Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou rejwi nan maryaj Timouton an!

Annou rejwi nan maryaj Timouton an!

“Annou rejwi, annou kontan anpil [...] paske maryaj Timouton an rive.” — REV. 19:7.

1, 2. a) Ki maryaj ki pral fè gen anpil jwa nan syèl la? b) Ki kesyon sa soulve?

SA MANDE tan pou yon moun prepare l pou yon maryaj. Sepandan, nou pral pale de yon maryaj ki te espesyal anpil, sètadi, maryaj yon wa. Imajine sa! Sa gen anviwon 2 000 an depi y ap prepare maryaj sa a! Kounye a, moman pou lemarye a ini ak lamarye l la ap pwoche byen vit. Talè konsa, pral gen anpil bèl mizik ki bay kè kontan nan palè Wa a, epi, gen gwo foul zanj nan syèl la ki pral chante byen fò, y ap di: “Louwe Ya, paske Jewova, Bondye nou an, li menm ki Toupisan an, kòmanse dirije antanke wa. Annou rejwi, annou kontan anpil, e annou ba li glwa, paske maryaj Timouton an rive, e lamarye [a] pare.” — Rev. 19:6, 7.

2 “Timouton” sa a ki pral marye a e ki pral pèmèt gen lajwa nan syèl la pa lòt moun, se Jezi Kris (Jan 1:29)! Ki fason l te abiye pou maryaj la? Ki moun sa a ki lamarye l la? Ki fason yo te prepare lamarye a pou maryaj la? Ki lè maryaj la ap fèt? Maryaj la ap fè gen lajwa nan syèl la, men, èske moun ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a ap rejwi tou? Avèk enpasyans, nou pral konsidere kesyon sa yo toutpandan n ap kontinye egzamine Sòm 45 lan.

 ‘RAD LI YO SANTI BON’

3, 4. a) Ki sa yo di konsènan rad Lemarye a mete pou maryaj la, e ki sa k fè l vin gen plis jwa toujou? b) ‘Pitit fi wa yo’ ak “rèn nan” ki gen menm jwa ak Lemarye a, kiyès yo ye?

3 Li Sòm 45:8, 9. Jezi Kris, Lemarye a, met rad maryaj li sou li, yon rad ki gen glwa. Li apwopriye pou rad li met sou li a ap pwopaje yon bon sant “bagay ki santi bon” tankou sant lami ak sant kas, yon seri bagay yo te konn itilize pou fè luil pou vide sou tèt moun yo te konn chwazi pou vin wa ann Izrayèl. — Egz. 30:23-25.

4 Toutpandan maryaj la ap pwoche, bèl mizik k ap jwe nan syèl la e ki ranpli palè Lemarye a, fè Lemarye a gen plis lajwa toujou. “Rèn nan”, ki se pati òganizasyon Bondye a ki nan syèl la ki gen ladan l ‘pitit fi wa yo’, sètadi, zanj ki sen yo, gen menm jwa ak Lemarye a. Ala bèl sa bèl pou n tande vwa zanj nan syèl la k ap di: “Annou rejwi, annou kontan anpil [...] paske maryaj Timouton an rive”!

LAMARYE A PARE POU MARYAJ LA

5. Kiyès ki “madanm Timouton an”?

5 Li Sòm 45:10, 11. Nou gentan wè kiyès ki Lemarye a, men, e lamarye a menm, kiyès li ye? Se pa yon moun literal, men, li gen ladan l tout moun ki fè pati kongregasyon Jezi Kris ap dirije a. (Li Efezyen 5:23, 24.) Moun sa yo gen pou yo fè pati Wayòm Mesyanik Kris la (Lik 12:32). 144 000 kretyen sa yo Bondye chwazi pou al nan syèl pa mwayen lespri sen l lan, “kontinye [ap] suiv Timouton an kèlkeswa kote l ale”. (Rev. 14:1-4.) Yo vin “madanm Timouton an”, e y al abite avè l nan palè l la ki nan syèl la. — Rev. 21:9; Jan 14:2, 3.

6. Poukisa yo rele kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la “pitit fi wa a”, e poukisa yo mande yo pou yo ‘bliye pèp yo’?

6 Yo pa sèlman rele lamarye a “pitit fi”, men, yo rele l “pitit fi wa a” tou (Sòm 45:13). “Wa” sa a, kiyès li ye? Jewova adopte kretyen li chwazi pou al nan syèl la antanke “pitit” li (Wom. 8:15-17). Piske kretyen sa yo vin tounen yon lamarye ki nan syèl la, yo jwenn enstriksyon pou yo ‘bliye pèp yo, e pou yo bliye kay papa [yo te gen sou tè a].’ Yo dwe toujou kenbe lespri yo ‘fikse sou bagay ki anwo yo, epi pou yo pa fikse lespri yo sou bagay ki sou tè a’. — Kol. 3:1-4.

7. a) Ki fason Kris te prepare lamarye l la? b) Ki jan lamarye a konsidere Lemarye a?

7 Pandan plizyè syèk, Kris te prepare lamarye l la pou maryaj ki pral fèt nan syèl la. Apot Pòl fè konnen Kris “te renmen kongregasyon an, e li te bay tèt li pou li pou l ka fè l vin sen, pou l ka lave l ak dlo pawòl Bondye a pou l fè l vin pwòp, pou l ka fè kongregasyon an vin bèl anpil nan je l, san l pa gen ni tach, ni pli, ni okenn bagay ki sanble ak sa, men, pou l ka vin sen, e pou l ka vin san defo”. (Efe. 5:25-27.) Men sa Pòl te di kretyen ki t ap viv nan vil Korent tan lontan an: “M ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki ann akò ak volonte Bondye. Paske, mwen te pwomèt pou m marye nou ak yon sèl mari, sètadi Kris, dekwa pou m ka prezante nou ba li kòm yon vyèj k ap mennen yon vi pwòp.” (2 Kor. 11:2). Jezi Kris, Wa a, ki se Lemarye a, apresye ‘bote’ espirityèl lamarye l la. Lamarye a bò kote pa l rekonèt Jezi Kris antanke “chèf” li, e li “bese byen ba devan” Jezi ki se moun k ap vin mari l la.

‘YO MENNEN LAMARYE A BAY WA A’

8. Ki sa k fè l apwopriye pou yo pale de lamarye a antanke yon moun ki “gen anpil glwa”?

8 Li Sòm 45:13, 14a. Yo pale de lamarye a antanke moun ki “gen anpil glwa” ki abiye l pou maryaj la. Nan Revelasyon 21:2, yo konpare lamarye a ak yon vil, Nouvo Jerizalèm nan, ki fè l “bèl pou mesye li pral marye avè l la”. Vil sa a ki  nan syèl la gen “glwa Bondye”, e glwa li genyen an “sanble ak yon pyè presye ki gen anpil valè, tankou yon pyè jasp ki klere kou kristal”. (Rev. 21:10, 11.) Yo pale de bèl aparans Nouvo Jerizalèm nan genyen an nan liv Revelasyon an (Rev. 21:18-21). Sa pa etone nou dèske salmis lan pale de lamarye a antanke yon moun ki “gen anpil glwa”! Dayè, se nan syèl la maryaj la ap fèt.

9. “Wa” yo mennen lamarye a ba li a, kiyès li ye, e ki sa k fè lamarye a bèl konsa?

9 Moun yo mennen lamarye a ba li a se Lemarye a, anpalan de Wa Mesyanik la. Lemarye a te prepare lamarye a, lè l te “lave l ak dlo pawòl Bondye a pou l fè l vin pwòp”. Kidonk, lamarye a ‘ vin sen, e li san defo’. (Efe. 5:26, 27.) Lamarye l la dwe bèl anpil tou pou okazyon an. E li bèl vre! Vrèmanvre, “yo anbeli rad li ak lò”, e, yo “mennen l kot wa a avèk bèl rad ki byen bwode”. Pou maryaj Timouton an, lamarye a “jwenn pèmisyon pou l abiye ak yon rad ki klere, ki pwòp, ki fèt ak len bon kalite, paske len bon kalite a reprezante bon aksyon moun ki sen yo fè”. — Rev. 19:7, 8.

‘MARYAJ LA RIVE’

10. Ki lè maryaj Timouton an sipoze fèt?

10 Li Revelasyon 19:7. Ki lè maryaj Timouton an ap fèt? Byenke nan vèsè a yo di “lamarye [a] pare”, vèsè ki vin apre yo pa montre maryaj la ap fèt nan moman l pare a. Olye de sa, yo bay kèk detay byen klè konsènan dènye faz gwo tribilasyon an (Rev. 19:11-21). Èske sa vle di maryaj la ap fèt anvan Wa a, ki se Lemarye a, fin ranpòte laviktwa? Non. Yo pa prezante vizyon nou jwenn nan liv Revelasyon an nan lòd kwonolojik. Sòm 45 lan montre maryaj la ap fèt apre Jezi Kris, Wa a, fin mare epe l nan senti l pou l “al ranpòte laviktwa” sou ènmi l yo. — Sòm 45:3, 4.

11. Ki sa Kris gen pou l fè pou l fin ranpòte laviktwa?

11 Sepandan, men nan ki lòd nou ka klase evènman ki gen pou fèt yo: Toudabò, yo pral egzekite jijman sou “gwo pwostitye”, anpalan de Gran Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon ki nan monn nan (Rev. 17:1, 5, 16, 17; 19:1, 2). Apre sa, Kris pral egzekite jijman Bondye sou rès sistèm mechan Satan an ki sou tè a lè l detwi l nan Amagedòn, “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. (Rev. 16:14-16; 19:19-21.) Pou fini, Wa Gèrye a pral fin ranpòte laviktwa lè l lage Satan ak demon l yo nan twou san fon an. Konsa, l ap mete yo nan yon kondisyon kote yo pap ka fè anyen ankò, kòmsi yo te mouri. — Rev. 20:1-3.

12, 13. a) Ki lè maryaj Timouton an ap fèt? b) Ki moun nan syèl la ki pral rejwi nan maryaj Timouton an?

12 Ofiramezi kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ap fini kous yo sou tè a, y ap resisite pou y al viv nan syèl la. Yon ti tan apre destriksyon Gran Babilòn nan, Jezi pral rasanble tout rès moun ki fè pati klas lamarye a ansanm avè l (1 Tes. 4:16, 17). Sepandan, anvan gè Amagedòn nan, tout moun ki fè pati klas “lamarye” a ap gentan nan syèl la. Se apre gè sa a maryaj Timouton an ap fèt. Se pa ti jwa ki pral genyen nan maryaj la! Revelasyon 19:9 di: “Byennere moun yo envite nan resepsyon maryaj Timouton an.” Vrèmanvre, 144 000 moun ki fè pati klas lamarye a pral kontan anpil. Mete sou sa, Wa a, ki se Lemarye a, pral kontan anpil tou pou l wè tout kantite moun ki gen pou reye avè l yo gentan la, yon fason senbolik, pou yo ‘manje epi bwè sou menm tab avè l nan wayòm li an’. (Lik 22:18, 28-30.) Sepandan, se pa Lemarye a ak lamarye l la sèlman ki pral gen kè kontan nan maryaj Timouton an.

 13 Jan nou te di sa nan paragraf pi wo yo, gen yon gwo foul zanj ki pral met vwa yo ansanm pou yo chante, y ap di: “Annou rejwi, annou kontan anpil, e annou ba li [Jewova] glwa, paske maryaj Timouton an rive, e lamarye [a] pare.” (Rev. 19:6, 7). Men, ki sa n ka di konsènan sèvitè Jewova yo ki sou tè a? Èske yo pral rejwi tou?

“AP GEN REJWISANS [...] PANDAN Y AP MENNEN YO”

14. “Vyèj k ap suiv” lamarye a yo pale de yo nan Sòm 45 lan, kiyès yo ye?

14 Li Sòm 45:12, 14b, 15. Pwofèt Zekarya te fè konnen, nan tan lafen an, gen moun ki sot nan tout nasyon ki t apral kontan anpil pou yo travay ansanm ak moun ki fè pati rès Izrayèl espirityèl la. Men sa l te di: “Nan jou sa yo, dizòm ki soti nan tout lang nasyon yo [pale] pral kenbe, wi, se toutbonvre yo pral kenbe ke wòb yon òm, yon Juif, e y ap di: ‘Nou vle ale ansanm avèk nou, paske nou tande yo di Bondye ansanm avèk nou.’” (Zek. 8:23, NW). Nan Sòm 45:12, yo rele “dizòm” senbolik sa yo “pitit fi Ti a” oswa “mesye ki pi rich yo”. Moun sa yo vin kot rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ak kado, e yo “chèche jwenn favè” ak èd espirityèl nan men yo. Depi 1935, gen plizyè milyon moun ki mande rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ede yo “pratike jistis”. (Dàn. 12:3, NW.) Moun sa yo ki fidèl anvè kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la pirifye lavi yo pou yo vin tounen vyèj nan domèn espirityèl. “Vyèj [sa yo] k ap suiv” lamarye a, se moun ki vwe lavi yo bay Jewova e ki demontre fidelite yo anvè Wa a, ki se Lemarye a.

15. Pandan klas lamarye a sou tè a toujou, ki jan “vyèj k ap suiv” li yo travay ansanm avè l?

 15 Rès moun ki fè pati klas lamarye a montre yo sitou rekonesan anvè “vyèj [sa yo] k ap suiv” li a paske moun sa yo zele nan ede yo preche “bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan” sou tout kò tè a (Mat. 24:14). Se pa sèlman “lespri a ak lamarye a [ki kontinye ap] di: ‘Vini!’”, men, moun ki tande yo ap di: “vini!” tou (Rev. 22:17). Vrèmanvre, “lòt mouton yo” tande moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ki fè pati klas lamarye a k ap di “vini!”, e yo met ansanm ak lamarye a pou yo di tout moun ki abite sou tè a “vini!” — Jan 10:16.

16. Ki privilèj Jewova bay lòt mouton yo?

16 Rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl la renmen moun sa yo k ap suiv li yo, e yo kontan dèske Jewova, Papa Lemarye a, bay lòt mouton sa yo ki sou tè a privilèj pou yo vin rejwi nan maryaj Timouton an k ap fèt nan syèl la. Pwofesi a fè konnen t ap “gen rejwisans ak kè kontan” pandan y ap mennen “vyèj [sa yo] k ap suiv” lamarye a. Wi, lòt mouton yo, ki gen esperans pou yo viv sou tè a, pral patisipe nan jwa sa a ki pral gen nan tout linivè lè maryaj Timouton a fèt nan syèl la. Kidonk, li apwopriye pou liv Revelasyon an pale de “gwo foul moun” sa a antanke moun ki “kanpe devan twòn nan ak devan Timouton an”. Y ap bay Jewova yon sèvis sakre nan lakou tanp espirityèl la. — Rev. 7:9, 15.

Maryaj Timouton an pot anpil jwa pou “vyèj k ap suiv” lamarye a. (Gade paragraf 16.)

“PITIT GASON W YO AP PRAN PLAS ZANSÈT OU YO”

17, 18. Ki byenfè maryaj Timouton an pral pote, e pou ki moun Kris pral vin yon papa pandan Rèy mil an an?

17 Li Sòm 45:16. “Vyèj k ap suiv” lamarye Kris la ki nan syèl la, pral gen plis rezon toujou pou yo rejwi lè yo wè kantite byenfè maryaj la pral pote nan monn nouvo a. Wa a, ki se Lemarye a, pral dirije atansyon l sou tè a, e li pral resisite “zansèt” li yo pou yo vin tounen “pitit” li sou tè a (Jan 5:25-29; Ebre 11:35). Li pral chwazi kèk nan moun sa yo pou l fè yo vin “prens sou tout tè a”. Pa gen dout nan sa, Kris pral nome lòt moun pami ansyen yo jodi a ki fidèl pou yo pran latèt nan monn nouvo a tou. — Iza. 32:1.

18 Kris pral vin yon papa pou yon seri lòt moun tou pandan Rèy mil an an. Anfèt, tout moun ki pral jwenn lavi etènèl sou tè a ap jwenn lavi sa a paske yo demontre lafwa nan sakrifis ranson Jezi a (Jan 3:16). Konsa, l ap vin “Papa etènèl” yo. — Iza. 9:6, 7.

YO CHOFE POU FÈ MOUN “KONN NON” L

19, 20. Ki efè bèl evènman yo rapòte nan Sòm 45 lan gen sou tout vrè kretyen yo jodi a?

19 Li Sòm 45:1, 17. Sa klè, evènman yo rapòte nan Sòm 45 lan konsène tout kretyen. Rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ki sou tè a fikse lespri yo sou esperans yo genyen pou y al ini ak frè yo ki nan syèl la ansanm ak Lemarye a talè konsa. Lòt mouton yo gen detèminasyon pou yo soumèt yo plis toujou devan Wa yo a ki gen glwa, e yo montre yo rekonesan pou privilèj yo genyen pou yo kolabore ansanm ak rès moun ki fè pati klas lamarye a ki sou tè a. Apre Kris ansanm ak moun ki pral dirije nan Wayòm nan ansanm avè l yo fin marye, yo pral vide yon seri benediksyon moun pa ka menm imajine sou tè a. — Rev. 7:17; 21:1-4.

20 Toutpandan n ap tann pou “bon bagay” ki konsène Wa Mesyanik la reyalize, èske nou pa santi n chofe pou n ‘fè moun konn non l’? Kidonk, ann fè efò pou nou pami moun ki pral “fè louwanj pou [Wa a] pou toutan gen tan”!