Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann imite lafwa Moyiz

Ann imite lafwa Moyiz

“Grasa lafwa Moyiz te genyen, li te refize yo rele l pitit gason pitit fi Farawon an lè l te vin gran.” — EBRE 11:24.

1, 2. a) Ki desizyon Moyiz te pran lè l te gen 40 an? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Poukisa Moyiz te chwazi pou yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a?

MOYIZ te konnen ki sa l te ka jwenn nan peyi Ejip. Li te gen abitid wè pakèt bèl kay moun rich yo. Li t ap viv nan palè yon wa. Li te “jwenn fòmasyon nan men Ejipsyen yo nan tout domèn”, sa ki petèt te gen ladan l travay atis, astwonomi, matematik ansanm ak lòt syans ankò (Tra. 7:22). Li te gen posiblite pou l te gen anpil bagay tankou, richès, pouvwa, ansanm ak kèk lòt privilèj nenpòt Ejipsyen te ka sèlman reve genyen!

2 Sepandan, lè Moyiz te vin gen 40 an, li te pran yon desizyon fanmi wayal nan peyi Ejip ki te adopte l la dwe pa t konprann. Li te pito chwazi viv tankou esklav olye pou l te mennen yon swadizan vi nòmal menm jan ak tout Ejipsyen yo! Poukisa? Se paske Moyiz te gen lafwa. (Li Ebre 11:24-26.) Piske Moyiz te gen lafwa, li te wè pi lwen pase monn ki te toutotou l la. Antanke yon moun espirityèl, Moyiz te gen lafwa nan Jewova, “Sila a ki envizib la”, e l te gen konfyans pwomès Jewova te fè yo t ap reyalize. — Ebre 11:27.

3. Bay twa kesyon nou pral egzamine nan atik sa a.

3 Nou menm tou, nou dwe wè pi lwen pase sa je nou ka wè. Nou dwe se “moun ki gen lafwa”. (Ebre 10:38, 39.) Pou ede nou fòtifye lafwa nou, nou pral egzamine kèk pawòl yo te ekri nan Ebre 11:24-26 konsènan Moyiz. Toutpandan n ap egzamine vèsè sa yo, chèche jwenn repons pou kesyon sa yo: Ki jan lafwa Moyiz te genyen an  te ede l rejte dezi lachè? Lè yo te reprimande Moyiz la, ki jan lafwa te ede l apresye privilèj sèvis li yo? Ki sa k fè Moyiz te fikse je l “sou rekonpans li t apral jwenn nan”?

LI TE REJTE DEZI LACHÈ

4. Ki sa Moyiz te rann li kont konsènan “plezi [...] nan peche”?

4 Piske Moyiz te gen je lafwa, li te rann li kont “plezi [...] nan peche” te la pou yon ti tan sèlman. Gen kèk moun ki gendwa ap di, se vre, peyi Ejip t ap benyen nan adorasyon zidòl ak pratik ki gen rapò ak movèzespri, men, li te vin tounen yon pisans mondyal alòske pèp Jewova t ap soufri antanke esklav. Sepandan, Moyiz te konnen Bondye te kapab chanje bagay yo. Byenke moun ki t ap pran lèz kò yo sanble t ap byen mennen, Moyiz te gen konfyans moun mechan yo t ap gen pou yo detwi. Kòm rezilta, li pa t kite “plezi pou yon ti tan nan peche” mennen l ale.

5. Ki sa k ap ede nou reziste kont anvi pou n “pran plezi pou yon ti tan nan peche”?

5 Ki jan nou ka reziste kont anvi pou n “pran plezi pou yon ti tan nan peche”? Nou pa dwe janm bliye plezi nan peche la pou yon ti tan sèlman. Si nou gen je lafwa, n ap kapab wè “se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen ap pase tou”. (1 Jan 2:15-17.) Medite sou ki jan lavi moun ki peche e ki pa repanti yo pral ye. Moun sa yo ‘sou yon chemen glise, y ap tonbe, epi y ap fini’. (Sòm 73:18, 19.) Lè n santi nou gen tantasyon pou n fè yon peche, mande tèt nou: ‘Ki jan m ta renmen avni m ye?’

6. a) Poukisa Moyiz te “refize yo rele l pitit gason pitit fi Farawon an”? b) Ki sa k fè w ka di Moyiz te pran yon bon desizyon?

6 Lafwa Moyiz te genyen an te ede l tou nan karyè l t ap chwazi. Men sa Bib la di: “Grasa lafwa Moyiz te genyen, li te refize yo rele l pitit gason pitit fi Farawon an lè l te vin gran.” (Ebre 11:24). Moyiz pa t di tèt li li te kapab sèvi Bondye toutpandan l nan palè wa a, epi annapre, li t ap sèvi ak richès ansanm ak privilèj li t ap genyen yo pou l ede Izrayelit yo ki te frè l. Olye de sa, Moyiz te pran detèminasyon pou l renmen Jewova ak tout kè l, ak tout nanm li e ak tout fòs li (Det. 6:5). Desizyon sa a te fè l evite anpil soufrans paske, yon ti tan annapre, Izrayelit yo t apral jwenn anpil nan trezò Moyiz te refize genyen ann Ejip yo (Egz. 12:35, 36). Mete sou sa, Bondye te imilye Farawon e l te touye l (Sòm 136:15). Poutan, Moyiz li menm te toujou vivan, e Bondye te sèvi avè l pou l sove tout nasyon an. Lavi Moyiz te gen yon vrè sans.

7. a) Ann amoni ak Matye 6:19-21, poukisa nou ta dwe wè pi lwen pase lavi n ap mennen kounye a? b) Rakonte yon eksperyans ki montre diferans ki genyen ant byen materyèl ak trezò nan domèn espirityèl.

7 Si w jèn e w ap sèvi Jewova, ki jan lafwa ka ede w chwazi yon karyè? W ap montre w saj si w planifye sa w pral fè ak lavi w. Men, èske lafwa w gen nan pwomès Jewova yo ap pouse w sere trezò k ap la pou yon ti tan sèlman, oswa èske l ap pouse w sere trezò k ap la pou toutan? (Li Matye 6:19-21.) Sophie, yon sè ki te konn danse balè byen, te bezwen poze tèt li kesyon sa a. Yo te ofri l yon bous, e l te gen posiblite pou l antre nan plizyè konpayi balè nan tout Etazini, yon seri posiblite anpil moun t ap chèche. Men sa l fè konnen: “Mwen te kontan anpil dèske yo t ap ban m glwa. Anfèt, mwen te santi m pi bon pase lòt jèn parèy mwen yo. Men, mwen pa t gen kè kontan nan lavi m.” Men sa Sophie te di, apre l te fin gad videyo Les jeunes s’interrogent... Que vais-je faire de ma vie? a: “Mwen te vin rann mwen kont mwen te kite adorasyon m t ap bay Jewova ak tout kè m nan pou m te ka jwenn siksè nan monn nan ak adorasyon m nan men fanatik mwen yo. Mwen te priye Jewova sou sa anpil, epi, annapre, mwen te kite karyè dans lan.” Ki jan l te santi l apre l te fin pran desizyon sa a? Men sa l di: “Mwen pa regrèt fason m te konn viv la. Jodi a, kè m kontan a 100 pousan. Mwen menm ak mari m ap sèvi kòm pyonye. Se vre nou pa popilè epi byen materyèl nou posede yo piti anpil. Men, nou gen Jewova, etidyan Labib yo, ak objektif espirityèl. Mwen pa regrèt anyen.”

8. Ki konsèy Bib la bay ki kapab ede yon jèn k ap deside ki sa l pral fè ak lavi l?

 8 Jewova konnen sa k pi bon pou ou. Men sa Moyiz te di: “Ki sa Jewova, Bondye nou an, mande nou? Èske se pa pou nou gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an, pou nou mache nan tout chemen l yo, pou nou renmen l, pou nou sèvi Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou e ak tout nanm nou, pou nou obeyi lwa ak kòmandman Jewova yo m ap ban nou jodi a, yon fason pou tout bagay ka mache byen pou nou?” (Det. 10:12, 13, NW). Toutpandan w jèn nan, ou bezwen chwazi yon karyè k ap ba w posiblite pou w renmen Jewova epi pou w sèvi l ‘ak tout kè w e ak tout nanm ou’. Ou kapab gen asirans si w pran yon desizyon konsa, tout bagay ap “mache byen pou ou”.

LI TE RENMEN PRIVILÈJ SÈVIS LI YO

9. Esplike ki sa k fè l te kapab difisil pou Moyiz ranpli misyon l te genyen an.

9 Moyiz te “konsidere dezonè l te jwenn antanke Moun yo chwazi a kòm yon richès ki pi gran pase trezò peyi Ejip yo”. (Ebre 11:26.) Moyiz te gen privilèj pou l vin “Moun yo chwazi a”, nan sans se Jewova ki te chwazi l pou l fè pèp Izrayèl la kite peyi Ejip. Moyiz te konnen li t apral jwenn anpil difikilte pou l rive ranpli misyon sa a, e sa t ap menm reprezante yon “dezonè” pou li. Anvan sa, gen yon Izrayelit ki te meprize l e ki te di l: “Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou?” (Egz. 2:13, 14). Annapre, men sa Moyiz te di Jewova: “Atò se farawon an ki ta koute m?” (Egz. 6:12). Pou Moyiz te prepare l pou l fè fas ak dezonè l t apral jwenn yo, li te fè Jewova konnen jan l te pè, e l te di Jewova pwoblèm li. Ki fason Jewova te ede Moyiz ranpli misyon sa a ki te difisil?

10. Ki fason Jewova te bay Moyiz tout sa l bezwen pou Moyiz ranpli asiyasyon li te ba li a?

10 Premyèman, Jewova te bay Moyiz asirans sa a: “M’ap kanpe la avè ou.” (Egz. 3:12). Dezyèmman, Jewova te fè l vin gen asirans lè l te esplike l yon aspè nan siyifikasyon non l. Men sa Jewova te di l: “M ap tounen sa m chwazi tounen.” (Egz. 3:14, NW) *. Twazyèmman, Jewova te bay Moyiz pouvwa pou l fè mirak yon fason pou moun te ka konnen se li menm ki te voye Moyiz (Egz. 4:2-5). Katriyèmman, Jewova te mande Arawon pou l akonpaye Moyiz, epi Arawon te sèvi Moyiz kòm pòtpawòl pou ede l ranpli misyon l te genyen an (Egz. 4:14-16). Lè Moyiz te prèske mouri, li te tèlman vin gen konfyans Bondye te bay sèvitè L yo tout sa yo bezwen pou yo byen ranpli nenpòt asiyasyon Bondye te ba yo a, Moyiz te kapab di Jozye, moun ki t apral ranplase l la, pawòl sa yo: “Senyè a va pran devan ou, l’a kanpe la avè ou. Li p’ap janm lage ou, li p’ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.” — Det. 31:8.

11. Ki sa k fè Moyiz te bay misyon l lan anpil enpòtans?

11 Lefètke Jewova te ede Moyiz, Moyiz te bay misyon Jewova te ba li ki te difisil la anpil enpòtans e l te konsidere l “kòm yon richès ki pi gran pase trezò peyi Ejip yo”. Dayè, ki sa sèvi Farawon te reprezante devan sèvi Bondye Toupisan an? Ki valè sèvi antanke prens nan peyi Ejip te ka genyen devan privilèj pou sèvi antanke ‘Moun Jewova chwazi a’? Jewova te rekonpanse Moyiz pou bèl atitid li te genyen an. Moyiz te vin gen yon relasyon sere sere ak Jewova, li menm ki te pèmèt li akonpli anpil “gwo bagay” toutpandan l t ap mennen Izrayelit yo nan Latè pwomiz. — Det. 34:10-12.

12. Ki privilèj Jewova ban nou nou ta dwe apresye?

12 Nou menm tou, nou gen yon misyon pou n akonpli. Jewova ban nou misyon pou n preche, menm jan li te fè sa pou Pòl ak lòt moun ankò. (Li 1 Timote 1:12-14.) Nou tout gen privilèj pou n anonse bon nouvèl la (Mat. 24:14; 28:19, 20). Gen nan  nou ki nan sèvis aplentan. Gen frè batize ki gen matirite nan kongregasyon yo k ap sèvi kòm asistan ministeryèl oswa ansyen. Sepandan, moun nan fanmi w ki pa kwayan ak lòt moun ankò gendwa ap mande si privilèj sa yo gen enpòtans oswa yo gendwa menm ap kritike w pou sakrifis ou fè yo (Mat. 10:34-37). Si yo rive dekouraje w, ou gendwa kòmanse ap mande tèt ou si sakrifis w ap fè yo gen valè vre oswa si w ap kapab akonpli asiyasyon w genyen yo toutbonvre. Si se ka pa w, ki jan lafwa kapab ede w pèsevere?

13. Ki jan Jewova ban nou sa n bezwen pou n akonpli asiyasyon l ban nou yo?

13 Sipliye Jewova ak lafwa pou l ede w. Di l sa k fè w pè, epi fè l konnen pwoblèm ou. Dayè, se Jewova ki ba w misyon sa a, e l ap ede w reyisi. Ki jan l ap fè sa? L ap fè sa menm jan l te fè pou Moyiz la. Premyèman, men ki asirans Jewova ban nou: “M’ap ban nou fòs, m’ap ede nou. M’ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.” (Eza. 41:10). Dezyèmman, li fè w sonje jan w ka fè pwomès li yo konfyans. Men sa l di: “Depi mwen di yon bagay, se pou l fèt. Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt.” (Eza. 46:11). Twazyèmman, Jewova ba w “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” pou w akonpli ministè w (2 Kor. 4:7). Katriyèmman, pou Papa ki gen sousi pou ou a, ede w rete nan asiyasyon w lan, li ba w yon gwo fanmi entènasyonal k ap sèvi l, yon fanmi kote ‘youn kontinye ap ankouraje lòt e youn kontinye ap fòtifye lòt’. (1 Tes. 5:11.) Tank Jewova ap ba w sa w bezwen pou w akonpli asiyasyon l ba w la, se tank w ap vin gen plis lafwa nan li, e se tank w ap renmen privilèj li ba w nan sèvis li a, paske w ap vin rann ou kont privilèj sa yo gen plis valè lontan pase kèlkeswa trezò ki gen sou tè a.

“LI TE KITE JE L FIKSE SOU REKONPANS LI T APRAL JWENN NAN”

14. Ki sa k fè Moyiz te gen asirans li t ap jwenn rekonpans?

14 Moyiz “te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan”. (Ebre 11:26.) Vrèmanvre, Moyiz te kite sa l konnen ki t ap gen pou rive yo enfliyanse fason l wè bagay yo, menm lè sa l te konnen yo pa t anpil. Menm jan ak Abraram, zansèt li, Moyiz te gen konfyans Jewova kapab resisite moun ki mouri yo (Lik 20:37, 38; Ebre 11:17-19). Lefètke Moyiz te konn ki benediksyon ki t ap tann li, sa te ede l pou l pa konsidere 40 an li te fè nan mawon an ak 40 an li te fè nan dezè a kòm yon gaspiyaj. Menm lè l pa t gen tout detay sou fason Bondye t apral reyalize pwomès Li yo, lafwa l te genyen an te ede l wè rekonpans moun pa t ka wè a.

15, 16. a) Ki sa k fè n bezwen kite je n fikse sou rekonpans nou an? b) Ki benediksyon ou pa ka tann pou w jwenn anba dominasyon Wayòm nan?

 15 Èske w kite je w ‘fikse sou rekonpans ou pral jwenn nan’? Menm jan ak Moyiz, nou toujou pa gen tout detay sou pwomès Bondye yo. Pa egzanp, “nou pa konnen ki lè tan ki fikse” pou gwo tribilasyon an ap rive (Mak 13:32, 33). Sepandan, nou konn plis bagay sou Paradi ki gen pou vini an lontan pase Moyiz. Se vre, nou pa gen tout detay yo, sepandan, pwomès Bondye fè yo, yon seri pwomès ki montre n ki jan lavi a pral ye anba dominasyon Wayòm li an, sifi pou ede n “fikse” je n sou lavi sa a. Lè n kenbe monn nouvo a vivan nan lespri nou sa ap ede n chèche Wayòm nan an premye. Ki jan n ka fè sa? Ann pran yon egzanp: Èske n t ap achte yon kay san n pa menm konn tout ti detay sou kay sa a? Se sèten n pa t ap fè sa! Menm jan an tou, nou pa t ap janm mize lavi nou sou yon esperans nou konnen ki pa sèten. Kidonk, lafwa dwe ede n wè, yon fason klè, ki jan lavi a pral ye anba dominasyon Wayòm nan, epi l dwe ede n kenbe imaj sa a vivan nan lespri nou.

Se pa ti bèl sa pral bèl lè n pral pale ak kèk sèvitè fidèl tankou Moyiz! (Gade paragraf 16.)

16 Si w vle imaj ou gen sou Wayòm Bondye a vin pi klè nan lespri w, ou dwe “fikse” je w sou jan lavi w pral ye nan Paradi a. Sèvi ak imajinasyon w. Pa egzanp, lè w ap etidye lavi moun Bib la pale de yo ki t ap viv anvan epòk nou an, reflechi sou kesyon w ta renmen poze yo lè yo resisite. Imajine ki kesyon yo ka poze w konsènan fason w t ap viv nan dènye jou yo. Eseye imajine jan w pral kontan rankontre zansèt ou yo ki te viv sa gen plizyè syèk, epi, jan w ap kontan fè yo konnen tout sa Jewova te fè pou yo. Imajine tou, jan w pral kontan pou w aprann konnen anpil bèt sovaj toutpandan w ap viv avèk yo sou yon tè kote lapè pral blayi. Reflechi sou jan w pral santi w pi pwòch ak Jewova toutpandan w ap vin pafè.

17. Jodi a, ki fason yon imaj byen klè sou rekonpans nou pa ka wè a kapab ede nou?

17 Lè n gen yon imaj byen klè sou rekonpans nou pa ka wè k ap tann nou an, sa ap ede n kontinye vanse, sa ap ede n gen lajwa, epi, sa ap ede n pran desizyon ki ale nan menm sans ak bèl avni sa a k ap tann nou. Men sa Pòl te ekri kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo: “Si nou espere sa nou pa wè, nou kontinye tann li avèk enpasyans e avèk andirans.” (Wom. 8:25). Prensip sa a konsène tout kretyen ki gen espwa pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Se vre nou poko resevwa rekonpans nou an, men, lafwa nou genyen an tèlman solid, sa fè nou kontinye tann ‘rekonpans nou pral jwenn nan’. Menm jan ak Moyiz, nou pa konsidere okenn ane nou pase nan sèvis Jewova a kòm yon gaspiyaj. Olye de sa, nou gen konviksyon “bagay moun wè yo la pou yon ti tan, men bagay moun pa wè yo la pou toutan”. — Li 2 Korentyen 4:16-18.

18, 19. a) Poukisa nou dwe goumen pou n kontinye gen lafwa? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

18 Lafwa ap ede n jwenn “prèv klè [...] sou yon seri bagay reyèl [nou] pa wè”. (Ebre 11:1.) Yon moun ki kite dezi l mennen l pa ka wè jan sèvi Jewova gen anpil valè. Pou yon moun konsa, trezò espirityèl yo se “bagay moun sòt”. (1 Kor. 2:14.) Sepandan, nou gen espwa n ap wè lavi ki pap janm fini an ansanm ak rezirèksyon an, yon seri bagay moun nan monn nan pa ka wè. Menm jan filozòf nan epòk Pòl la te di Pòl se yon “paladò”, jodi a tou, pifò moun panse esperans n ap preche a se yon manti kri. — Tra. 17:18.

19 Etandone n ap viv nan yon monn ki pa gen lafwa, nou dwe goumen pou n kontinye gen lafwa. Nou bezwen sipliye Jewova “pou lafwa [nou] pa febli”. (Lik 22:32.) Pa janm fèmen je n sou konsekans peche pote, kontinye fikse je n sou kokenn enpòtans sèvis Jewova a genyen an ansanm enpòtans esperans lavi ki pap janm fini an genyen. Sa klè, lafwa Moyiz te genyen an te pèmèt li wè pi lwen pase bagay sa yo. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine ki jan lafwa te ede Moyiz wè “Sila a ki envizib la”. — Ebre 11:27.

^ § 10 Men sa yon biblis te ekri konsènan pawòl Bondye di nou jwenn nan Egzòd 3:14 la: “Pa gen anyen ki ka anpeche l akonpli volonte l [...]. Non sa a [Jewova] te dwe yon fòtrès pou pèp Izrayèl la, yon depo ki chaje espwa ak konsolasyon pou tout tan gen tan.”