Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ap mache ak òganizasyon Jewova a?

Èske w ap mache ak òganizasyon Jewova a?

“Je Jewova sou moun ki jis yo.” — 1 PYÈ. 3:12.

1. Ki òganizasyon ki pote non Jewova ki te ranplase nasyon Izrayèl aposta a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

SE Jewova ki te etabli kongregasyon kretyen an nan premye syèk la, e se li menm tou ki te pèmèt vrè adorasyon an retabli nan tan ki sot pase yo. Jan nou te di sa nan atik ki vin anvan an, òganizasyon premye disip Kris yo te fòme antanke pèp ki pote non Jewova a te vin ranplase nasyon Izrayèl aposta a. Nouvo òganizasyon sa a, yon òganizasyon ki te gen anpil valè nan je Bondye, te chape nan destriksyon Jerizalèm nan ki te fèt nan ane 70 epòk nou an (Lik 21:20, 21). Evènman sa yo ki te rive nan premye syèk la te anonse yon seri evènman ki t ap gen rapò ak sèvitè Jewova yo nan epòk nou an. Talè konsa, sistèm Satan an pral rive nan bout li, men, òganizasyon Bondye a pral chape nan dènye jou yo (2 Tim. 3:1). Poukisa n kapab gen asirans sa a?

2. Ki sa Jezi te di konsènan “gwo tribilasyon” an, e ki jan l pral kòmanse?

2 Men sa Jezi te di konsènan prezans envizib li a ak fen sistèm nan: “Pral gen yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki potko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan, non, e ki pap janm rive ankò.” (Mat. 24:3, 21). Tribilasyon sa a ki pap gen parèy la pral kòmanse lè Jewova pral sèvi ak pisans politik yo pou l detwi “Gran Babilòn nan” ki reprezante tout fo relijyon ki nan  monn nan (Rev. 17:3-5, 16). Ki sa k pral rive apre sa?

AKSYON SATAN YO PRAL MENNEN NAN AMAGEDÒN

3. Ki atak yo pral eseye fè sou pèp Jewova a apre yo fin detwi fo relijyon yo?

3 Apre yo fin detwi fo relijyon yo, Satan ansanm ak diferan pati ki konpoze monn li an pral atake sèvitè Jewova yo. Pa egzanp, men sa Ekriti yo te anonse konsènan “Gòg [ki sot nan] peyi Magòg” la: “L’ap moute vin atake yo ansanm ak tout lame li ak tout kantite moun lòt nasyon ki avè l yo. L’ap tankou yon van tanpèt. L’ap kouvri tout peyi a tankou yon gwo nyaj.” Etandone Temwen Jewova yo pa gen yon fòs lame pou pwoteje yo, epi, yo se pèp ki pi renmen fè lapè sou tè a, yo pral parèt tankou yon sib fasil. Men, se pa ti erè moun ki pral atake yo a pral fè! — Eze. 38:1, 2, 9-12; NW.

4, 5. Ki jan Jewova pral reyaji lè Satan pral eseye detwi sèvitè l yo?

4 Ki jan Bondye pral reyaji devan efò Satan pral fè pou l detwi pèp li a? Jewova pral defann pèp li a lè l pral montre se li menm sèl ki gen dwa pou l dirije antanke Souvren linivè. Pou Jewova, depi yon moun atake sèvitè l yo, se li menm menm yo atake. (Li Zekarya 2:8.) Se sa k fè, Papa nou an ki nan syèl la pral reyaji byen vit pou l sove nou. Delivrans sa a pral total lè monn Satan an pral detwi nan Amagedòn ki se “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. — Rev. 16:14, 16.

5 Men sa Bib la te pwofetize konsènan Amagedòn: “Senyè a gen yon kont pou l regle ak nasyon yo. Li rele yo tout nan tribinal. L’ap fè touye tout moun ki antò. Se Senyè a menm ki di sa. Senyè ki gen tout pouvwa a di: Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt, yon gwo van tanpèt ap moute soti nan bout latè. Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Senyè a pral touye. P’ap gen pèsonn pou kriye pou yo, pèsonn pou ranmase yo atè a, pèsonn pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a.” (Jer. 25:31-33). Sistèm mechan sa a pral detwi nan Amagedòn. Monn Satan an pap la ankò, men, pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a pral chape.

REZON KI FÈ ÒGANIZASYON JEWOVA A KONTINYE AP PWOGRESE JODI A

6, 7. a) Ki kote moun ki fòme “gwo foul moun” nan soti? b) Ki akwasman ki te genyen nan dènye ane ki sot pase yo?

6 Òganizasyon Bondye a kontinye egziste epi l kontinye ap pwogrese sou tè a paske moun ki fè pati òganizasyon sa a gen apwobasyon Bondye. Men ki asirans Bib la ban nou: “Je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li ap koute siplikasyon yo fè.” (1 Pyè 3:12). “Gwo foul moun” ki pral “soti anba gwo tribilasyon an” fè pati moun ki jis sa yo tou (Rev. 7:9, 14). Moun sa yo ki pral soti vivan anba gwo tribilasyon an pap sèlman yon “foul moun”, men, y ap “yon gwo foul moun”, sa vle di, yon pil ak yon pakèt moun. Èske w wè tèt ou pami moun sa yo ki pral soti vivan anba “gwo tribilasyon an”?

7 Ki kote moun ki fòme gwo foul moun nan soti? Moun sa yo se moun ki vin rasanble grasa yon travay Jezi te anonse ki t ap fè pati siy prezans li a. Men sa l te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” (Mat. 24:14). Travay sa a, se travay ki pi enpòtan òganizasyon Bondye a ap fè nan dènye jou sa yo. Travay predikasyon ak ansèyman Temwen Jewova yo ap fè sou tè a pèmèt plizyè milyon moun vin aprann kòman pou yo adore Bondye “avèk lespri ak laverite”. (Jan 4:23, 24.) Pa egzanp, pandan dis dènye ane ki sot pase yo, sa vle di, ant ane sèvis 2003 a pou rive nan ane sèvis 2012 la, te gen plis pase 2 707 000 moun ki te batize pou senbolize ve yo te  fè bay Bondye a. Kounye a, gen plis pase 7 900 000 Temwen sou tout kò tè a, e gen plizyè milyon lòt moun ki konn reyini avèk yo, sitou pandan Memoryal nou selebre chak ane a. Se pa vante n ap vante tèt nou pou n fè konnen kantite moun nou genyen, paske se ‘Bondye ki fè bagay yo grandi’. (1 Kor. 3:5-7.) Sepandan, sa klè, gwo foul moun nan kontinye ap grandi e l kontinye ap vin pi plis tank ane yo ap pase!

8. Ki sa k fè gen yon bèl akwasman nan òganizasyon Jewova a jodi a?

8 Kantite moun k ap sèvi Jewova yo kontinye ap vin anpil paske se Jewova li menm ki kanpe la ansanm ak Temwen l yo. (Li Izayi 43:10-12.) Men ki jan yo te anonse akwasman sa a: “Piti a ap tounen yon milye, e ti piti piti a [ap tounen] yon nasyon pisan. Mwen menm Jewova m ap akselere sa nan tan li.” (Iza. 60:22, NW). Yon lè, rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la te tankou “piti a”, men, tank te vin gen lòt Izrayelit espirityèl ki te vin fè pati òganizasyon Bondye a se tank kantite a te vin ogmante (Gal. 6:16). Etandone Jewova te beni yo tank ane yo t ap pase, yo te kontinye ogmante lè gwo foul moun nan te vin met ansanm avèk yo.

SA JEWOVA MANDE NOU FÈ

9. Ki sa nou dwe fè pou n ka benefisye bèl avni Pawòl Bondye a pwomèt nou an?

9 Kit nou se kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl, kit nou fè pati gwo foul moun nan, nou kapab benefisye bèl avni Pawòl Bondye a pwomèt la. Sepandan, pou nou benefisye avni sa a, nou dwe viv ann amoni ak sa Jewova mande nou fè yo (Iza. 48:17, 18). Ann pran egzanp Izrayelit ki t ap viv anba Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la. Youn nan objektif Lwa sa a se te pwoteje pèp Izrayèl la grasa yon seri règ li te ba yo anrapò ak konduit seksyèl, sou fason pou yo fè biznis, sou fason pou yo pran swen pitit yo, sou fason pou yo byen trete pwochen yo eksetera (Egz. 20:14; Lev. 19:18, 35-37; Det. 6:6-9). Menm jan an tou, lè n fè sa Bondye mande n fè yo, n ap jwenn byenfè, e se sèten, nou pap twouve li difisil pou n fè volonte Bondye. (Li 1 Jan 5:3.) Anfèt, menm jan Lalwa te pwoteje Izrayelit yo, se konsa tou, lè n obeyi lwa Jewova Dye yo ak prensip li yo, nonsèlman n ap jwenn pwoteksyon, men tou, n ap rete “solid nan lafwa”. — Tit 1:13.

10. Poukisa nou dwe rezève tan pou n etidye Bib la e pou n fè adorasyon an fanmi chak semèn?

10 Pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a kontinye ap pwogrese plizyè fason. Pa egzanp, plis ane yo ap pase, nou vin pi byen konprann verite ki nan Bib la. Nou pa dwe sezi pou sa, paske “chemen moun ki jis yo tankou yon limyè k ap briye kote ekla a ap ogmante jiskaske jou a tabli byen djanm”. (Pwo. 4:18, NW.) Men, nou gendwa ap mande tèt nou: ‘Èske m kontinye mache pazapa ak eklèsisman nou vin genyen sou fason nou te konprann verite ki nan Bib la? Èske m gen abitid li Bib la chak jou? Èske m renmen li piblikasyon yo? Èske mwen menm ak moun mwen renmen yo fè adorasyon an fanmi an chak semèn?’ Pifò nan nou ap dakò li pa twò difisil pou n fè bagay sa yo. Byen souvan, se sèlman yon ti tan nou bezwen rezève pou nou fè yo. Se pa ti enpòtan li enpòtan pou n gen yon konesans egzak sou Ekriti yo, pou n aplike sa n aprann yo epi pou n fè pwogrè nan domèn espirityèl, sitou nan moman sa a kote gwo tribilasyon an toupre rive!

11. Nan ki sans fèt yo te konn fè nan Izrayèl tan lontan an ansanm ak reyinyon, asanble ak kongrè nou fè nan epòk nou an se evènman ki pote byenfè?

11 Se nan enterè nou òganizasyon Jewova a ye lè l ankouraje n suiv konsèy apot Pòl te bay ki vin annapre a. Men sa l te di: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon  nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt, e n ap fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” (Ebre 10:24, 25). Fèt Izrayelit yo te konn fè chak ane yo ansanm ak lòt rasanbleman yo te konn fè pou yo adore Jewova yo, te pèmèt yo vin pi djanm nan domèn espirityèl. Anplis de sa, evènman sa yo, tankou Fèt Joupa ki te fèt nan epòk Neyemya a, se te yon seri evènman ki te bay anpil kè kontan (Egz. 23:15, 16; Ney. 8:9-18). Nou jwenn menm byenfè sa yo nan reyinyon nou yo, nan asanble nou yo ak nan kongrè yo. Kidonk, ann byen pwofite tout dispozisyon sa yo Jewova pran pou pèmèt nou gen lajwa epi pou nou vin djanm nan domèn espirityèl. — Tit 2:2.

12. Ki jan n dwe konsidere travay predikasyon Wayòm nan?

12 Menm jan ak tout moun ki vin fè pati òganizasyon Bondye a, nou pran plezi patisipe nan “travay anonse moun yo bon nouvèl Bondye a, ki se yon travay sakre”. (Wom. 15:16.) Lè n patisipe nan “travay sakre” sa a, nou vin tounen “konpayon travay” Jewova, li menm ki se “Sen an”. (1 Kor. 3:9; 1 Pyè 1:15.) Travay predikasyon bon nouvèl la kontribye pou fè non Jewova vin sen. Epi, se sèten, se yon privilèj san parèy sa ye lefètke yo konfye nou “bon nouvèl glorye Bondye ki gen kè kontan an”. — 1 Tim. 1:11.

13. Ki sa n dwe fè pou n rete djanm nan domèn espirityèl e pou n ka gen lavi?

13 Bondye vle pou n kontinye rete djanm nan domèn espirityèl lè n ret atache avè l ak lè n kontinye soutni òganizasyon l lan nan tout sa l ap fè. Men sa Moyiz te di Izrayelit yo: “Mwen pran syèl la ak tè a sèvi m temwen jodi a: Mwen mete lavi ak lanmò devan nou e mwen mete benediksyon ak malediksyon devan nou. Nou dwe chwazi lavi pou nou kapab rete an vi, ni nou menm, ni desandan nou yo, lè nou renmen Jewova, Bondye nou an, lè nou koute sa l di e nou rete atache ak li. Paske, se Jewova, Bondye nou an, ki ban nou lavi e se li ki kapab fè nou viv lontan nan peyi li te fè sèman l ap bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb.” (Det. 30:19, 20, NW). Pou n ka gen lavi, nou dwe fè volonte Bondye, nou dwe renmen l, nou dwe koute sa l di, nou dwe obeyi l, e nou dwe ret atache avè l.

14. Ki jan yon frè te santi l konsènan pati òganizasyon Bondye a ki sou tè a?

14 Men ki sa frè Pryce Hughes, yon frè ki te pran detèminasyon pou l ret atache ak Bondye epi pou l kontinye mache ak òganizasyon Bondye a, te ekri yon lè: “Mwen kontan anpil dèske m te gen posiblite konnen objektif Jewova yo depi nan kòmansman jou sa yo, sètadi yon ti tan anvan 1914 [...]. Si gen yon bagay ki gen anpil enpòtans pou mwen, se kontinye mache sere sere ak òganizasyon vizib Jewova a. Eksperyans mwen te fè depi okòmansman an montre m jan sa pa fè sans pou m konte sou rezònman lèzòm. Yonfwa mwen te fin gen sa nan lespri m, mwen te pran detèminasyon pou m ret atache ak òganizasyon fidèl sa a. Èske gen yon lòt fason ankò nou ka jwenn favè Jewova ak benediksyon l?”

ANN KONTINYE MACHE AK ÒGANIZASYON BONDYE A

15. Bay yon egzanp nou jwenn nan Ekriti yo ki montre ki jan n ta dwe konsidere eklèsisman ki fèt nan fason n te konprann sijè biblik yo.

15 Si n vle jwenn favè Jewova ak benediksyon l, nou dwe soutni òganizasyon l lan epi aksepte tout eklèsisman ki fèt anrapò ak fason nou te konprann Ekriti yo. Ann pran yon egzanp: Apre lanmò Jezi, te gen plizyè milye Juif ki te zele pou Lalwa, e ki te twouve l difisil pou yo libere anba Lalwa lè yo te vin kretyen (Tra. 21:17-20). Sepandan, grasa èd yo te jwenn nan lèt Pòl te ekri Ebre yo, yo te vin dakò “sakrifis yo [te konn] bay selon Lalwa” yo pa t ap ka fè yo vin sen, men, yo t ap ka vin sen  “paske Jezi Kris te bay kò l kòm ofrann [pou yo] yon fwa pou tout”. (Ebre 10:5-10.) Pa gen dout nan sa, pifò kretyen sa yo ki te soti nan nasyon Juif la te chanje fason yo te konn panse, epi yo te kontinye pwogrese nan domèn espirityèl. Nou menm tou, nou bezwen fè bonjan etid nan Bib la, epi n dwe aksepte chanje fason n te konn panse yo lè n jwenn eklèsisman sou fason nou te konprann Pawòl Bondye a oswa lè gen kèk ajisteman ki fèt konsènan travay predikasyon nou an.

16. a) Ki benediksyon ki pral fè lavi nan monn nouvo a bèl anpil? b) Ki sa w ap tann pou w jwenn nan monn nouvo a?

16 Tout moun ki rete fidèl ak Jewova ansanm ak òganizasyon l lan ap kontinye jwenn benediksyon. Moun fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral kontan jwenn yon gwo privilèj pou yo gen menm eritaj ak Kris nan syèl la (Wom. 8:16, 17). Si n gen esperans pou nou viv sou tè a, imajine jan n pral kontan viv nan Paradi a. Etandone nou fè pati òganizasyon Jewova a, se pa ti kontan nou kontan dèske n gen posiblite, depi kounye a, pou n fè lòt moun konnen pwomès Bondye fè konsènan monn nouvo a (2 Pyè 3:13)! Men sa Sòm 37:11 (NW) fè konnen: “Moun ki enb yo pral posede tè a. E yo pral pran tout plezi yo nan lapè ki pral genyen ann abondans.” Moun yo pral “bati kay e y ap abite nan yo”, e y ap kontan pou yo jwi “travay yo fè ak men yo”. (Iza. 65:21, 22NW.) Pap gen moun k ap toupizi moun ankò, pap gen povrete, pap gen grangou (Sòm 72:13-16). Etandone Gran Babilòn nan pap la ankò, li pap ka twonpe moun (Rev. 18:8, 21). Moun mouri yo pral resisite, epi, yo pral gen posiblite pou yo viv pou toutan (Iza. 25:8; Tra. 24:15). Se pa ti bèl avni k ap tann plizyè milyon moun ki vwe lavi yo bay Jewova! Pou yon moun benefisye pwomès sa yo ki soti nan Ekriti yo, li dwe kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl, li dwe kontinye mache pazapa ak òganizasyon Bondye a epi l dwe kontinye pwogrese ak òganizasyon sa a.

Èske w wè tèt ou nan Paradi a? (Gade paragraf 16.)

17. Ki atitid nou ta dwe genyen anvè òganizasyon Jewova a ak adorasyon n ap bay Jewova a?

17 Etandone sistèm sa a pa twò lwen rive nan bout li, ann kontinye rete fèm nan lafwa, epi, ann kontinye demontre anpil rekonesans pou dispozisyon Bondye pran pou n adore l yo. Se atitid sa a salmis David te genyen. Men sa l te di nan yon chante: “Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.” (Sòm 27:4). Kidonk, annou chak kontinye rete atache ak Jewova, ann kontinye mache ak pèp li a, epi, ann kontinye mache ak òganizasyon l lan!