Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pa kite lespri nou twouble fasil”

“Pa kite lespri nou twouble fasil”

“Frè nou yo, [...] n ap mande nou pou nou pa kite lespri nou twouble fasil.” — 2 TES. 2:1, 2.

1, 2. Ki sa k fè twonpri gaye toupatou konsa jodi a, e ki fòm li kapab pran? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

TWONPRI ak manti kri se bagay nou tout ap fè fas nan sistèm sa a. Sa pa dwe fè n sezi piske Bib la fè n konnen byen klè Satan Ledyab fò nan twonpe moun, e se li menm k ap dirije sistèm sa a (1 Tim. 2:14; 1 Jan 5:19). Toutpandan n ap vanse pi pre fen sistèm sa a, Satan ap vin pi an kòlè paske l konnen se sèlman “yon tikras tan li rete”. (Rev. 12:12.) Se sa k fè, nou kapab atann pou moun Dyab la ap enfliyanse yo eseye twonpe plis moun toujou, sitou moun k ap soutni vrè adorasyon an.

2 Pafwa, medya yo konn di move pawòl e yo konn bay manti kri sou sèvitè Jewova yo ak kwayans yo yon fason pou yo twonpe lòt moun. Yo konn sèvi ak tit jounal, dokimantè nan televizyon ansanm ak paj wèb sou Entènèt pou fè pwopagann pou sa ki pa laverite. Kòm rezilta, gen kèk moun ki vin twouble e ki kwè nan manti sa yo byen fasil.

3. Ki sa k ka ede nou konbat twonpri?

3 Nou kontan dèske n ka konte sou Pawòl Bondye a ki “itil [...] pou korije”, yon fason pou n ka konbat taktik sa a ènmi nou an ap itilize pou l demoralize nou an (2 Tim. 3:16). Li enpòtan anpil pou n konnen sa apot Pòl te ekri kèk kretyen nan kongregasyon Tesalonik nan premye syèk la, ki te kite yo twonpe yo paske yo te aksepte sa k pa laverite. Li te egzòte yo ‘pou yo pa kite lespri yo twouble fasil’. (2 Tes. 2:1, 2.) Ki leson nou ka aprann nan egzòtasyon sa a Pòl te bay la ki chaje lanmou, e kòman nou ka aplike l nan sitiyasyon pa nou?

KÈK AVÈTISMAN NAN BON MOMAN

4. Ki fason kretyen Tesalonik yo te jwenn avètisman konsènan “jou Jewova a” ki gen pou vini an, e ki jan nou jwenn avètisman?

4 Nan premye lèt Pòl te ekri kongregasyon Tesalonik la, li te atire atansyon frè yo sou “jou Jewova a” ki gen pou vini an. Li pa t vle pou frè l yo te ret nan fènwa  epi pou yo pa t prepare. Se sa k fè, li te ankouraje yo antanke “pitit limyè” pou yo ‘rete je klè epi pou yo rete nan bonsans yo’. (Li 1 Tesalonisyen 5:1-6.) Jodi a, n ap tann pou Jewova detwi Gran Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon ki nan monn nan. Se destriksyon sa a ki pral kòmansman gran jou Jewova a. Nou kontan dèske n vin pi byen konprann fason Jewova pral reyalize objektif li. Mete sou sa, pa mwayen kongregasyon an, nou resevwa rapèl nan bon moman ki ede nou rete nan bonsans nou. Lè n koute rapèl sa yo ki sèvi n avètisman, sa ka fè n vin gen plis detèminasyon pou n bay Bondye “yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone” a. — Wom. 12:1.

Pòl te ekri kèk lèt ki te bay kretyen yo avètisman ki vini nan bon moman. (Gade paragraf 4, 5.)

5, 6. a) De ki sa Pòl te pale nan dezyèm lèt li te ekri kretyen Tesalonik yo? b) Ki sa Bondye pral fè talè konsa pa mwayen Jezi, e ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou?

5 Yon ti tan apre Pòl te fin voye premye lèt li a bay kretyen Tesalonik yo, li te ekri yo yon dezyèm lèt. Nan lèt sa a, li te atire atansyon yo sou tribilasyon ki pral genyen lè Seyè Jezi pral vin egzekite jijman Bondye sou “moun ki pa konnen Bondye yo e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl” la (2 Tes. 1:6-8). Nan dezyèm chapit lèt sa a, Pòl fè konnen gen kèk moun nan kongregasyon Tesalonik la ki te tèlman vin “boulvèse” konsènan jou Jewova a opwen yo te menm panse jou a te toupre rive. (Li 2 Tesalonisyen 2:1, 2.) Annapre, jan Pòl te fè konn sa nan pawòl li te di konsènan pwofesi yo, kretyen sa yo ki t ap viv nan premye syèk la te gen yon konesans limite sou akonplisman objektif Jewova yo. Men sa Pòl te di: “Nou gen yon konesans ki pa konplè, e nou pwofetize yon fason ki pa konplè. Men, lè sa ki konplè a rive, sa ki pa konplè a ap disparèt.” (1 Kor. 13:9, 10). Sepandan, pawòl enspire Pòl, apot Pyè ansanm ak frè Bondye chwazi pou al nan syèl ki fidèl yo te ekri nan moman sa a te kapab pèmèt yo jwenn tout sa yo bezwen pou yo kontinye gen lafwa.

6 Pou Pòl te korije bagay yo, anba enspirasyon, li te fè konnen gwo apostazi a ansanm ak “moun k ap fè sa ki ilegal la” ta dwe parèt anvan jou Jewova a *. Apre sa, li te di, nan yon tan ki fikse, Seyè Jezi  ap vin “aneyanti” tout moun ki te kite yo twonpe yo. Apot la te montre se paske moun sa “yo pa t aksepte renmen laverite” ki fè yo t apral pwononse jijman sa a kont yo (2 Tes. 2:3, 8-10). L ap bon pou n mande tèt nou: ‘Jis nan ki pwen mwen renmen laverite? Èske m ajou ak nouvo konpreyansyon ki parèt nan peryodik sa a ansanm ak lòt piblikasyon ki baze sou Bib la ki la pou ede tout kongregasyon pèp Bondye a ki nan lemonnantye?’

BYEN CHWAZI ZANMI NOU YO

7, 8. a) Kont ki danje premye kretyen yo te gen pou yo goumen? b) Ak ki danje kretyen yo ap fè fas jodi a?

7 Nou dwe admèt sa, se pa t sèlman ak danje ki sot bò kot aposta yo ansanm ak ansèyman y ap gaye yo kretyen yo t ap gen pou fè fas, men, yo t ap gen pou fè fas ak lòt danje tou. Pòl te fè Timote konnen “lanmou pou lajan se youn nan rasin tout kalite move bagay”. Apot la te fè konnen ‘piske gen kèk moun ki kiltive lanmou sa a, yo pèdi chemen lafwa a, e yo pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans’. (1 Tim. 6:10.) Mete sou sa, “zèv lachè yo” ap toujou reprezante yon danje pou nou. — Gal. 5:19-21.

8 Sepandan, nou kapab apresye avètisman Pòl te bay kretyen Tesalonik yo kont kèk mesye, li te rele “fo apot”, ki te reprezante yon gwo danje pou kretyen yo. Te gen kèk moun pami yo ki t ap “pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo”. (2 Kor. 11:4, 13; Tra. 20:30.) Kèk tan apre, Jezi te felisite frè nan kongregasyon Efèz la paske yo pa t konn “tolere move moun”. Efezyen sa yo te “teste” tout moun ki di yo se apot, men ki pa t sa vre, e yo te dekouvri yo se mantè (Rev. 2:2). Li bon pou n note konsèy Pòl te bay nan dezyèm lèt li te ekri kretyen Tesalonik yo. Men sa l te di: “Kounye a frè nou yo, men enstriksyon nou ban nou nan non Seyè a, Jezi Kris: se pou nou pran distans nou ak tout frè k ap mache yon fason dezòdone.” Apre sa, li te montre aklè kretyen sa yo se yon seri kretyen ki “pa [t] vle travay”. (2 Tes. 3:6, 10.) Donk, si l te konsidere moun sa yo tankou moun k ap mache yon fason dezòdone, alewè pou moun ki te vin aposta yo! Vrèmanvre, nan epòk sa a, yon zanmitay sere ak kalite moun sa yo te gen anpil danje ladan l, e kretyen yo te dwe evite sa. Se menm bagay la tou pou nou jodi a. — Pwo. 13:20.

9. Poukisa n dwe toujou fè atansyon si yon moun ta kòmanse ap fè diskisyon sou yon seri sijè Bib la pa pale de yo oswa l ap kritike lòt moun?

9 Etandone n ap pwoche pi pre kòmansman gwo tribilasyon an ansanm ak destriksyon sistèm sa a, avètisman Bondye te bay nan premye syèk la gen yon pi gwo siyifikasyon pou nou jodi a. Se sèten nou pa ta renmen “rate objektif” favè san parèy Jewova fè nou an epi pou n ta rate pwomès Bondye fè n pou n viv pou toutan an, kit se nan syèl la oswa sou tè a (2 Kor. 6:1). Si yon moun ki asiste reyinyon nan kongregasyon an ta eseye chèche fè n antre nan diskisyon sou yon seri sijè Bib la pa pale de yo oswa tonbe nan kritike lòt moun, nou dwe fè atansyon ak moun sa a. — 2 Tes. 3:13-15.

“RETE KOLE SOU BAGAY NOU TE ANSEYE NOU YO”

10. Ki bagay Pòl te ankouraje kretyen Tesalonik yo pou yo ret atache ak yo?

10 Pòl te ankouraje frè Tesalonik yo pou yo “kenbe fèm” epi pou yo ret atache ak sa yo te aprann yo. (Li 2 Tesalonisyen 2:15.) Ki sa “bagay” yo te anseye yo a te ye? Sa k sèten, se pa t bagay fo relijyon yo t ap anseye epi yo t ap fè pwopagann pou yo a, kòmsi yo te gen menm valè ak sa nou jwenn nan Ekriti yo. Olye de sa, Pòl t ap pale konsènan ansèyman li menm ak kèk lòt moun te resevwa nan men  Jezi yo, ansanm ak ansèyman Bondye te pouse apot yo ekri yo. Pifò nan ansèyman sa yo te vin fè pati Ekriti enspire yo. Nan youn nan lèt Pòl te ekri frè nan kongregasyon Korent yo, li te felisite yo paske ‘yo te sonje l nan tout bagay e yo te byen kenbe tout sa l te transmèt yo a’. (1 Kor. 11:2.) Ansèyman sa yo soti nan yon sous ki fyab e nou ka fè yo konfyans.

11. Ki fason kèk moun gendwa kite yo twonpe yo?

11 Nan lèt Pòl te ekri kretyen Ebre yo, li te atire atansyon yo sou de fason yon kretyen gendwa pèdi lafwa epi sispann kenbe fèm. (Li Ebre 2:1; 3:12.) Li te pale de “pote nou ale” ak “kite” Bondye. Lè yon van ap pote yon bato ale lwen yon pò, okòmansman, nou gendwa pa menm rann nou kont de sa, paske se tikras pa tikras bato a ap pran distans li. Yon lòt bò, lè se yon moun ki pouse yon bato lwen yon pò, se aksyon moun nan fè a ki fè bato a pran distans li. Nou ka sèvi ak toule de egzanp sa yo pou n montre sitiyasyon kèk moun ki kite yo twonpe yo, e sa ki vin fè konfyans yo te gen nan laverite a vin febli.

12. Jodi a, ki bagay ki kapab vin yon menas pou espirityalite nou?

12 Petèt sa te rive kèk kretyen nan kongregasyon Tesalonik la. Ki sa n ka di pou epòk pa nou an? Gen anpil aktivite ki ka fè n pèdi tan. Fè yon ti reflechi sou konbyen tan nou pase nan kenbe kontak ak moun pa mwayen rezo sosyal, nan li epi voye mesaj elektwonik, nan kouri dèyè plezi avèk avidite oswa nan toujou ap chèche enfòmasyon sou spò. Nenpòt nan aktivite sa yo kapab distrè yon kretyen epi l fè l pèdi nan zèl li. Ki konsekans sa kapab genyen? Sa gendwa fè l pèdi abitid li te genyen pou l priye ak tout kè l, pou l etidye Pawòl Bondye a, asiste reyinyon yo oswa preche bon nouvèl la. Nan ka sa a, ki sa n ka fè pou n pa kite lespri n twouble fasil?

SA N KA FÈ POU N PA TWOUBLE

13. Jan yo te anonse sa, ki atitid anpil moun genyen, e ki sa k ap anpeche lafwa nou vin fèb?

13 Yon bagay k ap ede nou nan sans sa a, se lè n toujou sonje nan ki epòk n ap viv, ak lè n sonje si nou nan fè zanmi ak moun ki refize admèt n ap viv nan “dènye jou yo”, sa kapab gen efè sou nou. Men sa apot Pyè te ekri konsènan epòk sa a: “Gen moun k ap pase nou nan rizib, y ap aji selon dezi pa yo, e y ap di: ‘Kote prezans li a li te pwomèt la? Anfèt, depi jou zansèt nou yo kòmanse dòmi nan lanmò, tout bagay rete egzakteman jan yo te ye depi nan kòmansman kreyasyon an.’” (2 Pyè 3:3, 4). Lè nou li Pawòl Bondye a chak jou ak lè n etidye l regilyèman, sa ap ede n sonje ki kote nou ye nan tan lafen an, sa vle di n ap toujou sonje n ap viv nan “dènye jou yo”. Sa gen lontan depi apostazi yo te anonse a te parèt, e jis jounen jodi a, li kontinye ap vale teren. “Moun k ap fè sa ki ilegal la” egziste toujou epi l opoze ak sèvitè Bondye yo. Pou tout rezon sa yo, nou dwe toujou rete vijilan pou n pa bliye jou Jewova a toupre. — Sef. 1:7.

Bonjan preparasyon ak bonjan patisipasyon nan ministè a ka ede n pou n pa kite lespri nou twouble fasil. (Gade paragraf 14, 15.)

14. Nan ki sans lè n ret okipe nan sèvis Bondye a sa pwoteje nou?

14 Gen anpil prèv ki montre prensipal fason nou ka kontinye veye e pou n pa kite lespri nou twouble fasil se lè n patisipe regilyèman nan travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan. Se sa k fè, lè Kris Jezi, Chèf kongregasyon an, te bay moun ki t ap suiv li yo lòd pou yo fè disip pami moun tout nasyon epi pou anseye yo bagay li te anseye yo, se konsèy li t ap ba yo pou pèmèt yo jwenn pwoteksyon (Mat. 28:19, 20). Pou n obeyi lòd sa a Jezi te bay la, nou dwe zele nan travay predikasyon an. Èske n panse frè nou yo nan Tesalonik te annik kontante yo preche epi anseye konsa konsa, tankou yon senp travay yo te dwe fè san yo pa t met kè yo ladan l? Sonje pawòl sa yo Pòl te di yo a: “Pa etenn dife  lespri a. Pa meprize pwofesi yo.” (1 Tes. 5:19, 20). Se pa ti enteresan pwofesi n ap etidye e n ap pataje ak lòt moun yo enteresan!

15. Sou ki sijè nou ka pale nan adorasyon an fanmi an?

15 Nòmalman, nou vle ede fanmi nou pou yo vin maton nan travay predikasyon an. Gen anpil frè ak sè ki rann yo kont youn nan fason yo ka fè sa se lè yo rezève yon pati nan adorasyon an fanmi an pou yo fè repetisyon pou ministè a. Nou gendwa twouve sa itil pou n pale sou fason moun nan fanmi nou pral pousuiv enterè yo jwenn nan tèritwa a. Sou ki sa yo pral pale nan pwochen vizit la? Ki sijè petèt ki kapab plis ankouraje moun y al vizite yo kontinye anvi aprann plis toujou? Ki lè li pi bon pou yo fè vizit yo? Gen anpil lòt moun tou ki rezève yon ti tan nan adorasyon an fanmi an pou reyinyon kongregasyon an, yon fason pou yo prepare sijè yo pral egzamine nan reyinyon sa yo. Èske w ka fè plis pou w prepare w pou w ka patisipe? Lè w patisipe, sa ap fè lafwa w vin pi solid, e konsa, sa ap ede w pou w pa kite lespri w twouble fasil (Sòm 35:18). Vrèmanvre, adorasyon an fanmi an ap fè n jwenn pwoteksyon kont dout ansanm ak tout pawòl ki pa sot nan Bib la.

16. Ki sa k pouse kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la kontinye sèvi ak kapasite yo genyen pou yo rezone a?

16 Lè n reflechi sou fason Jewova beni pèp li a pandan plizyè ane ki pase yo grasa bonjan konpreyansyon sou pwofesi biblik yo, sa ka fè n apresye bèl rekonpans k ap tann nou an. Moun Bondye chwazi pou al nan syèl la gen privilèj pou y al viv ak Kris. Se pa ti ankouraje sa dwe ankouraje yo pou yo kontinye sèvi ak kapasite yo genyen pou yo rezone a! Pa gen dout nan sa, nou kapab aplike pawòl Pòl te ekri kretyen Tesalonik yo nan ka kretyen sa yo. Men sa Pòl te di: “Se yon devwa pou nou pou n toujou di Bondye mèsi pou nou, frè nou yo Jewova renmen, paske Bondye chwazi nou [...] lè l sèvi ak lespri l pou l fè nou vin sen e grasa lafwa nou nan laverite.” — 2 Tes. 2:13.

17. Ki ankourajman w jwenn nan pawòl ki nan 2 Tesalonisyen 3:1-5 lan?

17 Menm jan an tou, moun ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a dwe fè gwo efò pou yo pa kite lespri yo twouble fasil. Si w gen esperans pou w viv sou tè a, pran ankourajman Pòl te bay kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki t ap viv nan vil Tesalonik la trèzoserye. (Li 2 Tesalonisyen 3:1-5.) Nou chak ta dwe gen anpil apresyasyon pou pawòl sa yo ki chaje lanmou. Vrèmanvre, de lèt Pòl te ekri kretyen Tesalonik yo ban nou bonjan avètisman konsènan pawòl moun di ki pa sot nan Bib la oswa konsènan kèk ide ki pa klè. Piske lafen an prèske rive, kretyen yo dwe montre yo gen anpil rekonesans pou avètisman sa yo.

^ § 6 Lè n li Travay 20:29, 30, n ap remake Pòl te fè konnen gen kèk ‘mesye ki t ap leve nan mitan kongregasyon an, e ki t ap pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo’. Listwa montre, rive yon lè, te vin gen yon separasyon ant klèje a ak fidèl yo. Apati twazyèm syèk epòk nou an, “moun k ap fè sa ki ilegal la” te parèt aklè antanke yon gwoup moun ki konpoze klèje lakretyente a. — Gade Toudegad 1ye fevriye 1990, paj 10-14, fransè.