TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Fevriye 2014

Toudegad sa a pale konsènan kèk bèl evènman yo dekri nan Sòm 45 lan. Li ede n tou pou n apresye Jewova antanke Sila a ki ban n sa n bezwen, ki pwoteje nou e ki se pi bon Zanmi nou.

Ann louwe Kris, Wa ki gen glwa a!

Ki siyifikasyon bèl evènman yo pale de yo nan Sòm 45 lan gen pou nou jodi a?

Annou rejwi nan maryaj Timouton an!

Kiyès ki lamarye a, e ki fason Kris te prepare lamarye l la pou maryaj la? Ki moun ki pral patisipe nan lajwa ki pral gen nan maryaj la?

Jewova te rekonpanse vèv Safat la pou lafwa l

Rezirèksyon pitit vèv la se te youn nan pi gwo evènman ki te rive nan lavi l e ki te fè l vin gen plis lafwa. Ki leson nou ka aprann nan egzanp dam sa a?

Jewova — Li pran swen nou e li pwoteje n

Apresye Jewova antanke Papa selès nou. Aprann kòman w ka vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye antanke Sila a ki ban n tout sa n bezwen e ki pwoteje nou an.

Jewova — Pi bon Zanmi nou an!

Egzamine egzanp Abraram ak Gideyòn, de moun ki te gen yon amitye sere ak Jewova Dye. Ki sa n dwe fè yon fason pou n vin zanmi Jewova?

Kesyon lektè yo poze

Ki rezon Juif ki t ap viv nan premye syèk yo te genyen pou yo te “tann” Mesi a?

Annou “kontanple cham Jewova”

Wa David, yon wa ann Izrayèl tan lontan an, te apresye dispozisyon Bondye pran pou vrè adorasyon an. Jodi a, ki jan nou ka pran plezi nan vrè adorasyon an.

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

Li gen 100 an, e l te fòtifye lafwa

Ane sa a fè 100 an depi premye fwa yo te pase “Fotodram kreyasyon an”, yon fim yo te fè pou ede moun vin gen plis lafwa nan Bib la antanke Pawòl Bondye.