Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Met kouraj sou ou: Se Jewova ki èd ou!

Met kouraj sou ou: Se Jewova ki èd ou!

‘Se pou w gen anpil kouraj, epi di: Se Jewova ki èd mwen.’ — EBRE 13:6.

1, 2. Ki difikilte anpil moun k al viv nan lòt peyi konn jwenn lè yo retounen lakay yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

MEN sa Eduardo * fè konnen: “Mwen t ap travay nan yon peyi etranje, mwen te gen yon bon djòb epi m t ap touche yon bon ti kòb. Men, lè m te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, mwen te vin rann mwen kont mwen gen yon responsablite ki pi enpòtan, ki se pran swen fanmi m nan domèn espirityèl ak nan domèn materyèl. Kidonk, mwen te retounen lakay mwen.” — Efe. 6:4.

2 Eduardo te konnen lefètke l te retounen al jwenn fanmi l, sa te fè kè Jewova kontan. Sepandan, menm jan ak Marilyn, sè nou te pale de li nan atik ki vin anvan an, Eduardo te gen pou l met bagay yo annòd nan relasyon l ak fanmi l, e sa t ap pran anpil tan. Yon lòt difikilte li te vin fè fas avè l se te jwenn ase kòb pou l pran swen madanm li ak pitit li. Ki jan l t apral fè viv? Ki èd li te ka atann nan men frè ak sè yo?

REPARE DEGA KI FÈT NAN DOMÈN ESPIRITYÈL AK NAN LAVI FANMI W

3. Ki efè sa gen sou timoun yo lè yon paran ap viv lwen yo?

3 Men sa Eduardo te admèt: “Mwen te vin rann mwen kont mwen te abandone timoun mwen yo nan moman yo te plis bezwen pou m ba yo direksyon ak afeksyon. Mwen pa t la pou m te li istwa biblik yo  pou yo, pou m te priye ak yo, pou m te pran yo nan bra m, e pou m te jwe ak yo.” (Det. 6:7). Men sa Anna, pi gran pitit fi Eduardo a, fè konnen: “Lefètke papa nou pa t ansanm avè n nan kay la, mwen pa t jwenn afeksyon m te bezwen an. Lè l te retounen, se figi l ak vwa l sèlman ki te fè n rekonèt li. Mwen pa t santi m alèz lè l te pran m nan bra l.”

4. Lè yon mari pap viv ak fanmi l, ki efè sa kapab genyen sou kapasite l genyen pou l jwe wòl li antanke chèf fanmi an?

4 Lè yon papa pap viv ak fanmi l, sa kapab minen kapasite l genyen pou l jwe wòl li antanke chèf fanmi an. Men sa Ruby, madanm Eduardo, fè konnen: “Mwen te gen pou m jwe de wòl, wòl manman ak wòl papa. E m te vin gen abitid pran pifò desizyon nan fanmi an. Lè Eduardo te retounen, mwen te oblije aprann ki sa sa vle di toutbon pou m soumèt devan l. Jis kounye a, pafwa, mwen bezwen sonje mari m la.” (Efe. 5:22, 23). Men sa Eduardo ajoute: “Pitit fi m yo te gen abitid al kot manman yo lè yo bezwen pèmisyon pou yo fè kèk bagay. Antanke paran, nou te vin rann nou kont se nou toule de ki dwe met tèt nou ansanm pou n bay timoun yo pèmisyon pou yo fè yon bagay, e m te dwe aprann jwe wòl mwen antanke chèf fanmi, jan yon kretyen dwe fè sa.”

5. Ki jan yon papa te kòmanse repare dega sa te lakòz lefètke l pa t la pou fanmi l, e ki rezilta li te jwenn?

5 Eduardo te detèmine pou l fè tout sa l kapab pou l repare relasyon l te gen ak fanmi l lan epi pou l fè relasyon yo te gen ak Jewova a vin pi sere. Men sa l te di: “Objektif mwen se te fè laverite antre nan kè pitit mwen yo grasa pawòl mwen ansanm ak egzanp mwen ba yo, sa vle di, se pa annik di yo mwen renmen Jewova, men, mwen vle montre yo sa tou.” (1 Jan 3:18). Èske Jewova te beni Eduardo pou aksyon Eduardo te fè yo ki montre l gen lafwa? Men sa Anna te di: “Lè n te wè tout efò l t ap fè pou l vin yon bon papa, epi pou l vin pwòch avè n ankò, sa te fè yon gwo diferans. Lè n te wè jan l t ap chèche jwenn responsablite nan kongregasyon an, nou te santi n fyè. Monn nan t ap eseye mennen nou lwen Jewova. Men, nou te wè jan paran nou yo te ret konsantre sou laverite, konsa, nou te eseye fè menm bagay la tou. Papa m te pwomèt nou li pap janm kite nou ankò, e li pa t fè sa vre. Si l te fè sa, petèt m te gendwa pa nan òganizasyon Jewova a jodi a.”

AKSEPTE RESPONSABLITE W

6. Ki leson kèk paran te aprann nan yon peryòd kote te gen lagè?

6 Gen kèk eksperyans ki montre pandan gè ki te fèt nan peyi ki nan zòn yo rele Balkan yo, pitit Temwen Jewova yo te konn gen kè kontan aktout sitiyasyon yo te difisil. Pou ki rezon? Se paske paran ki pa t ka al travay yo te ret lakay yo, e yo te konn etidye ak pitit yo, jwe ak yo, epi pale ak yo. Ki sa sa aprann nou? Sa aprann nou, sa timoun yo plis bezwen se pa lajan ak kado, men, se pou paran yo pase tan ak yo. Vrèmanvre, jan Pawòl Bondye a montre sa, timoun yo ap jwenn byenfè lè paran yo ba yo fòmasyon ak atansyon. — Pwo. 22:6.

7, 8. a) Ki erè kèk paran ki retounen lakay yo fè? b) Ki jan paran yo ka ede timoun yo konbat santiman negatif yo genyen?

7 Malerezman, gen kèk timoun ki konn vin fache ak paran yo oswa ki konn vin frèt ak yo, lè paran sa yo retounen lakay yo. Lè konsa, paran sa yo konn di timoun yo: “Nou pa manke pa engra, apre tout sakrifis sa yo m fin fè pou nou an!” Sepandan, pi gwo rezon ki gendwa fè timoun yo mal reyaji, se paske paran yo pa t la pou yo. Ki sa yon paran ka fè pou l jere yon sitiyasyon konsa?

8 Mande Jewova pou l ede w pi byen konprann santiman fanmi an. Apre sa, lè w ap pale ak fanmi w, ou bezwen montre w rekonèt ou se youn nan moun ki lakòz pwoblèm ki rive a, e w dwe aksepte sa. Petèt, si w mande padon ak tout kè w sa kapab itil. Toutpandan madanm ou ak pitit ou ap wè jan w pa sispann fè efò pou w met bagay yo annòd, y ap wè jan w sensè. Si w gen detèminasyon ak pasyans, tikras pa tikras fanmi w ap vin renmen w e y ap respekte w ankò.

 ‘BAY MOUN KI SOU KONT OU SA YO GEN BEZWEN’

9. Ki sa k fè nou pa oblije fè yon pakèt efò nan chèche gen plis bagay materyèl pou n rive ‘bay moun ki sou kont nou sa yo gen bezwen’?

9 Apot Pòl te fè konnen pitit ak pitit pitit yo ta dwe “bay paran yo ak gran paran yo sa yo dwe yo” lè moun sa yo pa ka pran swen tèt yo ankò akoz yo vin granmoun. Sepandan, apot Pòl te ankouraje tout kretyen pou yo kontante yo ak sa yo bezwen chak jou tankou, manje, rad, ak yon kote pou yo rete. Nou pa bezwen ap fè gwo efò toutan nan chèche gen gwo mwayen pou n viv oswa nan chèche jwenn lajan pou n asire avni nou. (Li 1 Timote 5:4, 8; 6:6-10.) Pou yon kretyen ‘bay moun ki sou kont li sa yo gen bezwen’, li pa bezwen chèche vin gen anpil byen materyèl nan monn sa a ki pral pase talè konsa (1 Jan 2:15-17). Nou pa dwe kite “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” oswa “tètchaje ki gen nan lavi a” anpeche fanmi nou “kenbe lavi toutbon an fèm”, lavi nou pral jwenn nan monn nouvo Bondye a kote lajistis pral blayi! — Mak 4:19; Lik 21:34-36; 1 Tim. 6:19.

10. Anrapò ak fè dèt, ki jan nou ka montre nou gen sajès Bondye bay la?

10 Jewova konnen nou bezwen lajan pou n viv. Sepandan, lajan pa ka ban nou pwoteksyon, e li pa ka pèmèt nou ret an vi menm jan sajès Bondye bay la ka fè sa (Ekl. 7:12; Lik 12:15). Anpil nan moun ki deplase al travay nan peyi etranje yo konn pa fin byen konprann tout konsekans sa kapab genyen, e yo pa gen okenn garanti yo pral fè lajan vre lè yo rive. Anfèt, gen gwo danje nan sa. Gen anpil moun ki t al travay nan lòt peyi ki konn vin gen plis dèt sou do yo lè yo retounen. Olye pou yo vin pi lib pou yo sèvi Bondye, yo konn vin twouve yo nan sitiyasyon kote yo oblije travay pou moun yo dwe lajan yo. (Li Pwovèb 22:7.) N ap montre nou saj lè n pa chèche met dèt sou do nou.

11. Lè fanmi yo sere yon ti kòb ki jan sa kapab ede yo?

11 Eduardo te konnen li te bezwen byen reflechi sou fason l ap jere lajan fanmi an yon fason pou desizyon l te pran pou l ret ak fanmi l lan te ka reyisi. Li menm ak madanm li te sere yon ti kòb pou yo te ka achte sa yo te bezwen toutbonvre. Nòmalman, ti kòb yo te sere a te pi piti lontan pase sa fanmi an te konn depanse anvan. Men, tout moun te kowopere e yo pa t depanse lajan san nesesite *. Men sa Eduardo di: “Pa egzanp, mwen te retire timoun yo nan lekòl prive e m te mete yo nan bon lekòl Leta.” Li menm ak fanmi l te priye Jewova pou l te ka jwenn yon travay ki pa t ap anpeche yo kontinye fè aktivite yo antanke kretyen. Ki fason Jewova te reponn priyè yo a?

12, 13. Ki bagay pratik yon papa te fè pou l pran swen fanmi l, e ki jan Jewova te beni detèminasyon l te pran pou l kontinye mennen yon vi senp?

12 Men sa Eduardo fè konnen ankò: “Pandan de premye ane yo se apèn si m te fè ase kòb pou m pran swen fanmi m. Kòb mwen te gen sere a t ap fini, ti sa m t ap touche a pa t toujou kouvri depans yo, e mete sou sa, mwen te fatige. Men, nou te ka asiste tout reyinyon yo ansanm, e nou te ka preche ansanm.” Eduardo te pran detèminasyon pou l pa t menm panse pran yon travay ki t ap mande pou l ret lwen fanmi l pandan plizyè mwa oswa plizyè ane. Men sa l di: “Olye de sa, mwen te aprann fè plizyè travay yon fason pou m te ka toujou gen yon travay pou m fè lè youn pa t disponib.”

Èske w ka aprann fè plizyè travay yon fason pou w ka pran swen fanmi w? (Gade paragraf 12.)

13 Etandone se tikras pa tikras Eduardo t ap peye dèt li te genyen yo, sa te fè l peye plis lajan kòm enterè pase sa l te prete. Men, li te konsidere sa kòm yon ti kòb anplis li bay yon fason pou l te ka toujou la pou fanmi l, jan Jewova vle pou paran yo fè sa. Men sa Eduardo fè konnen: “Kounye a, m ap touche mwens pase dis pousan kòb mwen t ap touche lè m te aletranje a, men, nou pa nan grangou. ‘Men Jewova pa twò kout.’ Anfèt, nou te deside pran sèvis pyonye. Yon bagay ki estrawòdinè sèke mwen te vin gen mwens presyon nan domèn ekonomik, e l te vin pi  fasil pou n jwenn sa n bezwen nan domèn materyèl.” — Iza. 59:1, NW.

FÈ FAS AK PRESYON KI GEN NAN FANMI AN

14, 15. Ki jan fanmi yo ka fè fas ak presyon yo jwenn pou yo met bagay materyèl yo anvan objektif espirityèl yo, e ki rezilta yo ka jwenn lè yo bay bon egzanp?

14 Nan anpil peyi, moun yo konn santi se yon obligasyon sa ye pou yo bay manm fanmi yo ak zanmi yo lajan oswa kado. Men sa Eduardo fè konnen: “Sa fè pati kilti nou, epi nou renmen bay.” Men sa l ajoute: “Men, gen yon limit. Avèk respè, mwen te di lòt moun nan fanmi m yo, mwen pa gen pwoblèm pou m ba yo sa m kapab depi sa pa anpeche m bay madanm mwen ak pitit mwen sa yo bezwen nan domèn espirityèl ak nan domèn materyèl.”

15 Byen souvan, gen kèk manm fanmi ki konn vin an kòlè kont moun ki t al viv nan lòt peyi ki retounen yo oswa moun ki pa aksepte opòtinite yo jwenn pou y al viv lwen fanmi yo, yo konn meprize yo e yo konn santi yo desi paske, petèt, yo te konte sou moun sa yo pou pran swen yo. Gen kèk nan yo ki konn di moun sa yo pa gen lanmou lakay yo (Pwo. 19:6, 7). Men sa Anna, pitit fi Eduardo a fè konnen: “Malgre sa, lè n pa met avantaj materyèl anvan bagay espirityèl, gen kèk moun nan fanmi nou ki ka rive konprann jan lavi n ap mennen antanke kretyen an vrèman enpòtan. Men, ki jan y ap janm rive konprann sa si nou dakò fè sa yo mande yo?” — Konpare ak 1 Pyè 3:1, 2.

DEMONTRE LAFWA NAN BONDYE

16. a) Ki jan yon moun gendwa ‘twonpe tèt li ak fo rezònman’? (Jak 1:22.) b) Ki kalite desizyon Jewova beni?

16 Men sa yon sè ki te deplase kite mari l ak pitit li pou l al travay nan yon peyi etranje te di ansyen yo: “Nou te fè anpil sakrifis pou m ka vin isit la. Mari m te menm oblije sispann sèvi kòm ansyen. Donk, mwen gen bonjan espwa Jewova ap beni deplasman sa a.” Jewova toujou beni desizyon nou pran ki montre nou gen lafwa nan li, men, ki jan l ap fè beni yon desizyon ki pa ann amoni ak volonte l sitou si sa mande pou n neglije privilèj sakre yo san rezon? — Li Ebre 11:6; 1 Jan 5:13-15.

17. Poukisa nou ta dwe chèche èd nan men Jewova anvan nou pran yon desizyon, e ki jan nou ka fè sa?

17 Nou bezwen chèche èd nan men Jewova anvan nou pran yon desizyon oswa yon  angajman, se pa apre pou n fè sa. Priye Jewova pou l ban nou lespri sen, sajès ak direksyon (2 Tim. 1:7). Mande tèt ou: ‘Nan ki sikonstans mwen dispoze obeyi Jewova? Èske m ap fè sa menm lè m ap fè fas ak presyon lavi a?’ Si repons lan se wi, èske w ap dispoze obeyi Jewova menm lè sa gendwa mande pou w senplifye lavi w (Lik 14:33)? Mande ansyen yo konsèy ki sot nan Ekriti yo, demontre w gen lafwa, epi, met konfyans ou nan pwomès Jewova fè pou l ede w suiv konsèy li yo. Se vre ansyen yo pa ka pran desizyon pou ou, men, yo ka ede w pran desizyon k ap pèmèt ou viv ak kè kontan. — 2 Kor. 1:24.

18. Ki moun ki gen responsablite pou l pran swen fanmi l, men, ki sitiyasyon ki ka bay lòt moun posiblite pou ede moun sa yo?

18 Jewova bay chèf fanmi yo yon “chay”, ki se pran swen fanmi yo chak jou. Nou dwe felisite moun ki ranpli responsablite sa a san yo pa chwazi kite konjwen yo ak pitit yo malgre y ap fè fas ak presyon ansanm ak tantasyon pou yo fè sa, e nou dwe priye pou yo tou. Gen kèk sitiyasyon moun pa atann, tankou lè gen katastwòf natirèl oswa ijans nan domèn medikal ki ka ban nou posiblite pou nou demontre vrè lanmou nou genyen antanke kretyen an, e pou nou demontre santiman nou genyen youn pou lòt (Gal. 6:2, 5; 1 Pyè 3:8). Èske w ka ede kwayan parèy ou yo jwenn kòb yo bezwen lè yo gen ijans, oswa, èske w ka ede yo jwenn yon travay nan zòn kote yo abite a? Si w fè sa, w ap ka ede yo fè fas ak presyon yo jwenn pou yo kite fanmi yo pou y al chèche travay yon lòt kote. — Pwo. 3:27, 28; 1 Jan 3:17.

SONJE SE JEWOVA KI ÈD OU!

19, 20. Lefètke kretyen yo konnen Jewova ap ede yo, ki jan sa kapab ba yo asirans?

19 Men ki avètisman nou jwenn nan Ekriti yo: “Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen. Paske, li di: ‘Mwen pap janm kite w, e mwen pap janm abandone w.’ Konsa, n ap kapab gen anpil kouraj e n ap kapab di: ‘Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?’” (Ebre 13:5, 6). Ki jan nou ka aplike vèsè sa yo?

20 Men sa yon frè ki gen lontan depi l ap sèvi antanke ansyen nan yon peyi pòv te di: “Byen souvan, moun yo konn ap di jan Temwen Jewova yo se moun ki gen kè kontan. Mete sou sa, yo konn remake jan menm Temwen ki pa gen mwayen yo toujou byen abiye, epi jan y ap viv pi byen pase lòt moun.” Sa ann amoni ak pwomès Jezi te fè moun ki bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo (Mat. 6:28-30, 33). Vrèmanvre, Jewova, Papa w ki nan syèl la, renmen w e l vle sa ki pi bon an pou ou menm ak pitit ou. Men sa Bib la di: “Kanta pou Jewova, je l ap pwonmennen sou tout tè a pou l ka montre fòs li an favè moun kè yo konplè pou li.” (2 Kwo. 16:9, NW). Se pou byen nou Jewova ban nou kòmandman l yo, sa ki gen ladan l, kòmandman ki gen rapò ak lavi fanmi nou ansanm ak bezwen fanmi nou. Lè n suiv kòmandman sa yo, nou montre nou renmen Jewova e nou fè l konfyans. Bib la di: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” — 1 Jan 5:3.

21, 22. Poukisa w pran detèminasyon pou w met konfyans ou nan Jewova?

21 Men sa Eduardo fè konnen: “Mwen konnen mwen pap janm rejwenn tan mwen te pase san madanm mwen ak pitit mwen yo, men, mwen pa ret ap reflechi sou sa. Gen anpil nan ansyen kòlèg travay mwen yo ki rich, men, yo pa gen kè kontan. Fanmi yo gen gwo pwoblèm. Sepandan, fanmi pa m gen anpil kè kontan! Mwen sezi wè jan lòt frè ki nan peyi sa a kontinye bay bagay espirityèl yo premye plas nan lavi yo, menm lè yo pa gen mwayen. Nou tout ap viv verite ki gen nan pwomès Jezi te fè a.” — Li Matye 6:33.

22 Se pou w met kouraj sou ou! Pran desizyon pou w obeyi Jewova epi met konfyans ou nan li. Kite lanmou w gen pou Bondye a, lanmou w gen pou moun ou marye avè l la ak lanmou w gen pou pitit ou pouse w ranpli responsablite w genyen nan domèn espirityèl anvè fanmi w. Kòm rezilta, w ap rive wè ‘se Jewova ki èd ou’!

^ § 1 Yo chanje non moun yo.

^ § 11 Gade Réveillez-vous! septanm 2011 lan ki gen tit “Comment gérer votre argent”.