TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Me 2014

Toudegad sa a pale konsènan twa metòd nou ka itilize nan travay predikasyon an pou n ka byen reponn moun ki poze n kesyon difisil yo. Poukisa l enpòtan anpil pou n ret atache ak òganizasyon Bondye a?

‘Manje pa m se fè volonte Bondye’

Wa David, apot Pòl ak Jezi Kris te renmen fè volonte Bondye. Ki jan n ka kenbe oswa rejwenn zèl nou nan travay predikasyon an menm lè gen tèritwa ki difisil?

Ki jan nou ta dwe “reponn chak moun”?

Ki jan n ka byen rezone sou Ekriti yo lè yo poze n kesyon ki difisil? Ann wè twa metòd nou ka itilize pou n byen reponn moun yo.

Ann suiv Règ annò a nan travay predikasyon an

Ki jan n ta dwe trete chak moun nou rankontre nan travay predikasyon an? Ki efè pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 7:12 la genyen sou travay predikasyon nou an?

BYOGRAFI

Jewova te ede m toutbon

Kenneth Little rakonte jan Jewova te ede l lite kont timidite ak lefètke l te manke konfyans nan tèt li. Gade kòman Bondye te beni efò l te fè pandan tout vi l.

Jewova se yon Bondye ki konn òganize

Ki jan istwa konsènan Izrayèl tan lontan an ak kretyen nan premye syèk la montre pèp Jewova jodi a dwe yon pèp ki òganize?

Èske w ap mache ak òganizasyon Jewova a?

Sistèm Satan an pral detwi talè konsa. Poukisa l enpòtan anpil pou n ret atache ak òganizasyon Bondye ap itilize sou tè a jodi a?

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

“Gen anpil travay ki pou fèt nan rekòt la”

Gen plis pase 760 000 Temwen Jewova k ap simaye verite biblik la nan peyi Brezil. Ki jan travay rekòt la te kòmanse ann Amerik disid?