Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou n rete pozitif

Fason pou n rete pozitif

“Si yon moun viv pandan anpil ane, se pou l pran plezi l nan yo tout.” — EKL. 11:8, NW.

1. Ki benediksyon Jewova ban nou ki ka fè kè nou kontan?

JEWOVA vle pou nou gen kè kontan, e li vide anpil benediksyon sou nou yon fason pou nou ka viv ak kè kontan. Premyèman, li ban nou lavi. Konsa, nou kapab itilize lavi nou pou n louwe l. Anplis de sa, li atire nou vin nan vrè adorasyon an (Sòm 144:15; Jan 6:44). Jewova ban nou asirans li renmen nou e l ap ede nou andire nan sèvis n ap ba li a (Jer. 31:3; 2 Kor. 4:16). Nou kontan dèske n ap viv nan yon paradi espirityèl kote, nonsèlman nou jwenn anpil manje nan domèn espirityèl, men tou, nou fè pati yon fanmi entènasyonal ki gen lanmou. Mete sou sa, nou gen yon bèl esperans pou lavni.

2. Ak ki sa kèk moun k ap sèvi Bondye fidèlman ap goumen?

2 Malgre nou gen tout rezon sa yo pou n gen kè kontan, gen kèk moun k ap sèvi Bondye fidèlman ki kontinye ap goumen ak yon seri panse negatif. Yo ka santi ni yo menm ni sèvis y ap bay Jewova a pa gen anpil valè pou Jewova. Pou moun k ap fè fas ak santiman negatif sa yo, zafè pran plezi nan “anpil ane” y ap viv la kapab sanble yon rèv pou yo. Jou y ap viv yo ka parèt tankou yon seri move jou pou yo. — Ekl. 11:8, NW.

3. Ki sa k ka fè nou gen santiman negatif?

3 Frè ak sè sa yo kapab vin gen santiman negatif akoz dekourajman, maladi, oswa laj yo ki anpeche yo fè tout sa yo  ta renmen fè nan sèvis Jewova a (Sòm 71:9; Pwo. 13:12; Ekl. 7:7). Anplis de sa, tout kretyen dwe admèt kè a trèt e li ka kondane yo menm lè Jewova pran plezi nan travay y ap fè a (Jer. 17:9; 1 Jan 3:20). Mete sou sa, Dyab la ap lage fo akizasyon sou do sèvitè Bondye yo. E moun ki gen lespri monn nan ka eseye fè n panse menm jan ak Elifaz, yon moun ki pa t gen lafwa, sètadi, yo ka eseye fè n panse nou pa gen okenn valè nan je Jewova. Pawòl sa a ki te yon manti nan epòk Jòb la, toujou yon manti jodi a. — Jòb 4:18, 19.

4. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

4 Ekriti yo montre byen klè Jewova ap toujou la pou moun k ap “mache nan vale fènwa pwès la”. (Sòm 23:4, NW.) Youn nan fason li fè sa, se pa mwayen Pawòl li a. Bib la “gen pisans pou [l] ranvèse yon seri bagay ki anrasinen byen solid”, san wete panse ki pa kòrèk yo ak panse negatif yo (2 Kor. 10:4, 5). Kidonk, ann wè kòman nou ka sèvi ak Bib la pou n chèche panse yon fason ki pozitif epi pou n kontinye panse konsa. Si n fè sa, nonsèlman n ap ka jwenn anpil byenfè, men tou, n ap jwenn plizyè fason pou n ankouraje lòt moun.

SÈVI AK BIB LA POU W KA RETE POZITIF

5. Ki tès nou ka fè ki ka ede n rete pozitif?

5 Apot Pòl te pale sou kèk bagay ki ka ede n rete pozitif. Men sa l te ekri kongregasyon ki te nan vil Korent lan: “Kontinye verifye si nou nan lafwa.” (2 Kor. 13:5). “Lafwa” se baz kwayans kretyen yo, e nou jwenn kwayans sa yo nan Bib la. Si pawòl nou ak aksyon nou ann amoni ak kwayans sa yo, nou mèt konnen nou pase tès la e nou montre nou “nan lafwa”. Nòmalman, antanke kretyen, nou dwe aplike tout ansèyman yo nan lavi nou. Nou pa ka di n ap chwazi sa nou dwe suiv. — Jak 2:10, 11.

6. Poukisa nou dwe teste tèt nou pou n wè “si nou nan lafwa”? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

6 Petèt ou ka pè pou w fè yon tès konsa, sitou si w santi w ka echwe. Jan Jewova wè nou an pi enpòtan lontan pase jan nou wè tèt nou, epi panse l yo pi wo pase panse pa nou yo (Iza. 55:8, 9). Lè Jewova egzamine sèvitè l yo, li pa fè sa pou l kondane yo, men, li fè sa pou l chèche sa ki bon lakay yo e pou l ede yo. Lè w sèvi ak Pawòl Bondye a pou w wè ‘si w nan lafwa’, w ap rive wè tèt ou jan Bondye wè w la pi byen toujou. Sa ka ede w ranplase kèlkeswa panse ki fè w kwè ou pa vo anyen nan je Bondye ak asirans sa a Bib la bay la: Ou gen valè nan je Bondye. Lè w fè sa, se kòmsi w ouvri yon rido pou pèmèt limyè solèy la antre nan yon chanm ki fènwa.

7. Ki jan egzanp moun fidèl nou jwenn nan Bib la ka pwofitab pou nou?

7 Yon bon fason nou ka teste tèt nou se lè n medite sou egzanp moun fidèl nou jwenn nan Bib la. Nou kapab konpare sitiyasyon yo oswa santiman yo te genyen yo ak sitiyasyon pa nou oswa santiman pa nou, epi, nou kapab gade ki jan n t ap aji si n te nan menm sitiyasyon ak yo. Ann egzamine twa egzanp ki montre jan nou ka itilize Labib pou n verifye “si nou nan lafwa”, e konsa, pou n ka rete pozitif.

VÈV MALERÈZ LA

8, 9. a) Nan ki sikonstans vèv malerèz la t ap viv? b) Ki santiman negatif petèt li te ka genyen?

8 Yon lè, Jezi te wè yon vèv malerèz nan tanp Jerizalèm nan. Egzanp vèv sa a ka ede n rete pozitif malgre nou gen limit. (Li Lik 21:1-4.) Ann fè yon ti reflechi sou sitiyasyon vèv la. Vèv sa a pa t sèlman nan chagren akoz mari l te mouri, men, lefètke chèf relijye nan epòk la t ap “dechèpiye kay vèv yo” olye pou yo te ede moun sa yo ki te san pwoteksyon, sa te fè vèv la lapenn tou (Lik 20:47). Lefètke l te  pòv anpil, li te bay yon ti kòb yon moun k ap travay te ka fè nan kèk minit sèlman kòm kontribisyon nan tanp lan.

9 Eseye imajine jan vèv la dwe te santi l lè l t ap antre nan lakou tanp lan ak de ti pyès monnen l yo sèlman. Èske l te konpare sa l t apral bay la ak sa l te kapab bay si mari l te vivan toujou? Èske l te santi l jennen lè l t ap gade sa moun ki te devan l yo t ap bay la? Èske l t ap mande tèt li si sa l t apral bay la te vrèman gen valè? Menm lè l te ka gen santiman sa yo, li te fè sa l kapab pou l soutni vrè adorasyon an.

10. Ki jan Jezi te montre vèv la te gen valè pou Jewova?

10 Jezi te montre sa vèv la te bay la te gen enpòtans ni pou li ni pou Jewova. Li te fè konnen vèv la te “mete plis pase tout moun [rich yo]”. Se vre, ofrann vèv la te bay la t apral melanje ak pa lòt moun yo, men, Jezi te atire atansyon sou anvi vèv la te genyen pou l louwe Jewova. Li t ap difisil anpil pou moun ki te vin ranmase lajan an nan trezò tanp lan konnen ki valè de ti pyès monnen sa yo ansanm ak moun ki te bay yo a te gen nan je Jewova. Donk, se pa sa lòt moun te panse de vèv la oswa fason vèv la te wè tèt li a ki te pi enpòtan, men, se fason Bondye te wè vèv la. Èske w ka sèvi ak istwa sa a pou w teste tèt ou pou w wè si w nan lafwa?

Ki leson w aprann nan egzanp vèv malerèz la? (Gade paragraf 8-10.)

11. Ki leson nou ka aprann nan istwa vèv la?

11 Petèt, sitiyasyon w ka gen efè sou sa w ka bay Jewova. Gen kèk moun ki gendwa pa ka pase menm kantite tan yo te konn pase ap preche bon nouvèl la anvan sa, akoz laj oswa yon andikap fizik. Èske l t ap saj pou moun sa yo ta mande tèt yo si wi ou non yo oblije remèt yon rapò? Menmsi w pa tèlman limite, petèt ou ka santi efò w fè yo parèt piti lè w ap gade kantite lè pèp Bondye a fè chak ane nan adorasyon y ap ba li a. Sepandan, nan istwa vèv malerèz la, nou aprann Jewova te wè chak ti aksyon vèv la te fè, e aksyon sa yo te gen enpòtans pou li, sitou lè vèv la te bay yon kontribisyon  malgre li t ap fè fas ak sitiyasyon difisil. Fè yon ti reflechi sou sa w te fè pou Jewova nan ane ki sot pase a. Èske yon lè w te oblije fè anpil sakrifis pou w te pase inèdtan nan sèvis Jewova a? Si se sa, ou mèt sèten sa w te fè pandan tan sa a gen valè pou Jewova. Menm jan ak vèv malerèz la, lè w fè tout sa w kapab nan sèvis Jewova a, w ap gen bonjan rezon pou w kwè ou “nan lafwa”.

“RETIRE NANM MWEN”

12-14. a) Ki jan santiman negatif te vin anvayi Eliya? b) Ki sa k gendwa te fè Eliya santi l jan l te santi l la?

12 Pwofèt Eliya se yon moun ki t ap sèvi Jewova fidèlman, e ki te gen yon lafwa solid. Malgre sa, yon lè, li te santi l tèlman pa vo anyen, sa te fè l menm mande Jewova lanmò. Men sa l te di: “Se ase! Kounye a, o Jewova, retire nanm mwen.” (1 Wa 19:4, NW). Kèk moun ki poko nan yon sitiyasyon ki parèt sanzespwa konsa gendwa gen tandans kritike priyè Eliya te fè a, kòmkwa Eliya t ap di “pawòl anlè”. (Jòb 6:3, NW.) Sepandan, sa Eliya te santi a te reyèl. Men, n ap remake, olye Jewova te reprimande Eliya poutèt Eliya te mande lanmò, Jewova te ede l pito.

13 Ki sa k fè Eliya te santi l jan l te santi l la? Yon ti tan anvan sa, li te fè yon kokennchenn aksyon ann Izrayèl ki te pwouve Jewova se vrè Dye a, e sa te sèvi kòm yon tès pou pèp la. Aksyon sa a te pèmèt yo egzekite 450 pwofèt Baal (1 Wa 18:37-40). Petèt, Eliya te espere pèp Bondye a t ap retounen nan vrè adorasyon an kounye a, men, se pa sa k te rive vre. Rèn Jezabèl, yon rèn ki te mechan, te voye yon mesaj bay Eliya pou di l li t ap fè touye l. Lè Eliya tande sa, li vin pè anpil epi l kouri al kache nan yon dezè ki nan sid peyi Jida, yon kote ki sèch anpil e ki gen anpil bèt sovaj. — 1 Wa 19:2-4.

14 Pandan Eliya te poukont li nan dezè a, li t ap reflechi sou jan travay l ap fè antanke pwofèt la se yon travay ki sanble pa vo anyen. Men sa l te di Jewova: “Mwen pa pi bon pase zansèt mwen yo.” Se kòmsi Eliya te vle di li santi l pa vo anyen menm jan ak pousyè ansanm ak zo zansèt li yo. An reyalite, Eliya te jije tèt li dapre pwòp prensip pa l epi l te panse l pa t fè anyen ki bon, e l pa t gen okenn valè ni nan je Jewova ni nan je pèsonn.

15. Ki fason Bondye te bay Eliya asirans li toujou gen valè nan je l?

15 Sepandan, Bondye Toupisan an te wè Eliya yon lòt jan. Eliya te toujou gen valè nan je Jewova, e Jewova te fè yon seri bagay pou l montre l sa. Bondye te voye yon zanj vin fòtifye Eliya. Li te fè Eliya jwenn manje ak dlo pandan 40 jou vwayaj li t ap fè nan sid mòn Orèb la. Anplis de sa, avèk tandrès, Bondye te korije move panse Eliya te genyen kòmkwa pa t gen okenn lòt Izrayelit ki te ret fidèl ak Jewova. Yon bagay pou n note, sèke Bondye te bay Eliya lòt misyon ankò, e Eliya te aksepte yo. Grasa èd Jewova, Eliya te retounen fè travay li antanke pwofèt avèk plis fòs. — 1 Wa 19:5-8, 15-19.

16. Bay kèk fason petèt Bondye te soutni w.

16 Eksperyans Eliya te fè a kapab ede w verifye si w nan lafwa, e l kapab ede w panse yon fason ki pozitif. Toudabò, fè yon ti reflechi ak fason Jewova soutni w. Èske youn nan sèvitè l yo, petèt yon ansyen oswa yon lòt kretyen ki gen matirite, te ede w nan kèk domèn lè w te nan bezwen (Gal. 6:2)? Èske w deja jwenn manje nan domèn espirityèl pa mwayen Bib la, piblikasyon nou yo ak reyinyon kongregasyon an? Pwochèn fwa w jwenn byenfè youn nan fason sa yo, panse ak Moun ki fè w jwenn èd sa yo epi fè yon priyè pou w remèsye l. — Sòm 121:1, 2.

17. Ki bagay Jewova apresye lakay sèvitè l yo?

 17 Dezyèmman, ou bezwen rekonèt yon santiman negatif ka twonpe w. Se jan Bondye konsidere nou an ki pi enpòtan. (Li Women 14:4.) Jewova bay atachman w gen pou li a ak fidelite w anpil valè. Li pap janm jije nou dapre sa nou akonpli. E, menm jan sa te ye nan ka Eliya a, ou gendwa wè w akonpli plis bagay pou Jewova pase sa w te panse. Petèt gen kèk moun nan kongregasyon an ou gen bon efè sou yo, e se gendwa menm bagay la tou pou kèk moun nan tèritwa a ou te ede vin nan laverite grasa efò w te fè yo.

18. Ki sa asiyasyon Jewova ba w yo montre?

18 Twazyèmman, konsidere chak asiyasyon Jewova ba w kòm yon prèv ki montre Jewova avè w (Jer. 20:11). Menm jan ak Eliya, ou gendwa dekouraje paske, pou ou menm, sèvis w ap bay Jewova a sanble pa vo anyen oswa paske w gen kèk objektif espirityèl ki parèt enposib pou w atenn. Sepandan, ou toujou gen pi gwo privilèj yon moun te ka genyen aktyèlman an ki se: Preche bon nouvèl la epi pote non Bondye. Si w kontinye kenbe fidelite w, nan yon sans, pawòl Jezi te di nan youn nan parabòl li yo ap verifye nan ka pa w. Men sa l te di: “Vin rejwi ak mèt ou.” — Mat. 25:23.

‘LAPRIYÈ YON MOUN KI AFLIJE’

19. Nan ki sitiyasyon moun ki te ekri Sòm 102 a te ye?

19 Moun ki te ekri Sòm 102 a te pèdi espwa nèt. Li te ‘aflije’ paske l t ap soufri akoz gwo pwoblèm fizik oswa santiman negatif, e l te manke fòs pou l fè fas ak pwoblèm li yo (Sòm 102, ti nòt ki ekri anlè Sòm nan, NW). Pawòl salmis la di yo montre jan l te nan gwo lapenn, jan l te santi l poukont li ak jan pwòp santiman l t ap kale l (Sòm 102:3, 4, 6, 11). Li te panse Jewova pa t bezwen l ankò. — Sòm 102:10.

20. Ki jan lapriyè ka ede yon moun k ap goumen ak santiman negatif?

20 Sepandan, salmis la te kapab toujou sèvi ak lavi l pou l louwe Jewova. (Li Sòm 102:19-21.) Jan sa parèt nan Sòm 102 a, menm moun ki nan lafwa yo kapab nan lapenn, e yo gendwa ap lite pou yo konsantre yo sou lòt bagay. Salmis la te santi l ‘tankou yon zwazo ki poukont li sou yon do kay’, se kòmsi l te poukont li ak pwoblèm li yo (Sòm 102:7). Si w ta santi w konsa, ouvri kè w bay Jewova menm jan salmis la te fè sa. Priyè moun ki aflije a, sa vle di priyè w fè yo, kapab ede w toutpandan w ap goumen ak santiman negatif yo. Jewova pwomèt ‘l ap pran ka moun ki san sekou yo lè yo lapriyè l, li p’ap meprize lapriyè yo’. (Sòm 102:17.) Ou mèt fè pwomès sa a konfyans.

21. Ki jan moun k ap goumen ak santiman negatif yo ka rete pi pozitif toujou?

21 Sòm 102 a montre tou kòman nou kapab rete pi pozitif toujou. Salmis la te fè sa lè l te ret konsantre sou relasyon l te gen ak Jewova a (Sòm 102:12, 27). Lefètke l te konnen Jewova t ap toujou la pou ede pèp li a fè fas ak eprèv yo, sa te rekonfòte l. Kidonk, si w gen santiman negatif, e sa fè w pa ka fè tout sa w ta vle fè nan sèvis Bondye a pandan yon ti tan, priye Bondye sou sa. Mande Bondye pou l koute priyè w, pa fè sa sèlman paske sa kapab ede w jwenn èd pou w fè fas ak pwoblèm ou yo, men fè sa, yon fason pou ‘moun nonmen non Jewova’ tou. — Sòm 102:20, 21.

22. Ki jan nou chak ka fè kè Jewova kontan?

22 Vrèmanvre, nou kapab sèvi ak Bib la pou nou konvenk tèt nou nou nan lafwa e nou gen valè nan je Jewova. Se vre, nan sistèm n ap viv la, nou gendwa pa kapab elimine tout santiman negatif yo ansanm ak bagay k ap dekouraje nou yo. Sepandan, lè n andire nan sèvis Jewova a fidèlman, nou chak ka toujou fè kè l kontan, e nou chak ka rive sove. — Mat. 24:13.