Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou n kontinye demontre lespri sakrifis

Fason pou n kontinye demontre lespri sakrifis

“Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li.” — MAT. 16:24.

1. Ki jan Jezi te kite yon egzanp pafè antanke moun ki te demontre lespri sakrifis?

PANDAN Jezi te sou tè a, li te kite yon egzanp pafè antanke moun ki te demontre lespri sakrifis. Li pa t kite enterè pèsonèl li ansanm ak konfò l te kapab genyen anpeche l fè volonte Bondye (Jan 5:30). Lefètke l te rete fidèl jis li mouri sou yon poto soufrans, li te bay prèv ki montre li pa t gen limit nan fason l demontre lespri sakrifis. — Fil. 2:8.

2. Ki jan nou ka demontre lespri sakrifis, e poukisa nou dwe fè sa?

2 Antanke moun k ap suiv Jezi, nou menm tou, nou dwe demontre lespri sakrifis. Ki lè yon moun ka demontre l gen lespri sakrifis? Yon fason senp, nou kapab di se lè l dispoze pase sou pwòp enterè pa l yon fason pou l ede lòt moun. Nan yon sans, lespri sakrifis se kontrè tandans egoyis. (Li Matye 16:24.) Lè nou demontre yon etadespri ki pa egoyis, sa ka ede nou met santiman pèsonèl nou ak preferans nou apre pa lòt moun (Fil. 2:3, 4). Anfèt, Jezi te fè konnen yon etadespri ki pa egoyis jwe yon wòl enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova a. Sa k fè sa? Se paske lanmou kretyen yo gen youn pou lòt la, sètadi, lanmou ki pouse yo demontre lespri sakrifis la, se mak fabrik vrè disip Jezi yo (Jan 13:34, 35). Epi, fè yon ti reflechi ak tout benediksyon nou jwenn lefètke nou fè pati yon fanmi entènasyonal ki demontre lespri sakrifis!

3. Ki sa k gendwa minen detèminasyon nou pran pou n demontre lespri sakrifis la?

 3 Sepandan, n ap fè fas ak yon ènmi ki kapab minen detèminasyon nou pran pou n demontre lespri sakrifis la san nou pa rann nou kont. Ènmi sa a se tandans egoyis nou genyen an. Sonje jan Adan ak Èv te montre yo gen tandans egoyis. Èv te montre l gen dezi egoyis lè l te vle vin tankou Bondye. Adan, mari l, te montre l gen dezi egoyis tou paske l te vle fè madanm li plezi (Jen. 3:5, 6). Apre Dyab la te fin fè Adan ak Èv vire do bay vrè adorasyon an, li kontinye ap tante moun yo pou l fè yo vin egoyis. Li te menm eseye taktik sa a lè l t ap tante Jezi a (Mat. 4:1-9). Nan epòk nou an, Satan reyisi twonpe pifò moun lè l pouse yo aji yon fason ki egoyis nan plizyè domèn. Li enpòtan anpil pou n reflechi sou sa paske tandans egoyis ki nan monn nan ka detenn sou nou. — Efe. 2:2.

4. a) Èske, depi kounye a, nou ka retire tout tandans egoyis nou gen lakay nou? Esplike. b) Ki kesyon nou pral egzamine?

4 Nou kapab konpare tandans egoyis ak wouy ki sou yon fè. Si nou met yon bout fè yon kote epi solèy ak lapli bat li, li gendwa kòmanse wouye. Sepandan, pi gwo danje a se lè n fè kòmsi n pa wè wouy la. Lè sa a, fè a ka vin tèlman wouye opwen wouy la fè fè a pouri oswa l fin avè l. Menm jan an tou, byenke, kounye a, nou pap ka retire enpèfeksyon ak tandans egoyis nou gen lakay nou, nou dwe fè atansyon ak danje yo reprezante yo, epi, nou dwe kontinye goumen kont tandans sa yo (1 Kor. 9:26, 27). Ki jan nou ka rive wè si n gen tandans egoyis? Ki jan nou ka kontinye demontre lespri sakrifis plis toujou?

SÈVI AK BIB LA POU N WÈ SI N GEN TANDANS EGOYIS

5. a) Nan ki sans Bib la tankou yon glas? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Lè n ap chèche wè si n gen tandans egoyis, ki sa n pa dwe fè?

5 Menm jan nou ka sèvi ak yon glas pou n gade aparans fizik nou, konsa tou, nou ka sèvi ak Bib la pou n wè moun nou ye pa anndan an yon fason pou n korije nenpòt defo nou kapab jwenn. (Li Jak 1:22-25.) Sepandan, se sèlman si nou byen sèvi ak yon glas, l ap ka ede nou wè aparans nou. Pa egzanp, si se annik yon koudèy nou fè nan yon glas, nou gendwa pa menm gentan wè yon ti defo nou genyen, men, ki enpòtan. Oswa, si nou kanpe nan yon ang pandan n ap gade nan yon glas, nou gendwa wè imaj yon lòt moun. Menm jan an tou, lè n ap sèvi ak Bib la pou n wè yon defo nou genyen, tankou tandans egoyis, nou dwe fè plis pase annik li Bib la, e nou pa dwe sèvi avè l pou n wè defo lòt moun.

6. Ki jan nou ka “pèsevere” nan lwa pafè a?

6 Pa egzanp, nou kapab li Pawòl Bondye a regilyèman, oswa menm chak jou, epi, nou pa janm wè okenn tras ògèy k ap devlope lakay nou. Ki jan sa fè posib? Ann fè yon ti reflechi: Nan egzanp glas Jak te pran an, pwoblèm nan se pa paske moun nan pa t byen gade nan glas la. Anfèt, Jak fè konnen moun nan te “gade tèt li”. Nan vèsè sa a, Jak sèvi ak yon mo grèk ki bay sans fouye oswa byen konsidere. Nan ka sa a, ki sa k te pwoblèm nan? Men sa Jak te di: “Li ale, epi lamenm li bliye ki jan l ye.” Vrèmanvre, moun nan te ale kite glas la san l pa aji anrapò ak sa l te wè a. Yon lòt bò, moun ki byen aji a pa annik “gade nan lwa pafè a”, men, li “pèsevere ladan l” tou. Olye pou l vire do l kite lwa pafè a ki se Pawòl Bondye a, li kontinye suiv sa l di. Jezi te di yon pawòl ki sanble ak pawòl sa yo. Men sa l te di: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre.” — Jan 8:31.

7. Ki jan n ka sèvi ak Bib la pou n wè si n gen tandans egoyis?

7 Sepandan, pou w ka rive venk tandans egoyis ou gen lakay ou a, toudabò, ou dwe li Pawòl Bondye a ak anpil atansyon. Sa kapab ede w wè kote w bezwen fè chanjman yo. Men, ou bezwen fè plis pase sa toujou.  Ou bezwen fouye byen fon nan Bib la lè w fè rechèch. Depi w gen yon istwa nan Bib la ki byen klè nan lespri w, eseye met tèt ou nan plas moun yo epi poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Ki jan m t ap reyaji nan yon sitiyasyon konsa? Èske m t ap byen reyaji toutbonvre?’ Sa k pi enpòtan an, apre w fin medite sou yon bagay ou fin li, fè tout sa w kapab pou w aplike l (Mat. 7:24, 25). Ann wè kòman istwa wa Sayil ak apot Pyè ka ede n kontinye demontre lespri sakrifis.

APRANN NAN EGZANP WA SAYIL, YON EGZANP KI SÈVI NOU AVÈTISMAN

8. Ki atitid Sayil te genyen lè l te fèk vin wa, e ki jan l te demontre sa?

8 Egzanp wa Sayil, yon wa ann Izrayèl, se yon egzanp ki sèvi nou avètisman e ki montre jan tandans egoyis ka minen lespri sakrifis nou demontre a. Lè Sayil te fèk vin wa, li te konsidere tèt li yon fason ki modès epi l te gen imilite (1 Sam. 9:21). Li te refize pini yon seri Izrayelit ki t ap pale l mal antanke wa menm lè l te ka santi l gen rezon pou l defann li, etandone se Bondye ki te mete l nan pozisyon sa a (1 Sam. 10:27). Wa Sayil te aksepte direksyon lespri sen Bondye te ba li lè l te pran latèt nan konba Izrayelit yo te ranpòte kont Amonit yo. Avèk imilite, Sayil te fè konnen se Jewova ki te ranpòte viktwa sa a. — 1 Sam. 11:6, 11-13.

9. Ki jan Sayil te kòmanse vin gen tandans egoyis?

9 Annapre, Sayil te kite tandans egoyis ansanm ak ògèy devlope nan kè l menm jan ak wouy. Apre l te fin genyen yon batay kont Amalekit yo, li te bay dezi egoyis li plis enpòtans pase obeyisans anvè Jewova. Sayil te montre l ava lè l te pran byen ki te rete apre batay la olye l te detwi yo jan Bondye te mande l fè sa a. Sayil te montre l awogan tou lè l te fè bati yon moniman pou tèt li (1 Sam. 15:3, 9, 12). Lè pwofèt Samyèl te fè Sayil konnen Jewova pa t kontan pou sa l te fè yo, li te chèche jistifye tèt li. Li te fè konnen li te obeyi kòmandman Bondye te ba l la alòske se yon pati nan kòmandman sa a li te obeyi, epi, li te blame lòt moun pou erè l te fè a (1 Sam. 15:16-21). Mete sou sa, lefètke Sayil te gen ògèy, sa te fè l plis anvi jwenn favè nan men pèp la olye l te fè Bondye plezi (1 Sam. 15:30). Ki jan nou ka sèvi ak istwa Sayil la kòm yon glas pou ede n kontinye demontre lespri sakrifis?

10, 11. a) Ki sa egzanp Sayil la aprann nou anrapò ak fason pou nou kontinye demontre lespri sakrifis? b) Ki sa n ka fè pou n pa suiv move egzanp Sayil la?

10 Premyèman, egzanp Sayil la montre nou pa dwe twò kwè nan tèt nou kòmkwa, lefètke nou te konn demontre lespri sakrifis, n ap ka toujou kontinye demontre l yon fason otomatik (1 Tim. 4:10). Nou dwe sonje Sayil te kòmanse aji byen e, pandan yon tan, li te gen apwobasyon Bondye. Men, li pa t rive derasinen tandans egoyis li te kòmanse gen lakay li yo. Finalman, Jewova te rejte Sayil akoz li te dezobeyisan.

11 Dezyèmman, nou dwe fè atansyon pou n pa ret konsantre sèlman sou bon bagay nou deja fè nan lavi nou epi pou n fè kòmsi n pa wè pwen nou dwe travay lakay nou yo. Si n ta fè sa, se t ap kòmsi n ap sèvi ak yon glas pou n admire yon rad tounèf nou gen sou nou, san n pa menm remake kèk kote ki sal nan figi nou. Menmsi nou gendwa pa twò kwè nan tèt nou menm jan sa te rive nan ka Sayil, nou dwe travay pou n evite tout tandans ki kapab mennen nou fè sa k mal. Si yo ban nou konsèy, nou dwe fè atansyon pou n pa jistifye aksyon nou fè yo, pou n pa pran pwoblèm nan pou anyen oswa pou n ap chèche lage blam nan sou lòt moun. Kidonk, olye nou fè menm jan ak Sayil, li pi bon lontan pou n toujou aksepte konsèy. — Li Sòm 141:5.

12. Ki jan lè n demontre lespri sakrifis, sa ka ede n si n ta komèt yon peche grav?

12 Sepandan, ki sa n dwe fè si n komèt yon peche grav? Sayil te vle prezève repitasyon l, e sa te anpeche l retounen vin gen yon bon relasyon ak Jewova. Yon lòt  bò, si nou demontre lespri sakrifis, sa ka ede n pou n pa santi n wont, e sa ka ede n chèche jwenn èd ki nesesè (Pwo. 28:13; Jak 5:14-16). Pa egzanp, gen yon frè ki te kòmanse gade pònografi depi lè l gen 12 an, e l te fè plis pase 10 an ap fè sa an kachèt. Men sa l fè konnen: “Li te difisil anpil pou m fè madanm mwen ak ansyen yo konnen sa m te konn fè a. Men, piske m fè yo konn sa kounye a, mwen santi se yon pwa lou ki sot sou zepòl mwen. Gen kèk nan zanmi m yo ki pa t kontan lè yo te diskalifye m antanke asistan ministeryèl, yo te panse mwen abandone yo. Sepandan, mwen konnen Jewova pran plis plezi nan sèvis m ap ba li kounye a pase lè m te konn gade pònografi a, epi m konnen se jan Jewova wè m nan ki pi enpòtan.”

PYÈ TE VENK TANDANS EGOYIS LI TE GENYEN

13, 14. Ki jan Pyè te montre l gen tandans egoyis?

13 Apot pyè te demontre lespri sakrifis nan moman Jezi t ap ba l fòmasyon an (Lik 5:3-11). Sepandan, li te gen pou l goumen ak tandans egoyis li gen lakay li a. Pa egzanp, li te fache anpil lè apot Jak ak apot Jan t ap chèche jwenn gwo pozisyon bò kot Jezi nan Wayòm Bondye a. Petèt, Pyè te panse plas sa yo ta dwe pou li etandone Jezi te gentan di l li t apral jwe yon gwo wòl (Mat. 16:18, 19). Antouka, Jezi te bay ni Jak, ni Jan, ni Pyè ansanm ak tout rès apot yo avètisman kont tandans egoyis yo genyen pou yo “kòmande” lòt moun nan. — Mak 10:35-45.

14 Pyè te kontinye lite nan konba li t ap mennen kont fason l te konsidere tèt li a menm apre Jezi te eseye korije fason l panse a. Lè Jezi te di apot yo t ap gen pou yo abandone l pandan yon ti tan, Pyè te fè tèt li pase pou pi bon e l te di se li menm sèl k ap ret fidèl (Mat. 26:31-33). Sepandan, konfyans sa a li te genyen an pa t chita sou anyen paske, nan menm nuit la, li pa t rive demontre lespri sakrifis. Nan efò Pyè t ap fè pou l pwoteje tèt li, li te nye Jezi pandan twa fwa. — Mat. 26:69-75.

15. Ki sa k fè egzanp Pyè a se yon egzanp ki ankourajan?

15 Malgre konba Pyè t ap mennen an ansanm tout erè l te fè yo, li kite yon egzanp ki ankourajan pou nou. Grasa efò Pyè te fè  ansanm ak èd Bondye te ba l pa mwayen lespri sen, li te rive venk move tandans li te genyen yo, li te demontre l gen metriz, li te montre l renmen lòt moun epi l te dispoze fè sakrifis (Gal. 5:22, 23). Li te fè fas ak yon seri eprèv nou kapab di ki te pi difisil pase eprèv ki te fè l bite anvan yo. Li te demontre imilite nan fason l te aji lè apot Pòl te reprimande l devan tout moun (Gal. 2:11-14). Apre Pòl te fin reprimande Pyè a, Pyè pa t kenbe Pòl nan kè, kòmkwa l te santi Pòl te rabese pozisyon l te genyen an. Pyè te kontinye demontre lanmou pou Pòl (2 Pyè 3:15). Egzanp Pyè a kapab ede n vin gen lespri sakrifis.

Ki jan Pyè te reyaji apre yo te fin korije l? Èske n ap fè menm jan avè l? (Gade paragraf 15.)

16. Ki jan nou ka demontre lespri sakrifis lè n ap fè fas ak difikilte?

16 Fè yon ti reflechi ak fason w reyaji lè w ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil. Lè yo te arete Pyè ansanm ak apot yo epi, apre sa, yo te bat yo poutèt yo t ap preche, yo te kontan anpil “dèske Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi”. (Tra. 5:41.) Ou menm tou ou kapab konsidere pèsekisyon w jwenn yo kòm yon opòtinite w genyen pou w imite Pyè, e pou w suiv tras Jezi pye pou pye lè w demontre lespri sakrifis. (Li 1 Pyè 2:20, 21.) Yon pwennvi konsa kapab menm ede w si w te resevwa disiplin ki nesesè nan men ansyen yo. Olye w kouri fache, suiv egzanp Pyè pito. — Ekl. 7:9.

17, 18. a) Ki kesyon nou gendwa poze tèt nou anrapò ak objektif espirityèl nou yo? b) Ki sa n ka fè si n ta wè n gen tras ògèy nan kè nou?

17 Ou kapab jwenn byenfè nan egzanp Pyè a tou lè w ap fikse kèk objektif espirityèl. Ou kapab chèche atenn objektif espirityèl sa yo yon fason ki demontre lespri sakrifis. Sepandan, ou dwe fè atansyon pou objektif sa yo pa vin tounen yon mwayen pou w chèche jwenn renome. Kidonk, mande tèt ou: ‘Èske dezi m genyen pou m amelyore kalite sèvis m ap bay Jewova a oswa pou m fè plis nan sèvis sa a pa gen kèk tras anvi pou plis moun vin rekonèt mwen oswa pou m vin gen otorite menm jan sa te parèt nan demann Jak ak Jan te fè Jezi a?’

18 Si w ta wè w gen yon tras ògèy nan kè w, mande Jewova ede w korije fason w panse a ak santiman w genyen yo, epi, apre sa, fè tout sa w kapab pou w konsantre w sou glwa Jewova ap jwenn nan, pa konsantre w sou tèt ou (Sòm 86:11). Ou gendwa pousuiv objektif ki pa ba w posiblite pou w jwenn glwa tou. Pa egzanp, ou gendwa fikse w objektif pou w devlope kèk kalite nan fwi lespri a lakay ou plis toujou, sitou kalite w twouve ki difisil pou w demontre yo. Oswa, si w wè w gen abitid byen prepare patisipasyon w gen nan reyinyon yo men, ou wè w pa tèlman enterese pou w patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan, ou kapab fikse w objektif pou w aplike konsèy nou jwenn nan Women 12:16 la. — Li vèsè a.

19. Ki sa n ka fè yon fason pou n pa kite sa n wè nan Pawòl Bondye a, ki tankou yon glas, fè n dekouraje?

19 Lè n byen gade tèt nou nan Pawòl Bondye a ki tankou yon glas epi n wè kèk defo nou gen lakay nou, oswa kèk tandans egoyis, sa gendwa fè n vin dekouraje. Si sa ta rive w, reflechi ak moun ki byen aji ki nan egzanp Jak te pran an. Jak pa t di si moun nan te rezoud pwoblèm li te wè a byen vit oswa menm, si l te ka korije tout defo l te wè yo, olye de sa, Jak di moun nan te ‘pèsevere nan lwa pafè a’. (Jak 1:25.) Moun nan te sonje sa l te wè nan glas la epi l te kontinye travay pou l amelyore. Sa klè, ou bezwen kontinye wè tèt ou yon fason ki pozitif, epi w dwe gen yon pwennvi ekilibre sou defo w genyen yo. (Li Eklezyas 7:20.) Kidonk, se pou w kontinye gade nan lwa pafè a, epi, fè tout sa w kapab pou w kontinye demontre lespri sakrifis. Jewova dispoze ede w. Li te fè sa pou anpil frè ak sè ki enpafè, yon seri moun ki kapab jwenn favè Bondye ak benediksyon l e ki jwenn yo.