Li klè, Jezi t ap pale yon fason senbolik menm jan li te konn fè sa nan anpil lòt okazyon. — Jan 2:19-21; 4:13, 14; 10:7; 15:1.

10. Ki sa pen yo itilize nan Soupe Seyè a reprezante?

 10 Pen apot yo te kapab wè epi yo t apral manje a te reprezante kò Jezi. Ki kò? Pandan yon tan, sèvitè Bondye yo te panse piske Jezi te kase pen an, men okenn nan zo l yo pa t kase, pen an te reprezante “kò Kris la”, anpalan de kongregasyon moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl la (Efe. 4:12; Wom. 12:4, 5; 1 Kor. 10:16, 17; 12:27). Sepandan, rive yon lè, yo te vin rann yo kont, ni rechèch yo te fè yo ni Ekriti yo te montre pen an reprezante kò fizik Jezi a, yon kò yo te prepare pou li. Jezi te “soufri nan lachè” lè yo te kloure l sou poto a. Kidonk, nan Soupe Seyè a, pen an reprezante kò fizik sa a Jezi te sèvi avè l pou l “pote peche nou yo”. — 1 Pyè 2:21-24; 4:1; Jan 19:33-36; Ebre 10:5-7.

11, 12. a) Ki sa Jezi te di konsènan diven an? b) Ki sa diven yo itilize nan Soupe Seyè a reprezante?

11 Siyifikasyon pen an ede n konprann sa Jezi te vle di annapre konsènan diven an. Men sa nou li: “Li te fè menm bagay la ak koup la tou, apre l te fin soupe. Li di: ‘Koup sa a reprezante nouvo alyans lan ki fèt grasa san m.’” (1 Kor. 11:25). Gen anpil tradiksyon Labib ki tradui pawòl sa yo yon fason literal menm jan ak tradiksyon Robert Young nan ki di: “Koup sa a se nouvo alyans ki nan san m lan.” (Se nou menm ki mete mo a ann italik.) Èske se koup Jezi te kenbe a ki te nouvo alyans lan? Non. Mo “koup” la fè referans ak sa ki te nan koup la, anpalan de diven an. Ki sa Jezi te di diven an reprezante? Li te di se san l ki pral vèse a.

12 Nan Evanjil Mak la, nou jwenn pawòl sa yo Jezi te di: “Sa a reprezante san m, ‘san alyans lan’, ki gen pou koule pou anpil moun.” (Mak 14:24). Vrèmanvre, san Jezi t ap gen pou l “koule pou anpil moun pou yo ka jwenn padon pou peche yo”. (Mat. 26:28.) Se sa k fè, diven wouj la byen reprezante san Jezi yon fason literal. Grasa san sa a, nou kapab jwenn liberasyon pa mwayen ranson an, sa vle di “nou [kapab] jwenn padon pou fot nou yo”. — Li Efezyen 1:7.

Apot yo te bwè nan diven ki te senbolize alyans ki te fèt grasa san Jezi a. (Gade paragraf 11, 12.)

ANN KOMEMORE LANMÒ KRIS

13. Fè yon ti pale sou fason yo selebre Memoryal lanmò Kris la chak ane.

13 Si se premye fwa w pral asiste Memoryal la ak Temwen Jewova yo, ki sa w ka atann? Rasanbleman sa a ka fèt yon kote ki atiran e ki pwòp yon fason pou tout moun kapab santi yo konfòtab pou yo pwofite okazyon an. Yo kapab pran dispozisyon pou yo met kèk flè tou senp, men, ou pap distrè akoz yon bann dekorasyon oswa paske anndan an sanble ak kote y ap fè fèt. Yon ansyen ki kalifye ap egzamine sa Bib la di sou okazyon an, l ap fè sa yon fason ki klè e avèk diyite. L ap ede tout moun ki nan asistans lan pou yo apresye sa Kris te fè pou nou an. Li te mouri kòm ranson yon fason pou nou ka gen lavi. (Li Women 5:8-10.) Oratè a ap esplike de esperans kretyen yo genyen Bib la pale de yo a.

14. Konsènan ki esperans yo pale pandan diskou Memoryal la?

14 Youn nan esperans yo se esperans yon ti gwoup moun pami disip Kris yo genyen, tankou apot fidèl li yo, pou y al reye nan syèl la avèk Kris (Lik 12:32; 22:19, 20; Rev. 14:1). Lòt esperans lan konsène pifò kretyen k ap sèvi Bondye fidèlman nan epòk nou an. Yo gen posiblite pou yo viv pou toutan sou tè a ki pral tounen yon paradi. Lè sa a, volonte Bondye pral fèt sou tè a menm jan l fèt nan syèl la, yon bagay kretyen yo gen lontan depi y ap priye pou li (Mat. 6:10). Ekriti yo bay anpil detay enteresan konsènan bèl vi moun sa yo pral mennen pou toutan. — Iza. 11:6-9; 35:5, 6; 65:21-23.

15, 16. Ki sa yo fè ak pen an pandan Soupe Seyè a?

15 Apre oratè a fin esplike pwen sa yo, l ap fè konnen moman an rive pou n fè  sa Jezi te mande apot li yo pou yo fè a. Jan n te deja mansyone sa nan paragraf anvan yo, yo pral sèvi ak de anblèm, anpalan de pen san ledven an ak diven wouj la. Anblèm sa yo kapab sou yon tab ki toupre oratè a. L ap atire atansyon moun ki nan asistans lan sou yon vèsè nan Bib la ki montre sa Jezi te di ak sa l te fè lè l t ap etabli evènman sa a. Pa egzanp, li kapab li sa nou jwenn nan Evanjil Matye a ki di: “Jezi pran yon pen, e apre l fin fè yon priyè, li kase l, li bay disip li yo l, li di: ‘Men. Manje. Sa a reprezante kò m.’” (Mat. 26:26). Jezi te kase pen san ledven an yon fason pou l te ka pase kèk moso bay apot ki te bò kote l yo. Nan reyinyon 14 avril la, n ap wè kèk moso pen san ledven yo deja kase ki nan plizyè asyèt.

16 Yo pral itilize yon kantite asyèt k ap pèmèt yo pase pen an bay tout moun ki prezan yo nan yon tan ki rezonab. Yo pa pral fè sa tankou se yon tradisyon y ap suiv. Y ap fè yon priyè tou kout, apre sa, y ap pase asyèt yo bay moun yo yon fason ki byen òdone selon sa ki sanble pratik pou zòn nan. Menm jan sa te ye nan pifò kongregasyon lè yo te pase pen an nan Memoryal ane 2013 la, se yon tikras moun sèlman (oswa gendwa pa gen pèsonn) k ap manje nan pen an.

17. Pandan Memoryal la, ki jan yo suiv enstriksyon Jezi te bay konsènan diven an?

17 Annapre, oratè a ap atire atansyon moun yo sou pawòl Matye te kontinye pou l di yo. Men sa nou li: “[Jezi] pran yon koup tou, e apre l fin di Bondye mèsi, li ba yo l, li di: ‘Nou tout, nou mèt bwè ladan l, paske sa a reprezante san m, “san alyans lan”, ki gen pou koule pou anpil moun pou yo ka jwenn padon pou peche yo.’” (Mat. 26:27, 28). Pou yo kapab suiv modèl sa a, y ap fè yon lòt priyè, epi annapre, y ap pase ‘koup’ diven wouj yo pami moun ki prezan yo.

18. Menmsi se yon tikras moun, oswa pèsonn, k ap manje nan pen an e k ap bwè nan diven an, poukisa l enpòtan pou n la nan Memoryal la?

18 Piske Jezi te montre se sèlman moun ki pral reye nan Wayòm syèl la ki gen dwa manje nan pen an epi bwè nan diven an, pou rezon sa a, avèk respè, pifò moun nan asistans lan pap manje nan pen an e yo pap bwè nan diven an. (Li Lik 22:28-30; 2 Tim. 4:18.) Avèk respè, tout lòt moun ki la yo pral asiste Memoryal la antanke obsèvatè. Sepandan, li enpòtan pou yo asiste Soupe Seyè a, paske lè yo fè sa, yo montre yo bay sakrifis Jezi a anpil valè. Pandan Memoryal la, yo kapab reflechi sou kantite benediksyon yo kapab jwenn sou baz sakrifis ranson Jezi a. Yo gen posiblite pou yo pami “gwo foul moun” ki pral chape anba “gwo tribilasyon” k ap vini an. Moun sa yo se adoratè Bondye ki pral “lave wòb long yo, e yo [pral] blanchi yo nan san Timouton an”. — Rev. 7:9, 14-17.

19. Ki sa n ka fè pou n prepare n pou n jwenn byenfè nan Soupe Seyè a?

19 Sou tout tè a, Temwen Jewova yo ap prepare yo pou reyinyon espesyal sa a. Plizyè semèn alavans, nou pral patisipe nan yon kanpay pou n envite otank moun posib vin asiste reyinyon sa a. Mete sou sa, plizyè jou anvan Memoryal la, pifò nan nou pral li pasaj kote Bib la rapòte sa Jezi te di ak sa k te rive nan menm dat la nan ane 33 epòk nou an. Nou pral fè aranjman nan aktivite pèsonèl nou pou n ka asire n n ap la. L ap bon pou n rive anvan kantik ak priyè yo pral fè pou kòmanse a yon fason pou n ka akeyi vizitè yo epi pou n suiv tout pwogram nan. Ni moun ki fè pati kongregasyon an, ni vizitè yo pral jwenn bonjan byenfè lè yo suiv nan bib yo toutpandan oratè a ap esplike pwen yo. Sa k pi enpòtan an, sèke prezans nou nan Memoryal la pral montre jan n apresye sakrifis Jezi a ak tout kè n, epi l pral montre nou obeyi kòmandman l lan ki di: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” — 1 Kor. 11:24.

^ § 9 Gen yon biblis alman ki rele Heinrich Meyer ki fè konnen: “Piske [...] kò Jezi potko kraze (li te toujou vivan), e piske san l potko vèse, okenn nan moun ki te la yo [apot yo] pa t ka panse [...] se kò Seyè a yo t ap manje an reyalite, epi se san l yo t ap bwè toutbon. [Kidonk], Jezi pa t gen entansyon pou moun konprann pawòl senp sa yo yon fason ki kontrè ak sa yo te admèt nan epòk la.”