Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou “kontanple cham Jewova”

Annou “kontanple cham Jewova”

Gen sitiyasyon nou konn twouve nou ki ka gen gwo enpak sou nou. Yo kapab fè n plede ap panse avèk yo sèlman, yo ka fè n pèdi fòs e yo ka gen efè sou fason nou wè lavi a. Wa David, yon wa ann Izrayèl tan lontan an, te jwenn anpil sitiyasyon difisil. Ki jan l te rive fas ak yo? Men repons li te bay nan yon sòm ki touchan anpil: “M’ap louvri bouch mwen, m’ap rele [Jewova]. M’ap louvri bouch mwen, m’ap kriye nan pye [Jewova]. M’ap louvri kè m bay Bondye, m’ap rakonte l mizè mwen. Lè m santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m fè.” Wi, avèk imilite, David te priye Bondye pou l mande l èd. — Sòm 142:1-3.

Nan moman difisil yo, avèk imilite, David te priye Jewova pou ede l.

Men sa David te di nan yon lòt sòm: “Yon bagay mwen mande Jewova — se sa mwen pral chèche: Se pou m abite nan mezon Jewova a chak jou nan lavi m, pou m kontanple cham Jewova e pou m gade tanp li an avèk apresyasyon.” (Sòm 27:4, NW). Eseye imajine David ki kanpe nan lakou sen an toupre kote Jewova bay pou vrè adorasyon an, byenke l pa t yon Levit. Kè David te tèlman ranpli ak rekonesans, li te vle pase tout rès vi l kote sa a yon fason pou l te ka “kontanple cham Jewova”.

Mo lè yo tradui l yo mete “cham” pou li a gen rapò ak eta oswa kalite yon moun genyen ki fè l “pran plezi oswa santi l byen” nan yon bagay, li gen rapò ak “santiman oswa sansasyon” tou. David te toujou apresye dispozisyon Jewova pran pou moun adore l yo. Li gendwa bon pou n mande tèt nou: ‘Èske m santi m menm jan ak David?’

‘CHÈCHE GEN APRESYASYON’ POU DISPOZISYON BONDYE PRAN YO

Jodi a, dispozisyon Jewova pran pou n pwoche kote l yo pa baze sou yon bagay moun ka wè. Olye de sa, li gen rapò ak gwo tanp espirityèl Bondye a, sa vle di: Dispozisyon sakre Bondye pran pou vrè adorasyon an *. Si nou ‘chèche gen apresyasyon’ pou dispozisyon sa a, n ap kapab “kontanple cham Jewova” tou.

Ann fè yon ti pale konsènan lotèl ki fèt an kuiv ki te nan antre tabènak la (Egz. 38:1, 2; 40:6). Lotèl la te reprezante volonte Bondye genyen pou l aksepte lavi Jezi kòm yon sakrifis (Ebre 10:5-10). Fè yon ti reflechi sou sa sa vle di pou nou! Apot Pòl te ekri: “Lè nou te ènmi Bondye, nou te vin rekonsilye avè l grasa lanmò Pitit li a.” (Wom. 5:10). Lefètke nou demontre lafwa nan san Jezi te vèse a, nou kapab jwenn lajwa lefètke nou gen favè Bondye ak lefètke nou gen konfyans nou ka vin zanmi l. Kòm rezilta, nou vin ‘bon zanmi Jewova’. — Sòm 25:14, NW.

Lefètke Jewova ‘efase peche nou yo’, sa fè “tan soulajman” l bay la rive sou nou (Tra. 3:19). Sitiyasyon nou an sanble ak sitiyasyon yon prizonye ki regrèt move aksyon l te fè yo e ki fè gwo chanjman nan lavi l toutpandan l ap tann egzekisyon l. Lè yon jij ki gen konpasyon wè sa, li efase dosye mesye sa a, sètadi, li anile santans lanmò a. Se pa ti soulaje prizonye sa a t ap santi l soulaje, e se pa ti kontan li t ap kontan! Menm jan ak jij sa a, Jewova fè moun ki repanti yo favè e li retire yo anba kondanasyon lanmò a.

PRAN PLEZI NAN VRÈ ADORASYON AN

Pami kèk bagay ki gen nan vrè adorasyon an David te ka kontanple nan kay Jewova a kote gwo foul Izrayelit parèy li yo te konn rasanble, te gen  lekti yo te konn fè nan liv lalwa a an piblik ak esplikasyon yo te konn bay sou li, lansan yo te konn boule a ak sèvis sakre prèt yo ak Levit yo te konn bay Jewova a (Egz. 30:34-38; Nonb 3:5-8; Det. 31:9-12). Bagay sa yo ki te fè pati vrè adorasyon an ann Izrayèl tan lontan an gen menm valè a pou sèvitè Bondye yo jodi a.

Menm jan sa te ye nan tan lontan, jodi a, ‘se pa ti bon sa bon, e sa pa ti agreyab sa agreyab pou frè ret ansanm nan inite’! (Sòm 133:1, NW.) Gen gwo akwasman k ap fèt nan lemonnantye nan mitan “tout frè nou yo”. (1 Pyè 2:17.) Nan reyinyon nou yo, yo li Pawòl Bondye a e yo esplike l. Jewova sèvi ak òganizasyon l lan pou l ban nou yon pwogram enstriksyon ki rich anpil. Nou jwenn anpil manje espirityèl ki disponib sou fòm enprime, pou n fè etid pèsonèl e pou n etidye ak fanmi nou. Men ki remak yon manm Kolèj santral la te fè: “Lè m medite sou Pawòl Jewova a, mwen reflechi sou sans li epi m fè rechèch sou li yon fason pou m ka gen bon konprann, sa fè m ranpli tan m ak bon bagay e mwen gen kè kontan.” Wi, “konesans ou genyen” an ka fè kè w kontan! — Pwo. 2:10.

Jodi a, priyè Jewova aksepte nan men sèvitè l yo monte al jwenn li chak jou. Pou Jewova, priyè sa yo tankou lansan ki santi bon (Sòm 141:2). Se pa ti kontan nou kontan dèske n konnen Jewova pran plezi nan priyè nou fè avèk imilite!

Men sa Moyiz te di nan yon priyè: “Senyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n’ap fè.” (Sòm 90:17). Jewova ap beni travay nou fè yo toutpandan n ap ranpli ministè nou avèk zèl (Pwo. 10:22). Nou ka ede kèk moun vin aprann laverite. Petèt nou gen plizyè ane depi n ap andire nan ministè a malgre endiferans, maladi, lapèn oswa pèsekisyon (1 Tes. 2:2). Sepandan, èske nou pa wè “cham Jewova” e, èske nou pa rann nou kont jan Papa nou ki nan syèl la pran anpil plezi nan efò n ap fè yo?

Men sa David te di nan yon chante: “Senyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m tou sa m merite. Lavi m nan men ou.” (Sòm 16:5, 6). David te kontan gen “byen” sa a, sètadi privilèj li te genyen pou Jewova aksepte l kòm zanmi l ak privilèj li te genyen pou l sèvi Jewova. Menm jan ak David, nou kapab ap fè fas ak sitiyasyon ki fè nou soufri, men, Jewova beni nou anpil. Se sa k fè, annou kontinye pran plezi nan vrè adorasyon an epi, annou toujou ‘chèche gen apresyasyon’ pou tanp espirityèl Jewova a.

^ § 6 Gade Toudegad 1ye jiyè 1996, paj 14-24 (fransè).